Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
 

Afè Civil ak Delva pral devan jij enstriksyon

Madi 29 janvye a pòtvwa Jenès pouvwa popilè (JPP) a, René Civil, te prezante li devan komisè gouvènman an Josué Pierre-Louis, suit a yon plent sekretè jeneral Asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH), Guyler C. Delva depoze nan pakè a, kote l te di Civil te fè l menas lanmò e te sal non li. Nan plent sa a, Delva te di ke menas sa yo te vini apre l te fin bay yon konferans pou laprès ansanm ak sekretè jeneral Repòtè san fwontyè (RSF) la, Robert Menard, ki te prezante yon lis 24 pèsonnalite ayisyen, nan pouvwa Lavalas la, ke kominote entènasyonal la ta dwe bloke lajan, viza ak byen yo. Komisè Pierre Louis te deside voye afè a nan kabinè enstriksyon, piske selon li «se pa nou ki otorite jijman».
 

Komisyon an mande leve iminite depite a

Komisyon espesyal ki t ap etidye dosye depite Jocelyn St-Louis a mande pou lachanm lan ta leve iminite li, nan rapò li prezante a. Vòt pou wete pwoteksyon sa a pat rive fèt akoz te gen twòp absan nan seyans lan. Depite St Louis ki sou siveyans lapolis maten, midi, swa, ta sibi move tretman nan men polisye k ap veye l yo, selon konfrè li depite Sergo Métellus. Pou bò pa l depite Engervil JulesVert te mande pou «lajistis pou arete tout moun yo ki te ak majistra a... tout lòt moun ki te ak depite a, pou tout moun sa yo vin pale bay lajistis». Konsa kèk depite te mande pou depite St-Louis kontinye resevwa salè li, jiskaske li jwenn jijman li.
 

Zafè «diri lapè» a fè bri nan Sen Mak

Asosiyasyon devlopman Latibonit lan te bay yon konferans pou laprès, pou te denonse zafè gagòt dirijan Fanmi Lavalas yo sot fè, nan afè enpòtasyon «diri lapè» a. Plantè yo te di pa vwa kòdonatè asosiyasyon an: «Nou konprann jounen jodi a Fanmi Lavalas gen pou misyon, pou l kraze Latibonit, jan prezidan Préval te fè l deja a. Donk, lè ou gade Jonas Petit ki di yo gen nan pwogram envesti nan "l'humain", pou yo enpòte diri vini fè konkirans avèk noumenm ki nan Latibonit, alòs noumenm nan Latibonit nou gen pwoblèm angrè, dlo. Pa egzanp nan komin Grann Salin gen pwoblèm dlo, komin Lestè, Dedin tout zòn sa yo yon pil tè ki te konn wouze, yo pa wouze ankò... epi lè ou gade se diri moun yo ap enpòte... epi gagòt ap fèt, lè ou gade 117 milyon goud leta pèdi. 117 milyon goud sa a konbyen teknisyen li te ka fòme pou peyizan yo?»
 

Depite St Louis di arestasyon li ilegal

Depite Sen Rafayèl/Dondon an, Jocelyn St Louis ki te mele nan zafè krim sou majistra komin sa a, denonse arestasyon l lan e fason yo trete li nan prizon, ki ilegal. Depite a denonse sekretè deta sekirite piblik la, Jean Gérard Dubreuil li di ki konplis nan dosye a, e di tou ke arestasyon li an se yon mank respè e pou iminite l la e pou enstitisyon palmantè a. 
 

Majistra Guerrier demanti akizasyon yo

Samdi 26 janvye a nan Dèlma 33, moun ame te tire yon jenn gason ki pote non Jackson Aubourg, sou yon tè li te fè dappiyanp sou li. Menm lè a bri te kouri ke majistra Dèlma a Maxon Guerrier ta patisipe nan touye jenn jan sa a. Yon chay ke majistra a te blije bay yon konferans pou laprès madi 29 janvye a, pou li te demanti: «Yon rektifikasyon ke m bezwen pote. Premyèman, mwen se yon majistra, mwen pa t eli pou mwen tiye moun, mwen te eli pou mwen sèvi moun, pou mwen bay lavi. Non sèlman mwen se yon majistra, mwen se yon medsen e si ou tande travay m ap fè nan Dèlma, se lavi m ap bay. Moun ki fè deklarasyon sa a, li bay manti paske mwen pa t prezan...», te di Guerrier ki te mande ouvèti yon «ankèt» sou lanmò sa a. Nan lendi maten 4 fevriye a, divès fanmi, zanmi ak lòt moun nan Delma te leve ap boule kawoutchou, drese barikad, pou yo mande jistis pou viktim lan. 
 

Ina denonse afè diri enpóte a

Sekretè jeneral Inisyativ Latibonit (INA) a, Dessalines Rosemond, denonse dirijan Lavalas yo li di k ap pran pretèks y ap newtwaye kanal Pelig la, yon fason pou yo koupe dlo peyizan yo konn wouze tè diri nan vale Latibonit lan. Ina di sa ale nan sans kontrè ak zafè pwodiksyon nasyonal rejim lan ap pale a, e li denonse tou fason gouvènman an ap enpòte «diri lapè» a nan peyi a e gaspiyaj ki te fèt yo.
 

Konvèjans lan kontinye ap pote plent

Pòtpawòl OPL/Konvèjans lan, Paul Denis te anonse ke responsab Lavalas yo te kontakte kèk pati nan Konvèjans lan, pou mande yo vin chita negosye. Denis ki di se gwo ofisyèl nan Lavalas la ki te fè demach sa yo te deklare: «Wi efektivman prezidans lan te voye yon seri delege pou rankontre yon seri manm OPL, pou pwopoze yo yon rankont, rankont limite avèk kèk manm Konvèjans demokratik la e voye jete kèk lòt. Bon noumenm repons nou te bay, nou voye transmèt ba li menm se ke Konvèjans la se yon sèl li ye, li pa 2, li pa 3, li pa pa bout. Lè Konvèjans ap genyen pou negosye avèk li se pral antanke Konvèjans. Pou nou rankontre avèk li, se pral sou lobedyans OEA...», te di ansyen senatè OPL la, ki te di pati l la t ap gen pou kontre ak misyon Karikom lan, pou pote li plent sou «evènman ki te rive 17 desanm 2001 an, sou sitiyasyon aktyèl peyi a...», te fè konnen Denis ki di l ap gen divès dokiman pou l renmèt misyon an.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm