| Nouvel kout kreyòl:
Amatè bato yo mawon pò Pòdpè a
Serge Tassy ki se direktè Ladwann nan Pòdpè mande pou biwo santral la nan Pòtoprens fè dilijans pou remanbre pò a, k ap fin degrade. Direktè a fè wè se sèlman 2 a 3 mylyon goud pò sa rantre chak mwa, kidonk, yon defisi selon li, pa rapò a ane pase yo. Direktè a te note divès manèv amatè bato yo fè, pa egzanp amatè yo plis pito al kochte nan il Latòti olye yo rantre nan pò Pòdpè a. Pi gwo rezon an, se paske yo pa vle peye ladwann ak Direksyon jeneral Enpo (DGI).
Chwa yon jij enstriksyon
Avoka Mario Joseph, ki ap defann viktim masak Pyat yo, mande pou se pa yon moun Senmak yo mete kòm jij enstriksyon sou dosye sa a. Avoka a pran egzanp ansyen jij la Kesner Noël, pou l jistifye demann li an. Pou li, mèt Noël te gen akwentans ak prensipal responsab masak la, kidonk ekip Olivier Nadal la.
Pwoblèm ap anpile nan Lagonav
Lekòl nasyonal Palma, nan il Lagonav ap viv yo move sityasyon. Dabò lekòl sa a pè katolik yo te fè Leta ayisyen kado a deja twò piti. Anplis gen senpman 3 pwofesè pou divès klas. Pa gen materyèl, e timoun yo kòm blije kanpe akoz ban ki manke. Kidonk, koze a grav Lagonav. Pi lwen, se peyizan nan divès lokalite k ap plenyen akoz dlo pwòp, lasante, wout, ki pa genyen nan zile a. Moun Palma, Ansagalè, Twou Jak, yo tout viktim sityasyon sa a.
Zafè taks sou jounalis yo
Selon Murray Justin Junior ki se pòtpawòl Direksyon jeneral enpo, enstitisyon an te anvizaje rankontre ak pwopriyetè medya yo sou kesyon taks yo. Murray montre li etone lè li wè gen retisans bò kote pwopriyetè medya yo, poutan li konnen se yon bagay nòmal pou tout sitwayen ta peye taks. Murray fè kwè, kontrèman ak sa Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH) te panse, se p ap yon kont maltaye politik, se pito yon mezi administratif. Bò kote pa l, Guyler C. Delva wè sa nòmal pou tout medya yo te ale nan sans demach DGI a, kidonk, pou yo ta aksepte peye enpo. Anpil jounalis pa mache nan lojik sa a, pou yo ta peye taks sou ti kras monnen y ap touché a ki pa menm pèmèt yo viv.
OP yo mande Aristide tounen nan baz
Menm jan ak òganizasyon popilè Pòtoprens yo, OP nan Okay ak Jakmèl yo te mande pou prezidan Aristide rejwenn «plan pèp la». OP sa yo kritike antouraj chèf Leta a, yo wè ki lakoz tout malè peyi a. «Aba senatè, nou vle reprann Aristide, aba depite optimis, nou di, nou vle rekipere Aristide nan men kominote entènasyonal la», te di Lucien Orgella ki se chèf mouvman sa a nan Okay. Nan Jakmèl, PAKO ki se yon òganizasyon popilè pwòch Lavalas, te swiv menm liy lan. Nan Sen Mak, Balewouze te ale nan sans modòd la «Pou Aristide tounen nan baz». Nan rantre nan vann tèritwa peyi a pou fè zòn franch pou grantoryan etranje vin kale tèt peyizan, nan defann enterè Washington ak boujwazi tilolit lakay, ou kwè Aristid ta tounen nan baz?
Yon repòtaj «Arte»
«Arte» ki se yon chenn televizyon kiltirèl franko alman te pase yon repòtaj sou sityasyon peyi Dayiti, apre retou prezidan Aristide sou pouvwa a. Dokimantè sa a pote non «Ayiti retounen nan diktati». Li montre divès pwomès prezidan Aristide te fè ki pa respekte, e li montre gen anpil vyolasyon dwa moun nan peyi a.
«Jistis pou Rénel»
«Nou mande jistis pou Rénel», se te pawòl abitan Dèlma 32, nan jou dimanch 8 septanm nan. Yo te mete gwo barikad sou wout la e bloke lari a. Se nan lasware jedi 5 septanm nan, zenglendo te touye Rénel Pierre, ki t ap fè sekirite nan komin lan. Moun Dèlma 32 ki wè anyen pa janm fèt, pou arete koupab yo, te leve kanpe. E, yo deside, toutotan yo pa mete kòd nan kou bandi yo, «mobilizasyon an ap kontinye».
30 krim pou mwa jiyè ak out
Pou mwa jiyè-out yo nan zòn kapital la, Komisyon jistis ak lapè note 30 krim, selon direktè li, pè Jean Hansen ki te deklare ke «pifò petèt fèt ak bal, gen kèk se zam blanch, gen kèk nou sispèk se touye yo touye moun lan pa eksprè. Gen youn ki fè yon aksidan, men donk se ta yon machin ki frape li, men ki kite kadav la konsa, ki kouri... men pifò mouri anba bal».
SIMO te simen makak devan palè
Madi 10 septanm lan, se pa ti eskonbrit ki te gen devan palè nasyonal. Moun Lento 1 nan komin Site Solèy te ransable pou manifeste pou denonse reponsab yo. Depi nan dat 2 jiyè a, apre gouvènman an te fin kraze kay yo nan zòn lan, se nan lari moun sa yo ap dòmi. Genyen yo bay 200 goud ou 250 goud, sa ki pa ka fè anyen pou yo. Sitiyasyon sa a te leve plim sou do manifestan yo, ki te limen gwo flanm kawoutchou devan palè a. Se pa ni 2 ni 3 kout makak ajan Simo yo te bay manifestan yo. Anpil gaz lakrimojèn te voye.
Menm jan an tou, Fwon Chalo Jaklen te denonse fason distribisyon materyèl lekòl la te fèt nan komin Site Solèy, kote veritab moun ki bezwen yo pa t jwenn anyen.
Bon nòt pou koperasyon Ayiti ak Kiba
Chaje dafè peyi Kiba a ann Ayiti a bay yon bilan sou fason Ayiti kopere ak peyi li, nan domèn lagrikilti, lasante, lapèch, depi 1997. Mesye Temistocles Fung fè konnen ke kapab gen 600 bous ankò pou jèn ayisyen ala etidye Kiba, e li wè relasyon ant 2 peyi yo ap kontinye amelyore. Bò kote pa yo Etidyan ki ap etidye Kiba yo nan yon konferans pou laprès montre jan yo satisfè fòmasyon yo resevwa nan Kiba.
PNUD vle kenbe men ak gouvènman an
Nouvo reprezantan Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) ann Ayiti a, Adama Guindo, te pwomèt vandredi 13 septanm lan, nan yon konferans pou laprès, ke li pral travay ak gouvènman Lavalas la. Guindo ki konseye dirijan ayisyen yo travay pou pwoteje anviwonnman an, ankouraje edikasyon ak lasante, ke li wè se sèl chans pou yon demen miyò, nan enterè jenerasyon k ap vini yo. Guindo te tou pwofite, pou voye monte «Somè Latè» a, ki te fèt nan peyi Afrik di Sid.
Minis Anviwonman an ap travay
Nan yon kominike ki parèt jedi 12 septanm lan, minis Anviwonnman an, Webster Pierre, bay dat 23 septanm lan, kòm dènyè delè pou moun pa jete fatra nan lari ankò. Nan tèks 13 atik sa a minis lan anonse plizyè sanksyon pou moun ki pa konfòme yo: «23 septanm 2002, moun pap gen dwa jete fatra atè ankò. Men, kòm nou di anpil moun ka poko konn sa byen. Nou gen anons ka pral di sa nan tout laprès la. Nou di n ap bay yon delè padon, jiska 30 septanm 2002. Sa vle di, si premye oktòb moun poko konprann toujou, enbyen na pral blije pase nan faz yo... Li gen yon faz pou w peye yon amann, sa vle di 100 goud pou pi piti. Yon lòt faz nou konsidere ki pi di pase lòt la, paske li menm, se 2 mwa prizon pou pi piti...»
N ap raple nan dat 24 out pase a, minis lan te bay tèt li 9 septanm 2002, kòm dat limit pou l wete tout fatra nan Pòtoprens. Malerèzman kesyon fatra a pi konplike nan Pòtoprens pase jan moun ta kwè a. Pa gen poubèl nan lari a, wout anndan yo, kanal yo souvan bouche e edikasyon popilasyon an pa fèt nan sans pou yo aprann pwoteje lanviwonnman an. Tout responsab ki pa sou blòf, ki ta vle regle pwoblèm fatra tout bon vre dwe konprann sa. Sinon se menm sa ki konn abitye rive a k ap retounen repete. Si yo pral netwaye kapital la, depanse mago lajan nan mete ti poubèl chanpwèl nan lari a, epi pou finalman moun vin reyalize se demagoji.
Aristide fè Pierre-Charles yon koutfil
Jedi 12 septanm lan, prezidan Jean-Bertrand Aristide te telefone chèf OPL/Konvèjans lan, Gérard Pierre-Charles, men yo pa t revele sa yo te pale vreman ansanm. Menm sekretè deta kominikasyon an, Mario Dupuy ki te konfime sa pa t di plis. E Pierre-Charles limenm, li te senpman di: «Mwen espere dyalòg sa a pral ka pouswiv pou byen peyi a.»
David Chéry retounen nan Penitansye
Eskwokri, abi konfyans se 2 akizasyon sibstiti komisè gouvènman an, mèt Riquet Brutus, lage sou do prezidan konsèy administration koperativ «Coeurs Unis» an David Chéry, ke li te tande pou yon dezyèm fwa, nan jedi 12 septanm lan. Malgre avoka David Chéry a mèt Jean Francen te wè klijan l lan inosan e te mande liberasyon l, komisè a te retounen Chéry nan penitansye.
Se anpil polisye CIMO ak gwo zam ki te okipe zòn lan, lè ajan Apena yo t ap kondui responsab «Coeurs Unis» a. Anpil sipòte Chéry t ap mande liberasyon li e yo te tire anpil kout wòch sou pakè tribinal sivil Pòtoprens lan. Jès ki te lakoz polisye CIMO yo tire anpil kout zam anlè. Te gen gwo panik nan zòn lan. Sa te vle dejenere sitou lè yo t ap sòti nan pakè a, pou retounen ak responsab la nan penitansye a.
Pou kounye a, David Chéry nan penitansye nasyonal. Si komisè a rive verifye ke toutbon vre misye ta deja vann yon pati nan byen koperativ la, e pote ale anpil lajan, dosye li a pral gen pou ale nan kabinè enstriksyon. Konsa tou, divès moun dakò ak arestasyon David Chéry a. «Mwen rete kwè David Chéry te vle sove avèk lajan manm koperativ la yo...», te di yon «sosyetè». Yon lòt te ajoute: «Poukisa li te gen paspò l sou li, si l te senpman gen lentansyon al fè yon etid nan Wanament.»
Yon lòt bò, se minis Finans lan Gustave Faubert ak direktè CNC a, Henriot Pétiote, k ap manevre. Minis lan di gouvènman an debloke 10 milyon goud pou remèt sosyetè koperativ ki fè fayit yo lajan yo. Poutan anpil «sosyetè» di se yon blòf koze sa a ye, piske yo pa janm di yo ni je wouj ni je vèt. E direktè Pétiote te di ke se petitapeti ke yo ap ranbouse paske gen anpil dosye.
Chak moun pran Rezolisyon 822 a nan sans pa yo
Se nan dat 4 septanm lan ke OEA te adopte rezolisyon 822 a, ki fè gouvènman ayisyen kèk ekzijans, nan pwosesis pou rezoud kriz la. Rezolisyon sa a ki vini apre rezolisyon 806 la, te lage lakontantman kay divès dirijan nan pouvwa Lavalas la. Sekretè deta kominikasyon an, Mario Dupuy, te montre madi 10 la gouvènman an pral bat tèt li kou l konnen pou aplike rezolisyon 806 e 822 yo. Li te di divès mezi te gentan pran pou rive nan aplikasyon 2 rezolisyon OEA sa yo. Apre rezolisyon 822 a, divès palmantè Lavalas te montre yo prèt pou yo kraze kite sa, kidonk demisyone.
Sepandan tout palmantè yo pa bwè nan menm vè. Depite Simpson Libérus nan 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens ak depite James Desrozin nan lojik demisyone anvan lè yo a. Yo pap fè yon pa. Linyon eropeyèn (UE) ki deja debloke 550 mil ewo kòm èd, pou misyon api ak demokrasi OEA a ann Ayiti a, selon diplomat alman an, Klauss Peter Schick, aplodi rezolisyon 822 a. «... Pandanstan yo ka konsidere rezolisyon 822 OEA a kòm yon pa...», te deklare diplomat la, ki pa t bliye di kantite lajan UE vle kontinye debloke pou misyon OEA a an Ayiti.
Lidès MPSN/Konvèjans lan, Hubert de Ronceray, te di li pa etone tande kèk palmantè Lavalas di yo pap fè yon pa kita yon pa nago. Responsab sa a te di sa fèt paske Lavalas pa janm respekte mo li, selon lidè neodivalyeris la. Pou alatèt MPNKP a, Chavannes Jean Baptiste «Mwen panse rezolisyon an li an favè Lavalas e se klè Konvèjans lan pa gen anyen ki an favè l...», te wè Chavannes. Paul Denis nan OPL/Konvèjans lan, se arestasyon «lotè ak konplis» zak 17 desanm yo ki enterese l anvan tout «afè monte KEP», rezolisyon 822 a ap pale a.
Laprès toujou anba bwa
Plizyè ka anrejistre nan peyi a, kote menas ak represyon ap fèt sou jounalis. Sekretè jeneral Asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH) an Guyler C. Devla, deja note 7 ka. Jean-Robert François (Metwopòl), Anne Myriam Loiseau (Vizyon 2000), Claudy Milord (radyo Saka), Yves Marie Jasmine (Metwopòl), John Pierre (radyo Limonad FM), Israël Jacky Cantave (Karayib) ak Brignol Lindor, se ka jounalis agrese, menase e menm yo touye, responsab AJH la te sonje.
Bagay la tèlman tyak, Delva pa gen bouch pou l pale. «Gen tèlman anpil ka kote yo vyole libète laprès, nou mande èske gen moun, èske gen yon politik», selon sekretè jeneral AJH la.
Nan Plato santral, Asosiyasyon jounalis Mibalè ak branch AJH depatman an, te kondane seri zak entimidasyon sou kounalis yo. Eliezer Melkior nan AJM Ba Plato a te di: «Nou pa fè ajan CIMO yo anyen, nou pa fè kriz politik peyi a anyen. Ki di Lavalas, ki di Konvèjans, noumenm jounalis, nou la n ap fè travay nou. Pa gen youn nan moun sa yo ki ka enpoze nou, ni mete baboukèt nan bouch nou, pou nou pa pale, pou nou pa di sa ki laverite anndan peyi sa a. Nou kwè se responsabilite tout moun, se bay peyi a yon lòt vizay, yon lòt figi.» Deklarasyon sa a te fèt nan sans pou te kondane menas ki ta ap fèt kont Jean Robert François, ki se yon korespondan radyo Metwopòl nan vil la, manm OP pwòch Lavalas yo akize, kòm moun ki ta nan konbinezon ak Konvèjans lan. Jounalis sa a ta nan mawon. Nan Miragwàn dimanch 8 septanm lan, polisye CIMO te agrese Anne Myriam Loiseau ki se korespondan Vizyon 2000 nan vil la. 2 lòt jounalis te agrese tou nan moman an.
Poutan, odasye yo bay pou sekretè deta Kominikasyon an, Mario Dupuy, te di: «Gouvènman repiblik la bay garanti fòmèl, li pap aksepte gen menas ou pèsekisyon ki fèt kont jounalis. Men an menm tan, n ap pwofite raple l, e nou toujou di l, pi gwo pwoteksyon jounalisl a, se sans etik li, se sans responsabilite li, se pwofesyonèl li...»
Pèp la pa bliye 11 septanm
11 septanm 2002 a sòt fè 14 zan apre masak Sen Jan Bosko a, 9 lane apre asasina Antoine Izméry nan legliz Sakrekè. Nan okazyon sa a divès seremoni te fèt pou raple dat sa a. Oganizasyon kouwè JPP, TKL, te raple dat la nan lakou legliz Sen Jan Bosko e yo te pwofite relanse operasyon yo rele «reprann prezidan Aristide» la.
Lòt òganizasyon tankou Fondasyon 30 septanm, Baz fristre te mande jistis pou viktim yo. Fondasyon 30 septanm te mande tou, pou gen yon jij enstriksyon sou dosye a. Nan okazyon sa a tou prezidan Aristide te rankontre ak plizyè viktim nan palè nasyonal.
Rapò a al jwenn OEA
Se jedi 12 septanm lan ke gouvènman an te voye «rapò» sou evènman 17 desanm 2001 an bay sekretè jeneral OEA a, César Gaviria. Rapò sa a pale sou aksyon gouvènman an mennen sou evenman 28 jiyè ak 17 desanm 2001 yo.
|