Pandan selebrasyon fèt Travay ak Agrikilti nan jedi 1mye me a, ak inogirasyon yon pati nan lojman popilè yo nan Lasalin, prezidan Aristide mande opozisyon an, espesyalman gwoup Konvèjans Demokratik la pou fè yon trèv. Kidonk yon kanpe nan anbete fonksyonman gouvènman an, yon fason pou tout moun selebre ansanm 200 zan fèt drapo a nan 18 me ki pral vini la a nan Akayè. Chèf leta a t ap di: «Anvan nou rive nan 18 me, mwen vin mande tout frè m ak sè m ki nan opozisyon espesyalman sa ki nan Konvèjans Demokratik yo. Mwen mande yo pou nou gade mizè Lasalin nan ansanm pou n gade mizè Site Solèy la, mizè ki nan Lasavàn, mizè ki nan Raboto, mizè ki nan Solino, mizè ki toupatou san mwen pa bezwen site lòt kote yo, pou nou gade mizè sa a tankou ayisyen. E nan non frè n ak sè n ki vle konbat mizè a pou nou fè yon trèv. Sa sa vle di yon trèv? Fè yon kanpe. Sa sa vle di fè yon kanpe? fò n antann nou onon drapo a, anba drapo a pou antant sa a fasilite deblokaj politik la ki pral fasilite deblokaj ekonomik la, pou nou selebre fèt drapo ane sa a, e pi byen akoz antant sa a. Mwen konnen si se te pou nou menm ki devan m la a sè m ak frè m moun Lasalin, sa t ap fèt lontan. Eske n pa ta renmen sa fèt ? Eske n pa swete pou antant sa a rive? Eske n pa dakò pou tout aktè politik yo bay lamen? Mwen konnen nou dakò. Donk, lè tout aktè politik yo gade mizè k nan Lasalin, petèt la pi fasil pou bay akolad espesyal sa a avan 18 me a, rive fèt. Yè swa, m pale avèk kèk lidè politik ki pa Lavalas men ki pa gen pwoblèm pou nou ta fè antant sa a avan 18 me. M pral kontinye chèche wout 5 dyalòg la pou pale avèk plizyè lòt ankò. E m konnen gen lòt ki voye mesaj m resevwa trè byen. Si m te nan legliz Sen Jan Bosco, m t ap mande nou lapriyè pou sa fèt. Kòm se pa nan legliz la m ye, men se nan Lasalin mwen ye, mwen mande pou nou pote kole nan pale menm langaj la nan radyo pou pawòl la mache pou l mache, pou l mache pou avan 18 me, pou n ta wè tout aktè politik yo, nan opozisyon kòm nan Lavalas anndan gouvènman an, kòm andeyò gouvènman an pou n ta retwouve n nan Akayè pou nou bay yon bèl akolad patriyotik pou n fete fèt drapo a ki p ap vle di viktwa pou Lavalas, men ki va vle di viktwa pou tout ayisyen e pou opozisyon an tou. Eske nou ta renmen epi swete sa fèt? Ann aplodi e ankouraje tout frè n ak sè n ki nan opozisyon yo pou yo akeyi mesaj sa a kòm mesaj pòv k ap viv toupatou atravè peyi a, pou yo akeyi mesaj sa a kòm mesaj moun ki viktim politik san yo pa gen anbisyon politik pou yo vin AZEK, KAZEK, majistra, depite, senatè, minis, prezidan. Men, okontrè, yo viktim politik e yo ta renmen pou aktè politik yo bay akolad sa a. A ou menm chè frè e sè nan lopozisyon an, mwen adrese m avèk nou. E mwen konte sou volonte patriyotik nou pou nan non ayisyen / ayisyèn yo, pou koute kri moun Lasalin. E ki sòti nan plizyè kwen ki pi pòv nan chè Ayiti nou an. A ou menm nan sosyete minoritè e sosyete sivil majoritè, mwen adrese m respektyezman, tande kri moun Lasalin, tande kri pòv ayisyen yo, koute kri frè ak sè nou yo avan 18 me a, nou kapab retwouve nou kòm frè ak sè ki pataje espri sa a, yon trèv pou selebre nan Akayè fèt bikolò 200 lane aprè kreyasyon bikolò sa a ». Prezidan Aristide di li sèten gen plizyè moun k ap di prezidan ap di pawòl rèv, se reve l ap reve...epi li kontinye pou di : «Mwen kwè li poko twò ta pou opozisyon an akeyi mesaj sa a epi pou nou rive nan 18 me a ansanm. Donk se nan non ou menm ki grangou, nan non ou menn ki pa gen kay, nan non ou menm peyizan ki soufri anpil ! Paske ou pa gen tè, ou pa gen dlo, ou pa gen angrè, ou pa gen kòb pou w kapab fè tè ou deja genyen bay manje. Se nan non ou menm ki nan chomaj, nan non ou menm jèn k ap gade m la a ki dè fwa