19 Mars,  2002

March 19, 2002

19 Mas,   2002

Vol. 21 No. 01
Votez! Cliquez ici pour signer le Rþfþrendum Populaire Anti-guerre! 
Chanpwèl yo deyò

Reyinyon chanpwèl ki fèt sou Ayiti nan peyi Kanada nan finisman mwa janvye a di aklè li di aklè ki pwojè Opozisyon an genyen pou pèp ayisyen an, kijan yo ta renmen bisantnè endepandans lan pase.

Yo pa gen diyite ase, pou yo kenbe batay liberasyon an.

Se menm mantalite ak menm pozisyon sa a Afranchi yo te genyen. Yo pito fè tchoul ka mèt la, pase pou yo asepte dwa egalego frè ak sè yo ki nan mas la.

Radyès Denis Paradis ak lòt kolon parèy li yo chita sou trayizon bann Konze pa bò isit yo.

Se poutèt sa, nou mande tout militan Lavalas ki pa vann konviksyon demokratik yo pou kras anba tab Apèd, Din Kowenn ak Godey ; tout patriyòt ki deside respekte eritay Zansèt yo ; tout sitwayen bòn volonte ; tout militan dwa moun ki pa nan ipokriziÝ,

Fè yon sèl blòk pou ranmase diyite pèp lib endepandan nou.

Endepandans 1804 la, yo pa t fè n kado l. Se san zansèt yo ki te koule pou ba nou li. Si li pako pote rezilta manje, lasante, travay, sekirite ak respè pou nou, se paske, depi desanzan, nou ba chat veye mantèg, nou te ba djab veye pitit nou.

Jodi a, li klè : menm alyans fènwa ak lanmò ki te egziste pou kenbe esklav yo nan chenn lontan an, se li menm k ap deplotonnen devan nou, pou anpeche nou reyalize dezyèm endepandans lan. Men nou sèmante 70 fwa 7 fwa, sou san Zansèt nou ak san pitit nou yo : Wè pa wè, antèman pou katrè.

- Sitwayen lemonn ki vle ede nou toutbon vre : byenvini e mèsi !

- Pitit Tè Dayiti ki pa manm Lavalas, men ki renmen peyi nou : Annou bay lebra pou wete l ajenou !

- Ansyen militan Lavalas ki fristre, dekouraje : Reveye nou ! Resezi nou !

- Militan Lavalas, ki kite dlo pase nan venn militan nou, : Atansyon ! Pran men nou.

- Lavalas konsekan yo, ki refize bay legen : Jwèt pou nou!

Pou fini, nou vle voye yon gwo felisitasyon ak ankourajman pou Minis Afè Etranjè a, etan n ap mande pou Responsa Ekzekitif yo fè Anbasadè Meriken an sonje Ayiti pa yon Eta meriken. Se yon senp anbasadè li ye. Si li vle tounen Chèf Opozisyon an, se pou li fè sa aklè, desann sou teren an, san privilèj diplomatik li yo. Se lè sa a, l a va mezire fòs li toutbon vre.

Tout lòt jwèt se jwèt lach.

Pòtoprens, jou ki 12 mas 2003

Jan Kandyo

Depite