Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlKonvokasyon minis Afè etranjè a
Komisyon Afè etranjè sena a t ap pare l pou l konvoke minis Afè etranjè a, Joseph Philippe Antonio, e senatè Lans Clonès te eksplike: «Se keksyon diplomat ki ap mache viretounen nan tout peyi a, e lè konsa ou pa konn kisa y al fè, y al fè yon seri rankont avèk yon seri sitwayen ayisyen, al mennen ankèt, al ankete sou senatè, ankete sou majistra nan depatman an, alòs nou konnen selon konvansyon Vyèn nan, diplomat sa yo pa ta sipoze ap fè yon seri rankont san se pa lentèmedyè ministè afè etranjè... Mwen ta renmen konnen poukisa ministè afè etranjè pa janm pran okenn desizyon kont diplomat sa yo, k ap mache nan tout peyi a.»
Ansyen senatè Leblanc ap fè fo
Premye sekretè biwo sena a, senatè Gérald Gilles kritike aksyon ansyen senatè OPL, manm Konvèjans lan, Edgard Leblanc ki te ekri lakou siperyè dèkont yon lèt ak papye antèt sena a. Gilles panse ke Leblanc poze yon zak malonnèt puiske konstitisyonèlman li pa senatè ankò, e li deklare: «Noumenm nan biwo a, nòmalman n ap pran mezi sa yo, n ap mete aksyon jistis an mouvman klèman kont yon atitid konsa, pase sa se klè, se vòlè tit, se izaj de fo, se anmenm tan tou vyole prensip konstitisyonèl repiblik la.»
Menas kont militan dwa moun
Divès militan dwa moun nan Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun (POHDH) di non yo pami yon lis 15 militan dwa moun ki ta la pou yo asasinen. Pierre Espérance, Serge Bordenave, Jean Simon Sait-Hubert ta gen non yo sou lis sa a. Militan sa yo ta fè rapwochman divès menas y ap resevwa ak deklarasyon yo te fè kont fason «zewo tolerans» lan ap evolye a ak pou te denonse politizasyon lapolis la. «Nan sous nou ka fè konfyans, nou ta konnen gen yon lis ki monte, ki gen 15 militan dwa moun pou asasinen. Donk, mwen menm k ap pale avè w la a m ta youn ladan yo. Se kiyès moun ki ka fè vyolasyon dwa moun, se yon seri moun ki pwòch pouvwa a oubyen yon seri ajan pouvwa a ap tolere, ki ka fè yo. Donk, li klè se yon seri moun ki santi yo frape pa pozisyon n ap pran, ki ap fè demach pou yo ta elimine nou», te deklare Serge Bordenave nan POHDH.
Baz Fanmi Lavalas di yo fristre
«Baz fristre» se non yon lòt òganizasyon popilè ki kreye ak patizan Fanmi Lavalas ki fristre nan zòn Matisan. Manm OP sa a ki kritike divès potanta nan pouvwa a, fè konnen li gen pou kontinye bloke Matisan, si militan l yo pa jwenn plas yo nan pouvwa a. Nan yon konferans pou laprès, yon manm Baz Fristre te deklare: «Chérestal achte yon kay pou 1 milyon 700 mil dola us pandan l ap kraze kay malerèz nan Divivye e li mete jij pou kraze kay moun nan Kwadèboukè. Nou mande pou pèsonn patripòch pa pran lapawòl nan non pèp la, espesyalman Yvon Neptune, ki toujou ap mete non pèp devan pandan pèp la pa ka manje. E nou mande prezidan Titid yon rankont prese prese. Nou vote, nou lite, nou deyò. Li te pwomèt 2001 pral bon tout bon, yo te di nou nou pral gen lapè nan tèt, lapè nan vant, yo te di nou yo pral envesti nan moun, nou poko wè anyen fèt, enpi nèg ap kontinye rich. Nou mande pou Chérestal ansanm ak tout akolit li yo, minis Ménard, tout pou yo leve ale bay yon lòt gwoup...» Se menm pawòl la e nan Site Solèy e nan Gonayiv e Okap. Baz Fanmi Lavals la de jou an jou ap plis montre kouman li fristre.
Direktè APN lan ap eksplike
Direktè jeneral Otorite potyè nasyonal (APN) nan, Fritz Aristile mete yon pinga pou sendika anplwaye yo pa ta bloke administrasyon sa a. Direktè a di li gentan, nan 6 mwa, peye yon dèt 20 milyon goud APN te dwe, peye deja 8 milyon goud sou 40 milyon goud dèt nan fon pansyon an e direksyon an gentan bay 35 milyon goud kòm avans sou salè, e pou peryòd 98-99 la, te gen 954 bato ki te rantre nan pò a, pou lane 99-2000 la te gen 953 ki te rantre, pou 2000-2001 an deja gen 822 ki te rantre, kidonk li te di «antrepriz leta» sa a an bès. Konsa direktè Aristile te deklare: «Mwen kwè gen yon diferans ki pou fèt ant sendika kèlke moun avèk anplwaye yo. Anplwaye APN konsyan tout jefò direksyon jeneral la fèt e konsanti pou li deja. Si sendika a konfòme l kòmsadwa, nou genyen yon komisyon ki te deja fòme depi an me ke sendika a te toujou refize rankontre. Fòk sendika a rekonnèt genyen yon sendika, se pa li k ap jere APN, men keksyon pou enpoze pou regle afè lòt bagay, nou pa ladann l.» N ap raple ke sendika APN nan te di li pral rantre nan grèv, si direksyon an pa ogmante salè anplwaye yo. E li te mande tou pou lakou dèkont vin fè yon odit nan APN.
Rankont prezidan ak direktè ministè yo
Prezidan Aristide te rankontre ak plizyè direktè jeneral administrasyon leta yo. Direktè depatmantal yo te prezan tou nan rankont sa a ki te fèt nan palè nasyonal. Bi rankont sa a, selon chèf leta a, se te gade kouman enstitisyon yo ap fonksyonne. Chèf leta a, pandan chita pale sa a, te pwente dwèt sou fich gaz ak zafè machin piblik yo ki abize e gaspiye nan administrasyon leta yo. Li te pwofite mande pou direktè yo pote kole nan kanpay alfabetizasyon an.
Paul Denis gen yon lòt kalandriye...
Sena repiblik la selon senatè Fanmi Lavalas la, Lans Clonès, ap prepare l pou l mennen yon aksyon an jistis kont ansyen senatè Edgard Leblanc, ki ap itilize antèt papye sena a pou ekri lèt. Lòt ansyen senatè OPL, Paul Denis la ki se majòjon nan Konvèjans lan, te kouri ap di: «Senatè Leblanc te eli, li prete sèman 13 oktòb lane 1995, pèp la te ba li yon manda 6 zan e manda sa a li ap rive nan bout li 13 oktòb 2001 (!) la.»
Majistra Onèl pa ka antre nan lakomin lan
Majistra Onèl nan Ennnery pa ka mete pye l nan meri a. Depi anviwon 8 mwa majistra Onèl Nezil ki se premye majistra komin nan nan mawon kite meri a mwa Avril 2001 an. Yon abitan 2zyèm seksyon Pasrèn komin Ennery pèdi yon bèf an, kèk tan aprè bèf la rive nan lameri Ennery an,san fè demach pou jwenn mèt bèf lan majistra Onèl te rive vann bèf la pou 3500 goud. Menm kote aprè vant lan peyizan an reklame bèf li, deblozay pete kont majistra a, popilasyon an kouri dèyè l.Nan mwa jen 2001 an, majistra Onèl te fè tantativ pou retounen nan meri a, popilasyon an te kouri dèyè l ankò. 29 oktòb 2001 an majistra Onèl te akonpaye sekirite l fè yon lòt tantativ pou retounen, popilasyon an leve kanpe chase l yon lòt fwa ankò. Se gras a yon rafal bal eskadron majistra a ki fè l pa t tonbe anba men popilasyon an. Mèkredi 30 Oktòb la kawotchou t ap boule nan vil la pou kenbe mobilizasyon kont retou majistra a. Vandredi 2 novanm lan bagay yo te kontinye mangonmen nan vil Ennery, popilasyon an te rive an kòlè akòz fèt sen patwon zòn nan ki tradisyonèlman toujou fete nan dat 3 Novanm riske pase san okenn anbyans akoz lameri pa fè anyen pou pwòpte vil la. Moun yo te deside pou fèmen meri a. Watson ki se youn nan moun yo te fè konnen tout moun ki nan meri a se vòlè. Fernand Province ki se direktè meri a fout Watson yon kalòt e Watson te remèt li kalòt la, menm kote a bagay yo te gate e se gras a lapolis ki te rive mete yon ola.
Zenglendo lage chennn nan Ennery
Nan dat 25 Oktòb 2001 an, yon gwoup zenglendo ki t ap opere nan zòn premye seksyon Savann Kare touye yon polisye vè 6 zè edmi. Zenglendo yo te lokalize nan zòn nan, fouye tout machin ki t ap pase sou wout la, pran lajan pasajè yo. Vè setè nan aswè, yon ti machin taptap ki t ap sòti Gonayiv pou ale Sen Michèl Latalay, tonbe anba men malfektè yo. Rive nan zòn nan, zenglendo yo di chofè a tenyen limyè machin nan epi tout moun 2 men leve anlè. Yon polisye ki te nan machin nan, tire sou yo, youn pran yon bal, lòt zenglendo tire polisye a.
Yon ti tan aprè, yon abitan nan zòn nan ki t ap al benyen nan machin li tonbe sou zenglendo yo, e se gras a vijilans li ke li rive sove mete lapolis okouran. Vè 8 tè anviwon, polisye ki kantone nan komisarya Ennery debake nan zòn nan e san fè anyen yo retounen nan komisarya a. Gras ak kèt moun ki te nan machin nan yo te fouye rive mete lapolis okouran e fè arete 2 nan zenglendo yo, youn Gonayiv, youn Sen michèl. Si lapolis te fè travay li yo t ap arete tout zenglendo yo paske jou vandredi 26 oktòb la zenglendo yo t ap mache gran jounen. Yon abitan nan popilasyon an te fè arete 2 lòt zenglendo ki t ap pase nan zòn nan.
Chèf lapolis la pwomèt sekirite
Enspektè jeneral lapolis la, Jean Neslie Lucien, pwomèt bon jan sekirite pou popilasyon an, pou fèt fen ane a. Lucien, ki rekonèt zafè ensekirite a vle reparèt pi rèd ankò deklare: «N ap tou voye yon atansyon espesyal bay bandi yo... N ap fè tout sa nou kapab pou n kenbe sekirite peyi a wo, paske si pa gen yon sekirite, peyi a pa p mache.»
Plato Santral: Direktè PNH la vizite komisarya yo
Enspektè lapolis la, Jean Neslie Lucien te rann yon vizit nan depatman Sant lan, pou te wè fason komisarya ak sou komisarya yo ap mache nan Wo Plato ak Ba Plato a. Li te tou pwofite lanse pwogram Alfa ekonomik ak patisipasyon polisye yo, pou montre moun li ak ekri. Lucien te di: «Se wòl nou, se yon obligasyon; se yon devwa pou nou menm anndan enstitisyon polis la pote sipò pa nou nan kanpay alfabetizasyon an. Paske, se manman nou, se papa nou, se ti frè nou, se ti sè nou... nou pral aprann li ak ekri.»
Yo mande Sena a leve pye l
Asosiyasyon paran timoun viktim siwo pwazon laboratwa Faval la, ekri Sena a yon lèt pou mande l leve pye l sou dosye asasina Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint an. Paran yo pwofite nan lèt sa a denonse move mannèv dilatwa yo wè k ap fèt nan zafè pou ta leve pwoteksyon palmantè senatè Dany Toussaint an. Asosiyasyon paran an ki konstate komisyon jiris sena a mete sou dosye sa a ap mache kou tòti, mande pou Sena a ta pase demann leve pwoteksyon palmantè a nan vòt. Paran viktim medikaman pwazon Faval yo fini pou mande Sena a swiv ekzanp Lafrans, kote tou dènyèman, yo te kondane yon depite pou vyòl, apre yo te fin jije l.
Bò kote pa l, prezidan Sena a, senatè Fanmi Lavalas Yvon Neptune, fè konnen nan kad konvokasyon espesyal asanble nasyonal la, senatè yo ap chita sou keksyon pwoteksyon palmantè Dany Toussaint an. E li te enfòme tou ke komisyon k ap travay sou dosye a ap gen pou remèt rapò a nan yon ti bout tan. Ti bout tan pa Neptune lan yon tijan long!
Gede yo te fete
Vandredi 2 novanm 2001 an, kòm chak ane, plizyè dizèn milye vodouyizan tout kalte te fete fèt mò yo. Nan simityè Pòtoprens houngan, manbo, hounsi ak tout kalte vodouyizan te al fè seremoni abityèl yo. «Genyen tout kalite bagay, kola, zoranj, mayi griye, pistach, pen, bonbon, tout bagay nèt», te di yon houngan ki rele Sanmilòm. Divès moun ki gen lwa Gede te pran lari Pòtoprens pou chante, danse, elatriye. Fanatik vodou yo te patisipe nan divès seremoni nan divès pwen rekonèt nan zòn metwopolitèn lan. Anpil peristil te plen kou ze ak vodouyizan ki te vin fete fèt mò yo.
Grandans: Jeremi te cho
Maten lendi 5 novanm 2001 an, vil Jeremi nan Grandans te leve tou nwa. Kawoutchou t ap boule divès kote, divès barikad te kanpe nan plizyè ri. OP yo te di ke mouvman sa a fèt pou mande kouran, telefòn elatriye. Yo te pwoteste tou kont chomaj, lavi chè ak pwoblèm tout kalte popilasyon depatman an ap sibi.
Petyonvil: Lameri a badijonnen...
Nan dat 5 novanm lan, moun leve jwenn fasad lameri Petyonvil la badijonnen ak ekskreman. Sant lan te tèlman fò ke anpil moun ki frekante administrasyon kominal te kanpe lwen jou sa a. Majistra Sully Guerrier te kalifye sa kòm yon «zak babari. Se yon zak teworis...» Inyon fos revolisyonè Petyonvil (IFOREP) te deklare sanwont: «Nou kriye viktwa pou sa n fè a. Paske nou deklare lagè. Fòk yo ale.»
Pòdpè: «zewo tolerans» lan fè 2 viktim
Nan espas 8 jou nan vil Pòdpè, depatman Nòdwès la, zafè «zewo tolerans» lan gentan voye 2 jenn gason al nan peyi san chapo. Premye a ki te mawon depi 2 zan, te mouri akoz yo te akize l vòlè yon mouton. Moun te touye l ak kout baton, kout fè, devan katedral vil la. Dezyèm lan ki te akize vòlè 3 mouton, te mouri samdi 3 novanm lan nan katye popilè Aman nan menm vil la. Kadav jèn gason sa a ki gen yon trantèn lane te pase tout jounen an ak 2 bra l mare, nan lari a. Anpil moun nan vil la wè fòk gen yon kontwòl nan zafè «zewo tolerans» sa a, pou inosan pa pase pami lafoul.
Tigwav: Trak kont Chérestal
Moun te leve jwenn, nan vil Tigwav, divès trak ki te simen, pou mande depa Premye minis Jean-Marie Chérestal ak tout gouvènman l lan. Trak sa yo te denonse vòl k ap fèt nan gouvènman an lè pèp la ap benyen nan lamizè.