| Nouvel kout kreyòl:
Abitan nan Miragwàn mande dedomajman
Manifestasyon kont gouvènman Aristide/Neptune lan nan Miragwàn te lakoz divès peyizan viktim. Gwo kout makak ajan CIMO ki te entèvni, se sa ki te pale. Akote makak Cimo yo te lage sou pwotestatè yo, ajan sa yo te touye anpil betay. «Se pou gouvènman an dedomaje peyizan yo, ki pèdi bèt yo. Gen moun ki pran baton, gen gwo dega ki fèt», selon youn nan peyizan yo. Peyizan sa yo ki di yo te pèdi bèf, kabrit, te sezi, lè yo te wè chèf kabinè prezidan Aristide la, doktè Jean-Claude Desgranges limenm te deklare ke li pa konn dosye sa a byen, se sa k fè li pa fouti di si wi ou non moun yo ap dedomaje.
Pwoblèm koumanse pou Eleksyon 2003 yo
Deja eleksyon 2003 ke Wachintonn enpoze Lavalas ak Konvèjans lan kòmanse mennen pale anpil. Si Fanmi Lavalas wè bagay yo klè devan li, Konvèjans lan pa wè devan ni dèyè ditou, selon lidè li yo.
Prezidan Aristide ki te vle kontinye bay «garanti» bay Konvèjans lan e «kominote entènasyonal» la, te deklare yon fwa ankò ke «an 2003 pral gen eleksyon anvan lè. E se pou sa anvan lontan mwen pral rive nan lòt faz dyalòg ak pati politik opozisyon yo, pou nou kapab ansanm ak tout lòt aktè nan sosyete a ki konsène, mete konsèy elektoral la kanpe, mete komisyon garanti a kanpe, mete pwosesis elektoral la an mach, pou yon kliman sekirite sikolojik e sekirite tou, pou tout moun pale lib e libè, nan respè youn pou lòt nan respè laverite a tou, pou pa genyen manti. E lè sa a tou pati politik yo fè reyinyon, fè mitin avèk libète yo...»
Buron Odigé, ki responsab Fanmi Lavalas nan Sen Mak, bay garanti pa li tou ke palmantè yo ap demisyone «pou eleksyon ka fèt anndan peyi a».
Eleksyon 2003 yo poko rive se vre, men deja kòmanse gen pwoblèm. Depite Jakmèl la, Joseph Lambert te ekspoze pwoblèm pa l ke «lide jeneral la se kisa, oubyen yo elimine Lambert politikman, oubyen yo elimine l fizikman. Nan yon sans kòm nan yon lòt, m prefere mouri fizikman pase pou m mouri politikman», te di depite a, ki tou sanble vle kòmanse kanpay elektoral li davans.
Nan bò pa li, Konvèjans lan toujou montre li ap tann yon «akò» anvan tout eleksyon. Micha Gaillard nan Konakom te deklare ke «li pa ase pou bay bèl pawòl, pou touswit Konvèjans demokratik la ta ale nan eleksyon sa yo. Nou gen ekzijans pa nou, nou gen kondisyon nou e n ap tann aksyon gouvènman defakto Lavalas misye Aristide la li menm.» Pou kòdonatè Panpran nan Lagonav la, misye Monès Célestin, eleksyon pap posib nan peyi a toutotan Aristide pa ta dezame patizan li yo.
Lame dominiken ap deplwaye
Prezidan dominiken an Hipolito Mejia anonse mèkredi 18 septanm lan ke li pral ranfòse sekirite sou tout 350 kilomèt fwontyè ki separe Sendomeng ak Ayiti a. Pou sa, militè dominiken yo ap deplwaye nan zòn lan. Li di ke l ap fè sa pou anpeche dwòg, zam, ak moun ilegal pase.
San pran tan, san reflechi, Premye minis Lavalas la, Yvon Neptune te apiye desizyon zotobre dominiken yo. E li rete kwè se 2 peyi yo ki pou mete ansanm, pou sekirite fwontyè a. Poutan, li pa t menm di ki mwayen Ayiti ap genyen pou l fè pwa nan balans la. E nou kwè pito ke dominiken ap prepare deplwaman fòs li sou tè gouvènman Aristide/Neptune lan vann sou fwontyè a, pou zòn franch lan!
Minis lan demanti «rimè»
Ministè Edikasyon nasyonal Myrtho Célestin Saurel demanti sa li rele «rimè» ki fè kwè avanpwojè lwa sou otonomi Inivèsite Leta a ta deja al nan lachanm. Minis lan di komisyon Charles Tardieu ap dirije nan tèt UEH la poko fè sa. Konsa li te akize konsèy Inivèsite a kòm sektè k ap simen latwoublay, pou mete popilasyon an nan «erè». «Yo konn byen sa y ap fè, lè yo lage rimè sa yo nan lari», te di minis lan. Madan Myrtho Célestin Saurel te fè konnen ke anvan tèks la al lachanm gen divès deba k ap fèt sou li.
Pandanstan, Fwon rezistans etidyan an ki pa mare sosis li ak Konvèjans lan te pran lari ak 200 moun lan jedi 19 septanm lan, e li prevwa fè lòt aktivite kont pozisyon ministè a e kont komisyon Tardieu a, madi 15 oktòb k ap pwente a.
Sitiyasyon difisil nan Matisan
Gwo panik nan maten mèkredi 18 septanm lan nan Matisan, apre disparisyon ou arestasyon chèf OP yo rele Fefe Bien-Aimé a, ki te ansyen direktè simityè Pòtoprens. Anpil barikad te monte, wòch ak bal t ap tire nan zòn sa a, kote tout aktivite te kanpe. Lapolis te entèvni. «Wi, lapolis tire sou nou, lapolis tire timoun yo, tire gran moun, yo ba nou anpil gaz. Genyen kèk kanmarad militan nou genyen ki ap pral laswenyay nan lopital jeneral kounye a la a», te di yon chèf OP. Yon lòt te fè konnen: «Wi se lapolis menm ki arete l, komisè Dominique...» Poutan, pòtvwa lapolis la, Jean Dady Siméon te demanti pawòl ki di se lapolis ki te arete Fefe ak 2 lòt pwòch li.
Pou jis lè nou ap ekri a, yo pa wè van Fefe, èske li monte, èske li desann. Men, yo ta jwenn machin mouche boule Ti Tanyen. Bri ki t ap kouri te fè kwè kadav misye ta nan do Batima a, yon zòn kote yo konn ekzekite anpil moun deja. Enfòmasyon sa a pa t ni verifye, ni demanti.
Men, OP yo pa t deside kanpe la, malgre deja gen yon jennòm ki mouri anba bal ak divès blese. Yon manm OP te fè konnen: «Bon, faz la se faz B, faz A a lè n ap aplike l sou beton an wa tande l e wa va viv li ak zye w tou.» Kote Félix Bien-Aimé ak konpay li yo pase?
Vizit ekspè endepandan LONI a
Louis Joinet, yon jiris franse, rantre nan peyi a pou yon vizit yon semen, soti samdi 21 pou rive dimanch 29 septanm, kòm «ekspè endepandan» Nasyonzini sou sitiyasyon dwa moun.
Joinet pral travay ak reprezantan «sosyete sivil» la, laprès, reprezantan Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC), reprezantan lekòl majistrati a, sou kestyon dwa moun lan. L ap pwofite chita koze ak reprezantan LONI ak OEA yo ann Ayiti. Li ap gen pou pote konkou bay gouvènman ayisyen an, pou etidye evolisyon sitiyasyon dwa moun nan e verifye si Ayiti fè nòt nan domèn lan.
Kongrè «Black Caucus»
Nan kongrè chak ane Black Caucus la òganize nan Washington sou Karayib la, anpil delegasyon etranje toujou envite. Ane sa a, prezidan komisyon Afè etranje chanm depite a, depite Wilner Content te rejwi li wè kòman kongresmann yo t ap «defann gouvènman» ayisyen an. Selon Content, yo te wè fòk gen deblokaj ekonomik pou 2004 la ki se dat 200 zan endepandans peyi Dayiti ta fete kòm sa dwa.
Bandi pi rèd nan Aken
Moun Bidouz ki se dezyèm seksyon kominal Aken mande konkou lapolis. Paske yo bouke sibi move zak bandi ame. Plizyè peyizan zòn lan gentan viktim e tout moun nan zòn lan rete ak kè yo sou biskèt.
Nouvo direktè nan ONA Pòdpe
Mèkredi 18 septanm, Clarvel Gélin, ki ranplase Aléus Jean kòm nouvo direktè Ofis nasyonal asirans vyeyès (ONA), te enstale nan Podpè.
«Kiben» pap fè yon pa kita yon pa nago
Sou bri k ap kouri pou ta di li gen lentansyon kite peyi a, Amiot Métayer alyas Kiben di li pap fè yon pa kita yon pa nago. Paske «arestasyon m te ilegal, se pou sa mwen pran avoka, pou diskite pou mwen», te di Métayer, ki te ajoute ke «peyi Dayiti se peyi pa m, m gen 32 zan m ap viv nan peyi Dayiti. Se apre m te vin gen pwoblèm politik, m te fè 1 nan Ozetazini. Apre m vin rantre, m ap viv...», te di Kiben. Men sepandan li pa ekate posibilite ke «petèt mwen ka fè yon semènn Ozetazini...»
Odonel «tounen nan baz»
Odonel Paul ki se responsab Mouvman demokratik pou liberasyon nasyonal (MODELIN) e dirijan FINOP (Fòs inifye òganizasyon popilè) yo ke MODELIN fè pati, nan yon konferans pou laprès, te deklare ke «lè genyen konplo entènasyonal kont peyi a, se batay òganizasyon popilè, lè gen kriz anndan peyi a, se batay òganizasyon. Se sa k fè nou menm nan FINOP, batay sa yo n ap rantre, nou pap nan batay de grenn goch, nou pap rantre nan batay ki pa marye ak enterè mas popilè a», dapre Odonel.
