| Sa
vizit Gaviria a pote?
Se vandredi 30 novanm 2001 an, sekretè jeneral Oganizasyon leta
ameriken yo (OEA), César Gaviria te rantre nan peyi a, pou yon jounen
vizit konsiltasyon, dapre sa li di. Nan vizit sa a ki te byen chaje, Gaviria
te rakontre ak prezidan Jean-Bertrand Aristide, ak responsab Konvèjans
yo, kèk diplomat ak evèk legliz katolik yo. Rankont sa yo
te fèt toujou sou kriz la e sou posibilite pou reprann negosiyasyon
yo. Minis Lakilti a Guy Paul pat vale krache li an palan de óganizasyon
OEA a e li te di: «Penyen lage òganizasyon an ki responsab
sitiyasyon sa a.» Poutan Guy Paul te kalifye de «tèt
a tèt» rankont Aristide ak Gaviria a. An final, Minis lan
te fè konnen gouvènman Lavalas la dispoze pou reprann negosiyasyon
yo.
Apre vizit doktè sa a, sekretè jeneral OEA a te pale de
sitiyasyon kritik Ayiti e li te pwomèt ke sekretè jeneral
adjwen OEA a, Luigi Einaudi ap gen pou vini ann Ayiti trè pwochennman,
nan kad 17tyèm misyon OEA pou fasilite yon «solisyon a kriz
la nan peyi a». Gaviria te di li espere yon akò ap gentan
jwenn ant 2 gwoup yo anvan fen ane a.
Vizit César Gaviria a te mennen tou anpil pale bò kote
2 sektè yo: Fanmi Lavalas ki nan pouvwa a ak Konvèjans ki
nan redi mennnen kase ak li. Minis Lakilti a te tou pwofite vizit sa a
pou l te raple sa gouvènman Aristide/Chérestal an te antann:
«Bon, premyeman... Misye Gaviria, sekretè jeneral OEA rantre
alaswit yon lèt prezidan an te voye ba li 23 novanm. Donk misye
vini pou l diskite apeprè sa k gen nan lèt la... Genyen 7
senatè ki bay demisyon yo, gen rediksyon manda senatè yo
ki te fèt 21 me yo, rediksyon 2 zan sou manda depite yo, eleksyon
senatè 2002, eleksyon tout lachanm depite a an 2002, epi gen yon
konsèy elektoral pwovizwa ki fòme.»
Gwo badin Konvèjans yo te gen dizon pa yo ak Gaviria. Micha Gaillard
nan Konakom/Konvèjans te bay nannan diskisyon li te gen ak Gaviria
nan rankont ak Konvèjans la: «Nou pase 1 nè ansanm
avèk li pou diskite sou yon seri bagay an patikilye. Youn sou eta
negosiyasyon yo, 2. sou eta vyolasyon dwa moun, dwa jounalis, dwa lopozisyon,
dwa sosyete sivil lan ki jounen jodi a Lavalas la ap pase anba pye...»
Konsa lidè Konvèjans yo se plenyen yo t ap plenyen bay Gaviria.
Pou bó pa li, Gérard Pierre-Chalres, chèf OPL la nan
Konvèjans te bat men pou rankont li ak sekretè jeneral OEA
a, e li te di li alatant nouvo misyon òganizasyon an gen pou voye
ann Ayiti a. Malgre Pierre-Charles t ap pale de negosiyasyon regwoupman
politik li a vle, li te di: «Se yon prezidan (Aristide), yon nèg
ki gen yon pouvwa defakto nan men li. Se li ki kontwole tout peyi a nan
sans sa a li goumen pou li, se pou sa li fè tout kalte bagay ke
nou menm nou di ki mal fèt e sa pat dwe fèt. Donk, keksyon
ki fondamantal pou nou se negosiyasyon. Donk nou prèt pou n negosye.»
Bò kote pa li, bra dwat Pierre-Charles la, ansyen senatè
Paul Denis, sanble te vle montre li pi di pase chèf li lè
li te deklare: «Mwen pa gen anpil lespwa Lavalas ap montre li rezonab,
ap montre li sifizaman saj, pou l jwenn yon konpwomi avèk nou sou
baz yon akò politik e donk nou menm nou di pandan n ap negosye,
n ap kontinye travay mobilizasyon an… Jean-Bertrand Aristide gen 3 opsyon:
1. negosiyasyon, 2. represyon... 3. demisyon...» Pou kont pa li,
chèf KID/Konvèjans lan, Evans Paul (K-Plim) te demanti rimè
ki te sikile pou di se konsiy Gaviria te vin pase lidè Konvèjans
yo. Paul te pito di li satisfè de rankont pati l la ak reprezantan
OEA: «Mesye Gaviria di nou li sot pale ak mesye Aristide, li wè
mesye Aristide gen bon dispozisyon pou ta gen yon akò ki soti anvan
ane a fini. Mwen pa konnen si se nan lojik 2001 t ap bon an, kòm
nou wè 2001 an nan won. Men nan tout mannyè nou te presize
pou mesye Gaviria e li rekonnèt li tou, pawòl mesye Aristide
vo zewo.» E pawól pa Evans Paul?
Pou bò pa l Konferans episkopal la ke Gaviria te rankontre tou
te mete yon nòt deyò ke tout evèk yo te siyen e ki
te pale de sitiyasyon frajil peyi a, kote li te fè wè nesesite
pou ta gen yon antant ant Fanmi Lavalas ak Konvèjans la pou rezoud
«kriz» apre eleksyon yo. Nòt konferans lan te make nesesite
pou negosiyasyon yo ta reprann ant 2 advèsè politik yo. Responsab
Inisyativ sosyete sivil la, Rosny Desroches te satisfè tou de vizit
Gaviria a e nouvo misyon li konte voye nan peyi a ak nan tèt li
Luigi Einaudi ki se sekretè adjwen OEA a. Desroches te di: «Bon
nou ta swete se dènye misyon an e fwa sa a finalman nou arive jwenn
akò sa a pou nou siyen akò inisyal la. E apre akò
inisyal la, nou kapab koumanse prepare nou seryèzman pou eleksyon
novanm 2002 yo, pou nou ka gen eli nan tout nivo.» Men ki pral wòl
«sosyete sivil» sa a nan eleksyon sa yo?
Anfen, sanble se dènye kout kat kominote entènasyonal
la pral jwe avèk vizit pwochenn Einaudi ann AYiti a. Pyès
moun pa bliye ke «kriz» y ap pale a se Orlando Marville, chèf
misyon obsèvasyon OEA a ki te pwovoke l, lè li te vin ak
pwoblèm kontaj bilten vòt eleksyon 21 me yo, alóske
li te fin felisite eleksyon yo ke li te wè ki te byen pse. Kriz
fabrike sa a se kòm yon kouto gwo peyi yo ak òganis finansye
entènasyonal yo mete anba gòj responsab Lavalas la yo ki
opouvwa, pou fòse yo bay avantaj yo pa te dwe bay. Nan fil mòl,
fil mòl, prezidan Aristide ki te vin pran mayèt prezidansyèl
la nan men René Préval te menm rive negosye vòt popilè
21 me a, lè li te ekri Bill Clinton lèt kote li te pwopoze
konsesyon yo. Pami yo li anvizaje redwi nan manda kèk palmantè,
fòse kèk lòt pami senatè yo demisyonne, refè
eleksyon pou depite yo nan 2 lane e monte yon konsèy elektoral pwovizwa
pou fè sa. Konvèjans lan li menm ki jwenn plan men t ap ekzije
jwenn ponyèt, kote li mande eleksyon menm pou kolektivite teritoryal
yo e entegrasyon li nan gouvènman an, aparèy jidisyè
a, KEP la e menm lapolis, atravè 17 pwen dirijan regwoupman sa a
te pwopoze kòm repons a pwopozisyon gouvènman Lavalas la.
Fas a presyon e kominote entènasyonal la e Konvèjans la
ap bay dirijan Lavalas yo, fas a reyaksyon gwo badin Lavalas yo, ki chak
jou pi plis ap detache yo de revandikasyon popilè yo, moun ka konprann
sèl entansyon prezidan Aristide se ta fin fè 5 kan l lan,
epi anyen ankò. Li te mele l ak asanble teritoryal yo ki se baz
tout gouvènman, ki te mele l revandikasyon popilè yo ke gouvènman
l lan demake, e menm ap pyetinen, ki te mele l si l likide vòt 21
me 2000 yo. Sèl kout kat Aristide se fè 5 kan an sou pouvwa
menm lè «2001 pa ta bon tout bon». Pandanstan, Konvèjans,
zèl boujwazi, makout la ap konplote, pèp la ap plenyen mizè
l. Byen konte, men li sanble mal kalkile, paske pèp la pa soti pou
li pran kout boul ankó!
Ti Gwav: Asasina
yon jounalis
Yon jounalis nan Ti Gwav, Lindor Brignol, ki te direktè sal nouvèl
radyo Eko 2000, mouri anba kout manchèt lendi 3 desanm lan, nan
lokalite Kwa Ilè ki a kèk kilomèt lavil la. Jounalis
la te twouve l nan yon machin lè bandi yo te boule machin lan. Direktè
radyo a te di sou yon radyo nan kapital la, ke jounalis la te konn resevwa
menas nan men divès militan e responsab pwòch Lavalas nan
zòn lan, ki te akize li ke li se manm Konvèjans lan.
Bò kote pa li, komisè polis Ti Gwav la, Alix Alexandre,
te lage krim sa a sou do patizan Konvèjans la ki te òganize
yon seri mobilizasyon anti-Lavalas nan menm jou sa yo.
14 zan apre
29 novanm 1987
29 novanm 2001 an fè 14 ane depi divès moun ak bilten
vòt nan men te mouri anba bal ak manchèt atache KNDP (Konsèy
nasyonal gouvènman pwovizwa) sou lòd ansyen jeneral Claude
Raymond ki te kole ak akolit li Henry Namphy, Williams Regala alatèt
pouvwa pwòch makout la. Plizyè dizèn moun te pèdi
lavi yo e nan lekòl Ajantin Bèlgrad nan riyèl Vayan
e nan lòt zòn peyi a. Jiskaprezan otè, ko-otè,
konplis ap mache sou moun san pini.
Nan okazyon saa, prezidan sena a ki se alafwa reprezantan Fanmi Lavalas
te raple l tou de dat 29 novanm lan kote «militè, teworis
opouvwa yo te masakre yon lavalas frè n ak sè n ki te kanpe
nan liy pou al chwazi reprezantan yo nan eleksyon, jan konstitisyon 29
mas 87 la mande sa...», te di senatè a ki dwe wè pa
la ke fòk li kolabore pou enpinite pa kontinye nan peyi a.
. |