| Lavalas ap kontinye mete ak grandon
Sa deja fè 10 jou depi 12 moun ap kanni nan prizon Penitansye nasyonal ak Fò nasyonal pou 2 dam yo nan Pòtoprens. Pami yo ki te jwenn arestasyon nan Guasimal ki se 3zyèm seksyon komin Sen Rafayèl gen 2 jounalis, Darwin St Julien (Ayiti Pwogrè) ak Allan Deshommes (Radyo Atlantik). Lòt moun k ap manje prizon se: Cenat Verséus, Alexandre Twison, Garçon Eberne, Mme Jean Lucienne, Mme Edouard Prévil, Dorvil Jérémie, Roland Alix, Décius Destiné, Louisgene Yvon, Pierre Linéus ki se peyizan ki te mete ak Batay Ouvriyè, pou denonse fason 366 kawo tè ap jere nan zòn lan. Nan menm okazyon an, yon kazèk ki rele Ananias Jourdain blese ak yon bal nan je e yon Azèk, Letoine Prophète te pran bal tou nan tèt. 2 moun te mouri rache anba kout manchèt sikè grandon yo. Apre evenman sa a, kòm dabitid, gouvènman Lavalas la te mete tout machin montaj la an mach, pou te bay dosye a yon lòt koulè. Demach ki te mete pouvwa a sou menm liy ak grandon nan eksplikasyon masak sa a. Televizyon nasyonal Dayiti (TNH) ki se tele leta a, te fè yon «rapòtaj», kote yo te fè konnen ke se yon gwoup moun ki te vini vòlè tè peyiza nan zòn nan. Tele pwopagann santi sa a, te montre yon swadizan peyizan, ki te ak yon trak Batay Ouvriyè nan men li e ki t ap akize moun yo arete yo. Men, tele a pa t jam montre figi «peyizan» sa a, alòs li te pran tan l pou l montre adrès Batay Ouvriye nan Pòtoprens. Siman pou pwovoke mèsenè Lavalas yo pou al dechouke lokal òganizasyon sa a? Se yon kesyon ki bon gen pou poze!
Sekretè deta kominikasyon an, Mario Dupuy te chèf nan bay manti ak dosye a. Nan yon konferans pou laprès, Mario Dupuy te montre se yon gwoup «teworis» ki te al anvayi tè «peyizan» e ke «peyizan» yo te reponn a apèl chèf leta a, ki te mande respekte pwopriyete prive. Poutan, nan mizansèn TNH la, otorite yo pa t gen mwayen pou te montre «zam lou» yo di ke moun yo akize teworis yo te gen nan men yo, e ke yo te sòti Okap ak Sen Michel Latalay, pou rantre Sen Rafayèl avèk yo a. Kèk otorite lokal kouwè Moïse Jean-Charles ki se majistra Milo ak yon sèten Eric Paul ki se Azèk Gwasimal, te lese yo pran nan kont maltaye a, kote yo te kore otorite Lavalas yo nan mizansèn la. Byen konte mal kalkile a, kote yo menm tou te di se «moun ki te al anvayi tè peyizan yo» e ke popilasyon zòn lan te afwonte, metrize e remèt bay lapolis. Pandanstan responsab pouvwa a ak ajan lokal li yo, ki nan yon kontradiksyon vizib, ap bay manti pou fè kwè se popilasyon an ki te remèt 12 moun yo fè prizonye yo bay lapolis, aloske li klè kou dlo kòk, se nan tribinal Sen Rafayèl la lapolis ak elikoptè sòti Pòtoprens te al pran moun sa yo, pandan jij de pè tribinal de pè zòn lan te menm kòmanse fè enfòmasyon preliminè sou ka a. Kidonk yon lòt fwa ankò, pye lafòs toujou sou kou lajistis. E se nan moman sa a lapolis te transpòte moun sa yo nan elikoptè nan penitansye ak Fò Nasyonal.
Sa ki grav ankò, se fason dwòl minis lajistis la, Jean-Baptiste Brown trete jij enstriksyon tribinal sivil Grann Rivyè di Nò a, mèt Carlo Julmice, ki touswit apre ensidan an, te rann li nòmalman sou plas akonpaye ak komisè gouvènman an. Piske, malgre manda jij la te fini depi 11 septanm 2001, san jamè renouvle, se nan lokazyon ensidan sa a, nan dat 28 me 2002 a minis lan te chwazi remèt yon lèt ak majistra Grann Rivyè a, Dieudonné Martial, ki li menm te bay yon atoufè nan komin lan Lafleur Tony al pote l bay jij enstriksyon an pou «enfòme ke manda w kòm jij enstriksyon te fini depi 11 septanm 2001 e l pat renouvle», selon lèt la, ki te resi rive jwenn mèt Julmice, jous nan jou vandredi 31 me a. Lèt sa a te tou louvri, kote atoufè ki te pote l la t ap mache montre tout moun pa li nan komin lan: «Nou resi pran l. Nou voye l ale», t ap mache repete souflanchou majistra a, ki te vin pran plas yon mesaje ministè Lajistis, ki te dwe nòmalman pote yon lèt parèy tou kachte. Pouki se landmen menm zak la minis Lajistis la te chwazi poul ekate jij enstriksyon an, ki poutan te pase 8 mwa nan kabinè enstriksyon an depi dat 11 septanm 2001 an?
Sa montre, twou nan manch pouvwa Lavalas la, ki chwazi moman pou l chache imilye tout moun ki pa sou menm pant demagoji ak li. Se menm sa ki te rive ak jij Claudy Gassant, nan kad dosye asasina direktè radyo Ayiti Entè a, Jean L. Dominique ak gadyen li, Jean-Claude Louissaint. Jiskilè moun ki gen enterè pou enpinite ap kontinye ap bouke pyetine lajistis?
Enyèm masak Lavalo/makouto/grandon sa a pa t pase inapèsi. Repòte San Fwontyè (RSF), Komite avoka pou respè libète endividyèl (Carli), NCHR ak divès lòt òganis te denonse arestasyon e anprizonman sa a, e yo te mande liberasyon imedyat e san kondisyon 12 moun yo.
Sekretè jeneral Asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH) la Guyler C Delva, ki te rann li sou lèlye 2 jou apre arestasyon an e ki pa t gentan jwenn moun yo ki te gentan transpòte Pòtoprens, te mande liberasyon yo. «Lè n rive lapolis pa t menm ka di nou pouki rezon vre yo te arete nèg yo... Donk, se vrèman grav, abitrè, totalitè, mwen pa konn ki kalifikatif ankò mwen ta kalifye zak sa a ke yo fè, kote depi lendi, yo wete libète jounalis yo e yo arete yo nan ekzèsis fonksyon yo. Nou ka di sa paka aksepte. E malgre tout fejò nou fè yè pou n rantre nan penitansye a, pou nou wè jounalis yo, enben, yo ban nou tout pretèks kenbe, pou nou pa t rive rankontre jounalis yo nan penitansye a», te deklare responsab AJH la, ki te pran avoka pou jounalis sa yo, ki te blese byen grav ak kout manchèt atoufè grandon yo. Komisè gouvènman an, mèt Josué Pierre Louis e minis Lajistis la, te di yo pa ka bay lòd pou vizite moun nan penitansye yo, sou pretèks aksyon an p at rive sou jiridiksyon Pòtoprens. Poutan, yo pa t rive tabli rezon ki fè se Pòtoprens yo rantre ak 12 moun yo, pami yo 2 chofè ki t ap kondui yon machin manifestan yo te frete!
Mouvman Louvètiryen pou liberasyon Ayiti (MLLH) ki se yon pati politik nan Kafou, te denonse arestasyon e fason yo kenbe moun yo nan prizon an e mande liberasyon yo. Menm jan an, Batay Ouvriye te mete yon dokiman deyò nan dat 30 me a, kote l te denonse masak sa a grandon ak konplisite otorite lokal Lavalas yo fè sou peyizan yo e arestasyon ilegal la. Batay ouvriye te mande liberasyon 12 moun yo san pèdi tan.
Nan jou lendi 3 jen 2002 a, sekretè adjwen Pati Popilè Nasyonal (PPN) la Evariste Wilson te rele yon konferans pou laprès, pou eksplike sitiyasyon an, ak mande liberasyon 12 peyizan, militan, chofè endepandan ak jounalis yo. Dirijan PPN lan ki t ap eksplike fil evènman yo, te montre se yon konplo ki te marinen ant grandon ak otorite lokal yo, pou te masakre peyizan yo. Responsab la ki te voye jete byen lwen divès akizasyon manm pouvwa Lavalas la ak lantèn yo nan depatman Nò peyi a, te eksplike pwotestasyon peyizan yo ak Batay Ouvriyè sou 366 kawo tè sa a, se rezilta 50 tan eksplwatasyon kèk grandon kouwè Jacques Novella e Zéphir te ap fè sou peyizan malere yo, ki toujou ap bourike nan jaden zoranj, pou ba l fè gwo mago sou do yo,. Evariste ki wè leve kane sa a tonbe nan moman peyizan/travayè yo fini pa wè se blofe grandon ap pwopriyetè tè yo ap blofe yo, te montre pwomès «fè wout, lopital, dispansè, lekòl, dlo pwòp», grandon yo toujou ap fè peyizan Gwasimal yo pa janm tounen reyalite. Se pi gwo rezon ki fè yo te itilize tout mwayen legal, pou pwoteste kont pratik peze souse sa a.
Sekretè jeneral adjwen PPN lan te pwofite denonse otorite Nò yo, delege depatmantal la, Mirtho Julien ak direktè depatmantal lapolis la, Fritz Jean, pou silans yo nan dosye grav sa a. Li pa t manke akize yo kòm konplis nan dosye a. Responsab pati a te kontinye denonse eta jounalis yo ki te trè kritik. «Apre 8 jou moun sa yo fèmen nan prizon, yo pa janm voye yo devan lajistis, pou yo konnen ki kalite chay yo gen sou do yo. Kanta pou 2 jounalis yo menm, eta sante yo pa bon. Genyen Allan Deshommes ki achak moman ap pèdi konesans. Ta sanble misye ta pran kou nan tèt. E genyen tou Darwin St Julien, jounalis Ayiti Pwogrè a, ki te resevwa yon kout manchèt sou je dwat li. E depi madi 28 me a, doktè nan lopital Sen Rafayèl bay misye papye pou li te wè yon espesyalis pou je li, se yon doktè kiben ki rele Eduardo Blanco Faramiròn, e depi lè sa a jouk jodi a, misye pa janm gen chans pou l wè doktè. E li rete fèmen nan prizon...»
Pi lwen, dirijan PPN lan ki te denonse mannèv Lavalas nan dosye a te ajoute: «Donk, nou ka konprann trè byen, jounen jodi a, se reprezay otorite Lavalas yo ap fè kont otorite lajistis Grann Rivyè di Nò yo. E si nou sonje ekzanp sa yo, se pou n montre klèman gouvènman Lavalas la deside, yon lòt fwa ankò, anfouraye tèt li pi plis toujou, sou wout ansyen diktati a... Solidarite tout travayè, tout peyizan, tout òganizasyon pwogresis anndan kou deyò peyi a, pou bay lamen ak divès moun sa yo ki pèsekite jounen jodi a». Konsa sekretè jeneral adjwen Pati Popilè Nasyonal (PPN) lan, Evariste Wilson, ki te akize otorite kominal yo kòm konplis grandon nan zak sa a, te fini pou egzije, voye moun ki nan prizon yo devan jij yo kòmsadwa, pou yo jwenn «liberasyon yo san pèdi tan». Konsa otorite Lavalas yo twouve yo kenbe moun nan prizon prè de 10 jou san yo pa voye yo devan tribinal! Apre sa yo konprann gen moun ki kwè yo nan pawòl «refòm lajistis» yo a.
Nò: Moun mande libere jounalis ak peyizan yo
Arestasyon ilegal jounalis Allan Deshommes (radio Atlantik) ak Darwin St Julien (jounal Ayiti Pwogrè) ak 12 lòt peyizan manm sendika Batay Ouvriyè nan zòn Gwasimal nan Sen Rafayèl lendi 27 me 2002 a soulve kòlè divès òganizasyon popilè, òganizasyon jounalis ak gwoup k ap defann dwa moun. FEMODEK (Federasyon mouvman demokratik katye Moren), Sefòm, diferan komite katye, AJH-Nò, FHP (Federasyon laprès ayisyèn), Fokomedh (Fowòm pou kominikasyon edikasyon sivik ak defans dwa moun), mete vwa yo ansanm pou pote solidarite pou moun yo ki nan prizon, epi egzije bò liberasyon yo san pèdi tan.
Nan divès emisyon radyo jounalis yo eksprime endiyasyon yo devan tout kalite mansonj majistra Sen Rafayèl la, Adonija Sévère, delege Nò, Mirtho Julien, sekretè deta kominikasyon an Mario Dupuy, ki mete chapo «teworis» sou tèt jounalis yo alòske yo te nan egzèsis pwofesyon yo.
Lendi 3 jen an yon komisyon avoka Asosiyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) te sòti nan Pòtoprens pou al rankontre otorite lajistis yo nan Grann Rivyè di Nò pou al mande dosye jiridik jounalis yo puiske otorite nan Pòtoprens fè konnen se pa yo ki responsab detansyon jounalis yo. Se konsa aprè tout konvèsasyon mèt Jean Wilner Morin ak mèt Bidry Dorsainvil te genyen ak jij de pè, sibtiti komisè ak grefye nan Grann Rivyè, pyès nan otorite yo pa t kapab di anyen sou dosye sa a paske selon yo menm pa janm genyen zafè konsa k ap trete nan tribinal premye enstans lan. Avoka AJH yo te sezi konstate limojaj jij denstriksyon Carlo Julmice ki pa t dakò pou ajan lapolis yo te anbake jounalis ak lòt prevni yo Pòtoprens nan elikoptè san prezante devan jij.
Mèt Wilner Morin fè konnen nan mikro laprès ke pa gen menm yon rapò polis sou ka jounais yo. Okenn enfòmasyon preliminè sou dosye a, e dwayen tribinal la te fè tout mannèv pou l pa rankontre avoka yo sou kesyon an. Komisyon avoka sa a ki fòme ak mèt Hannibal Coffy, mèt Bidry Dorsainvil ak mèt Jean Wilner Morin te depoze yon rekèt nan grèf tribinal premye enstans Grann Rivyè a pou mande dwayen an chita sou ilegalite arestasyon an ak detansyon Allan Deshommes ak Darwin St Julien ki transpòte Pòtoprens nan penitansye nasyonal. Epi avoka yo mande liberasyon imedyat jounalis yo.
Nan sans sa a divès òganizasyon jounalis nan Nò tankou branch AJH/Nò, SOJO/Nord, COREM, FPH, Interface, Koze Lakay pran randevou pou kanpe yon sit-i devan lokal delegasyon Nò a, ki se syèj gouvènman an, jedi 6 jwen a 10zè nan maten pou pwoteste kont arestasyon ilegal jounalis yo, epi ekzije liberasyon yo.
|