| Kanaval : kèk gwoup ki fè pale sou yo.
Nan peyi Dayiti se chak jou Bondye mete, ou tande gen yon nouvo dosye k ap fè aktyalite sou teren politik, sosyal, ekonomik oswa kiltirèl. Kòm kwa m ta di w se yon laboratwa ki gen pou misyon kreye pwoblèm sèlman bay peyi a, epi mete apsè sou klou.
Nan moman sa a nou pa vin eksplike w pwoblèm kriz politik peyi a ap sipòte depi dyab te gen grad kaporal, kounye a l vin jeneral, men pito se espas kiltirèl peyi Dayiti sitou patisipasyon plizyè gwoup rasin nan kanaval la ane sa a, ki mete tout enèji yo deyò, nan travay tout lannwit kou lajounen ann ekip, pou fè sòti anpil bèl mereng kanavalès nan lide pou fè pèp ayisyen danse, pou fè l manyè bliye kèk pwoblèm y ap andire. E pou fè pase tou, tout yon seri mesaj angaje ki pa fè tout sektè plezi, ou kab konprann sa. Mesaj ki pale mizè ak soufrans pèp la travèse ak yon seri lòt bagay popilasyon ayisyèn nan konn abitye denonse, kritike. Jodi a gwoup mizik rasin sa yo enspire pwoblèm sa yo nan fason pa yo, yon manyè pou ta gade si yo ta rive debouche gwo kouch beton ki plonbe nan zòrèy « politisyen ayisyen » san vègòy yo, ki depi 200 zan toujou ap di jan yo renmen pèp la.
Premyèman, ann pran pou egzanp gwoup rasin Boukmann Eksperyans, yon gwoup rasin nan tout mereng kanaval li fè sòti yo, tèks li yo toujou gen yon mesaj, se pa san rezon, li rele tit kanaval li a « K + K = 2 K», kidonk, Boukmann Eksperyans gen anpil eksperyans sou kesyon mesaj ak pawòl pèp ayisyen an toujou ap revandike a.
Boukman Eksperyans voye dlo l, li pa mouye pèsonn, si ou santi w mouye se pa fòt li epi ou menm ki santi w blese a, Boukmann di ou nan ka piske ou twò egoyis, ou enbesil, ou bay pèp la panyen pou l al nan dlo, ou fè lavi chè, finalman ou nan ka nèt ak Boukmann.
N ap kite Boukmann, pou n rantre nan Koudjay, yon gwoup rasin anpil moun konn satisfè pou bonjan mesaj li konn fè pase nan mereng li yo, men pou lane 2003 a vedèt Koudjay la, Kesy, pa pase nan 4 chemen. L ale dwat nan gòl, ane sa a, li pa nan kache benyen lonbrik. Koudjay fè pèsonalite, li pale dirèkteman ak Konvèjans « demokratik » la, kote ou ka sonje sa 18 novanm 2002 a, yon gwoup « Lidè » nan opozisyon an te monte nan Okap ayisyen pou te al fè sa yo te rele « Kri Vètyè » epi yo te mete drapo nasyonal la demi ma, sa te fè anpil pale anpil . Jodi a nan mereng Koudjay la, li mande eksplikasyon ak Konvèjans « demokratik » la sou lepoukwa li te desann bikolò a ?
Gwoup Bòbèch li menm fè konnen menm si Ayiti se yon peyi ki gen anpil aganman ak konplisite lòt peyi, yo mèt fè tout sa yo vle, se pou yo fete kanmèm Bisantné Endepandans 2004 ki pral vin la a, piske yo pa gen dwa mache tèt bese devan okenn lòt peyi ki gen yon sèl misyon se : destabilize peyi a. Sa se te mesaj gwoup Bòbèch.
Pou Boukan Ginen, Eddy François, li parèt trè kategorik nan kanaval li a. Li di malgre tout sa n ap tande k ap di ou k ap rive ; moun ap mouri, anlèvman, disparisyon, jounalis pran liyann, menas, agresyon, ou pa ka pale, pa gen moun ki ka fè l pa pale, mete baboukèt nan bouch li, paske fòk li defann peyi l, ke l santi ki andanje.
Afè Chandèl la, li menm se plenn nan kè, yo di yo paka pale tèlman gen twòp betiz ki fèt nan peyi sa a, fòk chak grenn ayisyen espesyalman dirijan yo, « lidè politik » ta fè yon meya koulpa, tèlman yo konstate otorite ayisyèn yo koupab devan nasyon an. Nan sans Chandèl di a, mesaj li voye yo pa sifi pou rantre nan tande zòrèy otorite yo. Fòk se limenm pèsonèlman ki pou eksplike gouvènman an pwoblèm pèp sa a, menm se nan telefòn yo ta pale ak gouvènman an.
Bò kote Tokay menm, ki montre nan tout mesaj l ap fè pase yo, li apiye gouvènman an ki toujou ap preche lapè nan peyi a.
Pou lane 2004 la ka byen pase, Tokay mande lapè pou nasyon an, si se pa sa, Tokay di l ap menm denonse tout moun ki pa vle fè lapè nan peyi a, paske yo vle fete 2004 la nan lapè.
Finalman, gwoup ki fenk parèt tèt li ki fè pale de li anpil se gwoup Kriz . Kriz leve kanpe pou l pale, li di yo gran moun lakay yo, dayè yo pa konn al pote bòl ble yo kay pèsònn moun, depi ou chita mal devan l monchè ou te mèt sa ou, l ap sal ou. Mesaj Kriz fè pase nan kanaval li a, se yon mesaj tout moun apresye anpil, ou tande y ap pase mereng kanaval Kriz la toupatou. Nan pawòl yo ou jwenn ekzakteman tout reyalite pwoblèm pèp ayisyen an ap andire nan dènye jou sa yo. « Pyès machin, gazolin, kamyonèt tèt nèg. Aransò, luil doliv, kib magi tèt nèg ».
|