| Nouvèl Kout Kreyòl:
Vyolans nan Akayè
3 moun mouri, anpil lòt blese, komisarya kraze, se bilan vyolans ki te fèt nan Akayè jou ki te madi 27 out la. Sa te kòmanse lè yon nèg yo rele Tiblan te fin touye yon lòt ki pote non Souffrant ansanm ak madanm li. Lapolis te fèmen li nan prizon, men moun te debake nan komisarya a, ak manchèt, bout fè, e yo rantre, yo pran Tiblan epi yo boule li ak kawoutchou. Polisye yo pa t ka fè anyen, yo te menm blije kouri pou te chape tèt pa yo, dapre sa komisè polis Akayè a Félix Daniel, te deklare. Se kèk tan apre ke ranfò CIMO te rive.
Depa Jacky Cantave
Jounalis Israël Jacky Cantave pati kite peyi a ak madanm li pou ale an Frans nan dat 29 out la, poutèt li ta kontinye resevwa gwo menas. Lapolis ki te vle anpeche l pati pa t reyisi piske jounalis la pat gen okenn mezi intèdiksyon depa kont li. Responsab sal nouvèl radio Karayib la, Jean Elie Moleus, te presize ke kolaboratè li a pa t mande azil politik. «Non Jacky pa pati ak estati ekzile, se yon ti vwayaj ke l fè, li gen paspò l, viza l, e li pati an Frans sitou, li te bezwen yon ti tan pou li repoze l». Bò kote pa Geffrard Bien Aimé ki se soudirektè jeneral Asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH), deklare: «Se yon sitiyasyon ki regretab, ki deplorab chak fwa ke yon jounalis blije pati kite peyi a nan de kondisyon difisil pou klèlke swa rezon an..., e nou deplore fason sa a. Men yon lòt bagay ki deplorab tou, se paske jiskaprezan lapolis poko konkli ankèt li sou anlèvman Jacky a, e ki jodi a, blije pran chimen etranje pou li. Anfèt sa a, li pa nan entère pwosesis demokratizasyon ke nou tout ap lite pou enstore nan peyi a, li pa nan enterè eta de dwa ke tout moun vle mete nan peyi a». Komisè Jeannot François te konvoke nan direksyon santral polis la pou vandredi 30 out manman Jacky ansanm avèk tout estaf radyo Karayib la.
8tyèm anivèsè lanmò Jean-Marie Vincent
Manm Fondasyon Jean-Marie Vincent yo te komemore 8tyèm anivèsè lanmò pè Monfòten an, nan jou ki te 28 out la. Pè Freud Jean, ki se youn nan moun ki alatèt Fondasyon an, di ke «sa fè 8 ane depi yo touye Jean Marie, jiskaprezan poko gen rezilta». Pou Marcel Mondésir, «se yon santiman de desepsyon ki entèpele konsyans nou tout», di fèt ke se sou menm rejim Lavalas sa a ke pè Jean Marie te toujou ap soutni an e li pa kab jwenn jistis jodi a.
Palmantè yo satisfè
Palmantè Lavalas yo te fete dezyèm anivèsè antre an fonksyon yo, 28 out ki pase a. Pou prezidan chanm sena a, Fourel Célestin, bilan an satisfezan e li rann moun Konvèjans «demokratik» yo responsab tout sa k ap fèt kounye a.
Jij St-Vil ap kontinye ankèt
Jij k ap mennen ankèt sou asasina Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint, Bernard St Vil te tande madi 27 out, Freud Junior Demarat, yon ansyen polisye ki te afekte nan USGPN, nan palè nasyonal. Ansyen polisye a yo repwoche l kòm moun ki konplis nan sa k te pase 3 avril 2000 lan nan lakou radyo Ayiti Entè. Sa fè 5e moun jij Bernard tande depi li nonmen sou dosye ankèt sa a.
Lavalas ak Konvèjans ap twoke kòn
Gabriel Fortuné, ansyen depite ke 2 polisye ta sanble malmennen, t al pote plent pou yo nan palè jistis Okay, 26 out ki sot pase a. Kèk patizan Konvèjans ki te akonpaye ansyen depite a te tou pwofite fè yon manifestasyon kont pouvwa Lavalas la. Men, manm òganizasyon popilè «Operasyon pou lapè» ki pwòch pouvwa a, ki te anbiske kò yo sou kote pakè a, te atake manm Konvèjans yo, dapre sa manm Konvèjans yo di. Anthony Sillon, yonn nan dirijan Konvèjans yo ki di li te pran kou, di polisye ki te sou plas yo te pito pase yo nan betiz olye yo te pote yo sekou. Pou delege Sid la Jacques Matelier, se Gabriel Fortuné, li menm ki te pwovoke akwochay li a ak polisye yo, sa fè pati yon plan pou simen latwoublay nan depatman an, selon delege a.
Leve kanpe kont Yvon Neptune
6 mwa apre Yvon Neptune te nomen nan tèt primati a, anpil manm òganizasyon popilè ap kouri dèyè li. Men leve kanpe sa a dapre Hendel Carre pòtpawòl prezidans lan ki di: se dwa yo ke manm OP sa yo ap ekzèse. Men dapre René Civil, ki se chèf JPP, li poko lè pou l ta mande Yvon Neptune kite pouvwa a se sèlman alòd l ap raple l kounye a. «M ap raple Yvon Neptune a lòd, mande l pou li pran responsabilite li nan moman sitiyasyon sa a, paske nou aprann ke tout moun ki te avèk Chérestal yo, tout moun ki te avèk Rosny Smart, ki te konn pale ak tout lòt Premye minis yo se menm estrikti sa yo ki ap jere primati. E lè yo ap jere primati a yo pap pote okenn solisyon. Lè sa a pou Yvon Neptune antan ke Premye minis li pap bon, se sa ki fè nou pran responsabilite nou pou nou raple l alòd di l pran chemen ki ap ede prezidan an» se sa René Civil te deklare. Men chèf JPP a te tou pwofite pou l te mande prezidan an pou l retire sou li yon bann moun tankou Jean-Claude Jean Baptiste, Agathe Déloné, Lans Clonès, Prince Sonson Pierre, Gérald Gilles, ki pap travay nan enterè rejim Lavalas la, dapre René Civil.
Yo fèmen meri Ans Wouj la
OP Lavalas nan Ans Wouj fèmen pòt meri ke katèl Mokrena ap dirije, a poutèt gen youn nan majistra yo ki ta souflete yon manm OP pandan li t ap manifeste. «Majistra Ismaël, pandan manifestan yo ap manifeste pasifikman, li rantre, li rale megafòn ki nan men popilasyon an, epi li bay youn nan mesye ki te gen megafòn lan yon kalòt. Popilasyon te ranre nan meri, lapolis te entèvni e san vyolans manifestan yo fèmen meri a. Noumenm, nou mande rapid, rapid depa katèl majistra sa a», pòtpawòl OP Lavalas yo, Maxo Gaspard te di.
«Konvèjans ap fè jalouzi»
Pòt pawòl Fanmi Lavalas la, Roody Hériveaux, ki t ap pale sou manifestasyon moun ki nan Konvèjans yo ap fè pou mande chèf leta a kite peyi a, di bagay sa pa nan ajenda yo. Li kwè nan moman sa a moun Konvèjans yo ta dwe chanje diskou yo epi siyen akò inisyal OEA a. Pòt pawòl la panse tou se jalouzi manm Konvèjans yo ap fè akòz «karism» Jean-Bertrand Aristide.
Lavalas ak Konvèjans ap kontinye ti lagè yo sou do pèp la
Dirijan Konvèjans yo, bay yon konferans, jou ki te 30 out la, pou yo denonse yon konplo ki ta vize dapre sa yo di pou asasinen kèk manm pami yo. Dapre Paul Denis ki se pòtpawòl yo, se Aristide limenm ki ta panse plan sa a. «Nou tande menas e nou konprann se chèf chimè a, se wa chimè a, prezidan zòboy ki prete bouch chimè OP pou pale avèk nou. Ou ka boule kay, sasinen nou, men ou pa kapab touye lanmou nou genyen pou demokrasi», deklare mèt odasye a. Pandan tan sa a, manm OP Lavalas, ki nan Kafou, Okay, Latibonit, fann nan kò Konvèjans pou li sòti kò l sou teren an.
Anpil manm OP Lavalas ak manm Fondasyon Aristide pou demokrasi te pran lari nan Gonayiv, mèkredi 29 out la, pou fè louanj prezidan Aristide. Manifestan yo te tou pwomèt tout moun ki konnen yo pa an favè Aristide sa yo pran se pa yo. Se konsa nan Latibonit yon gwoup moun ki nan yo te kraze ak gaz lakrimojèn epi kout zam yon rankont pwòch Konvèjans yo t ap òganize nan Lyankou. Youn nan chèf OP Lavalas yo, Pierre Henry, te sèmante sou vi li ke Konvèjans pa ka reyini nan Latibonit.
Biwo prezidans lan mande pou Cantave tounen
Nan moman lapolis ap pouswiv «ankèt» li pou fè limyè sou dosye anlèvman jounalis radyo Karayib la Jacky Cantave, pòtpawòl prezidans la, Jacques Maurice mande pou jounalis la retounen nan peyi l vin ekzèse kòmsadwa metye li. «Nou panse ke konfrè nou ka retounen nan peyi li non sèlman pou ride pou ankèt la, men pou fè travay li kòm jounalis pwofesyonèl. Nou pwofite bay omaj a jounalis ki kenbe banyè a, malgre presyon ke yo genyen,…».
Moun ap mande èske otorite yo konn sa yo vle? Yon bò minis Kilti a madan Desquiron te fè konnen pral gen «sipriz» nan dosye Cantave la, e depite Hériveaux bò pa li te di anlèvman an se yon pyès teyat ki mal monte. Jodi a vwala ke laprezidans regrèt Cantave pati!
Ti moun ki gen sida yo vanse trennen nan lari
Mezon Akansyèl, ki se yon enstitisyon ki okipe timoun ki gen maladi Sida ou byen ki gen viris la, ka pèdi lokal leta ayisyen te mete a dispozisyon li depi ane 1994. Pou Robert Pénette, youn nan responsab enstitisyon sa a, si sa ta fèt se t ap yon kou di pou timoun sa yo, si yo pa ta jwenn yon lòt kote pou yo ale. Men poutan tout tan gouvènman an ak òganizasyon etranje yo ap penpennen pou rakonte travay yo ap fè pou moun ki gen sida.
Manifestasyon pou elektrisite
Moun Fò Sen Michèl nan Okap tanmen yon leve kanpe vandredi 30 out la pou mande kouran elektrik nan zòn yo. Manifestan yo di toutotan delege Nò a ak direktè EDH la pa ba yo garanti Fò Sen Michèl ap gen kouran, y ap kontinye bloke zòn lan.
Kout baton nan plas liv!
Nan moman yon distribisyon liv delegasyon Fanmi Lavalas la t ap fè nan zòn Nò lendi 26 out la, te gen yon lese frape ant yon abitan ak yon polisye. Apre twoke kòn sa a, polis Cimo yo debake e yo simen baton sou tout moun, menm yon jounalis Edrice Joseph, ki se korespondan radio Ayiti Entè e direktè «La Vwa di Nò», te resevwa anpil kout makak.
Minis la ap fè demagoji
Koalisyon nasyonal pou defans dwa moun (NCHR) te kritike deklarasyon minis Enteryè a, Jocelerme Privert, ki te repwoche manm òganizasyon dwa moun yo dèske yo ta gen patipri nan dosye Gwasimal la. Yolène Gilles, youn nan pòtpawòl NCHR la, ankouraje minis lan pou l ta al li rapò NCHR te ekri sou evènman sa a, konsa li ta konplete e menm korije bilan li genyen sou sa. Pòtpawòl la te tou pwofie reklame liberasyon 2 dènye peyizan, ki se manm Batay Ouvriye ki nan prizon toujou.
Yon kontwolè rale zam li!
