14 Août, 2002

August 14, 2002

14 Out, 2002

Vol. 20 No. 22
Konferans PPN : 08 Out 2002

Nou ap prezante kèk ekstrè konferans près Ben Dupuy, sekretè jeneral Pati Popilè Nasyonal (PPN) te prezante jou jedi 8 out la nan Pòtoprens.

Ben Dupuy : Kòm toujou, n ap salye konfrè laprès yo. Pati Popilè Nasyonal rele konferans de près sa a , maten an, pou li ka jan li te di nan endikasyon an , bay plis limyè soumen kache ki dèyè evnman k ap boulvèse bil peyi a , plis presizeman nan Gonayiv. Nou te tande deklarasyon pòt pawòl gouvènman an , Mario Dupuy, ki a plizyè repriz lese tande ke gen yon men kache nan evenman k ap pase nan gonayiv.Mario Dupuy, menm jan ak kèk lòt pòtpawòl Fanmi Lavalas, tounen de tanzantan sou kesyon men kache a , men, yo pale kòm toujou an daki. Men, si yo konnen gen yon men kache nan bagay lan, pou ki sa yo pa bay li, yo pa di li ? ... Mwen panse ke sa k pase a nan gonayiv lan nan pwen afè men kache ladann. Tou senpman, sa k pase a , se yon bagay to ou ta ki ta pral pase . Se senpman yon reyaksyon a sa nou te di deja, ak diplisite gouvènman Lavalas la, e plis presizeman prezidan Aristide. Nou di diplisite, nou di tretriz, ki karakterize gouvènman lavalas lan. Nou ka pran kèk ekzanp, e nou te di l deja , prezidan Aristide pa mare ak pèsonn, sinon ak pouvwa li. Nou ka pran ekzanp prezidan Préval ki òganize eleksyon, menm lè blan an pat dakò, ki reklame leta pou l fè eleksyon, misye mete Préval chita nan yon kwen , fini li fini rantre nan palè a . Nou gen yon òganizasyon KOZEPEP ki te mache fè eleksyon pou prezidan Aristide, pou fanmi Lavalas, kounye a KOZEPEP anba represyon. Twa ka dirijan blije bay teren an. Nou gen KEP ki te fè eleksyon 21 me yo, ak eleksyon prezidansyèl yo, KEP sa a , ki pran gwo reskonsablite fas a sa yo rele opozisyon an, premye bagay prezidan Aristide fè lè l rantre nan palè a , li voye nèg sa yo kònè. «Remèsiman chen, se kout baton.» Epi , li fòje yon lòt KEP chaje ak makout kote l ap fè rekonsilyasyon. Nou pa bezwen pale de senatè ki blije kraze yon kite sa , li manchande depite, majistra , KAZEK, AZEK, elatrye. Mentnan sa k pase? Pou kisa lòbèy sa a k ap pase nan kan Lavalas la ? Premye kesyon an ase senp. Nou konnen ke OEA ki mare makòn li ak sektè boujwa nan Konvèjans lan , e na pale de sa , paske Konvèjans lan se yon zwazo ki gen 2 zèl. Yon zèl boujwa, yon zèl makout. Donk, kòm OEA k ap resevwa enstrisyon nan men Washington, di ke fòk yon satisfè demann OEA yo, sa vle di ke yo mete men sou baz Fanmi Lavalas yo, sa n rele 'òganizasyon popilè yo', paske, yo konnen ki jan prezidan Aristide ak pakèt opòtinis ki antoure l yo, konn voye OP fè lòbèy , fè ekzaksyon, kraze, brize. E byen, OEA di nèg yo, pou Aristide divòse ak nèg sa yo. Donk, sa k pase , kòm prezidan Aristide bezwen rete sou pouvwa l, li resere boulon l, yo bloke tout fon, pliske, depi sou Jean-Claude Duvallier, se yon peyi ki ap viv nan mandisite entènasyonal, donk, misye wè li pran nan twa rwa . L ap blije lache du laisse. Donk, misye koumanse bay OEA satisfaksyon. Men, misye fè l an trèt, li koumanse pa pran Ronald Cadavre yon gètapan nan ayewopò, misye wè gen lè sa mache, sa pa fè twòp bwi, misye pa oze pran nèg solid yo, li ale voye jouk Gonayiv, e misye fè yon move kalkil, l al met men l sou Kiben. Nan ki kondisyon ? Nan menm kondisyon ke n te di, jeneral Leclerc te pran Toussaint Louverture, sa vle di, envite l vin fè yon kozman, epi , misye pran nan pa konprann . Donk, sa k fè ke lòbèy pete Gonayiv, se paske baz Lafanmi an koumanse rann yo kont , ke se sèvi y ap sèvi ak yo , voye yo fè ekzaksyon, men, ke prezidan Aristide pa marye ak pèsonn. Donk, afè men kache a , mwen pa wè pou ki gen men kache nan bagay sa a . Mentnan, kòm a lòdinè, gouvènman Lavalas la , kounye a , li blije se sou koripsyon ke l panse li ka kenbe popilarite l, kòm nou konnen, yo voye ynèg Gonayiv al ofri lajan . Pa gen lajan pou peye pwofesè, pa gen lajan pou peye moun k ap travay nan lopital jeneral, pa gen lajan pou peye moun ki kite fatra nan tout lari, tout kote , men dè kil saji de achte figi moun , gen lajan, e gwo lajan. Donk, nou konnen ke mèt koze yo, yo menm mete koze a deyò, yo di ke yo te vin ofri yo lajan. Nou konnen, pou yon ti bout tan, lajan an te fè kèk moun rele ‘viv prezidan Aristide.... Men, sa pa rive twò lontan, paske fòk ou ta gen anpil lajan pou ou ta kontinye jan de operasyon sa yo. Donk, nan yon premye tan, nou wè ke gouvènman an te koumanse ap aji an gwo ponyèt. Nou wè deklarasyon premye minis Neptune , ki rele nèg yo «yon nwayo de bandi, de brigan , de vakabon, k ap itilize mizè pèp lan, e ke lajistis ak la lwa pral sevi». Ah, sa se yon premye minis ki kanpe sou brezenng li, li di ke gouvènman an pral mete fòs an aksyon pou yo metrize mesye sa yo. Epi, yo di nou , malgre ke bagay t ap bouyi depi yon mwa nan Gonayiv, malgre ke bagay lan te anonse , epi yo di nou , se yon pwoblèm «kominikasyon» ki fè ranfò pat gen tan rivem, ki fè yo pat ka pwoteje komisarya a ak prizon an... Donk, afè de ranfò pat gen tan rive a , èske 28 jiyè , lè nèg te rantre al okipe akademi polis lan ak komisarya petyonvil lan, te gen yon pwoblèm kominikasyon, yo pat ka voye ranfò,ki fè ke tout polisye ki te la yo mete van nan vwèl yo? Èske 17 desanm lè nèg rantre nan palè a , yo fè prè de senkèdtan ap amize yo , te gen yon pwoblèm kominikasyon ki fè yo pat voye ranfò? Donk, bagay sa a difisil pou n vale. Nou menm, nou panse pito, ke polis lan trè sètènman pa soti pou li al mouri pou zòt. Donk, polis lan mete dlo nan diven l, nan moman ke li santi li an fas yon lòt fòs. Men si se Gwasimal, pòv peyizan k ap reklame meyè kondisyon travay , pa gen pwoblèm. Yo gen dwa vin menen peyizan yo, jouk kounye a , yo nan penitansye nasyonal , e yo pa konn pou ki kòz. Donk, nou wè ke, prezidan Aristide tèlman wè ke lapolis lan pa la pou li defann yon gouvènman ke li pa konn kote li gad ak li, prezidan Aristide blije ap pran lajan leta a , pou l fè yon pakèt blan antoure l, yon pakèt mèsenè blan, se yo ki ap ba li sekirite. Donk, mwen pa bezwen pale w, moral fòs polis sa a , lè l wè se blan ke yo blije rele pou bay prezidan an sekirite. Donk, nou ka di ke si premye minis Neptune gen nen sou li, ak kamouflè li resevwa a ,dezave ke li resevwa apre li fin kanpe pou l di , ke se yon pakèt brigan, epi ou wè jounen jodi a , se dyalòg, se rale mennen vini k ap fèt , nòmalman, li ta fèt pou l tire la reverans. Men, kòm se nan yon politik klasik lafanmi ke nou ye , e prezidan Aristide se depite japwouv ke li mete bò kote l, nou pa atann nou aske bagay sa ap rive.

