Ayiti Pwogre [HOME]
31 Oktòb o 6   Novanm  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

OPDP nan alfabetizasyon

Oganizasyon pou devlopman Petyonvil (OPDP), nan yon nòt pou laprès, kritike ayisyen li di ki osèvis peyi etranje kont peyi a, e li enfòme ke «OPDP te deja pran dispozisyon pou l patisipe nan gwo kanpay alfabetizasyon k ap fèt nan peyi a, espesyalman nan komin Petyonvil, louvri 10 sant ki gen 4 mwa ap fonksyone...»
 

Francko Camille vle defann tèt li

Frè Ronald Camille (Ronald Cadavre) la, Francko Camille demanti pòt pawòl Konbit Kwabosal la, Jean Marie Rodrigue ki te di se li ki te touye Luckner Barron nan ri Macajou. Selon Camille, akizasyon sa a ke sè viktim nan, Gina Barron apiye, se ta pwolonjman konfli ki te ekziste ant frè Camille yo ak Konbit Kwabosal pou kontwòl mache sa a. Pandanstan, Francko Camille rekonnèt ke Konbit Kwabosal te deja pote plent kont li deja.
 

2 lòt anbasadè ratifye

Sena a ratifye 2 nouvo anbasadè pou Bahamas ak Kiba. Harold Joseph ki te chaje dafè Ayiti Ozetazini pral reprezante peyi a Bahamas e doktè Andrine Constant pou bò pa l pral kòm anbasadè Ayiti nan peyi Kiba. Sa fè deja 9 nouvo anbasadè palman an ratifye.
 

Eske direksyon APN lan vle mete baboukèt?

Sendika anplwaye otorite pòtyè nasyonal (APN) lan mande pou Kou siperyè dèkont vin fè yon odit nan enstitisyon saa, pou wè si direktè jeneral la, Fritz Aristile byen jere pò kapital la. Sendika ki pa sispann mande ogmantasyon salè anplwaye yo, kote ke 70 bato rantre nan pò a chak mwa, poutan direktè jeneral la refize e ogmante salè anplwaye yo e peye fon pansyon yo. Pòtpawòl sendika a, Ojeda Oléus te di: «Nou pral kòmanse greve e sètfwasi se grèv pou tout bon, se pa yon grèv k ap fèt ni pou 2 jou ni pou 3 jou.» Poutan, nan yon avi direksyon jeneral la mete deyò, moun te ka li: «Direksyon jeneral otorite pòtyè nasyonal la, pou fasilite kontwòl sekirite espas pò a, mete pèsonèl la okouran depi kounye a, tout reyinyon ki pa administrativ nan vant enstitisyon an, nan lè travay, sòti 8 tè maten pou bout 4 trè apremidi, dwe reponn a ekzijans sa yo: mande direksyon an sa 48 tè anvan, jwenn otorizasyon an nan direksyon sekirite a.» Lè moun konnen kouman administrasyon leta sa yo an dezòd, kote pa gen okenn estrikti pou yon demann ta jwenn repons rapid, y ap mande si se pa yon fason direktè jeneral APN nan ap fè anplis, pou l mete plis baboukèt nan bouch sendika a?
 

Pòdpè: Bis Diyite yo kanpe

Nan jounen 22 ak 23 oktòb yo, chofè ak monitris bis Diyite nan Pòdpè yo te kanpe travay, paske yo te akize direktè Sèvis bis Diyite Pòdpè a, Claude Charles, kòm moun ki ta kenbe pou li sèl, yon zafè 10 mil goud gouvènman an te bay kòm frè pou chofè ak monitris yo, nan jou 15 oktòb la, pou yo te al transpòte moun sòti Pòdpè pou al Lakoma, nan jounen mondyal fanm riral yo. Anplwaye bis Diyite yo ta vle demanti direktè a ki te eksplike ke se gaz ak lòt frè li te fè pou bis yo nan 10 mil goud la.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm