9 Avril,  2002

April 9, 2002

9 Avril,   2002

Vol. 21 No. 04
Votez! Cliquez ici pour signer le RØfØrendum Populaire Anti-guerre! 
KOKAF fete premye anivèsè li

Sou inisyativ KOKAF (Kòdinasyon Oganizasyon Kafou-Fèy) yon gwo konferans deba te fèt nan lokal lise Kafou-Fèy la jou ki te vandredi 4 avril la sou "Enpòtans ak wòl òganizasyon baz yo nan pwosesis chanjman sosyal ak ekonomi peyi a". Nan okazyon sa a, KOKAF te fè apèl a sekretè jeneral Pati popilè nasyonal (PPN) la, Ben Dupuy, pou vin bay dizon l sou kesyon an. Li te vè 11 zè nan maten, devan yon asistans ki te plis pase 200 moun, sekretè PPN la anba anpil aplodisman te kòmanse fè ekspoze li a. Premye pwen Ben te met aksan sou li se definisyon estrikti sosyal ak ekonomik peyi d Ayiti, paske daprè li nou pa ka ap pale de chanjman sosyal san nou pa konnen definisyon konsèp yo, kidonk sa yo vle di reyèlman. E li te eksplike: "Nan yon sosyete tankou peyi Dayiti ki se yon sosyete semi-feyodal kote gen diferan klas sosyal ki egziste, pou n konprann nati estrikti ekonomi li a, se relasyon de pwodiksyon yo pou nou analize pou nou wè nan ki tip sosyete n ap viv e se sa nou ka rele estrikti ekonomik la." Ben te pwofite etabli yon relasyon dyalektik ant estrikti ekonomik la ak yon lòt konsèp ki se sipèstrikti a, e si estrikti ekonomik la konstitye baz sosyete a, se atravè sipèstrikti a sosyete a pran fòm ideyolojik li. Kidonk youn pa mache san lòt. E se pa san rezon nan analiz li a, responsab PPN lan di ke jounen jodi a batay ideyolojik ki angaje anndan peyi a, ant fòs reyaksyonè yo ki vle kenbe bagay yo jan yo ye a, ak fòs revolisyonè yo ki di fòk sa chanje, se ekpresyon lit politik ke relasyon pwodiksyon nan sosyete a anjandre. Kidonk jounen jodi a lè nou wè laprès chwazi kan l, nan defann san gade dèyè enterè ekip reyaksyonè retrograd ki nan alyans makouto-boujwa Konvèjans Demokratik la, tout moun ka konprann nan ki pwen lit ant klas yo rive. Atitid près reyaksyonè a jounen jodi a k ap aji san mask nan figi yo pou sabote kokenn chenn manifestasyon ak kongrè PPN sot fè a pou te di enperyalis meriken an ak tout koutye l yo ki nan Konvèjans lan, peyi Desalin nan pa pou vann ni an gwo ni an detay! Fòk nou di ke lòt kesyon kamarad Ben te chita sou li tou se wòl òganizasyon de mas yo dwe jwe nan edike, konsyantize ak ankadre pèp la. Nan sans sa dirijan PPN lan te mete yon aksan patikilye sou ti boujwazi a. Dapre Ben, sektè pwogresis nan ti boujwazi a dwe mete konesans li osèvis mas popilè yo olye y al grosi ran ekip ti boujwa opòtinis vandè patri ki jounen jodi a pa wè lòt bagay ke remèt sò peyi a nan men etranje. Li te ensiste anpil sou aspè sa, sitou lè nou wè jounen jodi a kòman inivèsite a ki ta dwe jwe wòl avangad nan batay pou chanje sosyete a, tounen mach pye opòtinis renega tankou Jera Pyè Chal (OPL).

Apre li te fin fè ekspoze li a, te gen anpil kesyon ki te poze. Yon asistan te mande konferansye a ; èske nan yon sistèm sosyalis genyen plas pou eksplwatasyon boujonnen?

Daprè Ben, fòk moun fè anpil atansyon lè y ap pale de sosyalis paske depi kèk tan, menm boujwazi ap eseye rekipere konsèp la. Li bay kòm egzanp yon seri pati politik ladwat tankou KONAKOM (Victor Benoìt) PANPRA (Serge Gilles) ki rele tèt yo "sosyalis" alòske yo tout gen yon sèl pwogram ki se kenbe pèp la nan lamizè. Ben te di ke nan yon vrè peyi sosyalis tankou Kiba kote mwayen pwodiksyon yo se pwopriyete Leta kidonk pèp la, pa gen mwayen pou eksplwatasyon pran pye menm si nan sistèm lan poko fin gen abondans pou tout moun jwenn daprè bezwen yo. Nan yon dènye kesyon sou ki nati chanjman an ta dwe pran nan peyi a, kidonk èske l ta dwe vyolan ou pasifik? Ben te reponnn ke pèp ayisyen an ta byen kontan fè akouchman an san doulè. Men listwa aprann nou ke sa pa janm fèt, pou yon klas dominant aksepte defèt li pasifikman. Konferans la ki te dire 2 zèd tan te fini vè 1 nè nan aprèmidi kote anba anpil aplodisman tout moun nan sal la te leve pou salye konferansye a e kase randevou pou yon lòt lè. N ap raple ke gwo konferans deba sa te òganize nan okazyon premye anivèsè KOKAF ki se Kowalisyon Oganizasyon Kafou-Fèy.