Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlRaboto denonse minis Finans lan
Asosiyasyon viktim Raboto (AVR) leve vwa yo nan yon nòt pou laprès nan dat 18 oktòb 2001 an, pou denonse minis Finans lan Gustave Faubert ki te resevwa lòd prezidan pa entèmedyè minis Jistis la Gary Lissade, pou te anrejistre jijman sivil pwosè masak Raboto a, nan DGI (Direksyon jeneral enpo) Gonayiv la, e ke minis Finans lan pa ta ko ekzekite. Viktim yo ki detèmine pou bay presyon beton an te di: «Viktim Raboto yo mande minis Finans lan ak zotobre DGI yo ekzekite lòd prezidan an, savledi bay DGI Gonayiv la lòd pou l anrejistre jijman an. Viktim yo pa t janm demobilize pou yo reklame jistis. Pou reparasyon an, se pi rèd.» Dapre responsab AVR yo, minis Faubert ak zotobre DGI a yo, ta vle «proteje byen poutchis yo».
NPL denonse represyon lapolis
«Fouchèt enpinite pa bwè soup lajistis», se tit yon nòt pou laprès pwojè radyo kominotè «N ap pot laviktwa» (NPL) mete deyò nan dat 19 oktòb 2001 an. Nan nòt sa a, NPL di li wè anpil dosye asasina nan peyi a ap trennen, kote enpinite ap fè raj: «Nan Pòtoprens, lapolis maspinen Jean Robert Delciné, jounalis radyo Ayiti san pwoblèm. San nou pa bliye radyo kominotè Pipirit nan Grandans, lapolis maspinen jounalis radyo kominotè nan Bèlans, CIMO ak UDMO kraze radyo kominotè Vwa peyizan Milo. UDMO/CIMO nan Pòtoprens kraze radyo kominotè N ap pot laviktwa (NPL). Konsèy nasyonal telekominikasyon (Konatel) ap fè anpil dilatwa ak otorite Lavalas yo pou radyo kominotè Wozo pa rive emèt nan Pòtoprens. Li klèman endike se fòs pwogresis yo k ap goumen bò kote pèp la, pou fè enterè l vanse anndan peyi a, ki toujou sib fòs represif yo.»
Minis Ménard devan palman an
Akonpaye de minis Finans lan Gustave Faubert, minis Enteryè a Henry Claude Ménard te reponn a envitasyon komisyon finans sena a, madi 16 oktòb la. Senatè yo te palabre pandan lontan ak minis Ménard sou zafè lajan paspò ijans yo. Minis Ménard te di yon pati nan lajan sa a itilize pou peye kèk anplwaye ministè a. Minis Enteryè a te di leta pa gen pyès kontwòl administratif sou lajan sa a ki pa kontabilize e bidjetize. Nan seyans sa a, minis Finans lan, Gustave Faubert, te founi eksplikasyon pa li sou zafè acha kay Chérestal la. Pandanstan, sena a te ekri prezidan lakou dèkont lan yon lèt, ki mande l bay yon seri eksplikasyon ki gen rapò ak acha kay Chérestal la.
Enspektè a ak komisè devan pakè
Se 18 oktòb 2001 an enspektè César Yvens ak komisè polis Dèlma a, Camille Marcellus te parèt nan pakè tribinal sivil Pòtoprens lan, pou te bay eksplikasyon sou agresyon li te fè sou jounalis radyo Ayiti a, Jean Robert Delciné. Nan moman akize yo te nan pakè a, divès manifestan ki te sot Site Solèy te vin mase devan pakè a pou te pwoteste kont ajisman polisye yo, ke yo di ki te touye anviwon 3 inosan nan Site a: Yon fanm ansent, yon timoun lekòl ki gen 16 zan ak yon granmoun. «Aba César, aba Camille, nou te vote Aristide, pou te ba nou chanjman, Aristide pa ban nou chanjman. Aba César, nou pa vle l, nou rele anmwe», t ap di manifestan yo. Lapolis te vin tire pou gaye manifestasyon an, men seyans lan te blije ranvwaye nan lendi 22 oktòb la, pou yo al fè li an sekrè.
Sendika yo pral rantre ann aksyon...
