Sekretè Jeneral Pati Popilè Nasyonal la Mesye Benjamin Dupuy fè konnen gen anpil posibilite pou PPN patisipe nan pwochèn jout elektoral ki pral òganize anndan peyi a, avan fen lane 2003 a, yon fason pou anpeche vid enstitisyonèl ann Ayiti. Nan yon konferans pou laprès responsab PPN nan bay jou madi 5 out 2003, nan nouvo lokal pati a ki chita nan nimewo 45 Lali, Pòtoprens ; dirijan PPN nan te trete 2 sijè enpòtan nan sa ki gen pou wè nan dosye politik peyi Dayiti.
Premyèman, se patisipasyon pati l ap dirije a nan pwochèn kous elektoral la epi dezyèman dizon PPN bay sou dispozisyon ke otorite konstitisyonèl yo ta dwe pran pou kwape fenomèn atak teworis sou fwontyè Ayiti ak repiblik Dominikèn. Lidè PPN nan konstate ke gen 2 pati politik nan peyi a se «Fanmi Lavalas ak Pati Popilè Nasyonal», ki bay prèv yo deja sou teren politik la, toupatou nan peyi a sitou lè y ap fè rasanbleman oubyen kongrè nan plizyè rakwen peyi Dayiti. Ben te fè konnen «Nou menm nou montre fòs nou, nou fè 2 manifestasyon nan kapital la, kote nou gen dè milye militan PPN ki vini, konvèjans lan pa ka reyini 10 moun anba yon poto elektrik, donk yo pa gen enterè pou y al nan eleksyon». Sekretè Jeneral PPN nan kwè mesye opozisyon sa yo, tankou konvèjans lan, «inisyativ sosyete sivil» la elatriye k ap fè dilatwa pou tan pase, se pou kreye yon sitiyasyon ki ka jistifye ke patwon yo vin ede yo pou yo eskamote pouvwa politik la ann Ayiti. PPN bat bravo pou desizyon gouvènman an pran, pou òganize eleksyon yo, yon fason pou anpeche vid enstititsyonèl nan peyi Dayiti. Ben Dupuy te pale tou sou sa li rele «dezakò inisyal» la, ant pouvwa konstitisyonèl ak «opozisyon» an.
Benjamin Dupuy te fè konnen «Nou ka sonje nan dènye vwayaj Luigi Einaudi te fè nan peyi a, prezidan Aristide te nan palè Nasyonal, li te di l ap tann konvèjans pou vin siyen akò a, konvèjans lan pat janm parèt tèt li, sa vle di ke sa OEA rele akò inisyal la, li te sanntifye yon dezakò inisyal». Responsab PPN nan Ben Dupuy rekonèt ke mèsenè politik yo pral tire pye kont òganizasyon eleksyon nan peyi a, kote yo pral di ke otorite konstitisyonèl ayisyèn yo pa respekte rezolisyon 806 / ; 822 OEA e y ap kanpe sou menm pozisyon pwenn fè pa yo a. Ben te estime «yo pral akselere sou destabilizasyon yo, yo pral akselere gwoup teworis k ap mennen politik avèk yo, nou pap benyen kache lonbrik, nou konnen ke gwoup teworis k ap aji sou fwontyè, gwoup teworis ki nan Fò Libète/Ti gwav se bra ame «opozisyon» an k ap frape. Nèg sa yo gen yon sèl ajanda «opsyon zewo».
Ben Dupuy ajoute «Lèzetazini pral di yo pap rekonèt rezilta eleksyon yo, n ap raple ke Lèzetazini pat rekonèt endepandans Dayiti an 1804, e yo fè 60 tan yo inyore endepandans Ayiti. Se aprè gè sivil yo a, yo te tabli relasyon diplomatik ak Ayiti». Lidè PPN nan denonse Inyon Ewopeyèn k ap finanse sa yo rele «inisyativ sosyete sivil» la ki pa legal donk se Rosny Desroches y ap bay lajan. Donk lajan al jwenn dirèkteman André Apaid ak Rosny Desroches. Nimewo dosye pwojè sa a se 2001/3068 Mis : 0246 CRIS : 50580. Ben te eksplike «Inyon Ewopeyèn bay gwoup sa yo 700 mil Ewo, alòs Fondasyon Nouvèl la ki gen Apaid ak Desroches ladan distribye lajan sa a bay sa yo rele «ONG» yo, tankou KòK, CNEH, FPDH, CRED, CRESFED bagay Pierre Charles la, MOFED, CEDH ak Sant Ekimenik Dwa Zimen ke Jean Claude Bajeux ap dirije». Sekretè Jeneral PPN nan te manyen dosye ansyen anbasadè ameriken ann Ayiti a Brian Dean Curran ki te pwofite fè kontreban zam nan peyi Dayiti, pou ranfòse fwon ame enteryè a. Ben te di «Nou konnen gen 2 fwon ame, gen youn sou fwontyè a ke lame dominiken ap tolere kote gen ansyen Tonton makout, ansyen manm lame Dayiti e nou gen Fwon enteryè. Nou sonje dènyè eleksyon lejislativ yo ki t ap fèt, yo te lage kantite bonm ki t ap eklate tout kote ...»
Kidonk jan Ben t ap eksplike a, gen yon fwon enteryè enperyalis la vle alimante. Se konsa jou vandredi 1e out la 15 meriken debake, nan aeropò entènasyonal Toussaint Louverture, ak valiz chaje ak zam. Bondye fè dwanye yo ki pa t ap dòmi poze lapat sou zam yo e anbasad meriken blije fè 15 ekspè sa yo, ki te vin swadizan gade si anbasad meriken gen bon sekirite, pati al lakay yo menm jou a. Ben te eksplike : «Nou konnen ke lè, pa egzanp, prezidan Aristide pral Ozetazini, gen tout yon bagay ki pou fèt pou li ka gen sekirite, avèk li, ki gen ti 38. Nèg yo panse se nan jaden papa yo y ap rantre, donk yo vin ak zam. 15 nèg antre san okenn kesyon diplomatik ........ Pòt pawòl anbasad meriken Madan Tronzo di nou se yon erè ...... m pa kwè se yon erè.....»
Alòs, mezanmi bagay yo klè. Gen yon Fwon ekstèn, bra ame «opozisyon» an ki gen baz aryèl an Dominikani; epi gen yon Fwon entèn y ap alimante. Konsa va gen bouyay nan peyi a pou eleksyon pa ka fèt. Donk pèp la dwe kanpe, mobilize lavèy 1e janvye 2004 la, 200 zan endepans nou. Si yo ta rantre vin fè lòbèy enben fò pèp la fè yon lòt 1e janvye 1804.