23 Juillet,  2003

July 23, 2003

23 Jiyé,   2003

Vol. 21 No. 19
Votez! Cliquez ici pour signer le Rfrendum Populaire Anti-guerre! 
Mache Mac Donald: yon dife kriminèl

Nan lannwit 17 jiyè a, vè 2 zè nan maten konsa yon dife eklate nan mache Mac Donald ke yo rele tou mache Ga ou byen mache di Pò, ki chita nan Lasalin nan Pòtoprens. Mache sa a te konstwi sou non Pak Mak Donal pandan peryòd okipasyon yanki ann Ayiti (1915 ˆ 1934). Batiman sa a te sèvi ga pou tren avan yo te transfòme li an mache piblik. Se 3zyèm mache piblik ki disparèt anba flanm dife nan Pòtoprens, aprè dife mache Hyppolite la an 1991 ak mache Salomon an 1987. Mache Pò a, se youn nan mache ki gen plis enpòtans nan kapital la, kote se la plizyè santèn ti machann ak gwo komèsan estoke machandiz yo. Se yon mache tout kalite moun ki sòti toupatou nan peyi a, vin achte an gwo kou an detay. Se youn nan kote yo brase plis lajan nan peyi a. kote plizyè santèn ti malere ak malerèz ap degaje yo. Machann sa yo se eskont yo fè, yo prete lajan nan pretè, nan men izirye, pran ponya ak gwo enterè, pou yo achte machandiz ann gwo. Se plizyè milyon goud ki kankannen nan dife sa a. Donk dife sa a lakòz plizyè milye ti machann ak komèsan lage 2 bra pandye, se 2 men nan tèt, yo pa konn ki sen pou yo rele, se kòd mare lonbrit.

Se pou moun mande kiyès malveyan ki fè krim sa a ? Ki sektè ki responsab dega katastròf sa a? Dapre nouvèl radyo Nasyonal nan 17 jiyè a, gen machann ki fè konnen : plizyè fwa, yo avèti lapolis pou ba yo sekirite akòz menas yo toujou ap resevwa de moun ki di y ap vin boule mache a. Daprè ajans près HPN 18 jiyè a, «Selon temwanyaj moun nan zòn nan e gadyen mache a, dife a se yon dife kriminèl. Youn nan yo di li tande yon gwo bri...». Yon lòt bò minis Travo Piblik, Harry Clinton fè konnen tou ke dife a kriminèl paske dife te pete plizyè kote alafwa.

Bilan dega a lou anpil. Plizyè milye sak diri, sak pwa tout kalite, kès lwil, kès pat tomat, farin, kès rad, mayo, chemiz, pantalon, soulye, elatriye ak plizyè milyon goud an likid kankannen nèt nan dife mache Mac Donald la. Nou te pale ak kèk nan komèsan ki di nou ke «Nou pèdi anpil machandiz nan dife a, tout se kredi nou fè pou n al achte Panama. Fòk n al peye blan an, li pa konn afè defisi; se kale l lajan l. Labank se ponya yo ba nou. Men mache a boule, nou rete ak 2 men pandye, se gouvènman an ki konn kisa l ap fè avèk nou». Yon lòt kategori komèsan t ap di nou ke «Nou deplore sak pase a, se pou otorite konsène yo bay sekirite nan peyi a. Paske pa gen sekirite, si te gen sekirite ki t ap veye nou la a, si dife a pran lè sa a, yo t ap gen tan etenn dife».

Men daprè emisyon Vision 2000 18 jiyè a «komèsan yo di yo kwè dife a kriminèl. Ajan sekirite ki t ap monte lagad mèkredi swa a di ke yo te sètoblije abandone pòs yo anba presyon endividi ki te ame jouk nan dan».

Se avèk dlo nan je, rèl, kriye ke plizyè milye ti machann t ap mande Bondye sekou, e kisa yo pral fè pou kontinye bay manje lakay yo epi fè preparasyon pou voye timoun lekòl nan mwa septanm k ap vini an. Se konsa yon ti machann te di nou: «Mezanmi! Mwen pa konnen anyen nan politik peyi a, se mache sa a ki kenbe tout moun nan fanmi m, pou m voye lekòl, fakilte, peye kay epi bay manje. Se mwen sèlman k ap degaje m pou bat dlo pou fè bè, sekou Bondye, fòk prezidan Aristide di nou yon mo nan tèt chaje sa a, paske lekòl la pral louvri pòt li nan yon mwa ak kèlke jou k ap vini la a, anmwe ! anmwe ! sekou» elas!».

Premye minis lan Yvon Neptune pat pran tan, pou t al sou lèlye, non sèlman pou t al wè valè dega dife a fè, men tou pou pale ak viktim yo. Li te akonpanye pa direktris Polis Nasyonal la Jocelyne Pierre, chèf kabinè prezidans lan Jean-Claude Desgranges ak pòtpawòl Fanmi Lavalas la Jonas Petit, yo tout te rann yo nan mache Mac Donald. Yo fè konnen gen ankèt ki louvri. Sepandan chèf gouvènman an te di: «Poukisa se toujou majorite moun ki pi pòv yo ki toujou viktim, dife nan Lasalin, dife nan Site Solèy, dife tout kote ki gen malere ak malerèz, ki se majorite pèp ayisyen k ap chache lavi yo. Se gwo kesyon sa a ke m ap poze tèt mwen. Prezidan ak gouvènman an pral makònenn avèk viktim yo pou jistis blayi.»

