Ayiti Pwogre [HOME]
17 o 23   Oktòb  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Plato Santral: majistra Dongo reparèt nan Ench

Apre kèk jou bri t ap kouri li ta nan mawon, majistra kominal Ench la, Dongo Joseph te reparèt jou 11 oktòb la tèt nan vil la, kote li te bay yon konferans pou laprès. Dongo te di donk ke li pa konn afè 400 mil goud ki fè wout kwochi a e li pa konn tou keksyon konplo asasinay sou senatè Plato Santral la, Michel Renard ki akize l la. Majistra te di se pito kont limenm ke yon konplo ap marinen kont li, e ke l ap pouswiv devan lajistis madan Faussette ki se direktris depatmantal Plato Santral la, pou madanm sa a ta vin bay limyè sou yon 59 mil goud ki te pase nan men l, nan kestyon pwogram skolarizasyon inivèsèl gouvènman an. Li te ensiste pou yo ta arete madanm lan. Men, majistra Dongo pa janm di sa limenm te fè ak 400 mil goud la.
 

Eddy Volel reparèt pou «denonse»

Lidè Rasanbleman demokrat kretyen (RDC) a, Eddy Volel, «denonse» koripsyon ak tout lòt bagay dwòl li di k ap fèt nan pouvwa lavalas la. Volèl ki gen trè lontan depi l te disparèt, reparèt pou vini di: «Apre 11 zan rèt Lavalas, lavalas fini pa montre se peyi ki pi pòv sou latè, yo pa wont. Pèp ayisyen pa janm wè koulè lajan peyi letranje renmèt gouvènman lavalas la, pou byennèt pèp la. Lajan wout fè fon, lajan diri fè yon, lajan medikaman ak dlo pwòp fè fon...»
 

Nòdwès: senatè a akize depite a

Senatè Fanmi Lavalas la Evalière Beauplan akize depite Fanmi Lavalas Dominique Filord, kòm kwa se li ki ta patisipe nan badijonnen tribinal de pè komin Jan Rabèl la ak ekskreman. Senatè a di se paske depite Jan Rabèl la wè popilasyon an koumanse ba l do, akoz tout pwomès li te fè nan kanpay elektoral li, li pa respekte, ki fè li aji konsa.
 

Katèl lameri Pòtoprens lan sanble li tèt anba

Mèt Lionel Bernard ki se prezidan Kou siperyè dè kont ak kontansye administratif fè konnen enstans sa a konstate gen anpil bagay ki pa dwat ki t ap pase nan lameri Pòtoprens. Li te di tou ke lakou a l ap dirije a fè yon seri rekòmandasyon bay ministè Enteryè konsènan move jesyon administrasyon kominal la: «Kont lameri a yo te mal jere. Labank repiblik Dayiti, Labank Santral te tounen yon seri chèk bay Lameri a paske chèk sa yo te bay san pwovizyon. Ou konnen nan zafè penal bay yon chèk san pwovizyon se yon enfraksyon. Donk, sa nou te fè, nou te ekri minis Enteryè a pou pale bagay sa yo. Nou te konstate pa t gen pwosè vèbal deliberasyon, yon lòt fason, katè l pa janm reyini pou delibere sou pwoblèm ki kenbe sitwayèn, sitwayen Pòtoprens yo nan gòj. Donk, nou pa te jwenn kaye deliberasyon konsèy la... Li sanble desizyon yo te pran pou fè plezi. Yon lòt jan, pa t gen konsètasyon, antant ant majistra yo... Nou te di nan lèt nou an nou konstate chak majistra, chak majistra adjwen gen yon so.»
 

Senatè Médard pwononse li

Senatè Joseph Médard, ki t ap pale sou konfli ant Premye minis Chérestal ak minis Enteryè a Ménard, fè konnen se prezidan Aristide ki pou tranche: «Se prezidan repiblik la ki gen dènye mo a...», piske, toujou dapre palmantè a: «Nou mennen palmantè, sa n ap fè se asire nou ekzekitif la, chèf gouvènman an pa rapò ak ekspoze politik jeneral li te fè... pwen pa pwen sa l te di yo respekte».
 

Civil pi rèd ap defye lajistis

Nan dat 11 oktòb la, yon gwo eskonbrit te pete devan palman an, ant sekirite palman an ak chèf Jenès pouvwa popilè (JPP) a, René Civil, ke lapolis ak lajistis pretann ke yo ap chache kou chen fou. Afè sa a te fèt ekzakteman devan lachanm depite a e depite Jakmèl la Wilner Content te di: «Mwen fè yo bay lanmen e m fè l aksepte pou al lage lòt zanmi an. E youn aksepte pou youn kapab respekte lòt. Nou menm nou kwè fòk kapab gen lapè nan mitan yo menm k ap viv deyò a...Gen anpil zam ki te rale. Zam pa tire erèzman, men gen anpil kout zam ki bay e m wè gen anpil moun ki fache. Sekirite isit yo fache, sekirite René Civil yo fache.» Poutan gen manda darè ki ta dèyè René Civil.
 

Tigwav: Travay peyi a avan

«N ap mande Fanmi Lavalas pou l sispann pèdi tan nan chita ak Konvèjans, sosyete sivil, kèk sektè nan kominote entènasyonal la, ki pa gen ankenn angajman ak pèp ayisyen an, men pito ki gen enterè fè dilatwa nan kriz fabrike, pandan kriz reyèl la, kriz tout bon vre a, ki se grangou, chomaj, lavichè a ap vale teren chak jou pi plis», te di yon manm OP pwòch Lavalas nan Ti Gwav, Monal Dor.
 

Zenglendo kontinye twonpe vijilans lapolis

Malgre se chak semenn pòtvwa polis nasyonal (PNH) la, Jean Dady Siméon, ap prezante zenglendo li di ke yo arete, zenglendo toujou ap feraye nan kèk zòn Pòtoprens. Atout lapolis toujou di l ap pran divès mezi pou fini ak zafè zenglendo a, sa pa anpeche gen divès zak zenglendo ki fèt nan peyi a, nan 2 dènye semenn sa yo. Nan yon magazen ri Travèsyè, nan dat 11 oktòb la, plizyè jèn ti zenglendo ame te fè atak sou sekirite yon magazen e sant kote yo chanje lajan. Yon sekirite sant komèsyal sa a te pran yon bal nan vantCreole1
 

REL rele anmwe!

Nan yon nòt pou laprès ki pote dat 16 oktòb, Rasanbleman elèv lekòl (REL) kritike sitiyasyon jenès la ap viv la kote «nan chak kafou se yon pil fatra k ap degaje move odè pwatrinè». Nan nòt sa a ki siyen pa 30 elèv, Rel konstate «bwat leta se koripsyon, eksplwatasyon. jèn fi ak jèn gason k ap vann kò yo pou yon vye travay. Sida ap vale teren akoz lamizè. Y ap ranmase elèv nan tout lise pou y al afabetize a volonte, pandan y ap vòlè lajan al sere... Li lè, li tan pou sa chanje. Fòk sa chanje. Nou dwe leve kanpe. Nou pa dwe rete bèbè».
 

Yo pa bliye 15 oktòb

Regroupman òganizasyon popilè granmoun yo ak Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen (UNNOH) sòti yon nòt kote yo deklare «15 oktòb 1994 - 15 oktòb 2001: 7 ane lawont ak koripsyon». 7 ane apre retou «alòd demokratik» la, nan nivo politik, nan nivo sosyal, nan nivo ekonomik, «lavalas montre li pa kanpe sou bit fè anyen». Oganizasyon sa yo nan regroupman an (SAJ/Veye Yo, Chandèl, MUPAC, Sotra, Tèt kole) kondane vòl, represyon ak move politik gouvènman lavalas la ak kolaboratè l yo. E yo fini pou konstate: «7 ane apre, deblozay lavalas fè nan peyi a montre aklè pwojè li a pa depaman ak lòt pati ak regwoupman pati politik tradisyonèl, reyaksyonè, tankou: MIDH, Konvèjans demokratik, elatriye».
 

Sid: Konvèjans mande pa li

«Tout mannyè, solisyon kriz la, li dwe pase pa anilasyon eleksyon 21 me yo. Nou di fòk se ta yon Premye minis lopozisyon ki ta dwe konpoze yon gouvènman avèk mesye Jean Bertrand Aristide. E nou di fòk konsèy elektoral ki pral monte a, fè eleksyon nan tout endepandans e jwenn posibilite san presyon pou l travay...», te deklare Similien Marc André ki se pòtpawòl yon sèten Kòdinasyon ak òganizasyon kominotè (KOGOK) ki tabli nan Sid peyi a. Moun ap mande eske se kòm gouvènman Lavalas la li menm bliye kò l nan fè politik lakoubèt, èske moun konvèjans ap pile pye li?
 

Etwal popilè/Konvèjans mande kanpe negosyasyon yo

Yon «òganizasyon» pwòch Konvèjans demokratik la, yo rele Etwal popilè (EP) Alexis Clérius la, kritike vòl li wè k ap fèt nan sen pouvwa Lavalas la. Yon sèten Wilson Laviolette ki t ap pale nan non EP deklare: «Negosye ak Lavalas se apiye dwòg, se apiye koripsyon, se apiye dezòd nan peyi a, se apiye Ronald Cadavre ke lapolis pa ka arete, René Civil, Paul Raymond k ap mache tout lajounen nan lari, lapolis pa ka arete yo... Se pou opozisyon an (Konvèjans lan) kanpe sou keksyon negosiyasyon yo ak Fanmi Lavalas.»
 

Ensekirite a remonte

Nan dènye semenn sa yo zafè ensekirite a remonte anpil. Moun anrejistre divès ka zenglendo k ap dechèpiye moun, kit se nan lari, kit se nan machin transpò piblik. Mete sou sa divès ka moun ki mouri pa bal nan plizyè kote. Ata sekretè deta sekirite piblik la, Gérard Dubreuil, te konstate: «Gen twòp bagay onivo kidnaping, vòlè machin...» Poutant, menm lè lapolis toujou pwomèt sitiyasyon an ap amelyore se nadmarinad. Menm zafè «tolerans zewo» a tout moun pa t finn wè klè ladan koumanse ap rantre nan jwèt politik. Sou baz «tolerans zewo» sa a, divès militan politik e manm laprès gentan ap sibi presyon ou move zak anba men nouvo «atache» ki fè pati gwo tolerans zewo sa yo, ki pi souvan anba kontwòl yon seri eli Fanmi Lavalas nan divès zòn.

.
www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm