Madi 28 me 2002
Jounal Ayiti Pwogrè ap pwoteste enèjikman kont arestasyon ilegal Darwin St Julien, jounalis Ayiti Pwogrè, pandan li t al kouvri yon manifestasyon "Batay ouvrye", te envite jounal la vin fè repòtaj, nan vil St Raphaël, jou ki te lendi 27 me 2002 a. N ap pwofite okazyon an pou pwoteste tou kont arestasyon ilegal Allan Deshommes, jounalis Radyo Atlantik, ki nan katye Moren.
Fòk nou di ke manifestasyon "Batay ouvrye" a pat rive fèt, se te pito yon gwoup endividi ki te vare sou tout moun e jounalis yo te nan yon sitiyasyon difisil, paske sèten moun te rive pran jounalis yo kòm sib. Moun nan zòn St Raphaël te bay jounalis Ayiti Pwogrè ak Radyo Atlantik yo pwoteksyon e premye swen, paske yo te blese anpil. Se konsa, pandan jounalis Ayiti Pwogrè a t ap pran swen kay yon moun nan zòn nan, lapolis rantre nan kay la e arete l pou te ba li « pwoteksyon », dapre sa lapolis te di.
Madi 28 me an, jounalis yo te tèlman mal ke lapolis te blije mennen yo lopital. E doktè ki te pran swen yo a te twouve ka yo grav e te bay jounalis yo papye pou y al wè espesyalis, sitou pou jounalis Ayiti pwogrè a ki resevwa kou nan je li.
Sa ki pi grav, sè ke yo pa retni okenn chaj kont jounalis yo e yo pa vle lage yo. Poukisa? Paske majistra St Raphael la, Adonija Sévère, ap fè deklarasyon nan laprès, pou fè konnen ke jounalis yo se teworis yo ye!
Jounal Ayiti Pwogrè mande pou otorite lokal St Raphaël yo lage, prese prese, jounalis yo ke sante yo ap deteryore. La vi jounalis yo nan men majistra Sevère, lapolis ak la jistis.
Pou Ayiti Pwogrè:
Maude Leblanc
Ko-Direktris