Haïti Progrès
Le journal qui offre une alternative
Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout Kreyòl
 

Okap: Grèv anplwaye lavwari

Nan dat 12 desanm 2001 an, plizyè dizen anplwaye Sant nasyonal ekipman (CNE) nan Okap te manifeste pou mande touche 4 mwa travay yo dwe yo. Anplwaye sa yo ki te bloke lokal delegasyon Nò a deside pou ranmase fatra nan vil la jous lè responsab yo peye yo. 
 

Yon lòt direktè jeneral nan DGI

Mèkredi 12 desanm lan, pou ranplase ansyen direktè jeneral DGI a, Théodat Frantz, se John Emmanuel Desroches ki te enstale rapidman kòm nouvo direktè. Nan enstalasyon li, Desroches te di: «Nan bwat leta yo, fò yo mete lòd. E se nan kontèks sa a prezidan an, li pase m yon seri enstriksyon fòmèl pou lòd nan bwat la retabli..» Nou sonje ke anplwaye DGI yo te kanpe travay pandan 2 jou pou mande depa ekip Théodat a. Antouka, divès anplwaye ki te wè zafè plizyè milyon goud ki te pèdi nan DGI a paka rete la, te fè konnen: «Yo voye Edouard Gilles ale, Lemaire Polynice, Alix Désir, enpi avèk tout lòt ti ekip ki te anndan prizon yo, se s ak fè nou pa satisfè, paske se revoke yo revoke yo, yo poko mete yo nan prizon. Se lè yo mete yo nan prizon n ap kontan nèt, pou kèk nèg genyen sa kòm egzanp, pou yo pa kase bwat leta konsa, pou yo pa foure kòb enstitisyon an nan pòch yo.»
 

2 mil ayisyen ekspilse soti Dominikani

Otorite dominken yo voye tounen ann Ayiti plis pase 2 mil konpatriyòt ayisyen nan espas yon semenn. Moun sa yo ki te rantre ann Ayiti san anyen nan men yo te rakonte: «Yo pran nou yo al mete nou anba rak la. Kounye a la a, lè nou pral mouri, nou pran lari, lè nou pran lari, lè nou rive yon lè moun ki avèk nou ap tonbe mouri tou 2 bò wout. Nou menm se lè nou rive parèt yon kote ki rele Forè dè Pen e lè sa a moun kòmanse pran nou, ban nou ti manje, ki fè nou kapab rive la a...» 
 

Washington pa pran priyè

Gouvènman meriken deside kontinye bloke «èd» entènasyonal Ayiti jiskaske swadizan kriz elektoral la jwenn yon bout e jouktan gouvènman Lavalas Aristide/Chérestal la ta aplike 8 pwen lèt Aristide te ekri Clinton lan. Washington te fè konnen sa lò yon seri disktite meriken yo te genyen ak 2 minis Lavalas Gustave Faubert (Finans) ak Philippe Antonio Joseph (Afè etranje). Atout 7 senatè Lavalas ki te demisyone, e divès lòt konsesyon ki te fèt, Washington deside montre grif li plis toujou. 
 
 

Fatra fin pran Pòtoprens

Nan okazyon fen ane a gwo pil fatra te konble nan kapital la nan divès kwen nan kapital la, tankou nan kwen Avni Christophe ak Lalue, epi tou nan mache Pòs Machan kote move odè, moustik ak mouch ap miltipliyen. Akote sante moun yo ki menase, pil fatra yo bay blokis e koze divès aksidan. 
 

Sen Mak: polisye Chadou pral devan tribinal

Polisye Pierre Paul Chadou pral parèt devan lakou kasasyon pou l reponn pou lanmó Arsène Auguste la. Men dat la poko fikse.
 

Minis Lissade pase yon lòd fòmèl

Minis Lajistis la Gary Lissade di li pase komisè gouvènman Ti Gwav la, lòd fòmèl pou l ta arete moun ki te enplike nan lanmò jounalis Brignol Lindor la. Komisè a pou bò pa l di li deja lanse 16 manda arestasyon ke lapolis poko ekzekite.
 

