Ekspè Sistèm Nasyonzini yo an Ayiti lanse ofisyèlman nan otèl Montana nan Petyonvil, yon pwojè ki rele «Pwogram entegre pou reponn ak bezwen ijan kominote ak popilasyon ki plis defavorize yo» (PIR). Pwogram sa a yo di ki gen yon valè 84 milyon dola an èd imanitè te lanse nan jounen madi 22 avril 2003 a. Objketif pwogram sa a, se pou pote sekou bay popilasyon nan rejyon ki pi pòv yo ann Ayiti, men se atravè responsab ONG yo ann Ayiti èd imanitè sa a ap pase.
Seremoni lansman ofisyèl la te fèt an prezans Premye minis la Yvon Neptune ak kèk manm nan kabinè ministeryèl la tankou minis Ekonomi ak Finans la Gustave Faubert, reprezantan nasyonal Fanmi Lavalas la Jonas Petit, ansyen minis Negosyasyon yo Marc Bazin. Pou PNUD se te reprezantan rezidan PNUD an Ayiti a Adama Guindo, ak Alain Grimar; David Lee, reprezantan misyon spesyal OEA te la tou, epi te gen Brian Dean Curran, anbasadè Etazini, san konte reprezantan diferan ONG yo.
Pwogram sa a, gen 128 pwojè ladann l, ki koute 84 milyon dola, ki kouvri pa 8 sektè ki te mete men pou elabore pwogram lan. Zòn ekspè PNUD yo touche se Kap Ayisyen, Gonayiv, depatman Nòdès, yon pati nan depatman Sant peyi a, Jeremi, Pòtoprens, Sen Mak ak il Lagonav. Selon youn nan ekspè sistèm Nasyon zini yo (SNU), Alan Grimar ki te fè rapèl piblikasyon dènye rapò PNUD la sou Ayiti: «Endikatè baz yo montre ke Ayiti pi ba nan Karayib la. Ou kapab konpare Ayiti ak peyi ki fè pati kriz kwonik yo nan dosye imanitè, pa rapò ak devlopman imèn, esperans vi, ensifizans ponderal, aksè a dlo potab, Ayiti ap viv anba yon kriz ekonomik san parèy. Sitou monnen nasyonal la, goud la ki pèdi valè li, ogmantasyon pri pwodui petwolye yo ki monte sou mache lokal la, rezèv deviz èd etranje yo pou Ayiti monte 24 milyon dola edmi ameriken, kote yon konstate koperativ finansyè yo ki fè fayit nan dènyè ane yo, degradasyon enfrastrikti kominotè ki prèske pa egziste ankò nan peyi a. Tansyon politik ak sosyal Ayiti monte nèt, anpil gwoup ki nan nesesite miltipliye chak jou ann Ayiti. Sitiyasyon koz divès sektè vi nasyonal la afekte, kèlkeswa sektè ou ta fè pati a ou afekte nan pwoblèm kriz bout di Ayiti ap sipòte a. Vyolans ak ensekirite moun wè chak jou nan peyi a (...) Nan nivo sektè alimantè, bilan ensekirite alimantè a di ke gen anviwon 4 milyon moun ki gen yon revni salè enferyè sou pri prodwi moun yo ap resevwa chak jou, timoun yo gen malnitrisyon kronik, nan lane 2000-2001, yo estime yo bezwen 54%. Prodiksyon nasyonal la pa sifi pou bezwen alimantè yo, 29% se enpòte, 8% se èd alimantè (...), prodiksyon nasyonal la diminye anpil, akoz fèb envestisman ki fèt nan domèn agrikilti (...) Sa montre to malnitrison an monte». Sou pwen vi sanitè, sitiyasyon an degrate nèt, Grimar pran pou ekzanp: «Sòti ane 1995-2000, to mòtalite matènèl pase nan 457 timoun fèt sou 1000 abitan a 525 timoun ki fèt (...) Esperans vi diminye pase nan 55 tonbe nan 53 zan (...), sèvis sanitè yo kouvri yon fèb pati nan bezwen popilasyon ayisyèn lan (...) Pou dlo potab Pòtoprens sèlman 54%, lòt vil yo mwens 46%. Bezwen dlo potak ak asenisman, zòn riral yo, to a elve a 48% (...) Pa gen dlo nan lopital (...) Sistèm edikatif ayisyen an trè frajil: ansèyman prive reprezante ant 80 ak 90% (...) Sou zafè to moun ki eskolarize se yon dram ann Ayiti, to a se 60% pou lane 2002 alòs te genyen 65% nan lane 1998 (...) Sou yon popilasyon aktiv ki estime a 4 milyon moun, 100 mil ladan yo ki okipe yon anplwa nan sektè enfòmèl la, ki ajoute anplwaye sektè piblik la ki anviwon 35 mil moun. Sou sektè asanblaj la ki te founi 60 mil anplwa pandan peryòd anbago ekonomik la li diminye nan 25 mil anplwa Ý Nan nivo ensekirite gen kwasans vyolans ak delenkans ki ogmante an AyitiÝ »
Alain Grimar pale plen vant li, men sof li ta kapab di ke Ayti se yon peyi ke yo ap toufounen e ke kondisyon li ap depenn e ki ap deteryore yo, se pa pou kò yo sa rive. Konsa tou lè li ap pale de pwodiksyon agrikòl li ta dwe gen onèt-te pou li di ke afè doumping pwodui agrikòl etranje tankou diri Miami an ap fin detwi pwodiksyon diri nan Latibonit, elatriye. E Grimar ta kapab bay egzanp yon peyi tankou Kiba ki se yon ti peyi men ki rive ak yon sistèm sosyal kòrèk nouri ak swen popilasyon li. Epi mouche konnen tou ke mòd èd sa yo pa janm regle anyen, e ke lè mòd pwojè lacharite sa yo fini sityasyon an retounen menm jan. Epi finalman sa li rele 84 milyon èd imanitè sa a, gen lamwatye ladan li se pral pou fè frè «ekspè» ak chèf ONG yo.
Bò kote pa li, Premye minis Yvon Neptune ki konsyan de gravite kriz ekonomik la, e ke ki konnen tou ke èd sa a se sèlman yon depanaj akoz anbago finansye kominote entènasyonal la mete sou peyi a, te kanmèm deklare ke gouvènman an apiye kare bare pwogram lan. Pou li menm sa pral pote yon alemye nan soufrans moun ki pi pòv yo nan rejyon metwopolitèn lan ak rès vil pwovens yo. Yvon Neptune te swete pou pwogram PNUD lan kontinye, nan diferan faz operasyonèl, nan bi pou garanti siksè li, e li te remèsye tout enstitisyon, patnè li yo, pou te fè pwogram lan tounen yon reyalite.