2 Avril,  2002

April 2, 2002

2 Avril,   2002

Vol. 21 No. 03
Votez! Cliquez ici pour signer le Rÿfÿrendum Populaire Anti-guerre! 
Deklarasyon PPN pou yon mouvman solidè ak yon revolisyon demokratik e popilè

Apre plizyè milye manm, patizan ak senpatizan Pati Popilè Nasyonal (PPN) te fin pran lari nan yon mach pasifik jedi 27 mas la, soti 28 pou rive 30 mas la, 5kyèm kongrè nasyonal pati sila a te tanmen nan Sant Fòmasyon Polivalan (Kwadèboukè). Anviwon 600 delege pati a te prezan pou analize, diskite, pwopoze pou yon altènativ fas ak konjonkti politik aktyèl la. Annatandan Ayiti Pwogrè vin ak plis detay sou kongrè a nan nimewo jounal semenn k ap vini an, men deklarasyon final ki te sòti nan finisman kongrè 3 jou sila a :

Deklarasyon Final Ve Kongrè Pati Popilè Nasyonal (PPN)

28 ˆ 29 ˆ 30 Mas 2003

Anviwon 600 delege Pati Popilè Nasyonal ki sòti nan diferan rejyon peyi Dayiti te reyini nan kad Ve Kongrè òganizasyon politik sa a nan Sant Fòmasyon Polyvalent (Croix-des-Bouquets). Apre anpil refleksyon brase lide sou bilan travay òganizasyon an pandan 4 dènye lane pase yo, delege yo te pwofite gade wè sa k ap pase nan dewoulman kriz k ap boulvèse bil peyi a ansanm ak yon konjonkti entènasyonal malouk ki mande pèp toupatou sou latè plis solidarite, konfyans, detèminasyon ak entelijans nan devlòpman lit politik yo. Apre 2 jounen travay san pran souf delege Pati Popilè Nasyonal Ve Kongrè kwè :

-Lit de klas yo nan sosyete peyi Dayiti ap pran yon gwo vitès. Diferan klas sosyal yo ki istorikman depi 200 lane ap konfwonte atravè yon lit politik ak ideyolojik jodi a ap pran tout kalite fòm.

-Sektè boujwa reyaksyonè a ki se yon zèl nan klas dominant yo makònen ak sektè feyodal makout ki se reprezantan politik grandonk vòlè tè yo tabli yon alyans makouto-boujwa k ap fè tout manèv pou :

- Bare wout mouvman popilè ayisyen

- Kraze dwa pèp la genyen pou chwazi lib e libè moun pou dirije peyi a.

-Yo deside retire pèp la sou sèn politik la pou vini retounen ak pwòp pouvwa pa yo, pou ranfòse dominasyon yo sou sosyete peyi Dayiti ki makonnen ak enterè gwo pwuisans etranje.

Pou rive nan pwojè alyans Makouto/Boujwa sa a y ap itilize tout mwayen posib :

-Pwopagann manti atravè gwo medya reyaksyonè

-Pran woulib sou pwoblèm pri gaz, lavi chè pou òkèstre dezòd, pou eseye soulve pèp la e kreye yon klima dezòd ak anachi.

Alòske klas reyaksyonè sa yo ki kontwole komès ak finans peyi a ap okèstre lavi chè, mache nwa, voye kache dola US nan bank aletranje pou pwovoke sou kriz politik la, yon kriz finansye tankou sa te fèt nan peyi Lajantin, Irigway, Venezuela, elatÝ

Alyans Makouto-Boujwa a pap chèche lòt bagay, sinon okipasyon militè etranje pou vini remete yo opouvwa. Paske andefinitiv konplo pou soulve pèp la bwè lwil.

- Sèl espwa fòs retwograd sa yo se voye bann san manman, ansyen militè sou fwontyè pou simen dèy ak ensekirite. Tabli yon kliman vyolans ak latwoublay pou montre feblès Polis Nasyonal la epi retounen ak ansyen lame Dayiti pou reprann pouvwa politik la nan peyi Dayiti.

Devan gwo danje alyans Makouto-Boujwa sa a reprezante pou lit pèp la, PPN kwè :

- Fòk tout òganizasyon politik ki nan kan pèp la makònen fòs yo pou ranmase plis fòs.

- Defini yon estrateji byen klè pou konbat prensipal lennmi chanjman yo. Etap sa a se yon nesesite istorik e sa kapab pèmèt nou ede lit pèp la travèse yon konjonkti difisilpou netwaye teren an e mete an dewout plan makouto-boujwa.

Devwa Pati Popilè Nasyonal (PPN) nan konjonkti sa a, se :

1) Mobilizasyon pou kwape awogans fòs enperyalis yo

2) Bare wout alyans makouto-boujwa a, ki nan moman sa a, reprezante pi gwo danje ke pèp la ap konfwonte. Kèlkeswa pwoblèm nou ka genyen ak fason Lavalas ap mennen bak peyi a ; se pa yon rezon tou pou nou ale gonfle bann lougawou alyans makouto-boujwa a.

3) Travay PPN se kontinye ede pèp la idantifye vrè lennmi li yo pandan nou deside kwape tout mannèv manipilasyon fòs anti-chanjman yo.

Vèm Kongrè PPN 28-29-30 Mas 2003 pou yon 2èm endepandans an 2004 se yon gwo pa pou lit pèp aysyen. Men tou, se yon okazyon pou PPN denonse responsabilite klas dominant yo nan sitiyasyon degraba ke peyi a rive, apre 200 lane ke yo pase nan tèt peyi a.

- Prensipal tach PPN nan selebrasyon 200 lane Lendepandans peyi Dayiti se : devlope yon travay konsyantizasyon, mobilizasyon nan diferan kouch sosyal yo e nan mas pèp la.

- Konbat eksplwatasyon grandon, vòlè tè ap kontinye fè sou peyizanri an.

- Tabli solidarite ak vrè zanmi lòt bò dlo, pou abouti a yon revolisyon desalinyèn, nasyonal demokratik e popilè, pou yon 2è Endepandans.

Sitirasyon an malouk sou plan entènasyonal Fòs pisans enperyalis vini pi awogan. Yo pap fè pèp ayisyen kado anyen. Se nou menm ki pou twouse ponyèt nou, pou rache yon plas anba solèy jistis, libète, demokrasyi ak pwogrè. Fòk otorite an plas yo mete pantalon yo nan tay yo pou mennen bak peyi a abonpò. Paske li klè ke ekip yo rele zanmi peyi Dayiti yo, se yon bann ipokrit e se yo menm k ap sipòte mouvman destabilizasyon ke fòs reyaksyonè yo ap okestre kont peyi a e prensipalman kont pèp ayisyen an.

Veritab zanmi peyi Dayiti se sila yo ki vle sipòte nou, politikman moralman e materyelman, ede nou sòti nan sitiyasyon malsite sa a, san ipokrizi, pandan y ap respekte dwa ak diyite nou, antan ke pèp granmoun, ki pa foure bouch yo nan zafè ènten peyi Dayiti

Pèp Ayisyen, Venezyelyen, Brezilyen, Kiben, Irakyen, Ajanten elatÝ menm batay. Sou plan entènasyonal, nou genyen yon sèl lennmi, ki se enperyalis yo. Klas dominant ansyen peyi kolonize yo, gen trè souvan yon mantalite restavèk, antinasyonal e menm, pro-enperyalis. Se pou rezon sa yo, ke fòs yo se pisans etranje. Yo dakò pou kenbe rèy eksplwatasyon, enjistis, dezespwa ak depandans nan pwòp peyi yo.

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak pèp ayisyen an jeneral, solidè ak tout mouvman rezistans ke pèp domine yo ap mennen toupatou sou latè, pou kase chenn dominasyon enperyalis. Prensipalman, PPN kondane lagè enjis, ke ekip reyaksyonè Bush lan, deklanche kont peyi Lirak. Petwòl, se pou pèp Irakyen. Se yon dwa, se yon devwa, pou pèp Irakyen defann teritwa l kont tout agresyon san dipetèt, devan nenpòt ki pisans ki deside fè dappiyanp sou richès yo.

PPN nan okazyon Vèm Kongrè li, pwofite pote solidarite li bay pèp Kiben, ki depi plis pase 40 lane, ap reziste ewoyikman anba agresyon gouvènman meriken. Kòm nou sòt fè l nan mach 27 mas 2003, nan Pòtoprens, n ap kontinye denonse arestasyon e kondanasyon ilegal 5 jèn ewo Kiben ki se Gerardo Hernandez Nordelo, Antonio Guerrero Rodriguez, Ramon Labanino Salazar, Fernando Gonzalez Llort, Rene Gonzalez Sechwrert, ki te deside enfiltre machin teworis mafya amerikano-Kiben, ki nan vant mons la, pou te pwoteje lavi inosan nan peyi Kiba.

PPN ap mande solidarite tout sektè pwogresis isit tankou lò bò dlo, pou sonnen lanbi rasanbleman e ekzije liberasyon 5 kanmarad Kiben yo.

PPN ansanm ak pèp ayisyen solidè ak lit pèp Venezyela ki pa deside fè bèk atè devan trayizon ti elit reyaksyonè a ki t ap vann richès peyi Venezyela bay transnasyonal yo, prensipalman Meriken. Rezistans pèp Venezyela, kouraj prezidan Hugo Chavez la, se yon modèl, yon sewòm, pou lit pèp ayisyen an, k ap fè fas, jodi a menm konplo e lit pa nou an.

Viv mouvman solidaritre tout pèp sou latè !

Viv yon revolisyon desalinèn nasyonal demokratik e popilè, pou yon 2èm endepandans !

Libète ou lanmò !