Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
Yon polisye mouri nan Ti Gwav
Ricardo Benjamin, se yon polisye 28 tan, ki pèdi lavi li anba 4 bal nan komisarya Ti Gwav la. Lanmò sa a rive nan lannwit 9 fevriye 2002 a sou galri komisarya a, kote polisye a te resevwa 4 bal nan tèt. Jij de pè a, Lénord Jules, te deklare: «Sèl sa polisye yo rapòte, se ke te gen yon patwouy sou wout nèf la, yo tire 5 bal sou yo, epi yo rantre nan baz pou yo vin pran ranfò. Pandan y ap chache pran ranfò, yo tire sou lakou a, youn ladan yo pran epi li mouri. Nou pa ka di w si l gen rapò avèk li, men kanmenm se yon zak kriminèl sa ye», te di jij Lénord ki te vin konstate polisye a mouri lonje pye atè e ak yon bout chòt pye atè sou galri komisarya a. Bò kote pa yo, 3 lòt polisye ki te fè pati ekip ki te nan komisarya a ak viktim lan te vle retire tout responsabilite lanmò a sou do yo. Yon delegasyon enspeksyon jeneral lapolis la pa t pran tan pou te rantre vil Ti Gwav epi mete yo an izolman apre yo te fin entèwoje yo.
Latibonit: Chofè yo bloke wout Dekawo
Divès chofè ki fè trajè Pòtoprens/Gonayiv te bloke wout nasyonal #1 an sou blòk Dekawo, jedi 14 fevriye a, pou yo mande liberasyon yon lòt chofè, Joseph Pierre, ki te frape yon moun nan Sen Mak. «Yo mande 125 mil goud, plis yo kenbe machin lan, yo kenbe chofè a. Nan ka sa a nou menm, machin lan pa vann 125 mil goud, tout negosiyasyon nou fè, sa pa tonbe daplon. Bon nou pran desizyon an, pou nou ka jwenn jistis nou», te di yon lòt chofè. Chofè yo ki regroupe an sendika te kritike fason lapolis ak lajistis ekzije pou chofè a peye tout valè lajan sa a.
Jacques Maurice ap pale de gouvènman «antant»
Pòtpawòl laprezidans lan, Jacques Maurice, fè konnen seri konsiltasyon li te anonse biwo laprezidans lan ap fè ak kèk sektè anndan peyi a nan kad fòmasyon pwochen gouvènman an, ap pouswiv. Maurice ki di ke divès moun nan sektè prive a te deja kontakte, fè konnen yo te apwoche kèk manm Konvèjans lan ak lòt fòmasyon politik. Pòtpawòl la te di: «Bon, mwen kapab di ou konsiltasyon an trè trè lwen, nan sans kontak yo kontinye ap fèt. Genyen plis sektè ki vrèman jwenn konsiltasyon... Menm jan prezidan an mande pou louvri estaf medya leta yo a opozisyon an, ak tout sitwayen peyi a, se menm jan tou, l ap travay darachpye... pou vreman, genyen yon bon gouvènman kote tout tandans yo reprezante anndan gouvènman an.» Yon antant anlè, pou pete fyèl pèp la anba!
Biwo près prezidans lan te vle rektifye Ayiti Entè
Chèf leta peyi a Jean-Bertrand Aristide selebre premye ane retou li pou yon dezyèm manda sou pouvwa a, nan izin sik Dabòn nan ki pote non: Izin sikriyè Jean Léopold Dominique. Nan diskou li te fè, chèf leta a mansyone non Jean Dominique, ansyen direktè Radyo Ayiti Inter, lè li te fè asistans lan pran yon minit silans nan menmwa jounalis sa a, kriminèl te sasinen nan dat 3 avril 2002 a. Repòtè radyo Ayiti Entè te mansyone ke zafè jistis pou Jean Dominique la, prezidan an pa t manyen kesyon sa a. Biwo près laprezidans te voye yon kasèt diskou prezidan an bay direksyon radyo a, kote l te mande pou jounalis yo rektifye pawòl sa a, piske selon responsab biwo kominikasyon palè a repotaj la pa t korèk, piske li kwè prezidan te pale de Jean Dominique.
Radio Ayiti Inter ki pa satisfè de ti kras pawòl sa a ke prezidan a te di nan memwa ansyen direktè yo te pase yon ekstrè kasèt la, kote gen yon ti pasaj, kote Aristide te di: «... nou tout nou sonje youn ki ta kapab la vivan avèk nou, men kriminèl te tiye. Se pou sa n ap fè yon ti moman silans nan respè, pandan n ap sonje yo tout, an patikilye Jean Dominique ki gen non l atravè izin sa a, pandan n ap kontinye travay pou gen jistis, pou tout moun ki viktim...», te di prezidan Aristide jou 7 fevriye a nan Dabòn.
Latibonit: MORPA kraze brize pou mande travay
Jedi 14 fevriye 2002 a, manm MORPA ki se Mouvman rezistans popilè Latibonit te fèmen pòt biwo Ofis nasyonal asirans vyeyès (ONA) a, nan vil Sen Mak. Manm OP sa a te poze zak sa a lefèt yo te repwoche direktè a ki pa ba yo travay e ki ap sèvi enterè yon ti gwoup nan Fanmi Lavalas. Manm MORPA yo te boule kawoutchou e te mete biwo ONA a tèt anba anvan yo te fèmen l. Men youn nan yo anplwaye yo te fè remake: «Nou konnen nèg yo pa vin fè aksyon òganizasyon popilè, yo vin fè aksyon zenglendo. Yo chavire biwo a, yo bat moun, yo lage tout papye achiv yo, nou pa konn sa y ap chache. Yo kraze vit. Oganizasyon popilè pap vin fè yon bagay konsa». 2 pami manm MORPA yo te jwenn arestasyon yo anba men lapolis. Akoz gouvènman an pa vreman gen regleman pou li angaje anplwaye, se yon afè moun pa, li fè bann egzaksyon sa yo kapab ap rive. Nenpòt ki moun ki bezwen djòb oubyen vle fè vagabonday annik di li se òganizasyon popilè epi li al kraze brize.
Yon fondasyon an memwa pè Ti Jean(PIX)
Se lendi 11 fevriye 2002 a, dat pè Ti Jean-Pierre Louis te fèt, ke divès fanmi ak ansyen zanmi defen an te lanse Fondasyon Jean Pierre-Louis. Fondasyon sa a ki pote non pè Ti Jean te kreye pa pè Miguel Jean-Baptiste ak frè pè Ti Jean Pierre-Louis a ki pote non Jacques Pierre-Louis. Fondasyon an k ap gen pou kontinye chita diskite ak òganizasyon pè Ti Jean te konn travay yo, fè kèk aktivite sou ledikasyon, lasante, elatriye, ap gen pou kontinye mande jistis pou relijye sa a, ki te mouri asasinen depi nan dat 3 out 98 la. Depi lè a, «ankèt» la pa janmè fini!
Lapolis arete 14 moun
Vandredi 8 ak samdi 9 fevriye 2002 a, lapolis arete 14 moun nan Pòtoprens, pami yo ta gen 8 manm Konvansyon inite demokratik (KID) ke Evans Paul, K-Plim ap dirije e ki anndan Konvèjans lan. Pami 8 manm KID yo gen ansyen depite Jean Mandenave ki te arete bò Ti Seminè kolèj Sen Masyal nan jou vandredi 8 la ak Bruno Edgard ke lapolis te arete lakay li, nan jou samdi 9 fevriye a. Te gen yon manm RDNP (Rasanbleman demokrat nasyono-pwogresis) ak redaktè sal nouvèl radio Majik Génert Morin ki te figire nan lis lòt 7 moun ki te sibi arestasyon yo. Jounalis Majik la ki te al devan jij, te vin jwenn libète pwovizwa.
*~