28 Août, 2002

August 28, 2002

28 Out, 2002

Vol. 20 No. 24
Kouman rewouvèti lekòl la ap fèt?

Chak ane anvan rewouvèti lekòl pwoblèm yo toujou ap miltipliye. Pri lekòl k ap monte bwa. Pri liv, kaye ak lòt materyèl eskolè k ap fè moun fou. Paran k ap rele, pwofesè yo k ap plenyen eta lekòl piblik sitou kondisyon yo ap travay. Tout sa se pwoblèm sou pwoblèm. Souvan sa ap fèt anba je responsab yo, ki pa fè pi gwo jefò pou amelyore sitiyasyon an.

Ane sa a bagay la pi mabyal, sitou ak afè kriz nan koperativ yo, ki lage anpil malere, malerèz sou dèyè. Anpil «sosyetè» ki te pèdi lajan yo nan koperativ gen kè sou biskèt pou rantre lekòl la. Malgre pwomès gouvènman, ki di l ap renmèt «sosyetè» yo lajan yo te pèdi a, jiska prezan, anyen poko janm mache. Okontrè, se yon woule 2 bò. Sou pwen sa a tout sektè ap plenyen. «Bagay yo ekzajere. Pa gen lajan pou timoun yo ale lekòl. Moun pa wè klè menm non!...Ti kòb mwen te genyen, li pèdi nan koperativ», te deklare yon paran elèv. Ata menm gwo komèsan di yo touche pa sitiyasyon sa a. «Pou noumenm nan bòdmè a, bagay yo poko serye, paske machann yo menm ki se premye pwen an y ap plenyen. Yo toujou di yo pèdi kòb nan koperativ yo... Machandiz yo vin pi chè. Bon jis kounye a nou poko sou anyen...», dapre komèsan sa a. Akote lajan moun yo pèdi nan koperativ yo, ki ajoute nan difikilte yo ane sa a, gen pri lavi a ki kontinye ap grenpe mòn. Pri liv yo, malgre gouvènman an di li sibvansyone yo a 60%, yo bay tèt chaje. «Mwen vini la a pou m ka achte kèk liv, sa ou wè m souliye la yo. Se pa tout m ap ka achte. Lane sa a, pa gen chans pou moun voye timoun lekòl, paske tout peyi a kraze», te di yon lòt paran. Konsa tou, ti machann yo kontinye ap plenyen. «Ou gen dwa rele moun nan la a, li ap kouri, li pa menm okipe w. Oubyen li di w se kay Deschamps li pral achte, pa w la pa bon. Pri Deschamps vann li an, se pri a nou vann li tou. Nou pa vann li pi wo... Sa gen yon pakèt konsekans sou nou... Ou gen ponya pou w peye... Pou w bay 250 goud, 500 goud, chak jou. Ou gen dwa fè jounen an la a, ou pa jwenn 250 goud ponya a pou o bay», selon yon machann liv anba lavil la.

Yon lòt bò, se pri lekòl yo k ap kale elèv ak paran yo, alòske pa gen okennnn amelyorasyon ki fèt nan lekòl yo, pwofesè yo toujou nan menm move kondisyon an. CARLI, FENATEC et UPEP te reyaji devan pri lekòl prive yo sitou. Nan yon konferans pou laprès yo te bay, dirijan 3 òganzasyon sa yo te deklare: «Kote yon paran pòv pral jwenn jiska 5 mil a 10 mil goud pou l peye kòm frè pou rantre lekòl e yo depase 2 mil goud pafwa pa mwa, pou yon timoun. Sitiyasyon sa a dwòl e l pa ka kontinye. E sèvis ki pi ba yo pafwa pa ekziste nan lekòl sa yo, sa pi revòltan. Leta dwe panche nan yon tan ki kout, sou sitiyasyon sa a. Sosyete a dwe reyaji avèk serye, paran yo dwe òganize yo, pou yo fè respekte dwa sa yo. Menm jan an anseyan yo dwe ekzije yon bon salè ak kondisyon travay nan lekòl prive yo an patikilye», te souliye yon manm 3 òganizasyon sa yo.

Minis Edikasyon nasyonal la, Myrtho Célestin Saurel limenm, pa gen lentansyon fòse direktè lekòl prive yo bese pri lekòl yo. Minis lan wè «parapò ak pri lekòl la yo k ap grenpe mòn nan... pou rezoud pwoblèm sa a, ki la depi plizyè ane, fòk gen yon dyalòg, fòk gen yon antant...», kidonk yon antant swadizan ant gouvènman an ak direktè lekòl sa yo. Pawòl kèk direktè sanble potko byen dijere.

Emmanuel Buteau ki se ansyen minis Edikasyon nasyonal rejim Lavalas la e pwopriyetè yon lekòl prive, ki rele «Les normaliens réunis», pa t montre li prè pou negosye pri lekòl li. Misye ki te fè entèvansyon sou zafè monte pri lekòl yo te deklare: «Ann Ayiti gen yon gwo eskandal. Eskandal la se ke 3/4 lekòl yo, pi fò lekòl yo se lekòl prive. Poukisa, se paske Leta pa fè travay li. Se Leta ki pou te mete lekòl primè ak segondè pou tout moun. Lefèt li pa fè l atravè tout listwa, vin fè gen yon eskandal ann Ayiti, ki fè 3/4 lekòl yo se prive. Epi gen yon tandans, fòk lekòl bese pri. Men gen lekòl tout pri. Gen lekòl 25 goud pa mwa. Gen lekòl 50 goud pa mwa. Plen lekòl ki fè piblisite, ki di yo pa pran frè pou rantre. Men poukisa ou pa al nan lekòl sa yo? Paske petèt yo kwè lekòl sa yo pa gen sèvis ase pou pitit yo? Men kounye a la a, ki wòl pou leta ta jwe pou Leta ta gen dwa diminye pri lekòl sa yo, se sa pou l ta fè se pou l ta ba yo sibvansyon...», selon ansyen minis Edikasyon nasyonal Lavalas la. Pawòl Buteau yo montre klèman se nan enterè lekòl prive yo, kòm pwopriyetè lekòl, li t ap travay. Anseyan nan sendika yo pa t janm bouke denonse li, kòm moun ki te toujou ap travay pou fini ak lekòl Leta yo, nan enterè lekòl prive yo.

Pandan tout pawòl anpil sa yo, gouvènman chita ap gaspiye lajan, nan pwogram chanpwèl olye li fè bagay serye ki ta bon pou lekòl leta ki ekziste yo. E menm ki ta fasilite plis lekòl piblik kreye. Dènye gagòt la te kòmanse sou gouvènman Préval/Alexis a ak pwogram eskolarizasyon inivèsèl la. Lwen pou plan sa a ta fè plis timoun al lekòl, se te pito yon veritab gagòt. Nan Plato Santral, anpil moun denonse kont maltaye a. Nan divès kote nan depatman sa a, lekòl yo pa t janm ekziste vrèman, lè konplis te toujou kontinye ap manje lajan yo, pou granmesi. Kèk fwa, se ti ponyen moun ki te gen chans travay nan pwogram lan, ki pa janm rive touche e ki denonse sitiyasyon an.

Plenyen an pa t rete nan Plato Santral senpman, li te pran Latibonit pou li tou. Nan Gwo Mòn, Asosiyasyon edikatè Gwo Mòn ki manm Konfederasyon nasyonal edikatè ayisyen (CNEH), te menase bloke rantre lekòl la. Asosiyasyon sa a te reklame pi bon kondisyon travay.

Anseyan sa yo te bay yon avètisman, kote yo di y ap bloke rantre lekòl la ki prevwa fèt 2 septanm lan, si gouvènman an pa aplike lwa oktòb 1984 ak 32% aryere salè ki rete pou yo a. Poutan, nan tout peryòd trayizon CNEH ki t ap twope vè ak minis Edikasyon yo, li pa t plis sou yon revandikasyon konsa pase sa. Sa k pase l kounye a?

Mete sou pwoblèm viktim koperativ yo ki kontinye ap mobilize pou mande lajan yo a, mete sou pri lekòl ak materyèl eskolè yo k ap kontinye monte a, mete sou lajan nan pwogram eskolarizasyon inivèsèl k ap disparèt nan Plato Santral la, mete sou pwoblèm diferan pwofesè pwovens yo, pwofesè lekòl kominal Pòtoprens yo, pa deside rete ap gade move kondisyon yo.

80 direktè, pwofesè, konseye pedagojik, sekretè ak lòt anplwaye 8 lekòl minisipal Pòtoprens yo, te voye 2 lèt tou louvri bay majistra Yves Médard. Nan lèt sa yo, anseyan yo te mande dabò, pou ogmante lajan y ap touche, answit, revokasyon direktè Afè sosyal lameri a, yon sèten Claude Sidney. Tou 2 kopi lèt sa yo te al jwenn moun sa yo tou: St Fort Dadaille ki se majistra adjwen lameri Pòtoprens, Raynald Louis ki se lòt majistra adjwen an, Nancy Alexandre, direktris jeneral, Jean Wesner Assad, direktè administratif e finansye.

Nan premye lèt la ki pote dat 16 out 2002, moun ki siyen yo te di: «Se apre anpil tan, noumenm anseyan nan lekòl sa yo, nou pran desizyon nan okazyon sa a, pou n voye lèt sa a bay premye sitwayen vil Pòtoprens lan, mesye Yves Médard, nan objektif pou n mande ogmante lajan n ap touche, parapò a pri lavi a.» Nan dezyèm lèt la ki te pote menm dat la e 80 moun egalman te siyen, moun te ka note: «Nou men pwofesè ak direktè lekòl sa yo, nou deside pou n pa travay ak msye Claudy Sidney, kòm direktè Afè sosyal lameri Pòtoprens, akoz enkonpetans e imoralite li...» Antouka, pyès moun pa konn kisa ki pral pase ak nouvo pwoblèm sa a, kote pwofesè yo non sèlman mande ogmantasyon lajan yo, men tou depa direktè sa a.

Si lekòl prive yo se pri yo k ap grenpe mòn, san yo pa bay okenn sèvis anplis veritabman, lekòl kominal yo toujou nan move kondisyon. Ban kraze, tablo, sal klas, lakou nan move kondisyon pou kèk nan yo. Kondisyon timoun yo ki anpile nan sal klas yo, ki pa ka aprann byen. Tout sa se pwoblèm. Mete sou sa, pwofesè ki toujou pa touche alè, ou rès mwa travay yo toujou rete anba. Pwoblèm sa yo ki vin yon douk sou douk, sou lòt ki te deja ekziste yo, fè moun doute sou rewouvèti lekòl la nan jou lendi 2 septanm k ap pwente la a. Kòm dabitid, yon seri lekòl ap louvri, yon seri lòt ap fèmen pòt yo.