Moun nan vil Kabarè t ap fè aktyalite nan apremidi 29 out la. Jou sa a, yon ekip moun sòti pou yo te vide atè komisarya a pou yo te pran yon prizonye ki se yon kontwolè machin, ki te fèmen la dèske l ta blese ak zam yon moun. Depite zòn lan, Melchior Antoine t ap eksplike sa ki te mennen zak sa a: «Se li ki chofè nan zòn lan, li fè trafik Akayè/Kabarè. Depi kòmansman semèn lan, yo vle monte pri transpò a, li te 3 goud, yo vle pase li a 5 goud. Gen moun ki vle peye 5 goud lan men gen kèk lòt ki pa vle. Se sa ki kòz ensidan sa a rive aprèmidi a, kote gen yon pasaje ki te bay kòb li a manke yon goud, e byen moun ki te gen pou li resevwa kòb la, yo rele l kontwolè, misye ki bay kòb la manke yon goud lan al fè wout li, ebyen kontwolè a te rale revolvè li tire dèyè pasaje a, ki pa pran bal la, se yon lòt moun ki nan popilasyon an ki pran bal la».
Malè pandye nan karyè sab
Nan yon vizit nan zòn Malpas, nan jedi 29 out la, direktè Biwo min ak enèji, Geffrard Jean, te anonse li genyen yon plan pou anpeche eksplwatasyon karyè sab yo fèt nenpòt kijan. Direktè a di li konstate sou tout wout ki sòti Kwadèboukè pou rive Malpas la, fouy yo fèt a mwens 25 mèt wout la. Pou li bagay sa a se yon malè pandye li ye.
Pon ravin di Sid la tonbe
Nan zòn Okay, jou ki te 29 out la, pon ki sou rivyè Ravin di Sid la tonbe pandan teknisyen t ap retire boulon ladann nan travay ki ap fèt pou enstale yon pon tou nèf nan plas li. Aksidan sa a lakòz 8 moun blese grav, pami yo genyen yon timoun, ak 6 anplwaye konpayi ki ap fè travay reparasyon yo.
Evans Paul al plenyen bay CIDH
Konvèjans la te rankontre ak manm delegasyon Komisyon entèameriken dwa moun (CIDH), mèkredi 28 out la. Evans Paul, ki te reprezante Konvèjans lan, te jwenn okazyon pou li plenyen bay patwon li yo move zak rejim Lavalas la ap fè kont dwa moun. «Konvèjans la te soulve kèlke dosye. Dosye sou briganday Lavalas la fè, boule lokal pati politik, boule rezidans dirijan politik nan peyi a, arete militan politik, bat moun, disparèt moun epi tou dilatwa ki fè sou yon seri de ka asasina tankou asasina Jean Dominique, Brignol Lindor, elatriye», te deklare Evans Paul.
Premye minis la se «vejetaryen»
3 jou aprè René Civil ak Paul Raymond responsab Jenès pouvwa popilè ak TKL Sen Jan Bosko te fin bay yon konferans sou mobilizasyon ki tanmen kont Premye minis lan, Yvon Neptune, 2 mesye sa yo te sòti nan yon randevou nan palè a, vandredi 30 out la. René Civil, lè l te sòti, te tou presize pou jounalis yo: «Se nan yon rankont kom alakoutime mwen sòti, se pa t yon konvokasyon. Bon, nou rankontre ak zanmi nou, nou pa bezwen site non moun, se nan mezon pèp la, se kay pèp la, depi ou konnen Aristide yon kote, se kay pèp la li ye. Se pat yon rankont sou mouvman n ap mennen an, se yon rankont nou t ap fè ak yon zanmi.» Civil sanble pa t vle di ke yo mande toudousman fè yon kanpo sou mobilizasyon sa a.
Plizyè manm OP ki pre pouvwa a e ki te devan palè a jou «rankont» sa a t ap manifeste jisteman kont Premye minis la ke yo repwoche dèske li ta bliye ti malere yo. «Sa k fè m mande depa misye, se nèg kap manje òtdòg ak salami, ki pap manje poul, pou li kite zo pou malere», se sa youn nan manifestan yo te di. Premye minis la bò kote pa l, fè manm OP sa yo konnen ke li se vejetaryen «Mwen se vejetaryen, mwen pa manje vyann, se sereyal, fèy bwa, grenn bwa ke m manje», se konsa Yvon Neptune te defann tèt li.
|