ou chimè paske ou grangou, ou p ap travay, se nòmal ou chimè. Se nan non w oumenm chimè ki pa vle fè vyolans, se nan non oumenm ki chimè paske ou swaf jistis, ou swaf lòt Ayiti a, se nan non ou menm k ap mache nan lari a ou pa gen bèl machin epi w gade ou wè yon bèl machin k ap pase. Olye w voye wòch sou machin nan, gen de fwa ou gade machin nan ou koupe l yon kout je paske ou santi fòk ou menm tou ou ta kondi yon bèl machin. Piske ou se ayisyen tou. Se nòmal pou gen yon bèl machin, se nòmal tou pou gen yon bèl kay menm jan ak tout moun ki posede yon bèl kay. Kidonk, mwen konte sou politisyen ki entèlijan, ki pa Lavalas ki kapab fè travay refleksyon sa a oubyen aswè a, oubyen demen, oubyen nan wikenn lan, refleksyon sa a mennen nou rankontre, rankont lan mennen nou fè antant pou 18 me nou selebre 200 zan drapo a yon lòt jan ». Prezidan an te poze moun Lasalin kèk kesyon enpòtan: «E si sa m di a pa fèt, kijan nou menm Lasalin nou pral reyaji?... Ki sa nou pral fè, hen ? ». Chèf Leta a te fè apèl avèk yon jèn fi nan Lasalin pou vin reponn kesyon sila yo, jèn fi sila a ki rele Sonia Derosier Nosan ki te abiye ak yon abako ble, yon kòsaj wouj ki genyen ble ladan l tou avèk tout drapo a sou tèt li, ble e wouj.
Pandan Sonia Derosier Nosan ap monte estann nan, pèp la te bali anpil aplodisman. Prezidan Aristide te koze avèk Sonia konsa: « Trè byen, Sonia ou te tande mesaj pèp Lasalin voye pou tout aktè politik yo nan vwa pa m. E si mesaj sa a pa reyisi mete ni Lavalas, ni opozisyon an ansanm sou yon podyòm 18 me k ap vin la a nan Akayè. Ki sa w panse ki pral pase nan Lasalin?» Sonia te reponn: «Prezidan Aristide, san vyolans, n ap mache nan lojik ou a, n ap mobilize nou, pou nou fè yo konsyantize..., pou yo vin jwenn ou epi pou travay la fèt n ap fete 2004 la wè pa wè. 5 kan prezidan Aristide.» Anba gwo aplodisman pèp Lasalin, prezidan an kontinye dyalòg la ak Sonia Derosier. «Prezidan Aristide san manti ou deja wè, Lasalin deja tout bon. Nou pa menm bezwen di ou anyen, deja nou pwouve l jodi a, n ap fè yon 18 me epi n ap goumen pou restitisyon / reparasyon. Wè pa wè Aristide pou 5 kan!» Dyalòg la kontinye ; prezidan Aristide di: «Trè byen, alò, Sonia gentan rive nan chapit reparasyon an. Gen yon bèl bandwòl ministè Agrikilti, jodi a se fèt agrikilti, avèk ministè Afè sosyal, jodi a se fèt travay, ministè Afè sosyal ak travay mete e l make la a restitisyon pou travay ka donnen renesans, pou Lasalin renèt, pou tout kay yo chanje pou yo vin bèl, pou tout pitit Lasalin kontan anfen mizè a chanje pou yo, e pou tout peyi a renèt tou. Kijan w panse restitisyon, reparasyon sa a pral fèt, èske 21 milya a se yon kado oubyen se yon dèt?» San ezite Sonia di: «Non, se yon dèt li ye. Yo sipoze ba nou li e n ap mobilize jiskaske nou jwenn li; wè pa wè fòk yo remèt nou kòb nou an.» Sou menm koze a prezidan Aristide kontinye: «Avan yè gen yon moun ki di m: ŒPrezidan mèsi paske nou konnen atravè ministè Afè etranjè, anbasad Dayiti ki chita nan Paris, peyi Lafrans, fè devwa l pou kòb sa a ka rantre...‚ Mwen menm tou, m ta di Sonia avèk nou tout ki la a, mèsi pou mobilizason pasifik, nan diyite n ap fè pou 21 milya sa a kapab rantre nan peyi a. E m felisite nou pandan m mande nou prete m men pa nou yon lòt fwa ankò pou nou bat bravo, pou tout ayisyen toupatou k ap fè mobilizasyon pasifik pou lajan sa a kapab rantre. Bravo pou tout ayisyen k ap fè bèl travay pasifik nan diyite pou kòb la kapab rantre...» Dyalòg la tèlman byen etabli ke prezidan an blije di: «Wi, m vle di èske mwenmenm avèk ou nou te antann nou pou nou te vin pale konsa nan mikwo a?» e Sonia reponn: «Pa t gen sa ditou, depi w la n ap mache nan lojik ou a, n ap fè tout bagay ansanm avè w»...
Apre sa prezidan te adrese li sou kestyon konfli ki konn genyen ant gwoup nan Lasalin yo, yon kestyon trè zenpòtanm. Lite di: «...Paske lè dife a te pase, te gen konfli isit la nan Lasalin. Men mwen kontan wè pa genyen batay ant plizyè gwoup ki genyen pitit Lasalin ladan yo. Se nòmal dan ak lang konn mòde, Sonia anvi di 2 mo sou sa, men m pral mande l pou l kite mwen pale sou sa paske se yon dosye sansib . Sa vle di, sonje sa m te di dènye fwa m te vin wè nou isit la Lasalin. M te di m se prezidan tout ayisyen, kidonk, m se prezidan tout gwoup ki nan Lasalin. M pa gen moun pa, kèlkeswa pitit Lasalin, kèlkeswa gwoup ki nan Lasalin, se gwoup pa m, se frè m san distenksyon, kidonk m pa dwe prefere youn pase lòt . Kidonk 3044 pyès kay la nou konstwi nan vilaj Renesans, answit ONAVIL, Katye 2004 ki bò kote Pak Jean Marie Vincent an e isit la pako anyen jan m te di l deja. Kidonk, nou pral fè lòt kay yo, nou pral fè dedomajman pou nou kapab fè bèl plas nan Lasalin, bèl kay nan Lasalin, se lapè sa a ki enpòtan ».
Prezidan an te tou pwofite pale ak moun Lasalin sou pwoblèm Lapolis la: «Si nou ta wè Lapolis gen ti pwoblèm isit nan Lasalin, èske Polis la se pa pou pèp la? Eske Polis la se pa Polis Dayiti pou tout ayisyen san distenksyon? Sa m mande nou nan jou 1mye me a. Fè chak polisye ki vin bay konkou isit la santi l lakay li menm jan mwen menm lè m isit la m santi m lakay mwen. Dayè m te gen dwa vini san m pa mache avèk sekirite sa yo pa vre ? Se pou lafòm, pa prensip sekirite yo la avèk mwen piske san yo, nou menm nou se sekirite pa m, e avèk yo, sa nou fè vin gen plis sekirite toujou. 1mye me se fèt travay, pral gen plis travay nan peyi a akoz de plis sekirite nou pral kontinye ogmante pou eleksyon an kapab fèt ane sa a. Pandan travay la pral ogmante ane sa a. Pral genyen plis bannann, patat, yanm nan jaden yo akoz de plis sekirite ki pral pèmèt plis moun vin mete kòb nan peyi a pou agrikilti kapab gen plis fòs pou nou ka achte plis traktè pou diri donnen plis nan Latibonit, pou lòt kote donnen plis manje pou bon kondisyon sekirite kè poze, kè kontan pou pi devan nou pi kontan.»
Chèf Deta a te remèsye Sonia e li te mande Sonia pale ak Premyè Dam Repiblik la Mildred Trouillot Aristide pou koze pawòl fanm ak fanm, pandan l mande popilasyon an li pral fè yon ti virewon nan mitan yo. «Nou pral fè ti koze tètatèt pou m ka santi m lakay mwen. Minis yo pral fè ti virewon tou, y ap deplase anvan m, e nou menm pandan Minouche avè m pral vin jwenn nou, sèl sa m ap mande nou, se lè m ban nou lanmen, pa kenbe men an pou m kapab jwenn men an pou m bay lòt lanmen tou . Alò, fèt drapo a pral vini, nou sot bay yon gwo mesaj pou sè ak frè nou ki nan opozisyon an, an nou kriye byen fò: «Viv Ayiti 3 fwa avèk espwa 18 me, tout peyi a pral kontan pou yo wè viktwa opozisyon an plis viktwa Lavalas ki pral egal viktwa pèp ayisyen e viktwa tout ayisyen.»
Ni laprès ni lòt obsèvatè pa t kapab konte valè kantite milye patizan ak senpatizan prezidan Aristide ki t ap aklame li pou 5 kan, epi t ap mande restitisyon reparasyon 21,7 milya dola dèt endepandans la nan men Lafrans. Moun te sòti toupatou: nan vilaj Renesans nan lokalite Zoranje, nan Mòn Kabrit «ONAVIL», pase nan Katye 2004 nan ansyen aviyasyon an bò Pak Jean Marie Vincent, desann nan Lasalin. Plizyè milye moun te antoure prezidan an, kote divès timoun nan lokalite sa yo te pote jèb flè bay prezidan Aristide ansanm ak madanm li.
Men apre tou sa, si moun opozisyon sa yo pa aksepte lamen tendi sa a ke prezidan Aristide ofri yo a, trèv sa a, se kraze yo vle kraze peyi a tout bon!