Ayiti Pwogre [HOME]
14 o 20   Novanm  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Vizit Prezidan an nan Lasalin

Apre dezas, dife ki te lakoz plizyè milye ti kay te kraze e boule nan Lasalin lan e plizye fanmi ap dòmi nan lari, prezidan Jean-Bertrand Aristide te rann yon vizit nan katye a, kote plizyè milye moun te akeyi l e prezante revandikasyon yo. Aristide te fè divès pwomès «Premye jès mwen fè deja yo, nan sa m voye pou nou yo ki boule yo, se devwa m, m ap rebati yo pou nou yo ki poko anyen. M ap vin di nou, kay nou yo ki boule yo, se devwa m, m ap rebati yo pou nou. Tout moun ki gen non yo sou lis, konnen travay la se kòmanse n kòmanse, nou pral kontinye l... Moun nou arete deja yo, yo nan prizon, lajistis pral fè travay li. Lòt moun ki koupab, lajistis ap chache yo... Kanta pou machann nan Kwabosal, mwen bay lòd yè pou netwaye ni mache, ni zòn lan. E CNE ap fè yon bèl travay nan sans sa a. Pa kite anyen moun vin pran kòb nan men nou, pou fè nou abi, eksplwate nou...» Pandan tout pwomès sa yo, non sèlman divès moun ap plenyen yo pa jwenn menm ti èd madan Suréna nan ministè Enteryè te di gouvènman an voye pou viktim Lasalin yo e anplis, gen yon latriye moun ki di gouvènman bay yon seri moun ki te konplis nan kraze brize katye sa a.
 

Okap: Lameri a pa gen lajan

Wilma Innocent ki se premye majistra komin Okap deklare ke lameri a ap travèse gwo pwoblèm, kote ponpye, anplwaye pa ka touche akoz lajan gouvènman ba yo a ki pa sifi. Atout lameri a lanse apèl pou sitwayen vil la peye taks, se nad marinad, selon majistra Innocent toujou, ki ajoute ke l ap mennen demach pou yon pati nan taks sou zòn touristik Labadi a ta vin jwenn administrasyon kominal la. «... Vin gen anplwaye kounye a ki refize sèvis travay. Poukisa, se paske yo gen anviwon yon mwa yo pa touche». Majistra di tou gen labatwa nan Madlin lan ki pa ka fonksyonne akoz li pa gen dlo. Men li di li pral fè jefò pou labatwa sa a retounen mache kòm oparavan. Antouka, lalwa jiskaprezan bay lameri dwa pou evalye valè moun ak valè taks ki peye nan komin lan, pou sèten sektè. Men se direksyon jeneral enpò (DGI) ki gen dwa touche taks yo dirèkteman, apre sa DGI voye pati pa l ba li.
 

Katèl lameri Pòtoprens lan disoud

Apre tout dezòd tire ki te genyen ant patizan mè an chèf la ak adjwen li yo, yon dekrè prezidansyèl ki te sòti nan dat 6 novanm lan te fè konnen konsèy minisipal Pòtoprens lan, ki te gen madan Duperval alatèt li, pa ekziste ankò. E sa fèt selon atik 72 konstitisyon an ke lapezidans lan mete ann aplikasyon. Arete sa a ki siyen pa prezidan larepiblik la, Jean-Bertrand Aristide, Premye minis la Jean-Marie Chérestal ak minis Enteryè a, Henry-Claude Ménard, òdone pou yo poze sele sou pòt lameri a jiska nouvèl òd.
 

Asasina Louisjès Bus

Louisjes Bus ki te gen 69 tan, mouri anba bal nan dimanch 4 novanm 2001 an, vè 10 zè nan aswè, lakay li nan Mabriyòl ki se dezyèm seksyon kominal Belans nan Sidès la. Louisjes ki te yon kòmèsan, e yon ansyen kandida Konakom; selon yon pwòch li nan Jakmèl, li te pran anpil bal, yo te mare li, kase tèt li, anvan yo te touye li, epi yo te volè li, bwote lajan lakay li.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm