Ayiti Pwogre [HOME]
21 o 27   Novanm  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl
 

Vòl yon machin lajan transfè

Nan dat 14 novanm 2001 an, vè zòn 11 zè nan maten, 2 zenglendo te kidnape yon machin konpanyi transfè CAM, lan moman li te pral fè livrezon lajan pou kliyan nan Fontamara.
 

Pwofesè lekòl kominal mande pou yo peye yo

Divès pwofesè nan 8 lekòl kominal nan Pòtoprens te bay yon konferans pou laprès nan dat 15 novanm lan, pou denonse sa dirijan yo ap fè yo sibi. Pwofesè yo ki regwoupe nan Asosiyasyon enstititè lekòl kominal Pòtoprens (ASIEMP) te deklare: «Lè m konsidere yon pwofesè lekòl minisipal ap touche 1765 goud chak mwa. Tandiske chak klas gen plis pase 60 elèv… Nou menm nan ASIEMP, nou mande kòman se menm leta sa a k ap vyole konstitisyon an e k ap pase dwa pwofesè yo anba pye. Nou menm pwofesè nan 8 lekòl minisipal yo, nou mande prezidan Aristide ak minis Ménard, minis Lenteryè a, plis komisyon tou nèf la, pou yo degaje yo, pou yo peye n kòb yo dwe n l an. Nou tout tou avèti yo, nou pap pran yon mwa. Kòm madan Duperval te di nou, li dwe n yon 13zyèm mwa, plis 3 mwa yo... Ban nou materyèl pou n travay e mete dlo pou elèv yo, mete ban, twous medikal, etsetera...». Pwofesè sa yo di yo an grèv depi yon mwa.
 

Sa lapolis ap chache nan lekòl majistrati a?

Pou konyè laa, majistra ak elèv nan lekòl majistrati a, ki sou wout Frè a, twouve yo byen anbarase, puiske sa fè kèk jou depi direktè enstitisyon sa a, Willy Lubin, «konstate ke gen yon seri aktivite lapolis ap mennen nan lekòl majistrati a; e gen enjenyè ki vin ap pran mezi, gen yon seri bagay ki ap fèt san direktè lekòl la ki la, pèsonn moun pa enfòme li». Direktè a te ajoute: «Bon mwen rankontre yon sèten komisyon direksyon jeneral lapolis la te kreye. Komisyon sa a se yon komisyon anndan lapolis la, ki konpoze inikman ak komisè polis, ki te vin nan lekòl la, pou wè èske direksyon jeneral lapolis la kapab vin nan lekòl majistrati a. Men pa edikasyon mwen resevwa yo e paske tou se yon pakèt zanmi, mwen resevwa yo, men mwen pa jwenn okenn lèt manm ministè titèl la, ministè Lajistis ki ta kab ban mwen otorizasyon pou mwen akeyi, pou m resevwa yon komisyon konsa.»
 

Palmantè yo ap fè tan pase

Yon manm komisyon Afè etranje Chanm depite a, depite Sergo Metellus fè konnen gen 2 pwojè lwa ki te diskite nan asanble a nan jou 13 novanm lan, kote youn te pale sou doub nasyonalite. Pwojè lwa sa yo ki jwenn vòt resevabilite depite yo fè yon premye wout. Antouka, lwa sou doub nasyonalite a ap prezante yon doub pwoblèm: youn, yon lwa pa ka pi wo pase konstitisyon an ki depaman ak li; yon lòt bò, liplis sanble yon jwèt politik, yon demagoji gouvènman Lavalas la.
 

KIOP di li wè yon konplo

Yon sèten Komite inisyativ òganizasyon popilè yo (KIOP) denonse sa li rele «yon konplo ki byen monte ant manm Konvèjans machann peyi, kominote entènasyonal la ak yon ti ponyen trèt nan mitan Fanmi Lavalas, ki gen foli pouvwa, pou fè koudeta nan kraze brize, touye moun paske yo pa gen konfyans pèp la, pou yo al nan eleksyon», selon Rodolphe Pierre ki se chèf òganizasyon sa a. KIOP ki sanble pi Lavalas ke menm Fanmi Lavalas te fini pou di: «Plan yo met sou pye a se peye yon seri moun ki pran pòz òganizasyon popilè yo, ba yo zam, achte zam tribò babò, peye kèk moun nan lapolis la, pou fè zak kraze brize, kraze vit machin, piye magazen moun yo, sou non Lavalas.»
 

Sendikalis yo mande «chanjman pwofon...»

Apre yo fin ranvoye manifestasyon yo te gen pou te fè 15 novanm lan pou rezon «sekirite», sektè sendikal ayisyen an ki regwoupe divès kalite sendika te kritike e pouvwa Lavalas la, e Konvèjans demokratik la e kominote entènasyonal la, pou fason yo ap mennen bak politik peyi a. Sendikalis yo ki di si aktè politik yo pa fè yon antant pou rezoud kriz la y ap deklanche yon seri mobilizasyon te presize, pa vwa Marc Antoine Destin: «Sektè sendikal ayisyen an konstate echèk total Lavalas ak Konvèjans lan nan fason pou yo rezoud kriz la. Pou tout rezon sa yo, mouvman sendikal ayisyen an ranmase dwa granmoun li, pou l dekrete yon mobilizasyon jeneral sou tout peyi a, pou di non patrimwàn Desalin ak Chalmay Peralt te kite nou an pap detwi. Modòd mouvman sendikal la lanse yon chanjman pwofon ou depa», te deklare Antoine ki te fini pou di: «Pa gen chanjman pwofonn ki ka fèt nan fason peyi a ap dirije a. Pouvwa a fèt pou l ale.» 
 

Asasina nan Dèlma 75

Nan dat 14 novanm lan byen bonnè nan maten, 3 nèg ame ki te abò yon pikòp fè yon 4yèm desannn machin lan e yo touye li la, nan Dèlma 75, ak divès bal nan tèt. Yon temwen te deklare, apre yon kadè zak la te fèt: «Nèg yo pase nan machin lan, y ap sòti, yo rive yo kanpe epi 4 nèg desann, 3 nèg tire sou misye, epi yo ale.»
 

Ansyen minis Bien-Aimé pa byenveni nan lekòl nòmal

Sou inisyativ UNNOH (Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen) divès etidyan nan lekòl nòmal siperyè sòti pou bat chalbari dèyè ansyen minis ledikasyon nasyonal la, Paul Antoine Bien-Aimé, ki kouwè l ye a jwenn yon djòb pwofesè sosyoloji nan lekòl sa a. Etidyan yo ki deja pèdi anpil kou, fè konnen yo pa gen pwoblèm ak konpetans Bien-Aimé, men yo gen pwoblem ak moral li. Piske yon nèg ki ansyen minis ledikasyon, pa ta ka ap «fè pwopagann kont pwofesè e pou konye a l ap ranje kò l pou l vin anseye moun ki pral pwofesè».
 

Inisyativ sitwayèn lan denonse menas...

Pòt vwa Inisyativ sitwayèn lan ki baze Okap, Frantzy Julien, fè konnen apre anviwon 200 jenn fin siyen yon petisyon pou mande depa pouvwa Lavalas la, li menm ak kèk lòt moun ap sibi menas anba men kèk moun pwòch pouvwa a. M Julien fè kwè gen reyinyon ki te fèt nan biwo APN (Otorite pòtyè nasyonal) Okap la, kote bi a se te distribiye «9 milimèt tou nèf ak lajan» pou etenn souf kèk opozan Lavalas pwòch Konvèjans lan.
 

Senatè yo ap mande pou Chérestal

Selon prezidan Komisyon finans lan, Prince Sonçon Pierre, yo reekri prezidan sena a, Yvon Neptune, pou mande eksplikasyon sou sa ki fè chèf gouvènman an, Jean-Marie Chérestal pa t prezan nan envitasyon komisyon an te fè l la. Nan lèt sa a, komisyon an te souliye yon lòt fwa ankò nesesite pou Chérestal prezan pou l vin bay sena a eksplikasyon sou modifikasyon ke l pote nan plan daksyon li e sou degradasyon sitiyasyon ekonomik la.
 

Delege yo mande pa yo

Divès delege nan Pòtoprens te bay yon konferans pou laprès kote yo te kritike fason ekzekitif la nonmen nouvo komisyon lameri Pòtoprens lan. E yo te tou pwofite mande pa yo nan sa ki ap deside nan zafè komin lan.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm