| Mache nwa ak angrè!
Plantè nan divès zòn depatman Latibonit denonse Oganizasyn pou Devlopman Vale Latibonit (ODVA) yo ke yo di ki ap fè mache nwa ak angrè a. «Men kòb mwen nan pòch mwen la a pou m achte angrè a. Mwen pa ka jwenn li. Nèg yo pran angrè a se machin y ap bay li... Lè ou al kot direktè a, li di w konsa pa gen angrè. Li pa deside pou l bay fich», selon yon peyizan. Pwoblèm angrè a, sechrès ap kale moun Dedin, bò Senmak, ki pa wè ki vèvè pou yo trase. Majistra a, Thérold Florvil te fè konnen ke tout demach li fè bò kote direktè ODVA a pa janm bay anyen e li mande entèvansyon otorite Pòtoprens yo.
Vyolans Konvèjans lan nan Okap
Minis Enteryè a, Jocelerme Privert ak direktè jeneral Ministè a, Bell Angelot, kiritke atitid manifestan Konvèjans yo nan Okap, ki te fè divès zak kraze brize samdi 8 fevriye a pandan yon manifestasyon Inisyativ Sitwaèn (IC) te òganize nan vil la. Plizyè moun te blese e 2 jounalis Tele Timoun te resevwa move tretman nan men pwòch Konvèjans sa yo. Poutan, Lapolis ki t ap bay sekirite pou manifestasyon anti-gouvènmantal sa a, te blije vin gaye li, pou l te evite plis dezòd ak san koule.
Blòk 22 mande lòd nan lameri a
Kòdinasyon blòk 22 nan komin Pòtoprens te bay yon konferans près mèkredi 12 fevriye a, kote li denonse jestyon Elektrisite Dayiti (ED'H), Teleko ak Lameri pòtoprens. Gwoup sila a wè gen plis kòb ki ta rantre nan kès Leta, si bwat sa yo te gen yon lòt mòd jesyon. Blòk 22 a te tou pwofite pote apui li bay prezidan Aristide.
Kriz dola a
Devan kriz dola US la ki kontinye ap monte, divès sektè pran bonjan panik. Minis Finans lan, Gustave Faubert, te rankontre ak yon delegasyon Asosiyasyon Pwofesyonèl Bank (APB) sou zafè dola a k ap grenpe monte a. Ekonomis, Henry Bazin wè fòk otorite yo ta mete sou pye yon plan, pou yo fè fas a sitiyasyon sa a. Nan menm lojik la, prezidan Komisyon Finans Chanm Depite a, James Dérosin, panse gouvènman an pa t fè ase efò pou anpeche sa rive. Depite Rudy Hériveaux limenm wè ke pwoblèm sa a se konsekans anbago ekonomik ki sou do Ayiti a.
Konsa, plizyè milye patizan Lavalas te nan lari Pòtoprens madi 11 fevriye a, pou pwoteste kont sanksyon ekonomik ki sou do Ayiti a. Manifestan yo te denonse « kominote entènasyonal » la, Konvèjans lan ak gwoup « 184 » la, ki alabaz anbago a.
Ti Fanmi Ti Gwav defann tèt li
Kòdinasyon Fanmi Lavalas nan Ti Gwav kontinye lonje dwèt sou manm Konvèjans lan, kòm responsab asasina patizan Fanmi Lavalas la yo te rele Micky Fleurilus. Konsa, kòdinasyon an te tou pwofite denonse rapò ankèt Kowalisyon Nasyonal pou Dwa Moun (NCHR) la, kòm yon seri manti. Ankèt sa a te vle fè kwè ke se lit ant Lavalas ki ta lakoz lanmò Fleurilus.
Menm jan an, Kòdinasyon an te demanti akizasyon jij entriksyon Harris Clédanor a yo, ki ta fè kwè se manm OP yo, ki ta vòlè machin li a ke lapolis te rive rejwenn. Yon manm OP, Bellamy Schneider te fè konnen ke OP yo te sezi machin sa a, paske li t ap fè vatevyen ant vil Ti Gwav ak baz yon gwoup ame san manman, ki rele « Lame Al Kayida / Konvèjans ». Men jij la ta kanmenm lage 3 manda arestasyon dèyè kèk manm OP.
Bandi sove ak 4 prizonye
Nan Plato Santral, komin Batis / Savanèt, plizyè endividi ak gwo zam te atake komisarya Lapolis la, lendi 10 fevriye nan aswè e yo te rive libere 4 pami 6 prizonye Lapolis te arete, poutèt yo te gen zam ilegal ak lòt materyèl lagè nan machin yo. Yo te menote polisye yo e yo ta menm di yo ke yo gen gwo zam pou fè fas a nenpòt inite lapolis la.
Bandi nan Ench ak Tomonn
Bandi achte Ench / Tomonn ak Beladè lajan kontan. Zak banditis ak zak zenglendinay repete souvan nan komin sa yo sèjousi. Devan sitiyasyon sa a, se tout otorite lokal yo k ap rele osekou.
Nouvo komisè nan Gonayiv
Se lendi 10 fevriye a, ke direktè depatmantal Latibonit la Camille Marcellus te enstale Harold Adéclard kòm nouvo komisè Lapolis Gonayiv la te enstale.
Maladi chabon nan Machan
Maladi chabon ak lapès kochon ap fini ak zannimo nan Chèn Dekawo, ki se 5kyèm e 6zyèm seksyon Machan Desalin. Plizyè bèt deja viktim pichon sila a. Moun yo mande konkou Ministè Lagrikilti. Dapre yo, se sèl yon bon kanpay vaksinasyon ki ka rezoud pwoblèm lan.
Asasina yon moun yo akize kòm lougawou
Nan Mayo, Banat ki nan 4triyèm seksyon Okay yo touye Pierre André Augustin alyas Sonson, ak kout manchèt, baton wòch e kòd samdi 8 fevriye a. Sa te rive nan moman Sonson te akonpaye Lapolis e Jij de Pè, pou te al fè konsta 3 kay li moun yo te boule nan lasware jedi 6 fevriye a. « Lapolis te vini,,, li wè misye antò vrèman, li lache l ban nou », te di youn nan moun ki te touye Sonson yo. Moun yo te akize Sonson kòm li ta lougawou e ke li ta touye yon madanm ki rele Saintalia Chéry. Pitit madanm sa a Saurel Nérisma, te montre polisye yo rad manman li te antere 31 janvye a yo te jwenn kay Sonson. Nérisma te fè kwè ke li te jwenn yon lis 130 moun ki ta dwe mouri nan ane 2003 a lakay Sonson tou.
Viktim koudeta a mande jistis
Yon viktim koudeta 91 lan nan Gonayiv, Renoit St-Pierre plenyen dèske li poko janm jwenn jistis ak reparasyon, 12 ane aprè koudeta a.
Sekirite pou kanaval la
« Tout moun ki enplike nan yon seri zak banditis pandan peryòd anvan kanaval la, pral nan prizon jis nan demen 3 jou kanaval la », selon pòtpawòl Lapolis la, Jean Dady Siméon. Responsab la te anonse divès mezi k ap pran, pou asire sekirite pakou kanaval la.
|