16 Avril,  2002

April 16, 2002

16 Avril,   2002

Vol. 21 No. 05
Votez! Cliquez ici pour signer le RÃfÃrendum Populaire Anti-guerre! 
Gouvènman an mande BID debloke peyi a

Nan kestyon sanksyon ekonomik ak politik ki sou do Ayiti depi aprè piblikasyon dènye rezilta eleksyon 21 me ak 26 novanm 2000 yo, sanksyon ki fè pèp ayisyen an ap sipòte yon tribilasyon anba yon anbago enjis ke kèk peyi nan kominote entènasyonal la dekrete, menm lè peyi sa yo di se peyi «zanmi» Dayiti ke yo ye. Devan sitiyasyon sa a, manm kabinè patikilye prezidans lan, Anthony Dessources fikse pozisyon gouvènman an, nan yon pwennd près li te bay nan palè nasyonal nan jedi 10 avril 2003 a.

Anthony Dessources deklare ke «chèf deta ayisyen an, Jean-Bertrand Aristide pa janm sispann sipliye nan pye aktè politik yo, ki fè pati sektè opozisyon an, patikilyèman gwoup Konvèjans Demokratik la, ak kèk peyi nan kominote entènasyonal la pou debloke plizyè milye dola ki bloke nan kès bayè fon yo, kote leta ayisyen toujou ap peye enterè lajan gouvènman an prete nan men kèk bayè fon yo, epi Leta ayisyen poko janm ka dekese fon sa yo, akoz konbinezon kèk lidè ki fè pati gwoup Konvèjans demokratik la, ak kèk peyi nan kominote entènasyonal la, pami yo Etazini Damerik, ke administrasyon George W Bush ap dirije a ».

Ansyen minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn sou gouvènman Preval / Alexis a, pou kounye la a, ki nan kabinè patikilye prezidan Aristide la, ajoute ke gouvènman an «mande pou dirijan Bank Entè-ameriken pou Devlopman (BID) resezi yo, pou debloke èd yo, yon manyè pou pèp ayisyen an, non sèlman ka rale yon souf anba anbago sanginè sa a, men tou pou tout pitit nasyon ayisyèn nan, ki anndan kou deyò, kapab selebre an gran ponp bisantnè endepandans peyi Dayiti. Kote zansèt nou yo tankou Dessalines, Toussaint Louverture, Capois Lamort elatriye te batay nan bay san yo, pou te rive kraze sistèm kolonyalis-esklavajis la, nan lane 1803 pou abouti an 1804 ».

Selon Dessources, «Blokaj peyi a, ak anbago a, tout moun konstate Ayiti anba sanksyon ekonomik, koperasyon yo bloke. Leta ayisyen te fè yon prè, li pa jwenn li. Akò prè avèk Bank Entè-Ameriken pou Devlopman (BID), Ayiti pa ka jwenn prè sa yo. Sou kesyon Œdon‚, koperasyon bilateral yo bloke ». Anthony Dessources te bay jounalis yo ekzanp: «Akò prè ak BID la monte yon valè 146 milyon dola ameriken ke Ayiti te dwe jwenn deja; ebyen li toujou bloke. Montan sa a te konsène 4 pwojè: premyèman, yon pwojè konstriksyon ak amenajman wout segondè ak riral, pwojè sa a vo 50 milyon dola ameriken. BID te apwouve pwojè sa a le 5 mas 1997, epi gouvènman ayisyen an te siyen ak BID, akò prè sa a, le 15 mas 1997. Nou nan lane 2003 kounye la a, sa fè 6 zan depi lajan sa a bloke nan Bank BID. Dezyèm pwojè a se sou pwoblèm sante. BID te apwouve pwojè a le 12 out 1981, Leta ayisyen te siyen li le 5 oktòb 1998. 3èm pwojè a, se te pwoblèm dlo potab ak asenisman, pou yon montan 54 milyon dola ameriken, apwouve pa BID le 12 out 98, leta ayisyen te siyen li le 5 oktòb 1998, epi 4tryèm pwojè a, se te sou domèn edikasyon de baz pou yon montan 19 milyon 400 mil dola ameriken, apwouve pa BID, 30 sektanm 98 e leta ayisyen te siyen li, le 5 oktòb 1998. »

Manm kabinè patikilye prezidans gouvènman Lavalas la swete responsab BID yo, resezi yo sou dosye Ayiti a, pou debloke fon yo pou pèp ayisyen an selebre 200 zan endepandans peyi Dayiti.

Toujou nan pwennd près sa a, Anthony Dessources te pale sou kriz politik la kote peyi a twouve li nan yon pas difisil, pèsonn pa konn ki lè, ki tan kriz sa a, ap rezoud tout bon vre ann Ayiti.

Dessources te fè yon rale sou sa ki te koz kriz la, epi ki kote l sòti. Daprè li, kriz la sòti depi aprè piblikasyon rezilta eleksyon lejislativ ak lokal 21 me lane 2000. Se aprè obsèvatè Oganizasyon Eta Ameriken (OEA) yo te obsève eleksyon sa a, ak tout lòt obsèvatè etranje menm jan ak obsèvatè nasyonal yo, te estime satisfaksyon yo, sou jan eleksyon yo te òganize. Men kèk tan apre, obsèvatè elektoral yo te tounen sou desizyon yo. Daprè pouvwa Lavalas la, desizyon obsèvatè yo te vinn chanje depi yo te wè nan kontaj vòt yo, premye rezilta yo te estime se Fanmi Lavalas ki ranpòte majorite eleksyon yo, nan plizyè nivo. Depi lè sa a, daprè kalkil yo te fè, yo te wè te gen «fwod» nan rezilta pou sèten senatè. Nan epòk la te gen anpil deba ki te fèt sou kalkil bilten senatè yo. KEP la te menm prezante teknik kalkil yo itilize pou eleksyon 2000 yo. Se menm metòd kalkil sa a, yo te sèvi pou te fè eleksyon 1990 ˆ 1995 yo. Malgre tou, anpil kontestasyon te komanse fèt.

Sektè opozisyon an te deside pa patisipe nan eleksyon yo, se moman sa a negosyasyon yo te kòmanse anvan prezidan Aristide te vin eli prezidan 26 novanm 2000. Konvèjans la te kontinye fè koken, e se lè sa a negosyasyon yo te kòmanse. Anpil konsesyon te fèt tankou: lide pou fòmasyon «gouvènman ouvèti», demisyon senatè ki te «konteste» yo epi retire 2 zan nan manda lòt depite Lavalas ki te eli. Nan dezyèm ane manda prezidan Aristide la, te vin genyen nouvo negosyasyon men sektè «opozisyon» an te toujou ap reklame «opsyon zewo». Te vin genyen tou yon akò inisyal Konvèjans la ak Fanmi Lavalas. Malgre sa, anyen pa t ka mache. Se lè sa a, OEA te vin prezante «Rezolisyon 806» la epi «Rezolisyon 822» a. Tou dènyeman la a «Misyon dènyè chans» lan te vin parèt. Anyen pa mache toujou paske opozisyon an kontinye kenbe peyi a ann otaj.

Anthony Dessources te poze tèt li kesyon: «Kilè nou ka sòti nan kriz la?» epi li reponn se «noumenm ayisyen, patikilyèman aktè politik yo mete tèt yo ansanm, se nou menm ayisyen ki pou bay kominote entènasyonal la ekzanp nan okazyon bisantnè Tousen an. Menm jan ak prezidan Aristide ak monsenyè Serge Miot yo tou 2 te endike bòn vwa nou dwe swiv pou nou sòti nan kriz la ».

Nan okazyon komemorasyon bisantnè lanmò Tousen Louvèti, prezidan Aristide te lanse pawòl sa a: «Debloke peyi a, pou pitit pèp la ka viv ...Pou gen plis travay, mwens chomaj, debloke peyi a. Pou gen bonjan eleksyon, pou pa gen koudeta, debloke peyi a.»

Antouka, kominote entènasyonal la, sektè opozisyon an toujou ap fè presyon sou pouvwa Lavalas la. Gwoup Konvèjans lan, pa menm vle voye 2 moun pa l yo ki pou fè 9 manm KEP la, pou eleksyon ka rive fèt nan fen lane 2003 a.