16 Juillet,  2003

July 16, 2003

16 Jiyé,   2003

Vol. 21 No. 18
Votez! Cliquez ici pour signer le Rêfêrendum Populaire Anti-guerre! 
Nan ki pwen kestyon zòn franch lan ye?

Se lendi 23 jen yon delegasyon te fè yon kout pye Wanament yon vil ki sou fwontyè a nan depatman nòdès la. Nou t al gade ki kalte travay k ap fèt nan zòn franch lan yo ap mete anplas yo. Nou te ale dirèkteman nan Plèn Maribao, zòn Pitobè kote leta ayisyen bay 2 konpayi Dominiken /Ameriken pou tabli zòn franch sa yo. Nou te rive vè 11 zè nan maten, chantye yo t ap fonksyone ak travayè ayisyen tankou dominiken ki ap travay san pran souf nan yon orè de 6 zè dimaten a 5 kè nan aprè midi.

Travay yo demare depi 3 mwa, pa yon premye konpayi, pami 17 ki gen pou vin jete baz yo nan Pitobè. Premye konsta nou fè se ke anpil jaden malere detwi, gen lòt ki kouri kite zòn nan paske yo pral sibi menm bagay la, anba gwo boul dozè, traktè, lodè, kamyon baskil, ki non sèlman ap kraze plantasyon abitan yo, men tou transpòte tout kantite bon tè yo jwenn nan zòn nan pou ale an Dominikani epi ranplase yo pa gravye ak beton. Tout aktivite sa yo ap fèt anba gwo dispozitif sekirite Polis Nasyonal (PNH) la pou anpeche popilasyon leve kanpe pwoteste.

Pou reyisi pase yon lantouray an fè e antre anndan kote travay yo ap fèt la, se pa bagay fasil, paske responsab konpayi zòn franch lan fè libere nan prizon yon ayisyen ke lame Dominiken ak lapolis nasyonal (PNH) la abitye arete pou vòl, touye moun sou frontyè e ki te menm kondane apèpetuite, e se limenm zam a lamen ki la pou asire sekirite antre ak sòti yòn pati zòn franch lan. Dabò li mande pou idantifye ou. Si ou se yon jounalis ayisyen, fòk li al mande chèf li kisa li dwe fè. Men depi ou akonpanye jounalis etranje, ou mèt antre san idantifikasyon, paske se jounalis etranje yo ki sèvi kòm atache de près pou fè pwomosyon pou zòn franch lan. Epi là sa a ou kapab poze nenpòt moun kesyon, menm ouvriye ayisyen yo.

Anndan, zòn franch lan menm, plizyè gwo kay ap konstwi san pèson moun pa konnen ki sa yo pral sèvi. Gen lòt se fondasyon yo ki ap monte, espas la deja kreye pou biwo ladwàn, yon wout ki relye repiblik Dominikèn ak zòn franch lan deja prèske fini, se sèl asfalt ki rete pou fèt. Konnyè a y ap travay nan yon antre ant Dominikani ak zòn franch lan epi se lame dominikèn ki ap monte baz yo tou prè antre a. San konte gwo kamyon dominiken k ap charye tout kalite materyo. Yon lòt bagay se pwomès k ap fèt yo, kote pou mwa septanb k ap vini an yo di ke lekòl pral fonksyone gratis pou tout ti ayisyen nan lari Wanament. Alòske chaje ak ti dominiken nan lari ki pa gen lekòl! Yo promèt elektrisite 24/24 nan Wanament, dlo potab, konstriksyon wout Kap / Wanament rapido, etc. Se sa yo pa konnen yo pa pwomèt.

Deja travay konstriksyon yo ap fèt nan kondisyon eksplwatasyon san gade dèyè. Genyen plizyè aspè efektivman ki parèt byen klè pou w kapab sipoze kouman sa pral ye pi devan. Primo fason patwon yo ap travay pou kreye move relasyon ant travayè ayisyen ak dominiken yo. Tankou kesyon koulè, inegalite ak inyorans se deja yon karakteristik k ap enstitiye nan zòn franch lan. Kondisyon travay ouvriye ayisyen rete san ankenn siveyans ni asistans bò kote leta ayisyen. Tankou, lè w pran yon dominiken touche 800 peso epi pou menm travay la se sèlman 35 peso pa jou yo bay Ayisyen an. Anplis de sa, peso a se 33 a 34 peso ki pou fè yon dola ameriken sèjousi, donk se apenn si ouvrye aysyen an ap touche yon dola. Sa pi rèd toujou paske alòske travay yo kòmanse depi 3 mwa, gen nan ouvriye ayisyen ki gentan gen 2 mwa depi yo pa touche! Sa montre klèman pa gen posibilite revandikasyon si leta pa t elabore byen bonè yon kad legal ki te pran ann konsiderasyon nan ki kondisyon pou ouvriye ayisyen yo travay. San konte ke nou pa wè kote ki rezève pou reprezantan leta ayisyen k ap sipèvize sou ki kritè y ap anboche yo.

Men responsab zòn franch etabli yon rèy divize pou reye kote yo pa reyèlman anboche anpil ayisyen epi yo vini ak lòt kantite ki te deja ap bourike an dominikani ke yo peye 375 peso pa jou. Nan sans sa a, menm si ouvriye ki sòti an Ayiti yo ta leve kanpe y ap tou revoke yo paske yo pap jwenn sipò lòt gwoup ki sòti an Repiblik Dominikèn nan.

Tout travay teknik yo tankou: elektrisite, ebenis, chapant, plonbye, etc. se pou dominiken. Pa genyen yon enjenyè ni kontremèt ayisyen sou chantye a. Sou pretèks ke ouvriye ayisyen yo pa kalifye, se travay tankou: fouye kanal ak pikwa, leve sak siman, mòtye, transpòte fè, travay sa yo se yo ki pou travayè ayisyen yo, ki anba kontwòl lame dominikèn k ap monte desann ak gwo zam fannfwa. Men deyò a se Polis Nasyonal ayisyen an yo mete la k ap asire sekirite materyèl yo. Donk yo pa lese yon jwen ni mwayen pou moun yo defann dwa yo.

E sa ki sèten sè ke zòn franch lan Pitobè a sòti nan faz pwojè, e ki vin yon reyalite pou tout moun ak tout move konsekans li deja genyen nan mitan abitan yo ki pèdi tè ak jaden san dedomajman.

Epi sa a se twokèt la, chay la dèyè, paske se premye konpayi an k ap travay pou kounye a, sa vle di rete 16 ki pral kontinye kraze jaden epi akapare tè malere yo e yo gen pou etann yo nan 1875km2 teritwa a sèlman nan zòn plèn Maribaou a.

Donk nou konprann, tou kanpay fo pwomès yo chita sou li a se yon fason pou popilasyon an pa dekouraje epi kenbe plis espwa nan zòn franch. Pandan y ap kontinye deplwaye batanklan yo, epi lè yo fini ak konstriksyon, lame dominikèn ki an menm tan ap fè mizanplas pa yo pral deplwaye pou pwoteje enterè konpayi miltinasyonal yo fas a mekontantman popilasyon ki te konprannn ke bagay sa ta pral bon pou yo.