27 Août,  2003

August 27 2003

27 Out,   2003

Vol. 21 No. 24
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Rantre lekòl la bay tèt fè mal !

Rantre lekòl pou ane 2003 – 2004 la, nan kapital la ak vil pwovens yo ann Ayiti, ki prevwa pou 8 septanm 2003 k ap vin la a, bay divès paran elèv lekòl gwo tèt chaje akoz pri ekolaj yo k ap monte tèt nèg ankò. Ane sa a menm se pa pale, manman ak papa pitit santi yo ozabwa akoz sitiyasyon ekonomik lan ki trè difisil pou voye timoun yo lekòl malgre kèk sibvansyon gouvènman an bay. Nan plizyè etablisman eskolè prive nan zòn metwopolitèn nan, pri ekolaj yo ogmante pi plis ane sa a. Sèten lekòl primè ak segondè nan kapital la fikse pri yo an dola meriken oubyen goud, yon pousantaj ogmantasyon ki varye ant 50 a 80% pa rapò yon lekòl a yon lòt.

Nan kèk etablisman, pri yo varye ant 250 goud a 1500 goud chak mwa, pou ane fondamantal rive nan klas tèminal. Gen kèk lekòl nou te pase, tankou Collège Classique de Lalue, k ap fonksyone an doub vakasyon (maten/swa) nan nivo segondè. Elèv yo peye chak mwa pou 7e ane fondamantal la 750 goud, 8e AF se 750 goud, 9e AF se 800 goud, 3e segondè se 850 goud, pou klas segond se 900 goud, klas reto se 950 goud, klas filo se 1000 goud epi frè enskripsyon an se 100 goud pou tout klas yo. Kolèj miks «Fanel Amazan » fonksyone an doub vakasyon tou, frè enskripsyon an se 100 goud, sòti nan klas 7e AF rive nan klas reto pou frè ekolaj la se 1500 goud. Pri elèv yo peye chak mwa, pou klas 7e AF se 250 goud, 8e AF se 275 goud, 9e AF se 300 goud, klas 3e segondè se 325 goud, klas segond se 350 goud, klas reto se 500 goud, frè antre klas filo se 2000 goud. Pou seksyon aswè a frè antre a se 750 goud pou tout klas yo. Klas 7e AF la se 200 goud, 8e AF se 225 goud, 9e AF se 250 goud, klas 3e segondè se 255 goud, klas segond se 300 goud, klas reto se 300 goud epi pou klas filo a menm se 1250 goud, frè antre a se 1250 goud. Pou Kolèj « Bellevue François Capois » pou 7e AF la se 600 goud, 8e AF se 625 goud, 9e AF se 650 goud, pou klas 3e segondè 700 goud, klas segond 750 goud, klas reto a se 80 goud epi pou klas filo a se 850 goud chak mwa. Pou seksyon aswè a menm pou klas 7e AF se 400 goud, 8e AF se 400 goud, klas 9e AF se 450 goud, klas 3e segondè a se 500 goud, pou klas segond lan se 600 goud epi klas reto ak filo se 600 goud chak mwa.

Nan kèk lekòl kongreganis yo, pri mansyèl pou sik fondamantal yo variye ant 1000 a 2000 goud chak mwa. Tandike nan nivo segondè, pri pou chak tèt timoun paran yo vèse 1500 goud a 3000 goud anviwon. Pri paran yo peye chak mwa nan sèten etablisman enstitisyon etranjè yo, monte nètalkole piske se an dola meriken yo touche. Yon paran peye pou chak tèt timoun nan nivo segondè ant 1500 a 4000 dola meriken pou frè jenewo yo.

