8 Janvier, 2002

January 8, 2002

8 Janvye, 2002

Vol. 20 No. 43
Sa ki alabaz ogmantasyon priz gaz la?

Modòd grèv sendika yo pou madi 7 janvye 2003 a te respekte nan Pòtoprens ak nan divès vil pwovens peyi Dayiti. Lekòl, bank te fèmen pòt yo. Gwo biznis yo tou pat fonksyone. Se youn youn machin transpò piblik ki te sòti nan lari. Men te gen mwens machin prive pase lòdinè, ki t ap eskive barikad grevis yo te drese nan divès zòn. Men tou, fò n siyale te gen anpil vyolans; yon machin pick blan pase sou wout Kafou vè midi, tire blese 2 moun. Vè 5 kè nan maten yon jèn etidyan pandan l ap tounen lakay li jwenn lanmò l nan zòn Matisan.

Se yon apèl grèv sendika chofè kouwè CTH, OGITH, FNTS, Sos/Transpò, COH ak plis pase 11 lezòt te lanse, pou di yo pa dakò ak ogmantasyon pri gaz la. Men moun ta poze tèt yo keksyon deja sou sendika sa yo ki te menm rive mande pou "sektè patwon yo pote solidarite ak mouvman sendikal ayisyen an, nan fèmen tout antrepriz komèsyal, endistriyèl ak sèvis yo madi 7 janvye 2003 a", sa moun te ka li nan nòt yo a, ki te sòti nan dat 6 janvye a. Federasyon transpòtè piblik ayisyen (FTPH) pa t apiye modòd grèv la. Li te pito deside al chita ak minis Komès la sou pri kous la nan divès sikwi yo. Youn nan delege FTPH yo te rapòte apre rankont lan: ...Nou kapab ba nou kèk nan pri sikwi yo nou te negosye. An nou pran taksi atravè zòn metwopolitèn lan. Nou di kous senp lan te 7 pyas, nou mete li 15 goud. Men jodi a nou negosye, li sòti 13 goud. Nou genyen Fontamara/Site Solèy, STPH te mete l 10 goud, enbyen nou redwi l a 7 goud. Nou genyen Petyonvil/Boudon, Petyonvil/Dèlma nou mete l tou 10 goud, enbyen nou redwi l a 8 goud. Nou gen Kafou/Sant Vil... donk pou chofè pa vire nan wout avèk pasaje yo, nou tou mete l 8 goud..., te rapòte yon dirijan FTPH, ki te antann ak minis Gouthier sou pri sa yo.

Depi koumansman destabilizasyon gwo boujwa yo ap fè nan peyi Venezuela, san konte siyal lagè George W. Bush ap voye kont Irak, yon gouvènman ki depann de gaz te dwe deja ap prevwa plizyè senaryo pou sizoka. Spesyalman depi mwa oktòb plizyè siyal te koumanse ap vini sou peyi Dayiti; sanble gouvènman an pa mank prevwayans li, ak plizyè lòt moun pat tèlman pran oserye gen yon pwoblèm gaz ki ta pral pete. Se nan zòn 18 pou rive 20 desanm lan pwoblèm lan te koumanse fè santi li. Lè sa a ponp yo te koumanse anvayi, yon pa ak moun ki te vin achte gaz an gran kantite, pou yo sere, yon lòt pa, ak konsomatè tout kalte ki te pran liy pou yo jwenn yon ti lòsyè gaz, e pri yo te gentan monte disèt wotè. Tout 24, 25 desanm te pase blanch ak gaz ki te ra nan tout ponp vil nou yo. Gen ponp ki te menm rive fèmen menm. Pandan kèk lòt te foul ak chofè e lòt moun nan popilasyon an, ki te sou liy vin achte dizèl, gazolin tout sòt ak gaz blan. Mache nwa a te ap fèt depi nan ponp yo. "... Nèg ponpis yo k ap fè dezòd...", te di yon chofè nan Gonayiv. Nan lari a galon gazolin ou dizèl t ap vann jiska 175 goud. E gaz blan an te ap vann jiska 100 goud.

Se te yon souf soulajman lè dimanch 29 desanm lan 2 tankè gaz te rantre nan Pòtoprens, kòm sa te anonse. Minis Komès la Leslie Gouthier te di ke "Bato a rantre nan lè nou te prevwa a. Nou resevwa anviwom 30 tòn metrik kabiran, ki reprezante près 8 milyon galon. Gen gaz pou tout moun." Men malgre sa, liy moun ak machin nan ponp yo te kontinye pou pi rèd. Menm jan an tou, pri kous machin lan te gentan ogmante nan lari a. Taksi ki te 7 goud te pase 10 goud. Pri bis Petyonvil yo t ap vasiye ant 7 a 10 goud. Men Kafou bagay la te pi makawon. Yon pasaje te bezwen ant 10 a 15 goud lajounen yo pou sot Pòtoprens ale Kafou. E jiska 25 goud, pou trafik sa a leswa. Tandiske oparavan kous nan sikwi sa yo te ofisyèlman 3 goud 50 e chofè dezòd yo te fè pasaje peye jiska 50 goud pou Petyonvil e jiska 10, 15 goud pou Kafou. Pou Dèlma kous la te sòti 3 goud 50 pou l rive 5 goud e menm 10 goud. Anpil lòt sikwi te ogmante. E nan zòn pwovens yo se te double pri yo te double. Sa nòmalman te kreye anpil bouch louvri ant pasaje ak chofè yo, sou chanjman anachik pri kous yo. Divès sektè te reyaji sou dezòd sa a nan lari a. Yon dezòd ki te toujou egziste achak moman gen chanjman nan pri gaz la oubyen pri dola a ta ogmante wo.

N ap fè sonje, anvan prezidans René Préval la, pri gaz la te mwens pase mwatye sa li ye lajounen jodi a. Gaz blan te vann 23 goud 85 galon e sou Préval li te vin pase a 26 goud nan ponp. Gazòy ki te 25 goud 70 te monte 30 goud 50. Gazolin 91 ki te 37 goud 85 te pase a 46 goud sou Préval, apre li vin moute 56 goud. Se pri sa a ki te valab jiska lane 2002.

Pou kounye a dènye pri yo mete gaz blan an 51 goud olye 23 goud 85. Yon ogmantasyon 96.15 pou 100. Gazòy la vin 55 goud olye 30 goud 50. Li sibi yon ogmantasyon 80.32 pou 100. Menm jan an tou gazolin 91 lan ki te 46 goud pase 81 goud. Yon ogmantasyon 76.08 pou 100. Gazolin 95 lan ki te 56 goud pase 85 goud. Li pran yon ogmantasyon 51.75 pou 100. Sa ki lakòz tèt tout moun cho nan popilasyon an. Kit se chofè machin, kit se moun ki sèvi ak gaz pou limen lanp, mache dèlko ou fè manje, elatriye.

Men atout sitiyasyon an te sòti pou l dejenere nan lari a, se jis apre plizyè jou responsab nan gouvènman an ta pral koumanse reyaji pou eksplike, e se la pi gwo erè gouvènman an ki pa jere byen ditou aspè politik kesyon an. Anfèt se nan dat 3 janvye 2003 a, ministè Komès ak Endistri te mete deyò yon kominike pou bay nouvo pri gaz la nan ponp. Sepandan pri yo dapre menm kominike sa a, te dwe efektif depi nan dat 1e janvye 2003!

Minis Komès la, Leslie Gouthier, te di klèman se pri gaz la ki monte sou mache mondyal la. Ogmantasyon sa a fèt nan yon moman minis lan wè gouvènman Lavalas la pa gen mwayen sibvansyone gaz la ak 500 milyon goud pa mwa a, jan akò 95 lan te mande sa a. Minis lan te deja fè konnen pri gaz la pral ogmante nan ponp yo. Minis Goutier te bay yon konferans pou laprès lendi 6 janvye 2003 a, kote li te bay divès rezon ki fè gaz la monte nan ponp yo. Li te di se paske pri a ogmante sou mache entènasyonal la, ki fè li sibi ogmantasyon sou mache lokal la. Efektivman baril petwòl la ki te vann 25 dola 50 US nan mwa novanm 2002 pase a 32 dola 68 US pou finisman desanm 2002 a. Minis lan te pwofite voye yon mizangad bay divès pwopriyetè ponp, li aprann ki ap sere gaz la pou yo pwovoke rarte pou yo ka fè mache nwa. Si sa pa fèt minis lan di l ap sanksyone mèt ponp yo, paske li kwè "ponp yo gen yon tan pou yo louvri, yo gen yon lè pou yo fèmen. Lè sa a dwe favorab ak tout moun..." dapre pawòl minis Goutier. "Nou gen pou nou al nan vil pwovens yo, paske se yon nesesite pou piblik la jwenn gaz li bezwen an e ki nesesè pou l genyen an", dapre minis lan, ki te di enspektè l yo nan lari ap veye pou pa gen "magouy nan lavant gaz la".

