24 Avril  2002

April 24, 2002

24 Avril  2002
Publicité / Abonnements
Advertising / Subscriptions
Vol.20,No.6 Piblisite / Abonment
Contactez nous:
editor@haitiprogres.com
Sekretè deta a anfouraye nan yon lwa sou laprès

Sant ayisyen pou laprès (CHP) te òganize, jedi 18 avril pase a, yon konferans-deba kote divès jounalis ayisyen te patisipe. Pami yo te genyen sekretè deta kominikasyon an Mario Dupuy, ki te entèvni pandan konferans sa a, kote li te plis chita sou «reglemantasyon laprès ann Ayiti» e «transfòmasyon medya leta yo».

Sekretè deta a te fè yon rale sou ansanm konkèt laprès ann Ayiti e sou fonksyonnman «pouvwa» sa a nan yon sosyete demokratik. Pase pa definisyon demokrasi tonbe nan fonksyon jounalis yo k ap evolye nan sosyete a, sekretè deta a te vle di yon mo, yon mo fò ki ta pral fè divès tole nan milye laprès la. Yon mo ke Mario Dupuy te marinen ak divès eksplikasyon «konstriksyon yon eta de dwa pa ka fèt san lwa. Ou pa ka pou yon eta de dwa tabli e an menm tan ou kanpe king kont etablisman lalwa», selon sekretè deta kominikasyon an, ki te vle eksplike tèt li devan yon jounalis Tele Ayiti ki te di «se yon sòt kòd pou wout la... se kòm pou chofè a... li konnen lè li vyole prensip sikilasyon an, li konnen lè li pa vyole l... pi bon fason pou gen yon lwa sou laprès, se pa gen lwa», te opoze jounalis Tele Ayiti a ak Mario Dupuy ki te di gouvènman an pral prepare yon anvan pwoje lwa pou regle fonksyonnman laprès ann Ayiti.

Sekretè deta a ki te di youn nan priyorite administrasyon li an, se rive mete lwa sou laprès la sou pye, pou rive pwoteje enterè travayè laprès yo e fasilite travay yo tou. Responsab la ki t ap eskive dout kèk jounalis ki te pè pou se pa baboukèt gouvènman Lavalas la vle mete nan bouch laprès, te fè kwè: «Sa ki enpòtan pou nou, se pa lwa a limenm, se dabò pwosesis n ap swiv pou rive fè lwa a e kondisyon li pral aplike.» «Gen aktyèlman asosiyasyon mèt medya, gen diferan asosiyasyon jounalis, gen yon estrikti etatik pou kominikasyon. Donk, sa vle di aktè yo, moun anfas yo, yo koni, yo vizib, yo ka idantifye e yo idantifye yo». Ki asosiyasyon patwon medya? Ki asosiyasyon jounalis? AMH? AJH? FHP? Ki dayè pa reprezantab e ki pa reprezante yon altènativ kòrèk, pou yon laprès lib e serye.

Antouka, malgre Dupuy te di «nou pa ka mete baboukèt nan bouch laprès ak patisipasyon laprès», moun pa ka pran nan pawòl sa a, paske pawòl la di «chat ki pran nan dlo cho, pè dlo frèt». Moun sonje sa ki konn pase deja, sou ansyen rejim yo. Sou gouvènman KNG-Pran an (Henry Namphy) an 1986, pou pwojè dekrè-lwa ki te pran sou laprès la, anpil plim te leve sou do diferan sektè nan peyi a. Ata 2 prensipal òganizasyon jounalis Asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH) ak Sosyete ayisyèn jounalis pwofesyonèl (SHJP) ki pa t twò lwen pouvwa anplas la alepòk, pa t wè byen etablisman yon tèks sou fonksyonnman laprès ann Ayiti.

Asosiyasyon sa yo te plis wè se konstitisyon an ki pou ta etabli gran liy fonksyonnman laprès la. Yon konstitisyon ki ta pral rive 29 mas 1987 la, prèske yon lane pita, e ki nan atik 28 pou rive 29.1 li, montre jounalis la dwe ekzèse pwofesyon li libreman e san l pa bay move enfòmasyon.

Jounen jodi a, se menm kesyon an, pou yon seri asosiyasyon patwon medya ak jounalis ki opoze kare bare ak tout pwojè yon lòt tèks «legal» sou laprès. Lilianne Pierre Paul nan Asosiyasyon medya ayisyen (AMH) e youn nan responsab radyo Kiskeya te ale nan menm sans ak jounalis Tele Ayiti a ki te rete kwè ke «pi bon lwa sou laprès, se pa genyen menm». Sa Guyler C. Delva, yon ansyen anplwaye biwo près palè nasyonal, ki aktyèlman alatèt AJH te pataje: «Nou kont tout lwa sou laprès... kote nou konnen gen moun ki di laprès gen twòp libète, donk ki estime jounalis twò lib. Nou pa kwè se plis libète yo vle ba yo. Konstitisyon an klè, li pale de dwa e devwa jounalis genyen. E nou menm, nou gen pou nou òganize sektè pa nou an, pou nou gen yon kòd etik, pou nou respekte, pou nou bay tèt nou yon seri règ pou nou respekte. Paske efektivman, gen bagay nou pa gen dwa fè. Men nou gen devwa tou», te note Delva. Yon pozisyon AJH Osner Févry ak Adyjeangardy a pa t rive pran an 1986, fas ak pwojè dekrè-lwa 15 jiyè a, ke KNG-Pran te pran, pou yo te kòmanse gen kontwòl laprès. Tèks ki te sanble kou 2 bon marasa nan sans pa l ak dekrè 30 mas 1980 an, sou Jean Claude Duvalier. Eske moun pral reviv tan sa a ankò?

Menm lè Mario Dupuy di se nan tèt kole ak asosiyasyon pwopriyetè medya e asosiyasyon jounalis lwa sou laprès la ap rive ekri, men gen yon seri pwoblèm alapapòt. Dayè AJH ak FHP, ki se 2 «asosiyasyon jounalis», yon pa reprezantativ, yon lòt pa, konnen move pase yo, pa kredib ase pou jwenn konfyans sektè jounalis la ann Ayiti. Answit gen yon «asosiyasyon patwon medya» ki rele AMH ki non sèlman pa reprezante majorite medya ayisyen yo, men tou ki gen nan gouvènay li chèf medya boujwa yo. Medya ki pa ka prezante okenn altènativ serye, pou yon laprès lib e onèt!

Vin jwenn, menm laprès sa a ke gouvènman an di la pral mete lwa pou l fonksyone a gen diferan pwoblèm ak gouvènman an (chak sektè gen pwoblèm pa yo!). Apa ankèt sou lanmò Jean Léopold Dominique ak Brignol Lindor a ki nan yon move pas, gen près ki viktim move ekzaksyon moun osnon gwoup ki pwòch pouvwa anplas la. Moun ka pran ekzanp Asosiyasyon medya Ba Plato Santral (AMEP) ki ap rele anmwey pou ministè Enteryè, ki deside fèmen tout radyo pwovens ki swadizan pa ta gen lisans yo. Poutan, Amos Dubois nan AMEP te deklare: «Pouki rezon yo te ak nou depi lontan, yo te bezwen nou, sanble ke nou jennen yo... Li pral yon kriz, paske si gouvènman an te aksepte nou depi 8 tan». Amos te vle di ke depi 8 tan yo t ap fonksyone konsa e gouvènman an pat janm wè yo, men se kounye a l ap poze pwoblèm «lisans» lan. Amos te konseye gouvènman an, olye depatman Enteryè ap menase fèmen radyo yo, pito li ta mande responsab Konatel yo, pou yo sispann fè dilatwa ak medya pwovens ki bezwen jwenn lisans.