Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlGrandans: Operasyon «ouragan» nan Ansdeno
Lapolis nan depatman Grandans lan, nan kestyon «operasyon ouragan» an, fè yon fouy lakay ansyen majistra Ansdeno a, ki se manm KOREGA, Georges Simon. Pandan pèkizisyon an, polisye yo, selon direktè depatmantal la Jean Robert Faveur, jwenn lakay Simon zam lagè, fizi 12, chajè, ponya, chajè revolvè 22, jilè pabal, kepi militè, batri, transfòmatè, divès radyo kominikasyon, 162 katouch diferan zam, elatriye. Jean Robert Faveur te declare:«Poukisa yon sitwayen blije gen tout asènal sa yo lakay li, mwayen kominikasyon sa yo. Nou pa vrèman wè rezon a, se li menm pou ki ta prezante pou sitiye rezon an...» Lapolis te fouye tou lakay ansyen visdelege Ansdeno a, madan Junie Hilaire, kote yo te jwenn fizi chas, ak lòt materyèl e dokiman lakay li. Poutan Georges Simon di li sezi tande rezilta «operasyon ouragan» ki pase lakay li a e ki fè kwè yo ta dekouri yon asenal zam lakay li. Li fè konnen ke mòd operasyon sa yo se pou rive demantibile tout òganizasyon ki di yo rete granmoun tèt yo nan peyi a. Li rekonnèt li te gen lakay li 2 fizi 12. Fizi sa yo, selon Simon, gen bon jan papye, ki otorize li genyen yo e ke akizasyon sa se yon plan pou destabilize Komite Rezistans Grandans (KOREGA) ki swete fòmasyon yon komisyon ankèt pou fè limyè sou akizasyon lapolis lage sou do Georges Simon, pou evite san koule nan Ansdeno e nan tout depatman Grandans lan pou granmèsi.
MORADD mande inite...
Mouvman revandikatif ayisyen pou devlopman ak demokrasi (MORADD), nan yon deklarasyon piblik konsènan zafè chen manje chen ant dirijan Fanmi Lavalas opouvwa yo.di: «Jounen jodi a se avèk anpil tristès nou wè minis ap batay ak minis, minis kont Premye minis, senatè kont minis, senatè kont senatè, depite kont Premye minis. Poukisa? Pou enterè pèsonnèl, alòske enterè pèp la anba pye.» Ensi dirijan MORADD yo mande «inite anndan Fanmi Lavalas, anndan gouvènman Aristide/Chérestal la». E MORADD kwè ke peyi a pa ka rete ap tann yon swadizan èd entènasyonal, ki pi souvan kondisyonèl.
Fondasyon 30 septanm wè «viktwa»
Lendi 1er oktòb 2001 an, Fondasyon 30 septanm te fè yon sitin devan palman an, pou reklame voye chèf teroris Fraph la Toto Constant tounen nan peyi Dayiti. Fondasyon an ki depoze deja nan palman an yon petisyon 144 mil siyati, pou mande fini ak zafè lame Dayiti a, wè kòm «viktwa» lefèt ke gouvènman meriken deside renmèt gouvènman ayisyen dokiman Fraph yo. Dirijan Fondasyon sa a ale nan menm sans ak dirijan Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) ki wè se yon «viktwa pou lajistis» dokiman sa yo ke y ap renmèt la. Poutan, yo bliye si non pi gwo kriminèl ou sipòtè kriminèl yo, depi senpman yo gen nasyonalite meriken, non yo pap figire nan dokiman sa a, ki pi gwo enpòtans dokiman yo, lè non gwo badin ki t ap kore represyon militè, manm Fraph yo, efase? Pa t dwe gen moun ki pi wo pase lajistis.
Briganday nan lameri Pòtoprens
Vòl, divizyon, move jesyon se bagay ki repete souvan nan dènye tan sa yo, nan lameri Pòtoprens. Divizyon ant premye majistra a, Marie-Yves P. Duperval ak lòt 2 majistra yo, ki akize l kòm kwa l ap mal jere lameri a. Zafè gwo lajan majistra yo ap touche pa mwa se tèt chaje, lè odit lakou dèkont lan sanble kwoke yon kote kèlkonk. Pou kouwè l ye la a, madan Duperval ap touche 45 mil goud chak mwa lè lòt majistra yo ap touche 25 mil. Madanm lan gen mil 250 goud pa jou kòm «frè». N ap souliye majistra Dupervil ak 45 mil goud pa mwa a te ogmante salè l ak prèske 100 pou 100, piske avan sa, li te konn touche 25 mil goud e lòt yo te konn touche 20 mil goud. Salè majistra a (45 mil goud la) pi wo pase salè e yon minis e yon senatè ki touche anviwon 30 mil goud e yon depite ki touche 25 mil goud.
Bò kote pa l, depite 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, Simpson Libérus, sanble pa sou wout pou lave rad sal la «an fanmi», li montre li enkyete devan lantè dosye odit lakou dèkont lan ki ap trennen toutan. Yon lòt bò, lakou siperyè dèkont ak kontansye administratif (CRCCA) mete deyò premye rapò «odit» li a, kote li fè remake divès iregilarite nan jesyon lameri a, ki merite korije. Lakou a souliye ke sèvis kontab lameri a pa t ka bay tout enfòmasyon nesesè yo. Prezidan lakou a, Lionel Bernard te fè remake: «Sa a mwen ta renmen l klè pou tout moun: nou pa ka di n ap fè arete yon majistra paske nou konstate gen yon lajan ki fè wout kwochi, nou pa gen pouvwa sa a.»
Sidès: Lansman pwogram MST/Sida
Premye dam repiblik la, madan Mildred Trouillot Aristide te lanse jedi 4 oktòb la pwogram MST/Sida a nan vil Jakmèl, ki nan Sidès. Madan chèf leta a ki t ap entèvni nan sal konferans lopital Sen Michèl Jakmèl la, te montre nesesite pou pèp la patisipe nan lit kont sida a anndan pwojè a. Pandan li te presize ke «leta ayisyen gen wòl li nan keksyon sa a. Madan prezidan an te fini pou pwopoze: «ke nou komanse negosiyasyon yo, nan kad lit kont sida a. Se chak aktè ki pou byen idantifye wòl yo nan kontès sa a e pou pran responsabilite yo. E ansanm nou pral kanpe ravaj sa a».
Sena a ap mande ex-minis Fritz Longchamp regleman
Sena a, pa mwayen komisyon Afè etranje li a, «anvizaje voye al fè yon odit», selon prezidan komisyon sa a, senatè Yvon Feuillé, sou jesyon ansyen minis afè Etranje peyi a, Fritz Longchamp ke non l ta site nan afè achte yon kay nan Ròm, kapital Itali. Minis Longchamp li menm, ki sanble pa t vle non l ap sikile te kouri vin pote eklèsisman nan yon nòt pou laprès: «Mwen pa janm a okenn moman achte nan non mwen yon kay ou yon vila a Ròm... Leta ayisyen te deside mete yon pwogram achte kay sou pye, nan lide pou te mete misyon sa yo, pou te kenbe diyite peyi a e rann pi efikas diplomasi ayisyen lan. Se nan lide sa a yon kay te achte a Ròm...» Antouka, minis lan pa janm ka di ni konbyen lajan kay sa a koute e li pa eksplike kouman afè achte kay sa a te pral bay Ayiti «plis diyite».