| Okap : Inisyativ Sitwayèn reprann flanbo destabilizasyon an
Grèv, manifestasyon, propagann destabilizasyon, se te tout bagay sa yo ki te nan pwogram Inisyativ Sitwayèn ak Komite Kri Vètyè nan Okap pandan tout mwa janvye pase a. Men, tout tantativ sa yo fini nan gwo echèk, kote popilasyon Okap la te chita sou blòk glas li. De jou an jou ajan destabilizasyon yo ap rann yo kont objektif latwoublay la p ap pase. Sepandan yo pa sispann lanse modòd pou jistifye vwayaj Sen Domeng, vwayaj Washington yo fè ak gwo mwayen yo gen nan men yo.
Pou wikenn 7 fevriye 2003 a, gouvènman Lavalas la pa t mete kanpe okenn aktivite komemorasyon nan depatman Nò a. Se konsa gwoup opòtinis ki chita nan Inisyativ Sitwayèn te pwofite pou yo lanse sa yo rele «wikenn lespwa nan Okap». Pwogram nan te genyen kòlòk ak plizyè swa dizan entèlèktyèl boujwa, tankou Charles Mannigat, Nancy Roc opòtinis ki chanje kan ankò, Hans Tippenhauer, Raoul Auguste pou vandredi 7 fevriye a, manifestasyon pou dat 8 fevriye. Revandikasyon ki te sèvi paravan se te zafè chomaj, pri gaz, kesyon dola ameriken, lekòl pou timoun, yon seri de pwoblèm ke la boujwazi limenm chouke depi dik dantan sou lestomak mas pèp la. Inisyativ Sitwayèn pa menm gen sousi pou l ta pibliye pwopozisyon espesyal ki pa ka sòti nan tèt lòt moun ke divalyeris Raoul Auguste pou pote solisyon sou kesyon gaz la. Carlet Auguste ki se papa konferansye a, ki te pote tit entelektyèl la si lontan t ap deja bay Jean-Claude Duvalier resèt la.
Antouka, se nan fenèt ak devan pòt mas pèp Okap la te gade pase kèk santèn atoufè 3 zan koudeta a, kèk sitwayen avèg ki pèdi lajan koperativ ke putchis yo rekipere ak kèk reyaksyonè patante te defile nan sant vil Okap a pati 2 zè nan apremidi jou samdi 8 fevriye a anba gwo pwoteksyon sekirite lapolis te bay yo. Byensi te gen reprezantan «184» òganizasyon «sosyete sivil» la, jounalis, televizyon etranje. Angwo, menm dispozitif 17 novanm 2002 a.
Anbasad meriken pral twouve daprè tout sa nou obsève yon ribrik pou l fè bon jan rapò favorab sou aktivite l nan peyi a, piske nan yon moman kote diplomasi dirijan Etazini yo pa t menm ka konvenk sitwayen nò-ameriken. Youn nan eslogan ki te retounen pi souvan nan bouch patizan Inisyativ Sitwayèn yo, se te : «Aristide ak Ben Laden se marasa», lòt la se: «Prezidan Bush si w pa konplis, voye Aristide ale». Donk ou wè yo pa menm wè ke eslogan yo a se bagay restavèk!
Sepandan Direksyon Polis Minisipal la te egzòte òganizatè mach la pou yo pa al make pa nan katye popilè vil Okap yo. Devan ensistans rekalsitran yo, polisye yo te oblije bloke mach lawont lan nan nivo Ri 5 A. Se konsa yon ti gwoup atoufè te soti nan mach la pou y al kraze brize nan Ri 8 L yon machin Sante Piblik ki t ap transpòte plizyè medsen kiben k ap pote swen sante nan Lopital Jistinyen Okap. Yon zak malonèt ki vin ajoute sou tout rezon ki jistifye absans klas defavorize yo nan maskarad Inisyativ Sitwayèn nan. Aktivite « wikenn lespwa » yo te dewoule san okenn òganizasyon popilè pa t kontrekare yo, montre yon fwa ankò limit alyans makouto-boujwa a nan Okap. Manifestasyon sa yo prezante kòm fason ki pi etranj pou komemore dat 7 fevriye, puiske viktwa sou sistèm divalyeris la, se te viktwa fòs pèp la sou tout reprezantan fòs fè nwa yo ki jounen jodi a ap resikle tèt yo nan yon swadizan sosyete sivil, aprè fayit pati politik bidon yo a. Antouka si yo t ap eseye fè pwovokasyon, pèp la pa pran, e yo ap kontinye pèdi souf.
|