Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlKonferans MOPOBAB
Mouvman òganizasyon popilè anba Bèlè (MOPOBAB) te bay yon konferans pou laprès nan dat 21 novanm 2001 an, kote li kritike «fason kèk òganizasyon popilè bidon, ki se tchoul kominote entènasyonal la, e ke Konvèjans restavèk la ap manipile yo, pou soulve kont pouvwa mas pèp la». Oganizasyon sa a ki pwòch Fanmi Lavalas te di tou: «MOPOBAB ap pwofite lanse yon pinga bay tout moun k ap pyafe nan non pèp la ak sa yo k ap fè gwo menas pou fè san koule nan peyi a.»
N ap note pi fò nan mouvman pwotestasyon kont gouvènman Chérestal la, se òganizasyon pwòch Lafanmi Lavalas ki ap fè yo. Eske se yo MOPOBAB rele «òganizasyon popilè bidon an»?
MOJEKA di Konvèjans pou li pa vin pran woulib
Nan yon konferans pou laprès li te bay nan dat 20 novanm lan, Mouvman jèn pou kore Ayiti (MOJEKA) di li konprann «fristrasyon k ap travèse popilasyon an», pandan l ap mande pou prezidan Aristide mete fren a dezòd li wè k ap fèt nan peyi a. MOJEKA te kritike atitid «kominote entènasyonal» la e l te di «bravo prezidan Bill Clinton, ou pwouve ou se yon vrè demokrat, lè ou nan moman difisil sa a, pou ou fè konprann prezidan Jean-Bertrand Aristide gen volonte ak vizyon pou l mennen bak peyi a, a bon pò, men li bloke nan kat kwen pa yon seri moun ki fè pati kominote nasyonal ak entènasonal la». MOJEKA te di pou pèp la rete vijilan e li te bay Konvèjans lan yon bwa long kenbe, pou l pa pran woulib sou do pwotestasyon popilè yo.
Men se byen malere MOJEKA poko konprann ke ki di CLinton di Bush nan defann enterè enperyalis meriken kont lòt peyi!
Ti Gwav: Dife nan yon kolèj
Dife te mete nan lannwit lendi 19 la nan yon kolèj Tigwav yo rele «Harry Brikman». Pòt prensipal lekòl la te gentan boule, men rès lekòl la pa frape. Responsab lekòl sa a ki apatni a misyon metodis Dayiti te kapab reprann travay.
Sen Mak: Jij de pè a akize majistra yo
Nan dat 19 novanm lan, nan afè dife nan lise Sen Mak la, Achiv lise a ki soti nan lane 1943 pou rive jodi a boule nèt. Jij de pè a, Jean-Robert Innocent deklare ke «ankèt mwen... revele majistra yo ka gen men yo tranpe nan dife sa a ki mete nan lise Sténio Vincent an».
Manifestasyon pou Aristide
Plizye manm òganizasyon pwòch Lavalas te manifeste nan dat 21 novanm lan, sou wout Dèlma a, pou te montre yo toujou ap kore prezidan Aristide kont Konvèjans lan yo di ki ap distribiye lajan, pou prepare yon koudeta.
3 milyon disparèt nan DGI
3 anplwaye Direksyon jeneral enpo (DGI) mete ak yon anplwaye labank pou disparèt 3 milyon goud nan DGI. Lajan sa a te sòti nan ajans vwayaj Chatelain Tours, ki te dwe leta ayisyen li. Pou kouwè l ye la a, daprè sa moun aprann, gen 4 manda ki deyò e gen 2 pami moun ki akize yo ki ta deja anba men lapolis. 2 lòt moun manda dèyè yo a se: chèf sèvis rekouvreman an, Reynold Augustin ak yon anplwaye Kerland Welsaint.
Redi Mennen kase nan Okap la
Mèkredi 14 novanm lan, direktè depatmantal edikasyon Nò a Renan Michel te denonse nan yon nòt mannèv sèten direktè lekòl ap fè pou elèv yo pa ale nan klas pandan jou grèv yo jedi 15 ak vandredi 16 novanm lan. Delege Nò a, doktè Myrtho Julien nan yon deklarasyon te envite popilasyon an pou li mennen tout aktivite yo nòmalman paske lapolis pran tout dispozisyon pou bay sekirite. Lavèy premye jounen grèv la divès kwen nan Okap te genyen panik anba wòch ak boutèy ki tap tonbe. Kamyonèt site yo ak ti komès yo te oblije rantre byen bonè e divès patwouy lapolis tap vire nan diferan zòn nan Okap pou retire barikad ki te monte. Patwouy lapolis yo ki te gen nan tèt yo direktè Depatmantal la Gaëlle Menelas ak komisè Minisipal Okap la Godson Orelus te pase yon nuit blanch nan monte desann epi retire barikad. Jeneralman lavèy premye jounen grèv la pa te montre yon bon akèy pou modòd sa bò kote popilasyon an ki nan sèten Radyo Lokal te fè deklarasyon pou montre ke ni Konvèjans Demokratik la ni Fanmi Lavalas pa reprezante enterè pèp la. Men yon lòt bò sèten militan ki mare ak rejim Lavalas te pran pozisyon nan Radyo pou mande popilasyon an pa swiv lidè Konvèjans yo nan zafè grèv. Sepandan Militan sa yo ki sanble pa gen otorizasyon pou pale nan non Fanmi Lavalas rekonèt genyen anpil gagòt k ap fèt nan mitan rejim Aristide\Cherestal la ki pat remèt anyen an favè pèp Ayisyen an. Majistra Milo a, Moïse Jean-Charles denonse anbasadè meriken Brian Dean Curran k ap fè konplo pou destabilize rejim Lavalas la. «Se yon kanpay kont prezidan Aristide nou konnen Anbasadè Dean Curran te fè nan depatman Nò a ki te yon premye preparasyon grèv sa a, se nan kontèks sa a, aprè li fin kite depatman an nou wè genyen mouvman sa yo kap fèt» te di Moise Jean Charles. Depite Okap la James Derozen te di limenm: «Genyen sèten iregilarite ki relve nan jesyon zafè Leta a men nou konprann gen jefò kap fèt nan nivo pouvwa pou redrese sitiyasyon an.» Dezisyon prezidan Aristide pran pou kraze katèl Meri Pòtoprens lan ke Depite Derozin pran kòm egzanp pou montre se yon bon siy pouvwa a bay nan fason yo deside mete lòd nan zafè Leta a.
Pozisyon Mouvman Revolisyonè Ayisyen (MRA)
Nan okazyon 198 anivèsè batay Vètyè a, Mouvman Revolisyonè Ayisyen (MRA) an te pwofite bay pozisyon l sou konjonkti politik la pandan yon konferans pou laprès, nan Vil Okap, nan samdi 17 novanm lan. Pòtpawòl òganizasyon an, Hugues Celestin te onore zansèt esklav yo ki te batay pou bay lendepandans peyi a. Dirijan sa a te wete chapo devanm Chalmay Peralt ki te goumen ansanm ak Kako yo kont merin ameriken yo depi 1915. Pòtpawòl la deklare: « Gouvènman Lavalas la rekonsilye ak makout grandon ki t ap teworize epi eksplwate pèp la pandan 29 Lane Divalye yo. Sitiyasyon pèp la ap deteryore, ensekirite blayi, pitit yo pa ka al lekòl, lavichè, pa gen dlo, pa gen kouran. Nan sans sa a MRA di l ap adopte ideyal demokrasi tou: Premyèman: tabli yon pouvwa sosyalis ki oryante nan sans satisfaksyon popilè yo pou asire ekilib sosyal politik ak ekonomik nan peyi Dayiti. Dezyèmman: yon Leta sosyalis ki chita sou prensip solidarite pou garanti lapè ak pwogrè nan diyite pou chak Ayisyen. Twazyèman: fòme yon konsyans nasyonal ki makònnen ak defans entegrite teritwa peyi Dayiti ansanm ak prezèvasyon souverènte l. Katryèmman: defini ak mennen yon politik ki chita tout bon sou pwodiksyon nasyonal. Senkyèmman: bati yon pwojè sosyete ki makònnen ak enterè pwodiktè yo ki dwe jwi fòs travay yo. Sizyèmman: òganize libreman mas popilè yo nan kad pwòp mouvman politik yo pou asire defans enterè sosyal, politik, ekonomik kiltirèl yo. Nou dwe konte sou pwòp fòs nou, se sèlman ak fòs nou n ap rive konstwi yon lòt Leta a, yon Leta ki mize sou devlopman total kapital mas pèp Ayisyen an.»
Siklòn Michel bloke pó Gonayiv la
Jounen lendi 26 Novanm 2001 an, yon gwoup debadè sou waf Gonayiv lan t ap boule kawotchou; gwo barikad anflame te drese nan ri di Kè ak ri Tousen Louvèti nan Gonayiv pou ekzije Direksyon Jeneral APN vin leve batiman «Lady Claudia» ki te koule nan moman siklòn Michel lan t ap fwape depatman Latibonit lan. Okenn batiman pa kapab akoste sou waf Gonayiv la ki lakoz tout machandiz pa kapab debake. Aktivite yo paralize depi 5 Novanm 2001 an. Debadè yo mande entèvansyon APN pou yo kapab travay sinon sitiyasyon an ap dejenere. Manifestasyon yo te dewoule erezman san okenn ensidan nan vil Gonayiv.
Sidès: Lavalas ak Konvèjans ap twoke kòn!
Nan vil Jakmèl, rasanbleman Konvèjans lan pat fèt jan tout moun te ka remake li. Depi anviwon 2 semèn, te genyen anpil piblisite ki t ap fèt nan radyo ak televizyon kòm kwa Konvèjans demokratik la ta pral fè yon rasanbleman nan lakou Samba Night Cub ki nan vil Jakmèl. Objektif rasanbleman sila selon Milo Gousse, ki se pòtpawòl Konvèjans Sidès la, se rive dechouke Lavalas! Men se te nad marinad piske rasanbleman sa te entèdi pa lapolis ak delegasyon Sidès e lameri a. Mobilizasyon sa te prevwa pou vandredi ki t ap 23 Novanm 2001 an. Nan menm okazyon an tou te genyen yon manifestasyon ke manm baz la Fanmi Lavalas te konte òganize an fas bèd Sidès tou prè kote Konvèjans lan ta pral reyini yon fason pou te kontrekare Konvèjans lan. Pou te evite afwontman fèt selon Direktè polis Sidès la Jean Nesly Elie, yo te pran desizyon bloke tou 2 mouvman sa yo men sa pat anpeche manm baz Fanmi Lavalas yo te chwazi plizyè kwen nan depatman an pou te boule kawotchou, mete barikad, ekri grafiti elatrye, yon fason pou yo te ka te montre kòman yo te prè pou afwonte Konvèjans lan. Sou bò pa li, ansyen majistra OPL Jakmèl la, an mèm tan manm Konvèjans, Guy Mace alyas Gwo Lobo akize senatè Prince Pierre Sonçon kòm moun ki te nan tèt mouvman boule kawotchou. Yon akizasyon ke senatè Prince Pierre Sonçon pa demanti e li di li rekonèt li te patisipe nan mouvman yo paske pèp la te la tou. Prince ajoute: depi se popilasyon an k ap mobilize kont Konvèjans e ak gouvènman Aristide/Cherestal la, l ap toujou prezan pakse pèp la te vote li, li paka mache san pèp la. Netwayaj pou retire kòwonpi yo nan Lavalas la ap fèt kanmenm e se sa k fè mwen di gouvènman Cherestal la deja ale. Se te paròl Senatè Prince Pierre Sonçon.
Nan Jakmèl toujou Konvèjans lan ap bay lajan pou detwi lavi moun, dapre manm Lafanmi. Se konsa Dali Auguste yon manm baz Fanmi Lavalas denonse yon konplo li di ke 3 manm Konvèjans depatman Sidès la Margareth Martin, Franck Prosper ak "zonbi rebèl" yo rele Milo Gousse ap mare pou detwi lavi li. Dali Auguste fè konnen aswè vandredi ki te 23 Novanm 2001 an, te genyen yon reyinyon ki te fèt lakay Margareth Martin nan zòn Pòtay Leogàn kote Franck Prosper ansanm ak Margareth Martin te bay yon sèten Jacob 10 000 gourdes pou te ka vin detwi lavi li. Daprè sa Dali fè konnen: se Jacob la menm ki vin lakay li e di li ke li pa santi li gen kouraj pou l fè yon zak konsa. Li mande Dali pou li pa denonse bagay la twò vit, tann li ale Sen Domeng paske lajan an deja nan men li. Sou bò pa li, Franck Prosper, yon manm Konvèjans lan denonse agresyon ame li sibi nan men Dali Auguste nan stasyon Jakmèl la jou ki te samdi 24 novanm 2001 an.
Marigot: Popilasyon an ap rele dèyè yon jij
Nan Marigo, popilasyon an bat chalbari dèyè jij adjwen François Leclerc jounen vandredi ki te 23 Novanm 2001 an. Sitiyasyon an te trè chofe nan komin nan kote popilasyon an te pran desizyon fèmen pòt tribinal de pè Marigo a. Selon sa moun yo di: se paske jij Francois Leclerc ap benyen nan koripsyon kidonk yo pa deside sèvi avèk li ankò. Pou yo te ka kore mouvman yo a, abitan zòn nan te pran kòm ekzanp yon vòlè ke jij François Leclerc te pran lajan nan men li pou l te ka mete li an libète.
