21 Août, 2002

August 21, 2002

21 Out, 2002

Vol. 20 No. 23
7 sou 9 moun Guasimal libere
Ki jwèt Lavalas ap jwe ak travayè yo?

Li te 10zè nan maten lendi 19 out la, lè reprezantan divès gwoup te plante pikèt yo devan ministè Lajistis la nan avni Charles Summer, pou mande san rete «libète pou peyizan yo, libète pou peyizan yo, prizon pou kriminèl yo». Kri ki t ap sòti nan bouch plizyè dizèn reprezantan Batay Ouvriyè, Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun (POHDH), Kowalisyon nasyonal pou respè dwa moun (NCHR), Solidarite fanm ayisyen (SOFA), Entè-Sendikal 1e Me ak jounal Ayiti Pwogrè pou kontinye mande liberasyon 9 travayè ki nan prizon depi plis pase 10 semenn san okenn akizasyon.

Militan ak jounalis sa yo te pote divès pankat, ki te ekzije liberasyon peyizan manm Batay Ouvriyè ak chofè yo k ap pouri nan prizon Pòtoprens. Youn nan manifestan yo te deklare: «Yo te arete jounalis tou. Apre 11 jou prizon, ann di 13 jou prizon yo lage jounalis yo akoz presyon kòporasyon yo te fè. E pami jounalis yo, gen Darwin St Julien ki se jounalis jounal Ayiti pwogrè ak Allan Deshommes, jounalis radio Atlantik. Apre sa, yo kenbe 9 malere nan prizon. Pami yo, gen chofè machin, se yon djòb yo t ap fè, pou yo te transpòte moun yo. Gen 2 fanm ki izole nan Fò Nasyonal. Se 2 moun ki nan swasantèn yo. Epi gen 4 peyizan yo arete tou. Fòk nou siyale sa, nou di fòk Batay Ouvriyè rezève l dwa tou, pou al lajistis an favè 2 peyizan ki mouri yo. Donk, 2 peyizan moun yo rache ak manchèt sa yo, mwen kwè fòk gen jistis ki bay an favè peyizan sa yo ki mouri la a...», selon patisipan sa a, ki te pwofite denonse sekretè deta Kominikasyon an, Mario Dupuy, ki te akize peyizan yo kòm «yon ekip asasyan ki t al dechouke tè».

Sa pa t pran tan pou direktè ministè Lajistis la Privat Précil ak direktè afè jidisyè ministè a, Jean Fallière Bazelais, te envite yon delegasyon nan moun ki te nan sitin lan, pou te vini diskite ak yo, sou ka 9 prizonye yo a. Diskisyon sa a te dire plizyè èd tan, jis tan ke responsab yo nan ministè a te di gen lòd liberasyon pou moun yo.

Eliphète St Pierre nan POHDH te rapòte apre rankont lan ke «Se yon delegasyon ki sòti nan ekip la ki pou t al rankontre ak responsab ministè Lajistis yo. Fòk nou di gen yon seri kad nan ministè a ki te resevwa nou. Se te direktè zafè jidisyè a, mesye Bazelais ak direktè jeneral la. Nou fè prèske 2zèd tan. Sa nou te konstate se ke ministè a pa t okouran, pa t gen enfòmasyon sou tout dosye a. Sa n te eseye montre yo, nou te seye montre yo kouman arestasyon peyizan Gwasimal yo se yon arestasyon ki ilegal e abitrè. Lè sa a, nou pa ka jere arestasyon peyizan sa yo apati pwosedi jidisyè yo. E nou te di se yon arestasyon politik, lè se nan tribinal menm yo te al rache moun yo, pou yo te rantre Pòtoprens ak yo. E apre 2 mwa edmi, ta sanble jij enstriksyon an, mesye Noël ki nan Grann Rivyè di Nò te bay apati yon komisyon wogatwa jij St Vil, pou l tande moun yo. Jij St Vil te tande kèk nan moun yo e li te voye rapò li bay jij Noël. E, apati mobilizasyon ki genyen an, ministè a te fè fòm pou rantre an kontak ak Grann Rivyè di Nò. Se konsa, mesye Bazelais di li te pale ak dwayen tribinal la nan Nò, epi jij la te vin rele l. Twazyènm fwa a, nou te asiste msye Bazelais ki t ap pale ak jij la, e nou te temwen jij la di li resevwa dosye a, e li menm apati yon analiz li fè sou dosye a, li gen lòd, sa vle di apati rapò komisyon wogatwa sa a jij la di l fè a, li menm li pral libere moun yo. E pou s, misye ta sanse ap rantre demen (madi 20 out) pou vin regle kesyon sa yo Pòtoprens, paske moun yo se Pòtoprens yo ye. Donk, nou pran ak de sa ki di la a nan telefòn lan, e, apre demen, si nou konstate moun yo pa libere ankò, nou pral relanse mobilizasyon an an gran jan», te deklare manm POHDH la.

Sa ki pa t klè nan sa, se lè direktè ministè a te di laprès se tout moun yo ki pral lage, poutan nan reyinyon pòt fèmen li te genyen ak delegasyon an, li te di lòd pou liberasyon an konsènen sèlman kèk moun pami 9 la. Konfizyon ou mannigèt politik?

Antouka, jij enstriksyon Grann Rivyè di Nò a, Maximé Jean-Noël, t ap gen pou bay nan dat 20 out la, yon lòd pou libere nan prizonye yo. Sa ki pa ale dwat dirèk ak demann òganizatè yo, ki mande liberasyon tout 9 moun yo san pèdi tan, ak jistis pou 2 peyizan yo te asasinen yo. «Nou menm, nou pa pre pou n pran yon Leta enpinite, yon Leta k ap sitire kriminèl, k ap sitire asasen. Se poutèt sa nou di, mobilizasyon manch long pou n fini ak enpinite, pou n fini ak sitirans.»

Konsa, nan dat 27 me 2002 a, sou inisyativ Batay Ouvriyè plizyè dizèn peyizan te al pwoteste nan Gwasimal kont abi yo ap sibi, sou 210 kawo tè Produit Gwacimal SA ap jere. Konpayi sa a ki gen Nonce Zéphir kòm prezidan l, plante zoranj si sou tè sa yo ke tonton li Jacques Novella pretann se pou li yo ye. 400 travayè anviwon ap bourike sou tè sa yo depi plizyè lane. Batay Ouvriye ki te toujou denonse kondisyon lawont travayè yo ap fonksyone a te rive tanmen yon mouvman pwotestasyon, pou mande amelyorasyon kondisyon travayè sa yo, grandon ak miltinasyonal ap eksplwate ak konplisite Leta ayisyen. Se nan moman pwotestasyon yo, yon gwoup brasawouj patizan grandon yo ak kèk nan otorite lokal yo te vin fè va sou peyizan ak militan yo. Bilan an te kritik. Bandi grandon yo te touye rache 2 peyizan sou plas e yo te sakrifye ak kou plizyè lòt moun. Ata 2 jounalis, Darwin St Julien (Ayiti Pwogrè) ak Allan Deshommes (radyo Atlantik) te viktim anba men patizan grandon yo.

Se pa mirak, lavi jounalis yo ak 9 lòt moun patizan grandon yo te kenben ann otaj, te sove. Apre sa, responsab yo nan Sen Rafayèl te deside mennen 11 moun yo yo devan jij. Se nan tribinal la menm yon gwoup polisye te al rache viktim yo nan men jij la. Yo te mete yo 11 lan nan yon elikoptè, pou te mennen yo Pòtoprens al fèmen yo nan prizon. Pami 11 moun yo gen 2 fi otorite Pòtoprens yo te al fèmen nan prizon Fò Nasyonal la. Gen 2 chofè ki sèlman t ap fè djòb yo pou lajan yo ki t ap pouri tou nan prizon. Gen plizyè lòt militan Batay Ouvriyè ak 2 jounalis yo ki te nan prizon nan Penitansye nasyonal. Anba presyon tout kalte, gouvènman Lavalas la te rive lage 2 jounalis yo apre plizyè jou prizon. Pou lòt 9 moun yo, yo gentan sou 2 mwa edmi nan prizon. E malgre divès presyon isit kou lòt bò dlo, peyizan yo te toujou ap manje prizon san ke gouvènman Lavalas la pa kapab jwenn akizasyon kont yo. Se jis nan vandredi 16 jiyè 2002 a, jij enstriksyon an ki te resevwa komisyon wogatwa a, Bernard St Vil, te resi tande 4 nan 9 prizonye yo.

Anpil mouvman pwotestasyon, solidarite tout kote, pou liberasyon prizonye yo, pa t rive brendeng otorite Lavalas yo. Papda, Sofa, Aco, Tèt kole ti peyizan ayisyen, Batay Ouvriyè, NCHR, POHDH, Ayiti Pwogrè, radio Atlantik, se divès pami òganizasyon, ONG ak enstitisyon an Ayiti, ki pa sispann mande liberasyon 9 prizonye yo e jistis pou 2 peyizan patizan grandon te asasinen yo. Droits et démocratie, War on want, SAMWU, CCOO, Solidarnosc, CISL, Global Sweatshop Coalition, se mouvman entènasyonal ki toujou pote solidarite ak mouvman, pou mande jistis pou peyizan Gwasimal yo e liberasyon prizonye yo.

Li klè kou dlo kòk, gouvènman an ki te mete so «teworis» sou do yo vle bay prèv bay kominote entènasyonal li a ke li pre pou pwoteje enterè grandon ak boujwa eksplwatè piyajè tè ak gwo boujwa etranje yo. Alyans lan te kòmanse nan Gwasimal nan sitire «sipòtè grandon» ki te asasinen e maspinen peyizan yo. L al kontinye nan Pitobè, lè prezidan Aristide te mete tèt li ansanm ak prezidan dominiken an Hippolito Mejia, pou te vann 1875 KM2 tè bay konpayi etranje, pou vin tabli yon zòn franch. Yon politik pou tabli pi rèd chay eksplwatasyon grandon piyajè ak boujwa e gouvènman etranje yo sou do mas travayè ak mas peyizan malere yo. Twou nan manch gouvènman Lavalas la montre li genyen nan tretman dosye 9 prizonye ak lòt viktim sa yo, montre se kòmansman politik represyon rejim lan, ki vle kout ke kout lage plan neyoliberal la nan gagann malere ak malerèz. Se ta yon manman erè, si tout fòs pwogresis yo pa ta mete ansanm, pou konbat plan makawon sa a! E nou fenk aprann ke nan apremidi jou madi 20 out sa a otorite yo fini pa lage 7 nan nèf moun yo te kenbe nan prizon pou granmesi a. Sa ki pi rèd, sa fè prèske 3 mwa ke moun sa yo nan prizon san yo pa gen okenn akizasyon sou do yo, yo lage 7 ladan yo: Alexandre Tusson, Vénéus Sénat, Mme Edouard Dambreville, Mme Lucienne Jean, 2 chofè yo Yvon Louisjeune ak Destiné Décius ak kontrolè kamyon an Alix Roland, men yo toujou kenbe 2 anndan ki rele Urbain Garçon ak Jérémie Dorvil. E pou kisa lasisin sa a, pou kisa Lavalas ap maltrete abitan sa yo konsa?