26 Mars,  2002

March 26, 2002

26 Mas,   2002

Vol. 21 No. 02
Votez! Cliquez ici pour signer le R¹f¹rendum Populaire Anti-guerre! 
Pwoblèm sou pwoblèm nan edikasyon

Dimanch 16 mas la te fè 12 an depi Inyon Nasyonal Nòmalyen Ayisyen (UNNOH) te fonde ann Ayiti. Si 12 ane sa a pozitif pou dirijan òganizasyon anseyan sa a, lekòl yo nan moman kounyeya pa gen bouch pou moun pale. Grèv anseyan sou grèv anseyan ak iresponsablite otorite yo ap fini ak elèv yo.

Sitiyasyon sa a egziste sitou alapwòch egzamen Leta yo, ki ap fèt soti 11 jen pou rive 4 jiyè. Sitou lè ministè Edikasyon Nasyonal anonse gen 600 mil kandida nan diferan nivo yo, ki te gentan enskri. Poutan divès lekòl se gwo tèt chaje. Elèv lise Sen Mak te manifeste madi 18 mas la, pou te reklame prezans pwofesè nan klas yo. Nan Jeremi se te menm bagay la, kote elèv yo te pran lari apre 3 jou grèv pwofesè yo, pou yo di se twòp atò. Ti Gwav tou. Pwofesè komin sa a pwoteste desizyon ministè a ki te deside transfere yo nan mitan lane lekòl la. Pwofesè sa yo wè sa pa nan avantaj elèv Ti Gwav. Tandiske 3 pwofesè lise Ti Gwav te jwenn revokasyon yo. Transfè pwofesè yo te lakoz yon gwoup elèv te fèmen pòt lise Faustin Soulouque. Yon lòt gwoup ki se Komite Elèv Ti Gwav (KOPETIG) te denonse aksyon lòt elèv yo.

Nan sant pwofesyonèl piblik J. B. Damier, sitiyasyon an ap evolye mal tou. Etidyan yo te kanpe travay lendi 17 mas la, pou yo te pwoteste kont desizyon direktè Enstiti Nasyonal Fòmasyon Pwofesyonèl (INFP) a, ki te revoke direktè J. B. Damier a Jean Marie Léveillé.


Ki sa delgasyon an te vin regle?

Inisyativ Sosyete Sivil la (ISC), Konvèjans lan ak pouvwa Lavalas la te nan seri diskisyon ak delegasyon OEA / CARICOM lan. Diskisyon pandan 48tè ki te sanse santre sou aplikasyon Rezolisyon 822 a. Menm lè tout manm nan delegasyon an pa ta sou menm pozisyon, men kanmenm tèks ki te soti apre diskisyon an, te di fòk rezolisyon sa a aplike anvan 30 mas 2003 a. Yon rezolisyon ki kanpe sou fòmasyon KonsèY Elektoral la (KEP) ak bonjan ""kondisyon" pou reyalizasyon eleksyon yo.

Konsa tou, delegasyon an te egzije "Sosyete Sivil " la ak Konvèjans lan, pou yo bouje tou. Kidonk, voye reprezantan yo pou kontribye nan fòmasyon KEP la. Emisè prezidan Etazini an, gwo reyaksyonè yo bay pou Otto Reich la, ta prensipal pèsonnaj ki ta enfliyanse direksyon pozisyon delegasyon an.

Se te lokazyon pou delegasyon an rechofe pozisyon Kominote Entènasyonal la, pou retounen ak aplikasyon Rezolisyon 806 ak 822 a. Se te pozisyon sousekretè Deta Etazini pou Amerik Latin ak Karayib la, Thomas Shannon, ki te envite aktè yo travay, pou rive "ak rezolisyon kriz la nan aplike rezolisyon OEA a". Se menm son an Inyon Ewopeyèn (UE) ki wè ke se sèl mwayen pou l ta bay Ayiti bourad lajan. Kidonk aplikasyon Rezolisyon 806 e 822 a. Yon lojik Théobal Pierre Paul nan Mouvman pou Reveye Militan Bèlè (MOREMIB) te kondane. Oganizasyon kouwè TKL / Sen Jan Bosko te bat bravo pou rezolisyon an li wè k ap aplike.


Arestasyon yon manm Kid?

Jeffte Simoyis Calixte ta yon manm KID (Konvansyon Inite Demokratik) ki te jwenn arestasyon l sou wout Bwavèna a nan kapital la, selon sekretè egzekitif pati sa a, Francisco Alcide.


Depite a mande lajistis pou fè travay li

Depite Lagonav la Angervil Gilvert mande pou lajistis pran responsabilite li, nan kestyon moun ki annafè ak lajistis yo. Depite a wè si moun ki ta otè zak 17 desanm 2001 yo pa ta nan prizon se pa fòt gouvènman an e ke se sèl lajistis ki responsab yon bagay konsa. N ap fè remake ke arestasyon moun ki ta otè zak 17 desanm yo se youn nan egzijans Rezolisyon 822 a.


Sa ki dèyè enstiti rechèch sa a...

Sant GHESKIO ak konkou sosyete Biomérieux gen pwojè pou mete kanpe yon enstiti rechèch. Inivèsite CORNELL Ozetazini mele ladan tou pou reyalizasyon pwojè sa a. Yon inite ministè Lasante ap gen pou mele nan rechèch yo. Gouvènman Etazini ak Lafrans deja bay près yon milyon dola. Japon pwomèt èd pa l tou. Jenewozite sa a yon tijan sispèk, paske te gen deja jounal syantifik tankou La Recherche ki t ap denonse eksperyans bann gwo konpanyi yo ap fè sou moun nan peyi pòv yo!