Sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal la (PPN) Benjamin Dupuy fikse pozisyon li byen klè sou 3 sijè enpòtan, nan yon konferans près li te bay jou jedi 29 me a, nan lokal Pati PPN nan, nan ri Kapwa Pòtoprens. Premyèman, sou deklarasyon chèf misyon OEA a ann Ayiti David Lee te fè, konsènan chwa Direktè Jeneral Polis la. Dezyèman, sou fineray Pè Antoine Adrien ki te chante jou 23 me a, nan lakou Ti Seminè Kolèj Sen Masyal nan Pòtoprens , kote Pè Max Dominique te chwazi moman sa a pou li lanse atak kont Prezidan Jean-Bertrand Aristide. Epi twazyèm pwen Ben Dupuy te abòde, se sou sekretè jeneral Asosyasyon jounalis ayisyen yo (AJH ) Joseph Guyler C. Delva, ki gen manda li ki deja ekspire depi plis pase 4 mwa, e ki anonse li pral fè pwotestasyon pou arestasyon swadizan jounalis nan peyi Kiba.
Dirijan PPN nan kalifye David Lee kòm yon pwokonsil oubyen yon gouvènè k ap pase lòd, ki sanse vle bay gouvènman Lavalas la iltimatòm. Reprezantan Misyon OEA pou Ayiti a, David Lee te fè deklarasyon sa a, nan semèn pase yo pou di ke «Prezidan Aristide te dwe konsilte chèf misyon OEA a, anvan li te chwazi chèf Polis Nasyonal la». Benjamin Dupuy te reponn David Lee konsa: «Ki peyi nan lemond lan ke David Lee konnen ke nonmen yon chèf lame oubyen yon chèf Polis, ke se etranje ki pou deside ki moun ki pou ranpli tach sa a. Nou konnen Ozetazini sa yo rele chèf deta majò entèram se privilèj Prezidan an, pou l nonmen l, li gen dwa nominasyon e revokasyon, nou ta ka pran anpil ekgzanp istorik nan nenpòt ki peyi pèp la chwazi dirijan li.» Dupuy te li yon pati nan prensip chat OEA a pou chèf misyon OEA, David Lee: «Nou genyen la a, chapit 2, atik 3 ki di ke lòd entènasyonal ki konsiste, nan respè pèsonalite, souverènte e endepandans eta yo, e obligasyon pou yo akonpli trete entènasyonal, sa se nan paragraf B chat OEA a. Nan paragraf E a, li di nenpòt ki eta gen dwa chwazi san yo pa pran lòd nan men okenn lòt peyi, sistèm politik, ekonomik e sosyal e òganize tèt li meyè fason, ke l panse ki byen pou peyi l, e li gen devwa refize pou moun oubyen lòt peyi ta rantre nan zafè k ap pase anndan peyi l. Si gen yon moun k ap vyole chat OEA a, se klè se administrasyon George W. Bush la, ki sot vyole chat Nasyonzini yo, pou l te ka anvayi peyi Lirak, nou konnen menm jan lè Zetazini t ap fè tout kalite vye mannèv nan konsèy sekirite nasyonzini yo, pou l te fè vote yon rezolisyon, pou te ba l dwa pou al atake Lirak. «Malgre tout menas li te fè, George W. Bush pat reyisi jwenn 9 peyi sou 15 nan konsèy sekirite a, e li te leve inilateralman li al fè lagè. Li kontinye ap fè menas sou lòt peyi nan zòn Mwayen Oriyan; jounen jodi a, ta sanble pwochen sib li se peyi Iran. Etazini gen gwo pwoblèm nan OEA, l ap eseye fè presyon sou sèten ti peyi, pou vote swadizan aplikasyon chat demokratik OEA a, men malerezman pou lè zetazini gen yon pwoblèm nan OEA, yo wè jwèt la, yo pa dakò pou kontinye sèvi ak OEA kòm ministè zafè Neyokolonyal dè Zetazini Damerik ».
Sekretè Pati Popilè Nasyonal la denonse Sekretè Jeneral OEA a, César Gaviria ki se ansyen Prezidan reyaksyonè peyi Kolonbi: «Nou raple David Lee sa, premyèman, li pa nan yon peyi konki, li paka pran pòz gouvènè li, pou yon chèf leta gen pou chita avèk li, pou yo dikte l ki moun yo vle, gen sèten eleman nan OEA, tèlke Sekretè Jeneral César Gaviria, ansyen prezidan Kolonbi, ke lè Zetazini sanble achte lajan kontan. Yon ansyen prezidan reyaksyonè, ki mete Kolonbi sou bòt meriken nan lide pou fòme yon gwoup paramilitè an Kolonbi k ap pete fyèl tout moun. Nou gen Orlando Marville, nan Oganizasyon Eta Ameriken ki se pyès Etazini mete pou fè politik li pase, men malerèzman lemond chanje, bagay yo pa fasil kounye a, nou ta di David Lee, pou li li chat OEA e chat demokratik la, ke y ap menase moun nan. Chat demokratik sa a se yon bagay yo te apwouve kont koudeta militè ann Amerik latin. Donk aplikasyon chat demokratik la, pa kapab aplike ditou nan peyi Dayiti, kote gen yon rejim demokratik pèp Ayisyen an chwazi dirijan li.»