Direktè ministè Komès la li, Gabriel Zéphyr ki te sou tab konferans sa a te di ke se sanksyon ekonomik yo ki lakoz Leta pa kapab sibvansyone gaz la ankò. Menm jan ak sekretè deta Kominikasyon an Mario Dupuy, direktè Zéphyr te wè Leta pa gen mwayen ankò pou pote gwo chay sibvansyon gaz la.

Antouka, mank kapasite gouvènman pou te eksplike pwoblèm lan, lakòz anpil sektè enkonsyan e ki gen pwòp objektif yo pran woulib sou monte pri gaz la. Konvèjans lan te pouse odas li pou swadizan denonse monte pri gaz la. Poutan li mare sosis li ak menm gwo negosyan k ap chache fè plis benefis sou pri galon gaz la. Ata Asosiyasyon nasyonal distribitè pwodwi petwolye (ANADIPP) t ap chache lage tout responsabilite monte priz gaz la sou do rejim Lavalas la. Max Romain ki se youn nan responsab ANADIPP yo te fè kwè senpman se paske Leta pa vle sibvansyone gaz la, ki fè pri pwodwi sa yo ta ogmante, kidonk malgre kontèks politik/ekonomik entènasyonal la. Poutan, pawòl menm responsab sa a te trayi li, lè li te di manm ANADIPP yo mande gouvènman an "pou nou ta jwenn yon 2 goud anplis sou chak galon sèlman", kidonk, yo mande pou ògmante pwofi yo, mete sou sa yo te konn fè deja. Se menm yo menm lan ki te fè yon reyinyon ak manm yo samdi 4 janvye a, pou yo te pale sou ogmantasyon pri gaz la. Yon ogmantasyon ANADIPP te aksepte lè yo te rankontre ak ministè Komès. Sitiyasyon ki pa bon menm pou konsomatè yo, men ki bon pou tout kalte raketè, san konte sa mache pou gwo konpayi miltinasyonal yo, nou ka site konpayi Esso, Shell, Texaco ak ELF, ki yo menm toujou soti gwo benefisyè achak peryòd gaz la monte. Konpayi yo ak distribitè yo ansanm fè gwo avantay sou pri gaz la. Sou chak galon gazolin konpayi a fè 8 goud 47 e distribitè ANADIPP la fè 7 goud 31. Sou chak galon dizèl, konpayi a fè 6 goud lè distribitè a fè 4 goud 29 kòm benefis. Sou galon gaz blan a konpayi a fè 4 goud 96, distribitè a fè 4 goud 44. Seri ogmantasyon sa yo kontinye gen gwo konsekans sou pri lavi a ann Ayiti. Ti sak mayi a ki te vann 400 goud pase a 420 goud. Sak farin ki te 700 goud ap vann 750 goud. Anpil lòt pwodwi sibi gwo ogmantasyon sou mache lokal la.

Antouka, se vre monte pri gaz la se yon bagay ki peze lou sou do popilasyon an, ki deja ap neye nan lamizè, men grèv 7 janvye a plis parèt yon mouvman anti-Aristide pase pou l ta ranmase chay revandikasyon malere chofè ak moun k ap bouske lavi nan popilasyon an. Depi lavèy grèv la, tout sektè makouto/boujwa a te pote soutyen yo koumanse sou KID K-Plim rive sou Himmler Rébu.

Men malerèzman gouvènman Lavalas la mal jere sitiyasyon an jan n t ap di anvan, e sa pèmèt lennmi pèp la sote sou sa. Lè fini gouvènman an kontinye nan pran presyon enstitisyon FMI/Bank mondyal ki lakoz li fè chwa peye dèt olye li sibvansyone gaz la. Sa klè! Yon konsta ki ka bonjan anbarase pye pouvwa a, si l pa deside chanje fizi l zepòl. Piske pawòl la byen di: "Di djab bonjou l ap manje w, pa di l bonjou l ap manje w." Ke gouvènman an chwazi ranmase karaktè l. Lè fini, nan pwoblèm gaz sa a, gouvènman an mal jere li politikman: se sèlman apati 6 janvye a tantativ koumanse fèt pou bay eksplikasyon, ki poko finn klè, sou sa k ap pase a. Yon gwo fay ke opozisyon makouto/boujwa a jwenn e pap manke pa pran woulib pou l rive kote l vle rive a.