N ap raple, Odonel Paul nan MODELIN te sipòte lit Kiben t ap mennen kont gouvènman Lavalas la anvan tou 2 te vin rekonvèti ankò nan Lavalas. Kidonk, Odonel tande lòt OP yo k ap mande «Aristide tounen nan baz» li pran devan pou l tounen nan baz li?
Abitan sezi machin depite a
Depite Piyon an, Géro Charles, di gen yon gwoup moun nan komin Piyon an ki te kenbe machin li «sou pretèks pou yo fè wout la ba yo». Palmantè a ki te di li pa t fè gwo ponyèt ak moun yo, te mande entèvansyon ministè Travo piblik, pou twonson wout Piyon/Laviktwa a. Sepandan Depite a te fè remake ke nan mouvman sezi machin li an, li te note prezans kèk moun politik ki pa nan menm kan ak li.
Hipolito Mejia gen yon «elèv»
Premye minis peyi Dayiti a, Yvon Neptune, anonse gouvènman lan tou pral ranfòse «mezi sekirite», sou 350 kilomèt fwontyè ant 2 peyi yo. Chèf gouvènman an gen pwojè a nan kad batay pa l tou kont «kesyon trafik dwòg ak kesyon kontwòl zam ilegal anndan peyi a», selon sa l te di. N ap raple pawòl sa yo te sòti deja nan bouch chèf Leta dominiken an, Hipolito Mejia. Sa klè se pretèks, pou lame dominiken kontinye deplwaye sou fwontyè a.
Asasina yon fanmi 5 moun
Nan lokalite Jaken sou komin Wozo, bò Jeremi, André Jean Jude ak Dutès André touye 5 moun nan yon menm fanmi e boule kay yo nan lannwit 16 septanm lan. Jean-Jude fè konnen ke moun sa yo li touye yo se yon houngan ak fanmi li ki t ap pèsekite fanmi pa li a. Jude ki se yon elèv klas filo nan Jeremi te deklare: «Mwenmenm, mwen tiye mesye a. Epi Dutès li menm, li vin wè madanm misye a wè li ak tout pitit li yo, e li gen bagay nan zòn lan, li pa ta renmen kite li, li etenn souf lòt yo.»
3 moun blese nan Gonayiv
3 moun te blese anba bal nan Gonayiv, mèkredi 18 septanm lan. Sa te rive nan afwontman ki te genyen ant moun ri Libète e Klèvo ak moun Raboto. Chirepit sa a ki te lakoz kèk kay boule tou, te fèt apre batay ki te genyen ant 2 timoun, pou yon sandal. Paran ki te mete bouch nan koze a te agrave bagay la. Kout wòch, katouch te fè tout lannwit mèkredi a ap tire. Nan jedi 19 la, bagay la te rekòmanse pou lapibèl.
Bazin kite sa
Minis san pòtfèy Lavalas la, Marc Louis Bazin te voye lèt demisyon li pa Premye minis lan, Yvon Neptune bay prezidan Aristide. Minis lan ki pase 7 mwa nan pòs li nan otèl Montana, te konfime sa nan yon nòt pou laprès. Demisyon sa a pa tèlman etone ansyen kolaboratè lidè MIDH la, Serge Gilles nan Panpra, ki te deklare ke se «yon rekasyon san sipriz. Etandone touswit apre rezolisyon 822 a pa gen negosiyasyon, donk.... nou te toujou panse, bon, ministè sa a pa gen plas li».
Viktim ap miltipliye nan Matisan
Sitiyasyon vyolans lan kontinye pou lapibèl nan Matisan nan banlye sid kapital la kote manifestan yo toujou ap reklame liberasyon yon chèf yo Félix Bien-Aimé ki disparèt. Barikad, kout wòch jis nan madi 24 septanm sa a kote anpil kay gentan boule, anpil vit machin kraze e plizyè moun rive pran katouch nan Matisan. Sou wout Dal la, bò kay Félix Bien-Aimé, anwo pa t monte anba pa t desann.
KREDI PAM ap mache
Pwogram Kredi Pam lan tabli depi anviwon yon mwa, kote Bank nasyonal kredi (BNC) ap prete fonksyonè Leta lajan. Yon lajan anplwaye yo ap gen pou remèt ak enterè. Guyto Toussaint ki se yon responsab BNC te di: «Jounen jodi a, nou deja debouse anviwon 25 milyon goud, pou anviwon mil ajan fonksyon piblik la.»
Il Lagonav toujou pa gen dlo
«Nou menm, nou pa konn kisa pou nou fè pou nou jwenn dlo pou nou bwè nan moman sa yo. Paske yo anonse siklòn, van ap vante, batiman nou konn pran, pou nou al pran dlo Miragwàn... Se yon zòn toutan lapli pa tonbe, ou pa ka jwenn ti gout dlo pou bwè», dapre sa yon abitan Lagonav t ap di.
|