Sou evenman lantèman Pè Antoine Adrien an, dirijan PPN lan rekonèt ke se te yon demokrat ki te goumen kont rejim diktatoryal Duvalier yo, yon fason pou demokrasi te kapab tabli an n Ayiti, men li di li sezi tande move pawòl piman bouk, ki sòti nan bouch Pè Max Dominique ak Monsenyè Guy Poulard k ap chache pran woulib sou lanmò Pè Antoine Adrien: «Nou gen Pè Max Dominique, ki se yon espès pòtpawòl pou Òganizasyon Pèp ann Lit (OPL), men se yon òganizasyon ki san pèp. Nan omeli li t ap fè, pè Dominique te vin ak yon seri bagay kote l ap kalifye pèp ayisyen de "Chimè". Pè Max Dominique fè pati ti elit la, ki pandan 200 zan kenbe gran majorite pèp la nan nwasè. N ap di Max Dominique, Pè Adrien te oblije pran ekzil Ozetazini, pandan peryòd Duvalier a. Eske li ta gen dwa ak odas pou anfas yon chèf deta, pou l ta vosifere yon seri pawòl konsa? Mwen sèten François Duvalier ta nan kolèj Sen Masyal, Pè Max Dominique pa ta gen kouraj, pou l ta di krik, paske li konnen se pa ann egzil yo ta voye l, se 6 pye sou tè yo ta voye l. Ou ka gen pwoblèm ak Pè Aristide, men lè ou anfas yon chèf deta... Ti gwoup pè e monsenyè ki kache anba soutàn y ap fè politik reyaksyonè, pè pwogresis yo, piske misye pale sanble yo achte sèten pè. Nou ta mande pè pwogresis yo, pou bay nèg sa yo woulib pou fè kanpay pou reyaksyon ouvètman.»
Ansuit Benjamin Dupuy te kritike tou sekretè AJH la, Joseph Guyler C. Delva ak repòtè San Fontyè a, Robert Ménard ki sanble ap travay pou depatman deta ameriken. Ben fè konnen ke «Repòtè San Fontyè avèk yon sèten Robert Ménard ki konprann nou toujou nan lane 1789, Robert Ménard ki la pou fè travay depatman deta, donk se konsa Asosyasyon Jounalis la ki pretann ke Kiba yo arete jounalis. Moun k ap konplote Kiba yo, ki resevwa lajan USAID gouvènman etazini depi 40 tan, pou destabilize e ranvèse gouvènman revolisyonè kiben an, moun yo arete kòm konplotè yo, se sèlman 3 jounalis ki kalifye, li ap reprann menm kanpay pwopagann nan.» Dupuy poze Sekretè Jeneral AJH la, Joseph Guyler C. Delvas kesyon sa a: «Poukisa AJH pa enterese l ak plis pase 2 mil moun ki nan Gwantanamo/Kiba ke Lèzetazini pran ann Afghanistan pou li vin mete yo nan prizon la; yo pa janm wè jij natirèl yo, yo pa janm wè fanmi yo, moun ap viv nan yon seri kondisyon difisil. Mwen pa wè yo fè eskandal pou sa. Poukisa yo pa pale de 2 milyon moun ki nan prizon Ozetazini, se peyi ki gen plis prizyone, san konte, sa yo kondane amò, sa yo rele koulwa lanmò a, 90% nan prizyone sa yo, se nwa ameriken yo ye. Etazini vyole lwa entènasyonal, pou l al dèyè petwòl, òganizasyon sa yo, si yo pat sibvansyone pou yo fè pwopagann, mwen panse y ap pèdi tout kredibilite. Kiba genyen plis pase 40 tan, depi gouvènman ameriken ap goumen pou ranvèse gouvènman kiben. Donk la ankò vyolasyon chat dè Nasyonzini, tout lwa entènasyonal yo.» Lidè pati popilè nasyonal la pat bliye pase pran visprezidan konferans episkopal la, Monsenyè Guy Poulard ki te bat bravo pou koudeta 91 la: «Nou ta mande Monsenyè ak pè pwogresis yo, ki pa dakò ak politik desklizyon, paske n ap di yo, moun yo rele chimè yo, ki mete yo nan eta kritik yo ye a, mwen ta renmen wè Pè Max Dominik ak Monsenyè Guy Poulard al viv nan site Solèy, nan kondisyon ke moun yo ap viv la pou li pa ta tounen yon chimè tou. Men kote l chita l ap bwè bon diven tout lasentjounen, se sèten ke moun sa yo se gwo zòtèy yo ye pou monsenyè Guy Poulard ak Pè Max Dominique.» Depi yon sitwayen oubyen yon gwoup moun leve kanpe pou defann move kondisyon mas pèp sa a ap viv, ou jwenn yon seri moun ki bay tèt yo non «lidè » politik, ki toujou kanpe an kwa pou anpeche devlopman pèp ayisyen an, nan fè konplo ak « blan » pou depafini nèt ale ak popilasyon Ayisyen nan sitou lè y ap trete moun nan mas pèp la de chimè.