Nou te pale ak kèk paran sou kesyon an, pi fò ladan yo eksplike yo pa konn ki sen pou yo priye ane sa a paske daprè yo bagay yo vin pi rèd toujou nan dènye jou sa yo. Sitou pri founiti klasik ak inifòm monte wotè syèl la. Paran sa yo akize gouvènman an, patikilyèman ministè Edikasyon Nasyonal ki daprè yo, pa gen kontwòl strik sou fiksasyon pri lekòl prive yo ann Ayiti, se sa k fè direksyon lekòl sa yo kontinye ap monte pri lekòl yo jan yo vle. Kèk paran te fè konnen ke «se leta ki responsab paske yo pa gen kontwòl lekòl yo …. Mwen gen 7 pitit, se mwen ki manman ak papa, m gen yon timoun nan kolèj Dei Vitus epi yo mande m 3750 goud, timoun nan ap fè klas 4e segondè, ane pase m te peye 2000 goud, kounye a m ap chache yon lise, se lise Marie Jeanne epi moun k ap chache plas la pou mwen an mande m 3500 goud…… Fòk leta ayisyen di yon mo pou nou nan sitiyasyon sa a».

Malgre gouvènman Lavalas la sibvansyone editè liv yo a 70%, nou kapab di sa pa sifi. Direktè lekòl yo ta dwe fè yon jès tou pou ta amelyore sitiyasyon an. Pwoblèm sila a pa repete sèlman nan Pòtoprens se toupatou nan peyi a, nou kab bay egzanp yon paran ki gen twa timoun ki lekòl nan Kap Ayisyen nan nivo preskolè. Men sa l te eksplike nou: «Mwen gen 3 pitit, pi piti a pral gen 5 kan, yo fè m peye pou li 6250 goud pou frè antre a sèlman epi se 900 goud mwen peye chak mwa nan kolèj Notre-Dame  Okap Ayisyen … Mwen ta swete ke gouvènman an eseye konprann bagay yo, epi pou panche sou ka a, pou pèmèt lekòl prive yo kapab twouve yon mwayen pou lekòl yo pa chè jan l ye kounye a.»

Malere ak malerèz ap plenyen toupatou, san yo pa konn sa pou yo fè ankò, nan mache nan jèn, priye Bondye, rele la sent Vyèj Mari akoz yo poko wè kote yo gad ane sa a pou ouvèti lekòl la ki fikse pou 8 septanm k ap vini la a. Men ki sa sektè «opozisyon» an, «sosyete sivil», «ONG», sektè relijye ak «òganizasyon» ki di y ap defann dwa moun yo di sou zafè rantre lekòl la? Plizyè obsèvatè di yo pa tande okenn nan sektè sa yo rele dèyè direksyon lekòl prive sa yo ki kontinye ap grenpe pri lekòl yo chak ane jan yo pi pito. Ou pap janm tande yo di anyen, paske se ti lelit ti lolit sa a ki gen gwo lekòl prive yo tankou «Collège Bird» se pou Rosny Desroches. Lekòl pa yo se pou w gen gwo kòb pou w ale ladan yo. Donk se pa pou pèp y ap travay. Daprè jan pwovèb la di «Ledikasyon se poto mitan nan yon peyi». Ki wòl leta ayisyen genyen e ki desizyon li ta dwe pran kont direktè lekòl san lizaj sa yo? Ki randman lekòl sa yo bay nan rezilta egzamen ofisyèl yo? Ki sèvis yo ofri timoun yo? Antouka, tankou pwovèb la di «Timoun jodi, granmoun demen».

Donk se pa yon aza ki fè chak ane se echèk nan bakaloreya. Lakoz ? Twòp lekòl bòlèt ke ministè Edikasyon kite fonksyone. Ou mèt sèten gen gwo kòb ki bay pou responsab nan edikasyon yo fèmen je yo sou lekòl bòlèt yo. Pwoblèm nan sòti tou nan leta ki pa fè ase lekòl piblik; malgre gouvènman Lavalas yo fè plis lekòl ke tout lòt gouvènman reyaksyonè anvan yo, ki bezwen vin reprann pouvwa a.