![]() |
17 Avril  2002 April 17, 2002 17 Avril  2002 |
![]() |
Publicité | / | Abonnements | |
![]() |
Advertising | / | Subscriptions | |||
| Vol.20,No.5 | ![]() |
Piblisite | / | Abonment | ||
![]() |
Contactez nous: editor@haitiprogres.com |
|||||
![]() |
|||
| Ki djòb misyon titèl OEA a?
Chak misyon, chak komisyon, chak delegasyon k ap rantre nan peyi a,
toujou trennen dèyè yo gwo pale anpil. Misyon espesyal OEA
(Oganizasyon Eta ameriken yo), ki kreye apati rezolisyon konsèy
pèmanan an, nan dat 15 janvye 2002 a (rezolisyon 806), mennen tou
anpil reyaksyon.
Vin jwenn, rantre komisyon ankèt la, nan jou lendi 8 avril la,
fè reyaksyon yo kontinye pou laplibèl. Komisyon sa a se
youn nan branch misyon espesyal la, k ap gen yon lòt branch, ki
se konsèy konsiltatif pou reparasyon an.
Dabò, prezidan lachanm depite a, Rudy Hériveaux, montre
li trè favorab a misyon OEA a. Depite a te deklare: «Se pral
okazyon pou delegasyon sa a vin konstate limenm veritab reyalite sosyal
e politik peyi a», te di palmantè a, ke lòt palmantè
Fanmi Lavalas, kouwè Gérald Gilles te vin kore. Bò
pa li, Jonas Petit ki se pòtpawòl Fanmi Lavalas, pati politik
prezidan Aristide la, te di li «kwè ke se yon bon bagay gen
yon komisyon, ki ap sòti nan OEA ki limenm ap rete sou teren an,
gade kijan sa ap pase, epi kounye a kisa li dwè e nan sa li di
li wè a. Tout moun k ap obsève efektivman, gen anpil jefò
k ap fèt bò kote gouvènman an, pou peyi a kab soti
definitivman nan kriz kote li ye a».
Sou menm ribrik la, divès lidè nan Konvèjans demokratik
la (CD) dakò ak rantre misyon titèl sa a. Victor Benoît
ki se chèf Konakom nan Konvèjans lan te di «Byensi,
paske noumenm oparavan nou te di nou dakò avèk rezolisyon
806 la, e youn nan pwen rezolisyon 806 la, fòk te gen yon misyon,
ki pou te deplwaye...» Se te menm pozisyon pwopriyetè Panpra
a, Serge Gilles, ki plis wè lankèt misyon an, atravè
«komisyon ankèt la», pou fè limyè sou
evènman 17 desanm 2001 yo. Micha Gaillard pa t manke pa montre
kòman titèl misyon an ap enpòtan, pou yo nan Konvejans
lan: «Misyon an avèk pak li a, avèk diplomasi sa a,
ka fè pase yon seri lòd, yon seri konsèy ak moun
pou l fè pase li, pou yo chanje konpòtman, jis pou demokrasi
ta ka ranfòse ou ta retounen ann Ayiti.» Gérard Pierre-Charles,
chèf OPL, sèl pwoblèm li, se ta pawòl ansyen
konpayèl li minis zafè negosiyasyon Marc Louis Bazin, li
ta wè ki pa dwe pale nan onon opozisyon an anndan gouvènman
Lavalas la. «Dekilakyèl opozisyon, yon moun pa ka nan opozisyon,
pou ou minis gouvènman. Si pa gen yon akò politik ki fèt,
si nasyon an pa klè, poukisa ou minis, e ki moun ou reprezante.
Bazin reprezante tèt li!»
Konsa tou, bra dwat Konvejans lan, nan komès la, Maurice Lafortune
ki se aktyèl prezidan chanm komès ak endistri a, e ki ranplase
lidè MOUN (Mouvman òganizasyon pou linite nasyonal) la,
Olivier Nadal, te gen pozisyon pa li. Lafortune te montre tou, li prèt
pou kolaborer ak «misyon titèl la». Li te deklare:
«Bon, nou te toujou swete komisyon OEA a li te rantre, pou fini
ak sitiyasyon politik nou genyen, ki antrave aktivite ekonomik la yo...»
Pou bò pa li, Pierre Espérance nan Kowalisyon nasyonal pou
dwa ayisyen (NCHR), di l prèt tou pou kolabore, si komisyon ankèt
misyon an ta kontakte li. «Komisyon an pral vini, enben nou genyen
yon seri rapò nou fè sou sitiyasyon dwa moun anndan peyi
a. Si yo enterese, enben n ap toujou mete rapò sa yo aladispozisyon
yo.»
Men, nan jou vandredi 5 avril la, divès OP pwòch Fanmi Lavals,
pami yo «Baz fristre» nan Matisan, te rann yo bò palè
nasyonal, pou te di yo pa dakò ak misyon an k ap rantre a. Oganizasyon
sa yo te di yo pa bezwen pyès misyon, pou vin dikte Aristide sa
pou l fè. Demach pwotestasyon ki pa t brendeng plan moun ki ap
deside yo.
Konsa, nan dat 11 avril 2002 a, komisyon ankèt OEA a ki gen ladan
Nicholas Liverpool (La Dominique), Roberto Flores Bermudez (Honduras),
Alonso Gomes Robledo (Mexique) ak apwi madan te rankontre ak prezidan
Aristide nan palè nasyonal. Rankont sa a ki te yon «priz
kontak», dapre Gaviria, te okazyon pou prezidan ayisyen an te di:
«Ann kontinye akonpaye komisyon OEA a ki la. Ankèt la kòmanse,
epi tout moun pale ak lòt...» Seri rankont yo te kontinye
avèk Inisyativ sosyete sivil (ISC) la e avèk Konvèjans
lan. Lòt «priz kontak» te gen pou fèt ak sektè
relijye, etsetera.
Men kisa ki anndan vant «akò titèl» la?
Premye dokiman an te siyen, nan dat premye mas 2002 a, pa reprezantan
gouvènman ayisyen, minis Afè etranje, Joseph Philippe Antonio,
ak reprezantan OEA a, Luigi R. Einaudi. Dokiman sa a te plis pote sou
akseptasyon misyon an. Donk se te akò a an li menm, ki te tou trase
wout, pou yon lòt dokiman, sou konpozisyon ak sa misyon an ap gen
pou li vin fè nan peyi a. Misyon sa a ap gen 2 tèt anndan
li: yon komisyon ankèt, yon komisyon konsiltatif pou reparasyon,
kòm sa te deja souliye. Akò a se yon tèks ki gen 10 atik ladan li kote yo trete nan atik 1 an, djòb misyon an, kote travay li ap pote sou: sekirite, jistis, dwa moun ak fason peyi a ap gouvène. Atik 2 a trete garanti misyon an dwe genyen, pou yo sikile lib e libè al chache enfòmasyon, nan tout achiv, tout kote nan peyi a. Poutan, gouvènman ayisyen an limenm pa gen dwa fouye pyès achiv misyon an. Atik 4 la ak atik 5 lan, trete privilèj ak avantaj misyon an ap gen ann Ayiti. Atik sa yo prevwa manm misyon titèl la pap ka sibi arestasyon, pap peye ni taks ni enpo nan peyi a. Pyès enstans pap gen dwa touche anyen ki pou misyon an, e byen e dokiman. Enstans sa ap gen pou mete kanpe pwòp sistèm kominikasyon pa li. Kidonk, endepandans total. Atik 6, 7, 8 akò a fè ekzijans a gouvènman ayisyen, pou sekirize, pwoteje e «kopere» ak manm misyon an. Atik 9, e 10 la yo anfen, pale sou idantifikasyon manm ak pèsonèl misyon an, ke lòt lwa a t ap gen pou detèmine. Etou atik 10 la fini pou fè ekzijans a 2 pati yo pou yo respekte sa yo te siyen. Se te tròkèt la, chaj la dèyè. Djòb misyon an.
Chay dosye a, ke yo pa t mete deyò nan menm moman pibliksyon tèks akò a, te pi konplike. Kit se
komisyon ankèt la, ki deja rantre nan peyi a, kit se konsèy reparasyon an, yo gen yon sèl bagay ki enterese yo se «reyalize
yon ankèt apwofondi, endepandan sou evènman 17 desanm 2001 an, jis pou rive tabli yon klima sekirite, ki kreye kondisyon nesesè
, pou negosiyasyon yo reprann, sou kontwòl OEA».
Kidonk, komisyon lankèt la ap gen pou ankete sou atak kont palè a, atak kont lokal Konvèjans lan e lòt san yo
(Enstiti franse, Cresfed), sa yo rele vyolans yo, e entimidasyon manm laprès ak mèt medya yo.
Komisyon sa a gen tout pouvwa. E l ap gen pou prezante rapò l, lè li
vle, bay moun li vle.
Pou konsèy konsiltatif la, l ap gen pou evalye
dega fizik e materyèl, konsekans evènman 17 desanm yo.
Yon konsèy k ap konpoze pa:
- yon reprezantan gouvènman ayisyen
- yon moun sekretè jeneral OEA a chwazi apati lis pesonay «enstitisyon prive e legliz Ayiti yo» rekòmande.
- Yon moun pa sekretè jeneral OEA a.
Tou 2 antite sa yo ki anndan misyon
an, mete ak lòt manm yo, ap rive antou 15 moun ki ap konpoze misyon sa
a. Yon misyon ke rès manm li yo ap gen pou rive nan peyi a semenn k ap
vini an. Yon misyon ki deja enterese ak «pwojè akò inisyal», ki pote sou
kreyasyon yon nouvo CEP, ki ta ap fòme ak: yon reprezantan Fanmi Lavalas,
yon reprezantan Konvejans, yon reprezantan lòt pati politik yo, yon reprezantan
konferans episkopal la, yon reprezantan legliz refòme a, ki sou lobedyans
Federasyon pwotestan Ayiti, yon reprezantan legliz episkopal, yon reprezantan
aparèy jidisyè a, yon reprezantan patwon sou lobedyans CCIH (Chanm komès
ak endistri), yon reprezantan òganizasyon dwa moun yo, sou lobedyans Jistis
ak lapè», daprè dokiman sa a, ki te pote siyati Fanmi Lavals ak Konvèjans
lan, an prezans divès temwen.
Misyon espesyal OEA a k ap jwenn sipò divès
peyi, ki di yo zanmi Ayiti, ap bezwen anpil lajan pou l brase. Ata Ayiti,
ofisyèlman, di l ap bay 25 mil dola.
Manm misyon an ap gen pou touche prèske 90 mil dola pa mwa, swa 900 mil pou 10 mwa! San konte asirans sante,
asirans vi yo, skirite sosyal y ap benefisye. Lajan pou konsiltasyon,
vwayaj aletranje, frè transpò, lajan pou peye pèsonnèl la. Kidonk, menm
jan ak misyon pou retabli demokrasi ann Ayiti a, menm jan ak Minuha, Manuh,
Mitnu, menm jan ak misyon sivil OEA/ONU an, se ap yon lòt misyon liks
, pou fè peyi Dayiti, sou tout fòm, peye sa li pa posede? Yon misyon espesyal,
k ap nan enterè moun ki renmem pataje pouvwa yo, lè pèp la fenk kare malmennen
nan peyi a.
|
|||
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |