23 Avril,  2002

April 23, 2002

23 Avril,   2002

Vol. 21 No. 06
Votez! Cliquez ici pour signer le Rífírendum Populaire Anti-guerre! 
Sitin Platfòm Toussaint Louverture devan anbasad franse

Platfòm Toussaint Louverture òganize yon sitin devan anbasad Lafrans, nan Pòtoprens jounen mèkredi 16 avril la, nan kad demann restitisyon ak reparasyon prezidan Aristide te fè, 21.7 milya dola, kote otorite gouvènman franse yo, nan okazyon komemorasyon 200 zane lanmò Toussaint Louverture, 7 avril 2003 ki sot pase a. Nan moman sitin Platfòm Toussaint Louverture a, distribisyon foto yon esklav ki anndan yon filè, papye ki gen anpil eslogan kont otorite franse yo, anpil mayo, bandwòl ak pankat ki make «Bay kou bliye pote mak sonje», «Esklavaj se yon krim kont limanite», « Blan franse ap kale nou kòb nou», «Vann zouti pa vle di bliye metye», akonpaye avèk gwo opalè k ap jwe anpil mizik rasin, ki reflete lit esklav yo te mennen. Nan moman rasanbleman an, otorite ak sekirite anbasad la, pa t vle patisipan sitin yo mete bandwòl devan anbasad la, bandwòl ki make «Platfòm Toussaint Louverture, Lafrans nan fwa imanis li, dwe peye pou ledè istorik li, nanm nou ak imanite nou». Otorite nan anbasad yo te menm rive chire foto esklav nan filè a ki te kole nan mi anbasad franse a. Anpil pawòl piman bouk te sòti nan bouch manifestan yo tankou: «Lafrans se pi gwo kriminèl sou latè, viv Toussaint Louverture, viv Ayiti, viv lib ou mouri, aba Lafrans.» Sekretè jeneral Platfòm Toussaint Louverture a Hugues Montoban te deklare: «Platfòm Tousen Louvèti antann mennen yon konba san lache, san presedan, nan peyi a, atravè mond lan avèk konkou lòt peyi yo tankou Peyi Afrik yo, nou konnen afriken frè nou yo ap mache avè n, pèp an Ewòp yo, sitou peyi ki te konnen doulè kolonizasyon, peyi amerik latin yo, Karayib.........pou ekzije otorite peyi Lafrans restitisyon ak reparasyon pou Ayiti.... »

N ap raple gouvènman franse a te reklame 90 milyon fran lò nan men prezidan Boyer nan lane 1825 yon manyè pou te rekonèt endepandans peyi Dayiti, ki pèmèt jouk jounen jodi a pèp ayisyen an, ap monte yon maswife difisil anba men « kominote entènasyonal » la ki di yo se zanmi peyi Dayiti epi se menm peyi sa yo ki mete Ayiti anba yon anbago ekonomik atwòs, malgre nan kèk mwa Ayiti pral fete bisantnè endepandans li 1e janvye 2004 la.




10 000 pèleren fete Pak nan Pòtoprens

Otorite ak fidèl legliz katolik yo fete fèt Pak la an gran ponp nan Pòtoprens. Responsab achidyosèz ak plizyè pawas nan rejyon metwopolitèn te mete kanpe plizyè aktivite nan peryòd semèn sent la. Te gen pwosesyon ki te fèt nan divès pawas, tankou pawas Saint Antoine nan avni Poupla, St-Gérard nan Kafou Fèy. Sacré-Coeur nan Tijo te fè yon sèl ak St Gérard pou te òganize pwosesyon. Bazilik Nòtredam pa t fè pwosesyon; men anndan kou deyò katedral la te chaje ak fidèl, kote yo t ap pase chaplè, priye, chante nan non manman Mari, limen balèn avèk foto yon pwòch paran yo, swa pitit, manman oubyen papa ki ta sanble gen pwoblèm. Yo mande Bondye fòs ak kouraj pou delivre yo anba men satan, selon yomenm, k ap pèsekite yo.

Anpil nan fidèl sa yo te ajenou nan pye estati «Emmanuel» devan katedral la pou mande delivrans, kote yo t ap entèpele non divès kalite «sen» pou pote yo sekou. Pawas St Gérard ak Sakre Kè ki te fè yon sèl pou òganize pwosesyon an, te fè plizyè Pakou nan divès ri nan kapital la, tankou. Pwosesyon an te sòti nan legliz Kafou Fèy desann Avni Maglwa Anbwaz, Avni Nikola, Ri Monseyè Giyou, pase Riyèl Alèt, Ri Edmon Pòl, Wout Dèdal, pase simityè Pòtoprens, monte nan avni Maglwa Anbwaz Pwolonje, enpas Edi Kafou Fèy al bout sou Say nan Kafou Fèy, kote anviwon 10 mil pèleren te patisipe. Pèleren yo ki te abiye an blan, balèn limen nan men yo, te pote kwa sou do yo, nan onzyèm estasyon an, ki te nan ang Avni Maglwa Anbwaz ak Enpas Edi, yo te mete yon moun sou yon kwa, ak 2 lòt moun ankò, ki te reprezante move ak bon lawon an.

Nou te remake prezans anpil responsab legliz katolik nan Pòtoprens ki fè deplasman pou patisipe nan seremoni an. Radyo Solèy ki t ap retransmèt pwosesyon St Gérard andirèk, kote plizyè milye pèleren te gen ti radyo pòtatif nan men yo, anba yon solèy cho kou dife, fidèl yo pa t dekouraje chante, envoke non Granmèt la.

Gen bann rara ki te deyò tou, toupatou nan Pòtoprens. Men nan Leyogàn, bann rara yo pa t reponn prezan sou plas Anakawona, ki se yon randevou pou yo chak ane. Rezon ki koz bann rara yo pa te reyini kòm dabitid, ta sanble yo pa t jwenn lajan gouvèneman an te sanse voye pou yo. Donk plizyè santèn moun ki te fè deplasman nan divès kwen peyi a, pou te vin nan rara nan Leyogàn, te oblije pran machin tounen lakay yo paske bann rara Leyogàn yo pa t la ane sa a.