Mentnan, jounen jodi a , nou wè ke OEA te gen rezolisyon pou l pran , men wa di ke rezolisyon an rete bloke an lè, nou pa ka jwenn rezolisyon, e, Washington li menm , voye iltimatòm pou l di prezidan Aristide, degaje li , mete nèg Gonayiv yo anba kòd, Graviria nèg ki nan tèt OEA a bay menm iltimatòm nan, li di, pa gen rezolisyon ki ka fèt si yo pa tou regle kesyon sa a . Donk, mezanmi, nou wè ke sityasyon an bloke. Men, sa ki bloke l, se pa yon men kache, se jan Lavalas regle zafè l, tout bagay ap fèt anba tab, anyen pa janm klè. Donk, mwen te di ke konvèjans gen 2 zèl, alòs yon kote, ou gen nèg sosyal demokrat yo ki abitwe fè ti antant, yo te fè antant ak prezidan Préval, yo te fè antant ak Bob Manuel, yo t al separe KEP, yo t al separe ministè. Donk, nèg sa yo, kòm reprezantan boujwazi an, yo gen yon zèl makout tou. Lè Deronceray, lè Reynold Georges, etc. Kòm politik la, se yon politik rekonsilyasyon , ke se swa nan lavalas, ke se swa nan konvèjans, alòs, sa ki rive, mesye sosyal demokrat yo ta byen renmen fè yon konpwomi, yo ta rive siyen pou yo al pataje gato a , men a kondisyon Aristide koupe pwòp branch kote li chita a , sa vle di, fini ak afè OP yo. Antretan, zèl makout lan menm, ki pa ka mobilize, ki pa ka mete 10 moun anba yon poto elektrik, e byen, li wè bagay lan bèl pou li, l ap chache pran woulib sou bagay k ap pase Gonayiv lan. Se konsa nou wè K.Plim ki bouke lage plim , depi sou Avril , K.Plim ap lage plim , K.Plim bezwen pran woulib sou OP Gonayiv yo, alòs, li rejwenn opsyon zewo yo a...

Journalist:Ou pale de altènativ, se altènativ a lavalas ou byen altènativ pou wete peyi a nan sa li ye a ?

Ben :Se pou n ka retire peyi a nan sityasyon ke li ye a , paske politik ke y ap mennen depi de san zan , eplis patikilyèman, a pati de jean Claude Duvallier, se li ki mennen peyi a nan sityasyon ke li ye jounen jodi a . E, se menm politik lan yo vle mennen, paske yo konnen, lè blan bay lajan, y ap fè dèt, pèp la a peye, antretan, yo gen tan vòlè nan lajan an ranpli pòch yo, epi, demenn maten, y al fè wout yo.

Journalist : Èske ou panse evenman gonayiv lan ka kapote gouvènman lavalas la ?

Ben : Bon, mwen pa vin ak boul kristal mwen malerezman pou m ta ba w repons a kesyon sa a . men, tout sa nou konnen, sè ke rezilta lòbèy ki pete a , pa etonan, paske ofi amezi moun ap dekouvri ki moun ki prezidan Aristide, ki pa gen pwoblèm pou l fè pwomès, li pwomèt moun ke li te ankouraje al rantre nan koperativ bòlèt, kòm si se komès ak espekilasyon ki ka ranje ekonomi yon peyi . Kote ou janm tande komès pwodwi byen , pwodwi bagay . Se espekilasyon piman e senpman. Mwen pa konn si se enkonpetans ou byen movèz fwa, non sèlman, yo kite moun depi dèzane a pral mete kòb yo nan bagay bòlèt sa a . CNC, misye Pétiote ki nan tèt bagay lan, pa fè absoliman anyen , menm jan ak gonayiv, yo konnen gen yon sityasyon k ap bouyi, yo pa fè anyen . Epi, jounen jodi a , mwen tande se misye Pétiote ke yo mete pou ranmase dosye, prezidan , li menm sou le kou, li di , ke yo pral ranbouse tout moun , epi yo lòt ti moman ou tande senatè ki di non,se pa sa l te di , ke se kwann, ke se dyo. Donk, bonjou moun sa yo pa la verite. Lè yo di w bonjou, se pou w louvri fenèt pou w wè si se pa nan nwit li ye .

Journalist: Manifestasyon ou anonse a, se pou denonse tip rapò gouvènman ayisyen an ak gouvènman Taywann nan ?

Ben : Se tout yon konplo k ap fèt sou fwontyè a , se yon konpayi bilateral ak repiblik dominikèn, ak Lèzetazini e Ayiti, pou vann yon pòsyon nan teritwa peyi a ak konpayi yo, e mesye dominiken yo ki deja gen pwòp izin sou tretans ke Taywanè gen lakay yo . Kòm yo fin rantre kota repiblik dominikèn nan , yo bezwen vin itilize kota Ayiti an. Donk, yo pral enplante yo sou zòn fwontyè a , se lame dominikèn ki pral pran 7 kilomèt sou tout longè fwontyè a . Donk, n ap pèdi teritwa a , alòske , konstitisyon an di klèman, peyi a pa pou vann ni yon mèt kare ladann.