18 Juin,  2003

June 18, 2003

18 Jen,   2003

Vol. 21 No. 14
Votez! Cliquez ici pour signer le RÍfÍrendum Populaire Anti-guerre! 
Avèk ou san «opozisyon» fòk KEP ak Eleksyon fèt

Sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal (PPN) la Benjamin Dupuy kondane dènyè deklarasyon sekretè deta ameriken an, Colin Powell te fè nan 33e Asanble Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), nan vil Santyago nan Chili, sou kriz politik ke se menm nèg sa yo ki fabrike pwòp afè yo kont tè Desalin nan, yon fason pou pèp ayisyen an, pa rive fete bitsantnè endepandans peyi Dayiti. Nan yon konferans pou la près jou ki te mèkredi 11 juin an, dirijan PPN lan te bay nan lokal pati a nan Pòtoprens, li kalifye deklarasyon Colin Powell la kòm yon menas, non sèlman kont misyon espesyal OEA ann Ayiti a, men tou kont gouvènman konstitisyonèl ayisyen an. Powell te di kareman: «Si nan mwa septanm k ap vini la a, gouvènman an pa rive fòme KEP la, n ap oblije reevalye wòl misyon espesyal OEA ann Ayiti.» Ki vle di se Lèzetazini ki pral pran ka peyi Dayiti an men?

Nan sityasyon sa a, Ben Dupuy mande gouvènman Lavalas la degaje li kon mèt Jan Jak, pou fòme KEP la, epi òganize eleksyon rapido presto nan peyi a: «Peyi Etazini vle sèvi ak peyi manm OEA yo pou li fè sa li pi pito; Etazini vle fè tèt li pase kòm mèt lemond lan. Kòm li jwenn anpil Konze nan plizyè ti peyi soudevlope tankou Ayiti, ki pou bat bravo, lè l ap fè politik gwo ponyèt.»

Twazyèm pwojè rezolisyon OEA sou sa yo rele kriz politik ayisyèn nan mansyone apui a ranfòsman demokrasi ann Ayiti, yo swadizan egzòte tout pati ki enplike nan kriz la, pou pran pa nan fòmasyon yon Konsèy Elektoral Pwovizwa, kredib san fòs kote epi ki endepandan, nan moman kote yo pral mete yon klima sekirite anplas, pou òganize eleksyon yo nan peyi a, avèk konkou misyon espesyal OEA ann Ayiti konfòmeman ak mezi ki tabli yo nan rezolisyon 822 a, ak rekòmandasyon yo prezante gouvènman ayisyen an, «sosyete sivil» la ansanm ak Konvèjans Demokratik la.Yon 3e rezolisyon ki yon fwa ankò se yon kout dlo cho, yon kout dlo frèt.

Sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal la endike ke «Rezolisyon ki sòti nan OEA yo, toujou ap fè yon seri bagay tankou: yon ti kout pye agoch, yon ti kout pye a dwat.» e li fè konnen ke peyi Etazini ap fè gwo presyon sou kèk ti peyi, yon fason pou ta wè si yo kapab bay sektè «opozisyon» ayisyèn nan jarèt. Sekretè jeneral PPN di «peyi lèzetazini jwenn anpil fòs ki pa tonbe dakò avèk li nan OEA. Ou konnen sitiyasyon yo ap chanje nan lemond lan. Etazini pa kab itilize ankò enstitisyon entènasyonal la pou jistifye politik agresyon ak enperyalis yo nan OEA. Peyi sa yo pa siye kajou avèk peyi meriken tankou peyi Brezil, Lajantin, Venezyela, Mexique eksetera ki pa sòti pou yo egzekite lòd yo resevwa nan Wachington ». Ben Dupuy di deklarasyon soubreka ki osèvis administrasyon Bush la, Colin Powell trè klè: «Si OEA pa ka fè bagay yo, jan yo ta vle a, e byen yo di y ap aji inilateralman. Nou konnen gen yon echeyans, palman an pral fini nan mwa janvye k ap vini la a. Li klè lè yo voye balon an jouk nan mwa septanm, se yon manèv pou fè «opozisyon» an chita sou blòk glas li, yon manyè pou li akselere destabilizasyon an avèk kontra yo genyen pou egzekite nan konplisite ak repiblik dominikèn e CIA, yon ajans entèlijans pa yo».

Responsab PPN nan estime ke gouvènman Lavalas la dwe pase ann aksyon pou vanse ak pwosesis elektoral la rapido presto, paske: «di djab bonjou l ap manje ou, pa di l bonjou l manje ou». Afè kesyon fè tout kalite apèl pou rele mesye Konvèjans yo vin negosye dosye politik, se tan k ap pase, sa pral agrave pi plis sitiyasyon an ankò. Yon fason pou gouvènman an atake pwòp baz li, se tout objektif nèg apatrid sa yo». Ben Dupuy fè konnen ke «lè pèp la va denonse Lavalas, ebyen lè sa a y ap alèz pou fè sa yo gen nan tèt yo». Kòm se lame Dayiti ki te konn bay nèg sanginè sa yo pouvwa, jounen jodi a pa gen lame Dayiti ankò. Donk sa k ap fèt? Dirijan PPN nan fè konnen ke «Mesye Konvèjans yo bezwen blan pran kontwòl polis la yon fason pou òganize koudeta. Fòk gouvènman an mete kanson nan tay li pou pa kite vid enstitisyonèl nan peyi a, ke nèg yo vle kreye a, se pou gouvènman an fòme KEP la e si «opozisyon» an pa vle voye moun li, peyi a pa ka ap depafini akoz nèg sa yo».

Benjamin Dupuy fè byen konprann ke Lèzetazini pa vle tande pale de 1e janvye 2004 la, yon dat ki pral make nan listwa peyi Dayiti 200 zan endepandans ke zansèt nou yo te goumen pou retire peyi a anba grif peyi kolonyalis ak enperyalis «blan» franse yo. Sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal la te di sa l panse tou sou deklarasyon anbasadè meriken ann Ayiti a Brian Dean Curran ki jistifye 70 milyon dola ameriken li vèse nan bòl ONG restavèk bidon yo nan peyi Dayiti, nan bi pou bay bourad ak swadizan kèk «Pati Politik» sektè «opozisyon», espesyalman gwoup Konvèjans lan pou glise po fig anba pye gouvènman konstitisyonèl pèp ayisyen an te chwazi ki pou dirije yo, anbasadè Dean Curran te mete deyò tou, yon dosye enpòtan sou koze medya ayisyen ke gouvènman ameriken te vèse 3 milyon dola vèt ba yo, anbasadè a te fè konnen ke se medya kominotè ki jwenn mwayen e pati politik yo, se endirèkteman yo jwenn mwayen,. donk yo jwenn!

Sou koze sa a, Ben Dupuy te di: «Se yon bagay klè, se politik yon timoun ki gen laj 4 tran kapab konprann. USAID ap finanse yon «opozisyon» apa ke y ap bali sipò politik, men y ap ba li sipò materyèl tou. Bouch, anbasadè Bush la, Brian Dean Curran chape, li pale kòman yo sibvansyone yon sèten près ann Ayiti, ki rele tèt yo «près endepandan», men se près «Pati Politik» enperyalis yo ak «ONG» yo. Tout tan y ap pale bòn gouvènans e nesesite pou gouvènman aji nan transparans. Men nou wè USAID pa nan transparans, se kèk nèg y ap finanse nan «opozisyon» an pou ankouraje tout fòm vyolans, puiske Colin Powell pale, Brian Dean Curran oblije pran twonpèt li, pou l mete pase genyen. Men sak pa nòmal la, sèke gen kèk jounalis k ap mande Anbasadè meriken ann Ayiti a, sa li panse , sa montre nou gen yon klas restavèk».