26 Fevrier,  2002

February 26, 2002

26 Fevrye,   2002

Vol. 20 No. 50
Kisa kanaval 2003 a ap gen anplis ?

Sekirite, dekorasyon e koulè toujou konte nan òganizasyon kanaval nan tout peyi. Ann Ayiti se sou sa plis yo jije si wi ou non yon kanaval te byen reyalize. Kanaval lane sila a chaje ak bwa dèyè bannann li. Pou nou ka di kòman se divès enstitisyon piblik ki fè tèt ansanm pou rive ak bon reyalizasyon kanaval lane 2003 a, dapre objektif yo bay tèt yo. Ministè Lakilti, ministè Lenteryè, ministè Lasante, ministè Travo Piblik ak Direksyon Polis Nasyonal la, fè tèt kole ak lameri Pòtoprens, pou òganizasyon « Kanaval Renesans 2003 ˆ Ann rasanble nan limyè 2004 », kòm tèm lan endike li. Kanaval ki ap make 3 gwo manman dat « sa yo rele 200 zan lanmòToussaint louverture, 200 zan kreyasyon drapo ayisyen an ak 200 zan batay Vètyè ki te mennen nou nan lendepandans », selon sa majistra Pòtoprens lan, Yves Médard te di Ayiti Pwogrè nan yon entèvyou li te bay jounal la.

Yon kanaval k ap louvri byen gran, pou ayisyen lòt bò dlo ak etranje vin yaya kò yo, dapre majistra a ki te ajoute « Ayisyen Monreyal (kanada) yo pral patisipe sou cha lameri Pòtoprens. Nou gen anpil lòt moun k ap mande nou sa. Peyi Venezyela ofri nou y ap voye kèk rèn ak kèk mizisyen, yon 19 atis konsa, pou soutni peyi Venezyela Ayiti te mete men pou bay li endepandans. Rèn sa yo ap debake nan Ayewopò Pòtoprens samdi (22 fevriye) », te deklare majistra Médard. Kidonk, èske sa ap ranfòse objektif pou atire touris vin viv kanaval ayisyen an ? Antouka, majistra a wè ap gen anpil sekirite sou tout pakou yo.

Dabò kanaval la ta gen pou kòmanse a egzaktemant 3 zè », dapre Majistra a ki « vle fini (l) anvan 11 zè nan aswè », selon sa l te ajoute. Eske sa ap rive posib ? Toutmenm, anpil dispozisyon deja anvizaje « pou moun pa mouri nan kanaval la, nou gen yon seri siveyans. E nou gen sou kèk plas tou n ap mete anpil siveyans. Ap gen kèk gerit, kote ap gen kontwòl tout kanaval la sou plas. Si ta gen nenpòt derapaj, pou lapolis kapab fè entèvansyon yo pou evite dezagreman. N ap genyen patwouy Lapolis Nasyonal yo ki pral nan pakou a, pou anpeche gen twòp moun sou kote cha yo. N ap gen sèvis tankou medsen, Lakwa Wouj, pou si ta gen kriz oubyen moun blese. N ap genyen tou kèk espas lasante pou bay moun ki gen pwobnlèm premye swen annatandan nou voye l lopital, si ka a grav anpil. Tout sa se dispozisyon n ap pran pou n ka gen yon kanaval 2003. Yon veritab kanaval k ap prepare lane 2004 », te di majistra a.

Ankò, lavant plas pou fè estann nan kanaval la konte anpil pou lameri a. 300 plas deja vann pou yon valè 6 milyon goud, si moun vle konprann premye sitwayen lakomin Pòtoprens lan. « Lane sa a, nou te blije fè sa yon lòt fason ki pi kòdyòm. Sa pèmèt nou rive vann plas yo san patipri Nou ka di 82 a 83 pou 100 nou reyisi kanmenm jiska jounen jodi a », te deklare Médard. Majistra a ki satisfè te ajoute « Fini nou fini, m ap envite radyo, laprès ekri ak televizyon, pou mwen montre yo tout fèy, tout chèk nou te jwenn yo ak non moun yo ki achte 300 plas nou vann yo, menm plas nou pa touche pou yo. Plas nou pa touche pou yo se plas ki sou kont enstitisyon Leta yo. Epi n ap montre yo tou. Si ta gen yon ka pa egzanp ta gen yon moun an patikilye ki pa ta gen pou l peye n ap mete sa devan laprès la », te di majistra Pòtoprens lan. Majistra Yves Médard te fini pou di « Plas yo lwe an jeneral 4 mil dola ayisyen ki bay 20 mil goud kote plis moun ap anvayi a, nou mande plis kòb. Kote mwens moun ap anvayi a, nou mande mwens kòb pou nou kapab rann mache plas la vann. Se konsa gen plas k ap lwe 4 mil, 3 mil 500, jouska 2 mil (20 mil goud, 17 mil goud, jouska 10 mil goud). Sa depann pozisyon plas la », te fini pou di Yves Médard.

N ap souliye, 3 jou gra kanaval lane 2003 a ap kòmanse dimanche 2 pour rive madi 4 mas la. Anviwon 15 milyon goud ta dwe dispoze pou kanaval sila a, si moun kwè 2 manm komisyon nasyonal pwovizwa a, madan Josette Darguste ak Alan Lucien, ki te pale ak Ayiti Pwogrè. (HP, Vol 20 #49, paj 19 ak paj 16).