Prezidan Aristide te resevwa plizyè santèn viktim dife a menm jou jedi 17 jiyè a, nan Palè Nasyonal e li te fè konnen ke Leta te deja mobilize pou fè fas a konsekans ensandi sa a. Chef Leta a endike direksyon Bank Nasynal Kredi (BNC) te resevwa lòd pou bay viktim yon kredi a yon to 1.33%. Anplis prezidan Aristide endike ke dosye ensandi sa a, li pran sa oserye e li ensiste pou operasyon yo dewoule nan lòd ak disiplin. Prezidan Aristide te anonse: «Nan sans sa a, prezidans lan deja debloke 10 milyon goud. Komèsan yo kapab pase vandredi 18 jiyè a nan BRH pou debloke yon premye tranch kòb, annatadan gen plis lajan ki pral disponib pou machann ki pèdi machandiz yo nan dife mache Mac Donald la.» Youn nan komèsan viktim yo te temwaye bay prezidan Aristide kòman evenman yo te pase: «Bonswa prezidan Aristide, mwen achte kredi, m achte pou 440 mil goud machandiz, mwen apèn depoze l nan Gerit la... epi pandan m ap dòmi, mwen santi m paka dòmi m ap toufe ... mwen pa sove yon grenn nan machandiz yo. Mwen gen yon jèn fi nan inivèsite Kiskeya. Se yon bann lajan m ap peye pou li, mwen pa gen pèsonn ki pou ede m, mari m pap travay, se mwen ki agòch, se mwen ki adwat.» Kèk komèsan sanble vreman satisfè jès rapid sa a ke prezidan Aristide fè pou kore sinistre yo.

Antouka li klè ke dife a soti dwat nan kan destabilizatè yo. Dirijan Pati Popilè Nasyonal la (PPN) Benjamin Dupuy te bay dizon l sou dife a pandan li t ap patisipe nan emisyon nouvèl 7 tè nan aswè Televizyon Nasyonal lendi 21 jiyè a e li te di ke li panse tout aksyon swadizan gwoup Konvèjans lan ak gwoup « 184 » la ap fè nan peyi a, se pwovokasyon ak kanpay destabilizasyon mesye sa yo ap fè pou destabilize rejim lan.

Ben Dupuy te di «Nou konnen ke mesye sa yo fè plizyè atak deja, yo atake Pelig, yo touye inosan sou pretèks se patizan Lavalas, tankou nan Tigwav, Pènal, Fò Libète, e nou wè sa k sot pase Site Solèy la sou dosye swadizan «karavàn lespwa», pwojè kontra sosyal yo a. E nou wè tou ke yo sot fè yon lòt bagay nan mache Mac Donald la, ki pa inosan ditou, se menm kanpay destabilizasyon an k ap fè chemen l». Ben Dupuy te kontinye pou l di: «André Apaid ak ti gwoup 184 la, tout ti lelit ki vle tounen o statikwo, yo vin nan Site Solèy, se yon pwovokasyon ki klè, paske yo vin avèk patwon yo, ki vin ak gwo zam fann fwa. Si yo te vin ak zam, sè ke yo te konnen ta pral gen deblozay ke yo t ap chache. Tout bagay sa yo, fò nou mete yo nan yon kontèks entènasyonal...» Se aprè karavàn lan t al fè pwovokasyon nan Site Solèy. Donk sanble dife mache Pò a rantre nan kad pwovokasyon/destabilizasyon an.

Deklarasyon K-Plim alias Evans Paul te fè sou ensandi Lasanlin nan montre kijan moun sa yo se yon bann sinik. Evans Paul te deklare: «Prezidan Aristide ap grandi kapital politik li», kidonk chèf Leta a pat dwe kouri pote brid soukou èd bay viktim mache Pò a nan Lasalin, sa vle di prezidan Aristide te dwe kite sa anpire plis toujou, yon fason pou yo jwenn wout pou yo fè kapital politik ki nan enterè pèsonèl yo. Kòdonatè nasyonal Fanmi Lavalas la Jonas Petit di li deplore ensandi nan mache Mac Donald la. Jonas Petit marye zak sa a, ak yon sèten sektè ki vle jete peyi a nan lanmè.

Depi menm anvan egzamen bakaloreya yo, anpil rimè t ap fè kwè ke an septanm lekòl pap louvri. Rimè sa yo, se sèten se yon preparasyon sikolojik destabilizatè yo, «opozisyon» makouto-boujwa-restavèk «kominote entènasyonal» la ap fè depi aprè deklarasyon Colin Powell la ki te di «avan mwa septanm, fòk gouvènman ayisyen an degaje l kreye klima sekirite pou fòme KEP la epi òganize eleksyon yo nan peyi a e si sa yo pa rive fèt, Etazini ap reyevalye wòl OEA ann Ayiti». Donk dife sa a se yon dife kriminèl, yon fason pou fè komèsan yo di «aba prezidan Aristide». Kounye a, pa gen benyen kache lonbrit. Prezidan Aristide dwe mete kanson l nan tay li, fè lwa Dessalines lan danse nan tèt li pou koresponn ak Konze sa yo.