| Kanaval : bilan e kòmantè majistra Daday ak lot responsab
Dezyèm majistra Pòtoprens lan, agwonòm Saint Fort Daday opine sou mesaj diferan gwoup mizikal ki patisipe nan kanaval la lane sa a. Majistra Daday pale kijan li wè gwoup ki jwe konpa, rasin, raga elatriye ak sou defilman plizyè cha alegorik rèn ak wa ki senbolize anpil moman nan listwa peyi Dayiti, tankou peryòd endyèn, prekolonbyèn, ewo endepandans, batay zansèt nou yo te konn fè pou rive ba nou endepandans nou 1er janvye 1804.
Defile sa a te fèt tou anba je delege depatmantal lwès la Mme Marie Antoine Gauthier ki li menm voye anpil mesaj lanmou ak lespwa pou pèp ayisyen an, nan moman l t ap patisipe nan defile kanavalès 2003. Anpil jèn fi ak jèn gason te degize tèt yo kòm rèn ak wa ki reprezante pèsonaj istorik nou yo tankou : Mlle Rachelle Gilot pou Catherine Flon, Lynda Séjourné pou Sanithe Bélair, Fabiola Jean pou Marie Louis Madam Henri Christophe, Katiana Fouché, 2e princesse, Marie Michelle Fleurimond 1e princesse, Fabienne Charles pou afranchi, Alcide Bylie pou 1e servante rèn dè rèn nan, Nedjine Eugène pou rèn dè rèn, Jules Robenson pou wa dè wa, Serge Ainé pou wa Dafrik, Stanley Candio pou Toussaint Louverture, Loralus Robest pou Charlemagne Péralte, Pierre Steeve pou Fenelon Gabard elatriye. Te gen anpil pèsonaj istorik ki t ap fè pakou kanaval la sou cheval tankou Desalin, Petyon, Kapwa Lamò, Tousen Louvèti, Kristòf elatriye. Plis pase 700 fanm nan òganizasyon Fanm Vanyan te patisipe nan defile kanaval la, san nou pa bliye patisipasyon plizyè gwoup vodouizan nan kanaval lane sa a, nan okazyon sa a, jounal Haïti-Progrès te pale ak majistra Saint-Fort Daday ki se dezyèm majistra Pòtoprens.
Haïti-progrès : Majistra Saint-Fort Daday, jodi a nou wè ke nou òganize yon kanaval pou 2003. Dezyèm eksperyans nou nan òganizasyon kanaval ki sa sa reprezante pou nou ?
Saint-Fort Daday : Se yon bèl eksperyans li ye paske depi ou panse kanaval se kilti pèp la, kanaval la nou te ka di, se tout nanm pèp ayisyen an, se tout aspirasyon li, kanaval la kounye a li pran yon lòt dimansyon, kote ou genyen 2 gran tandans, se tandans konpa a ki te deja la lontan e avèk rasin de jou an jou ap pran plis plas nan kanaval la, sa vle di konpa a li menm li gen plis konkirans nan mitan dyaz yo. Djaz konpa yo ksprime yon seri de bagay ki plis polemik, pafwa li fè ti pwent tou sou kèk sitiyasyon. Tandiske gwoup rasin ale nan pwofondè tou, piske li menm li enspire rara tou, nòmalman gen yon santiman nan sa k ap pase nan sosyete a, enben gwoup rasin yo gen tandans eksprime bagay yo. Si ou gade kanaval ane sa a, w ap remake genyen kèk mizik ki voye mesaj avèk anpil pwent « iwoni » farouch pandan ke yo gade menm lespri kanaval la men yo fè tou sosyete a ; pran pou ekzanp mizik gwoup kriz la pou wè « Kale dada w jan w vle » elat. Pawòl yo pi rèd ak Boukmann Eksperyans, men kanmèn yo tradwi sa yo panse a. Sa vle di kanaval la se yon fè pou moun defoule yo, pou rejwenn yo. Sa vle di rasin nan pote yon sanksyon sou sa k te fèt yo. E Eksperyans mwen sè ke mwen wè feblès ki genyen nan òganizasyon an tou.
Haïti-Progrès : Mwen wè sektè prive a sanse pa patisipe nan anbyans kanavalès la ane sa a, èske sa vle di sa gen yon rezon politik, sou sitiyasyon peyi a ye jounen jodi a ?
Saint Fort Daday : Kèlkeswa konotasyon politik li ta genyen an, nou kwè l ta sèvi ekzanp pou tout lòt sektè, pou wè ke : ke yon sektè mete l akote, men pèp la limenm li pa negosye kanaval li, kèlkeswa moun pou yon rezon, pou yon lòt kita yon jan boude kanaval la, men pèp la li menm ki vle kanaval li e l ap fè kanaval kanmèm si yon moun konprann sans kanaval la ann Ayiti ou sipoze akonpaye pèp la.
Haïti-Progrès : Mwen wè ane sa a, nou bay yon lòt koulè nan kanaval la, se patisipasyon reprezantan zansèt nou yo nan kanaval la, se ki diferan pèsonaj yo reprezante ?
Saint-Fort Daday : Nou gen 2 lane, tou 2 se 2 san zan yo pral ye, 2003 se yon 2 san zan, 2004 la se yon lòt 2 san zan, sa vle di ke nou remake ki plas nou bay Toussaint Louverture nan kanaval la e 2004 la limenm se pou 2 san zan endepandans lan. Donk la a, ou remake se listwa nèt yo fè avèk nou, ou wè tèm kanaval la se : « Renesans » e nou gen yon renesans la a nan kad fenomèn mondyalizasyon an, men pou byen sitiye nan kad mondyalizasyon an fòk ou se yon Renesans ki fèt pa rapò nan sak te pase, ane sa a, li raple w pase ou, prepare w pou fete 2 san zan endepandans lan nan 2004. Sa vle di gen anpil bagay ki anreta fòk ou fè vit. Tankou ou wè prezidan gentan pase yon senkyèm vitès nan afè alfabetizasyon an, pandan n ap parèt nan renesans lan la a, nan 2004 la, fòk ou fè vit pou n ka parèt byen nan mitan fenomèn mondyalizasyon an, pou nou pa twò anreta e ou remake yo bay yon enpòtans kapital ak jenès la, se paske nan renesans sa a, nan 2 san zan sa a, fòk jenès la pare pou l kòmanse jwe wòl li nan kad renesans sa a.
|