Maten Lendi ki te 26 Novanm 2001 an yon delegasyon ki te konpoze: delegasyon Sidès la, responsab lajistis ak lapolis, plis kèk eli nan depatman an te vin nan Marigo pou te ka ranmase doleans popilasyon an. Men sanble jij siplean François Leclerc gen bwa dèyè bannann ni, paske yo mete li nan pòs la ankò alòske yo fè popilasyon an konnen jij la enkonpetan vre, men y ap travay pou bay popilasyon an satisfaksyon e fòk se ministè lajistis ki dwe aji dabò. Nou gen dwa parye, popilasyon an pap janm tande anyen nan koze sa a ankò, jiskaske yon lot kriz pete!
Vòl nan DGI ak yon depite ki ap parennen zenglendo
Kèk tan deja pase, depi zafè koripsyon, vòl kidnaping ap fè pale de yo nan peyi a. Li pa yon sekrè pou pèsonnn afè kay Premye minis Chérestal te achte nan Kanapevè pou yon valè 1 milyon 734 mil dola ni afè kay yon milyon yo achte pou mete ansyen prezidan Préval abite lè li vini Potoprens. Li pa ankachèt tou, valè lajan k ap gaspiye nan lameri yo, poutan otorite ki responsab zak koripsyon sa yo pa janm pini.
Sa ki fenk sot pwodwi la a, se zafè detounman anviwon 3 milyon goud nan Direksyon jeneral enpo (DGI) pa 4 anplwaye leta, pami yo Reynold Augustin ak Keynold Kersaint ki responsab seksyon rekouvreman DGI a. «Gen 4 manda darè ki deja fèt. Gen 2 moun yo arete deja. Gen 3 anplwaye DGI e yon anplwaye labank...», selon sekretè deta Finans lan, Jocelerme Privert ki t ap bay eksplikasyon sou eskandal sa a. Men depi apre deklarasyon sa yo, moun pa tande okenn enfòmasyon.
Yon lòt bò se afè depite Jean-Robert Placide mele ladann lan dirèkteman ou endirèkteman. Lapolis Dèlma te mete men sou kèk zenglendo ki te fenk fin touye 2 kanbis yo te kidnape. Zenglendo sa yo te twouve yo nan yon machin ofisyèl ki pou depite Jean-Robert Placide (Pò Sali). Avoka paran 2 kanbis ki mouri yo te di: «Mesye yo (kanbis yo) te sot Pòdpè samdi 10 novanm, vè 10 zè nan maten yo te debake bò Waf Jeremi an nan estasyon machin Podpè yo. Epi gen yon Nissan Patrol blan 4 pòt ki debake apeprè 4 moun abò li. Youn te degize an komisè polis, epi yo pwosede swadizan a arestasyon tou 2 mesye yo, moun ki te sot achte kòb la Pòdpè... Epi mesye yo di se DDO (Direksyon depatmantal lapolis Lwès) yo ye. Moun yo pwoteste, yo pa konn arete moun san manda. Fo ajan polis yo di ke se nan DDO yo prale epi yo pran mesye yo, menm kote a yo monte nan Bwa Karade avè yo, yo fizye tou 2. Gen youn ki te tou minote, yo fizye li. Nèg ki te vin avèk kòb la, prèske 80 mil dola ameriken, plis pase 84 mil dola ameriken, chimè yo pran lajan an. Epi devenn pa yo, bon ou konnen mechan an toujou... twonpe li, ki fè li pèdi wout li. Enben komisè Dèlma a, nou voye yon gwo kout chapo pou li, komisè Marcellus kwaze bab pou bab avèk bandi sa yo. Epi li arete yo.» Apre zak sa a, kote lapolis te tou kenbe machin depite a nan komisarya polis Dèlma a, depite Simson Libérus te rejwi l pou li di: «Mwen se premye ki te mande pou yo fòme yon komisyon ankèt pou fè limyè sou keksyon sa a...» Pou bò pa li, senatè Prince Sonçon te di: «Nou gen sèl vwa, se vwa lajistis. Sa vle di retire tout baryè iminite depite sa a ba li pou ke l poko parèt devan lajistis. Pou depite sa a ka al konparèt devan lajistis pou l reponn a zak li.»
Seri koripsyon, vòl, kidnaping k ap pran manm anba je pouvwa Lavalas la, selon tout konsta, lwen pou ta disparèt. Si «tolerans zewo» a pase pran ti zenglendo yo, gen yons seri gwo koure chat nan sen rejim lan ki jwenn pwoteksyon akolit yo nan menm rejim sa a, ki ap vin pi pouri, pi lwen revandikasyon pèp la, dejou an jou. Moun ap keksyonne èske tout vòlè se pa vòlè? Kidonk èske anplwaye DGI yo ki detounen 3 milyon goud la pi chat pase aktyèl minis Komès Lavalas M. Stanley Théard, ki te detounen lè li te minis Komès Duvalier, 4 miluon 500 mil dola US? Nou kwè tout fè tò ak pèp la lè yo vòlò lajan peyi a e tout merite jije e kondane, si otorite yo pa vle kontinye ankouraje enpinite ak bay move egzanp.
Sa machin depite Placide t ap fè nan men zenglendo yo?
Depite Lavalas Pò Sali a, Jean-Robert Placide twouve li mele nan kestyon an apre yo te fin jwennn machin li ak plak ofisyèl li nan men zenglendo yo an flagran deli. Zenglendo sa yo ki te fenk fin kidnape 2 kanbis yo, te touye yo e pran yon bon kantite lajan sou yo. Lapolis ki te mete men nan kòlèt 2 nan vòlè sa yo te trape kat sou yo, ki montre yo se sekirite pwòch depite Pò Sali a. Depite Placide ki te kabre palman depi vandredi 9 novanm lan, te rekonnèt li te prete machin nan a yon ansyen polisye ki te revoke, men li di li pa t konnen si li te zenglendo. Antouka, si vis prezidan lachanm lan Phélito Dorant pat konn si se verite ou manti machin depite a te nan aktivite zenglendo, konfrè li depite Simson Libérus te mande yon komisyon ankèt pou etidye ka a. Avoka paran viktim yo te mande leve pwoteksyon palmantè Placide pou lajistis jwenn plis twou vid pou l fè travay li.
Anpil moun pa t fin konprann sa depite a te di sou antèn yon radyo: «Nou konnen pa gen moun ki gen machin ann Ayiti...» Kouman fè sitou ke depite a ap prete zanmi yon machin ofisyèl ki sanse se pou travay li. E sanble ke depite Placide te byen konnen ke zanmi li an te yon move zangi, paske se limenm menm ki te fè demach pou libere li an 1999 nan prizon suivan sa avoka Reynold Georges t ap di.
Sen Mak: Batay Konvèjans ak Lavalas
Apre divès mobilizasyon te fin fèt nan Ba Latibonit lan e plis nan Sen Mak, pou te mande Premye minis Chérestal bay talon li, jounen jodi a otorite Sen Mak yo mare kat pli nan fwon yo. Majistra vil la, Paul Polusque koumanse aplike yon seri mezi gwo ponyèt, kote li entèdi tout aktivite simen trak, ekri grafit ak manifestasyon kont gouvènman an. Plizyè manda gentan lanse pa komisè gouvènman Sen Mak la kont divès manm Konvèjans lan ki te di yo pral deboulonnen Lavalas la. Konvèjans lan soti pou li pran woulib sou do pwotestasyon OP pwòch Lavalas yo deklannche kont gouvènman Chérestal la. Vandredi 23 novanm lan, pòtpawòl Konvèjans lan nan depatman an, Nerestant St Fond te gen pou l te reponn ak envitasyon lajistis.
Leblanc akize senatè Prince Sonson
Dimanch 11 novanm kèk moun nan Marigo (Sidès) te atake machin ansyen senatè Edgard Leblanc, kote yo te rive kraze vit li. Senatè Fanmi Lavalas Prince Sonçon Pierre bò pa li te di se sekirite li te al bay senatè a lè li te wè moun yo te vle agrese li. Edgard Leblanc ki se manm OPL/Konvèjans te di se pa vre e ke se senatè Prince ak tout majistra kominal Marigo a e 2 sekirite senatè a, ki te vle asasinen l. Ansyen senatè a te menase pou l al pote sa devan lajistis.
Cobabel denonse enjerans etranje
Konfederasyon òganizasyon batayon Bèlè (COBABEL), nan yon konferans pou laprès, konstate gwo malè malsite tout sòt ki sou do pèp la. COBABEL denonse koripsyon nan jistis la, li denonse enjerans lòt peyi nan zafè entèn Ayiti e li fini pou di: «Viv yon leta fò nan yon sosyete ini pou yon peyi pwòp, endepandan, granmoun tèt li»