Sendika tankou CTH, CATJ ak OJIT fè konnen yo pral rantre ann aksyon, nan jou k ap pwente la yo, si aktè politik yo pa rezoud kriz la, anvan 15 novanm pwochen. Fignolé St Cyr ki t ap pale nan non sendika yo te deklare: «Nou bay aktè politik yo jiska 15 novanm pou yo menm yo jwenn yon solisyon a kriz la. San sa, sektè sendikal la pral mennen yon seri aksyon anndan peyi a.»
Minis Faubert deklare defisi
Nan dat 18 oktòb 2001 an, minis Finans lan, Gustave Faubert te vini devan palman an, pou li te debat sou bidjè peyi a. Minis Faubert te di ke «Defisi 2000-2001 an, li plis pase 2 milya goud... Nouvo bidjè a, konsènan resèt, li ap tounen otou 8 milya goud pou ekzèsis k ap vini an». Li te prezante l devan 17 senatè ki te prezan, kote 3 senatè te absan sou 20 ki nan sena a konyè a.Li ap gen pou l fè depo nouvo bidjè a nan mwa novanm k ap vini la a.
2 anbasadè ratifye
Jedi 18 oktòb la, senatè yo te ratifye 2 anbasadè ayisyen Renaud Bernadin ki pral Okanada ak Jean Claude Alexandre ki pral nan LONI. Senatè Yvon Feuillé te deklare sou sa: «Efektivman mwen byen kontan asanble a vote... anbasadè Renaud Bernardin... pou Kanada. Nou genyen tou Jean Claude Alexandre... onivo Nasyonzini...»
Gen kèk lòt dosye komisyon an ap travay sou yo. Tankou dosye Arnold Joseph ki nonmen pou Bahamas ak doktè Andrine Constant pou Kiba.
Sen Mak: Balewouze mande Lavalas kanpe «negosiyasyon» yo
Nan vil Sen Mak, òganizasyon popilè pwòch Lavalas yo rele Balewouze, nan yon konferans pou laprès, mande pouvwa Lavalas la pou l kanpe negosiyasyon yo ak Konvèjans demokratik la. Balewouze di responsab yo bouke sakrifye eleksyon 21 me a yo. «Balewouze di fòk pouvwa a mete fen ak tout negosiyasyon sa yo», te di Figaro Désir nan non Balewouze.
Ench: majistra a di komisyon an nan «patipri»
2zyèm majistra vil Ench lan, Rosener Garçon, di devan laprès ke komisyon ankèt ki ap enfòme sou dosye 400 mil goud ki disparèt la nan pati pri. Majistra di ke li ekri lakou dèkont pou mande eksplikasyon sou lajan sa a ke yo akize majistra Dongo Joseph la pran an. Li te deklare: «Mwen regrèt paske madi 16 la gen yon komisyon ki te antre nan vil Ench, li jwenn sèlman avèk majistra Dongo, li pa jwenn avèk mwen kòm majistra adjwen nan vil Ench. M ap mande èske se pa yon komisyon dirije...»
Ronald Cadavre ap anbete moun Lasalin
Divès moun ap plenyen nan Lasalin deske Ronald Camille alyas Ronald Cadavre ap menase lavi yo. Yo akize Cadavre kòmkwa l ap marinen konplo pou fizye divès moun nan katye popilè sa a. Yon moun te di: «Se sa k fè jodi a nou vin mande si lapolis pa ka jwenn yon jistis ak misye, nou menm nan Lasalin, nou ka jwenn yon jistis avèk li kanmenm».
Senatè Dany Toussaint mande ap fè divèsyon
Senatè Lwès la, Dany Toussaint di ke li etone devan divès zak polisye yo ap fè nan peyi a. Senatè a pran ekzanp yon jenn fi lapolis te touye nan Petyonvil, zak ki te fèt nan Site Soley yo, kote plizyè moun te mouri, elatriye. Devan moze zak sa yo, senatè a di l pral mande sena a pou konvoke minis Enteryè a ak kolektivite teritoryal la, Henry Claude Ménard, minis Lajistis la Gary Lissade ak direktè lapolis la Jean Nesly Lucien, pou yo vin bay eksplikasyon sou zak polisye yo.