Putchis yo te lakóz anpil moun mouri

Anviwon 5 moun pèdi lavi yo, yon ventèn kay boule, se bilan pwovizwa jounen twoub 17 desanm 2001 lan ke putchis yo koze. 2 polisye te mouri ak bal nan tèt bò palè a, youn nan bandi yo te mouri, e 2 pasan bandi yo te touye lè yo t ap sove nan zòn Channmas. Nan Gonayiv 2 moun ta mouri anba bal enkoni. Divès kay te boule nan Pòtoprens pami yo lokal Konvèjans lan, lokal Konakom, lokal Alah, ak lokal KID. Gen pawòl ki lese konprann kay lidè OPL/Konvèjans lan Gérard Pierre Charles, boule nan mòn Èkil, bó Petyonvil. Nan Ti Gwav, yon ventèn kay ta boule, ladan yo, kay responsab Konvèjans lan ak kay majistra vil sa a ke moun Konvèjans yo te boule.
 

Tansyon an te monte nan pwovens yo tou

Nan divès zòn pwovens peyi a, zafè «tantativ koudeta» a te monte tansyon popilasyon yo e te menm rive gen gwo derapaj. Nan Okap omwens yon kay ta boule anba kolè popilasyon an ki tap pwoteste kont tantativ kou deta a. Nan Jeremi, manifestan te rive mete dife nan lokal Konfederasyon travayè ayisyen (CTH) ki se yon sendika 2 bounda. Nan vil Jakmèl, se te kay pòt vwa Konvèjans lan nan vil sa a, ansyen putchis 91-94 Milo Gousse ki te manke pran dife. Menm sitiyasyon nan Ba Latibonit kote barikad kawoutchou t ap boule tribò babò nan depatman an. Moun Plato Santral, nan Laskawobas, Mibalè te leve kanpe kont zafè atak palè nasyonal la. Nan Gonayiv, 2 ajan sekirite MOCHRENA te pèdi lavi yo e kay omwens 2 dirijan pati manm Konvèjans sa a te boule. Se kay pastè Luc Mesadieu ak yon lòt dirijan MOCHRENA.
 

Minis lan kondane vyolans 

Minis kominikasyon an Guy Paul te mande pou popilasyon an te gade kalm li nan jounen mouvmante 17 desanm lan. Paul te byen di ke «li klèman mansyone gouvènman repiblik la kondane vyolans lan... donk tout bagay dwe fèt nan lapè.»
 

Chèf sekirite palè a te gen kontwòl sitiyasyon an

Byen bonè nan maten 17 desanm lan, chèf sekirite palè nasyonal la, Jean Oriol te di li gen kontwòl sitiyasyon an, e lapolis ak manm USP (Inite sekirite prezidansyèl) yo reprann kontwòl palè a. Oriol te fè laprès wè kadav youn nan moun ki te atake palè e li te di: «2 pikòp rantre a 2zè di maten. Mwen poko ka ba ou tout detay...»
 

Anbasadè dominiken an pote yon demanti

Anbasadè dominiken an Alberto Despradel Cabral, rejte lide ki ta vle fè kwè ke nan moun ki te atake palè a nan dat 17 desanm lan ten anyen pou yo wè ak otorite dominiken. Anbasadè a di li ann kontak ak nan pale ak otorite ayisyen yo e relasyon yo trè kódyal.
 

Sekretè deta a mande sekirite prive yo depoze zam yo

Nan yon kominite ki te sòti nan jou lendi 17 desanm lan, sekretè deta sekirite piblik la, Jean-Gérard Dubreuil te bay lód pou tout ajan sekirite prive yo pa pote zam ak inifòm, lè yo nan lari. Mezi sa a pran jiska ka nouvèl òd.
 

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm