Ayiti Pwogre [HOME]
3 o 9   Oktòb  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Fanm yo pa bliye koudeta a

Nan okazyon 10zyèm anivèsè koudeta militè 91 lan, divès fanm ann Ayiti kontinye mobilize yo. Nan yon sitin yo te fè sou plas Kapwa sou Channmas la ke òganizasyon «mach mondyal fanm ann Ayiti yo» vle rele plas Katrin Flon, òganizasyon sa yo te mete aksan sou « enpinite, desepsyon, imilyasyon, lamizè, chomaj, koripsyon ki blayi» nan peyi a pi rèd, 10 zan aprè koudeta kriminèl 91 lan, ki te fè anviwon 5 mil viktim.
 

Nòdwès: Operasyon «Ouragan»

Apeprè yon ventèn komèsan te arete jou mèkredi 26 septanm lan pa Inite depatmantal mantyen lòd (UDMO) Nòdwès la. Arestasyon sa yo fèt nan moman polisye yo t ap mennen yon operasyon «rechèch» dwòg nan operasyon yo rele «Ouragan». Pami moun yo arete yo gen amatè bato tou. Sa te lakòz gen komèsan ki menase kite peyi a. Anpil biznis kou magazen, makèt te tou pwofite fèmen pòt yo an siy pwotestasyon. Oreste Jean-Baptiste e Batistant Lazard te vin jwenn liberasyon yo. Anpil lòtmoun nan Pòdpè te oblije antre nan mawon.
 

Grandans: Operasyon «Ouragan»

Nan tèt kole ak ajan DEA yo, polisye Biwo lit kont trafik dwòg (BLTS) la yo kontinye laji zèl yo nan divès depatman peyi a, pou chache dilè dwòg. Operasyon sa a rele «ouragan». Selon pòt pawòl lapolis la Jean Dady Siméon: «Gen yon seri operasyon ki mennen nan Jeremi, Okap. E se sou tout peyi a l ap fèt.» Sa fè kèk tan moun pa t tande pale de operasyon sa yo ki sanble se yon flè sezon. Nan Okap, depite James Derozin kritike operasyon sa a: «Nou panse moman an trè mal chwazi, nan yon moman kominote entènasyonal la pa t envesti yon goud anndan peyi a... Nou antrepran yon seri demach pou ansanm sitwayen sa yo twouve liberasyon yo, pou yo al fè okipasayon yo kòm sa dwa.»
 

Chofè minis Enteryè a ap bay trak

Lapolis nan Pòtoprens arete 4 moun ak 4 bwat trak nan men yo. Trak sa yo akize Premye minis Jean Marie Chérestal kòm kowonpi e kòm moun ki te nan kabinè gwo minis divalyeris Jean Marie Chanoine. 4 distribitè trak sa yo, selon enfòmasyon yo, ta manm yon òganizasyon pwòch Lavalas e yo ta ap travay nan yon ministè «pisan» nan peyi a oubyen yo ta ap travay pou yon minis «tou pisan». Se madi 25 septanm lan, minis Lajistis la, Gary Lissade ak Premye minis Chérestal te al nan komisarya Pòtoprens, kote moun sa yo nan prizon an. Pyès enfòmasyon pa t ko sòti, sou kote trak sa yo ta sòti e ki otorite Lavalas ki ta dèyè mannèv sa yo kont Premye minis la. Distribitè trak yo akize de difamasyon.
 

Manda kolektivite yo pap negosye?

Minis Enteryè ak kolektivite teritoryal la, Henry Claude Ménard ki te nan depatman Sidès la, deklare ke manda eli kolektivite teritoryal yo pa negosyab. Minis lan bay garanti pandan «negosiyasyon» ak Konvèjans lan ke pouvwa Lavalas la ap kanpe sou pozisyon pou pa koupe manda, ni voye ale manm kolektivite yo, ki te sòti nan eleksyon 21 me yo.
 

Polisye yo poko jwenn Ronald Camille

3 manda darè te emèt deyè René Civil (JPP), Paul Raymond (TKL) ak Ronald Camille alyas Kadav. Mèt Josue Pierre Louis ki se komisè gouvènman an t ap bay eksplikasyon: «Ankò yon fwa n ap fè presizyon sa a, se ke dabò pou Ronald Kadav, li touye yon moun devan palman an; sa te fèt an flagran deli, donk pakè a lanse yon manda pou mennen Ronald Cadavre. N ap tann lapolis ekzekite manda sa a. Donk, pou ka Paul Raymond e René Civil la, se nan ekzekisyon 2 òdonans jij Claudy Gassant nan dosye Jean Dominique e Jean Claude Louissaint an. Ankò yon fwa, òdonans sa a nou te siyifye l ak lapolis, donk n ap tann lapolis mete manda sa a ann ekzekisyon.».

Bò pa li, pòtpawòl lapolis la, Jean Dady Siméon di lapolis ap chache Kadav, se jwenn li paka jwenn li. E li te di kouman lapolis te arete yon dizèn moun nan Lasalin, apre desanndelye lapolis ki t ap «chache» Ronald Cadavre, ki non sèlman te touye yon jèn gason devan palman an, men tou ki bay yon polisye USGPN yon katouch nan dwèt.
 

MOPOBAB vle kore «Alfa»

Mouvman òganizasyon popilè Ba Bèlè (MOPOBAB), nan yon konferans pou laprès vandredi 28 septanm 2001 an, di li pre pou kore kanpay alfabetizasyon prezidan Aristide te lanse a. Mouvman sa a ki te fè yon istorik mouvman Alfa a ann Ayiti deklare: «Ayiti rive nan yon moman pou tout ayisyen tounen yon Tousen Louvèti ou byen yon Chalo Jaklen... pou bay alfabetizasyon an jarèt.»
 

Gonayiv: «OP» Dekaho mande lajan pa li

Lavèy vizit prezidan Aristide te fè nan Gonayiv samdi 20 septanm 2001 an, divès «òganizasyon popilè» nan lokalite Dekaho leve kanpe, boule kawoutchou pou reklame lajan pa yo nan plizyè milyon goud yo di gouvènman an te bay otorite lokal yo pou preparatif vizit sa a. Chèf òganizasyon sa yo te bloke lokalite a tout jedi 27 septanm lan. Malgre tansyon sa a, vizit prezidan an te byen pase.
 

Senatè yo mande Chérestal bilan li

2 semenn apre prezidan Jean Bertrand Aristide te fin mennen Premye minis Chérestal tounen nan biwo li, divès senatè Fanmi Lavalas mande Premye minis la pou vin prezante bilan travay li devan sena a. Senatè Lans Clonès t ap di: «Genyen yon seyans ki te fèt nan sena repiblik la, kote senatè yo te manifeste entansyon yo pou yo konvoke Premye minis lan avèk tout gouvènman an. E pou yo tou bay yon bilan aktivite travay yo fè deja, pou nou kapab jije kòman gouvènman an ap mache. Paske sa rantre nan wòl, kontwòl palman an dwe fè an jeneral sou ekzekitif la. Donk, nou te pran rezolisyon deja, tout asanble senatè a te dako .»
 

Divèjans nan Konvèjans lan

Apre liberasyon dènye gwoup moun KID (Konvansyon inite demokratik) yo, pou kouwè a lidè Konvèjans yo mele nan gwo divèjans ak pawòl dwategòch. Si pou Evans Paul (K-Plim) nan KID/Konvèjans «militan politik» li di ki nan prizon ki rete l sou chimen, pou l al sou tab negosiyasyon an, Paul Denis li menm nan OPL/Konvèjans se yon «zafè pèsekisyon» ki kenbe l. Evans Paul te fè kwè «M kapab di gen yon renmèd ki bay onon lalwa absè a, men klou a toujou la. Klou a se: Jean Baptiste Joseph... Jean Fresnel Félix... Gadner Mervil... Raviz Phadius, Gérard Clénord ki toujou nan prizon enjisteman.»

Pour Paul Denis se lekontrè: «Lefèt yo libere militan KID yo, annou di se yon obstak ki tonbe, rete lòt obstak, kreyasyon yon klima lapè e trankilite ki pou pèmèt tout moun ki nan mawon retounen lakay yo», te di ansyen senatè Denis ki te montre tou sa li vle fè definitivman: «Yon lè nou ka leve sou tab negosiyasyon an, si yo pa sispann zak pèsekisyon sa yo, zak briganday sa yo kont manm e senpatizan Konvèjans demokratik la.»
 
 

Jounen mondyal touris

22zyèm jounen mondyal toutis la jedi 27 septanm lan, te yon okazyon pou divès aktivite. Prezidan Aristide te bay 8 loreya konkou nasyonal e entènasyonal redaksyon an pri nan sikonstans lan. Kote 8 timoun sa yo ki te jwenn òdinatè, te manifeste kontantman ak detèminasyon yo nan palè nasyonal. Bò kote pa l, minis Touris la, Martine Deverson te endike: «Ministè touris te chwazi ane sa a pou santre selebrasyon mondyal la sou wòl ti moun ayisyen an jwe nan devlopman touristik Ayiti. Jounen pòt louvri ki te òganize nan okazyon fèt mondyal sa a nan kay touris la pral pèmèt jèn sa yo pi byen konprann enpòtans e posibilite akò ekonomik, kiltirèl e sosyal sektè touris nan sosyete nou an.»

Pou bò pa li, majistra Milo a ki se prezidan Asosiyasyon majistra Nò yo, Moïse Jean-Charles te regrèt ke plizyè milyon dola Premye minis Chérestal te anonse ki debloke a, se bèl pawòl. Yon lajan ki ta pou relanse «touris» nan depatman Nò a. Men gouvènman poko janm vrèman pase ann aksyon, nan kad estrateji reyèl ki ta devlope, pou enkadre ti atis, ti atizan nou yo, ki gen sektè touris la repoze pi plis sou do yo».
 

Seminè Ayisyen ak Dominiken

Yon seminè fòmasyon te òganize pa Gwoup apwi a rapatriye e refijye (GARR), Sèvis Jezwit ak refijye (SJR), Sant Pon Dajabon, sòti 14 pou rive 16 septanm 2001 an. Seminè sa a ki te reyini yon swasantèn patisipan ayisyen kou dominiken, selon yon nòt GARR nan dat 27 septanm lan, te fèt nan vil Monte Cristi an Dominikani. Yo te pale sou divès pwojè 2 gouvènman 2 peyi yo te monte konsènan mache sou fwontyè a yo, ki gen 250 milyon peso k ap brase nan yo chak ane. Yo te prezante yon pwojè 8 milyon dola Fon ekipman Nasyon zini e Pwogram anviwonnman transfwontalye ap finanse, nan bi pou pwoteje lak Azuei e Enriquillo. Yon patisipan nan seminè a te souliye tou ke plis pase yon milyon dola us pase chak ane nan tranzaksyon k ap fèt nan mache Ti Lori e mache Bajasou a ki pre fwontyè a, sou bò Ayiti a.
 
 
 

Civil pran lari 

Vandredi 28 septanm 2001 an, pòt pawòl Jenès pouvwa popilè (JPP) an, René Civil te bay yon konferans pou laprès, kote l te mande pou Premye minis Chérestal demisyonne e pou yo ta libere 4 militan lapolis te arete ak 4 bwat trak kont Chérestal yo. Civil ki ansanm ak Paul Raymond gen manda darè dèyè yo, te kritike gouvènman Chérestal la li wè ki mele nan koripsyon, achte kay pou 37 milyon goud lè pèp la nan lamizè. Pandan konferans sa a, manm JPP yo te rele «Aba Chérestal». N ap souliye ke nan plizyè mi Pòtoprens moun ka li «Aba Premye minis Chéresla - Viv Ménard premye minis - Aba minis touris la, Martine Deverson». Jwèt la vin kòmanse pi klè lè moun konnen sa pa fè lontan depi lapolis sot arete 4 militan ki ap travay nan ministè Enteryè ke minis Ménard ap dirije, kote militan Fanmi Lavalas sa yo te ak 4 bwat trak kont Premye minis Chérestal.

Pou bò pa li, Pierre Espérance nan NCHR wè se yon wont, lè lajistis ak lapolis di ke yo ap chache lidè TKL ak JPP ak manda arestasyon, e poutan pou René Civil (JPP) ap bay konferans pou laprès an piblik nan lokal CTH la.
 

45 nouvo ajan APENA

An prezans minis Lajistis la mèt Gary Lissade, 45 nouvo ajan APENA jwenn sètifika yo, pou al travay nan sant penitansye yo, apre yon tan yo te fin pase nan sant fòmasyon. Nan okazyon an minis Lissade te tou anonse gen 3 sibtiti komisè ministè l ap dirije a enstale nan penitansye, pou trete pi vit dosye moun ki nan prizon yo.
 

Yon ankèt lapolis ta abouti

Pòt pawòl lapolis la Jean Dady Simon prezante bay laprès 2 moun li di ki ta patisipe e nan atak ki te fèt nan bank Sogebel Dèlma 56 la e nan asasina Jessie Pierre ki te yon anplwaye Otorite potyè nasyonal (APN). Moun sa yo ki se: Eddy Théodore e Etienne Jean Walnes te tire kout zam deja ak lapolis, sou wout Matisan an, toujou dapre responsab lapolis la.
 

Lanmò yon jèn fi anba bal lapolis

Yon jenn fi 19van, Marie Mica Benjamin Raymond te mouri anba bal lapolis ki t ap mennen yon operasyon rechèch zam ak gang lakay li, nan Petyonvil. Marie Mica ki t ap fè segond nan lise Petyonvil ta sè yon ansyen polisye ki vin gang yo rele Eddy. Papa viktim lan t ap eksplike: «Lè mesye yo debake, se tande mwen tande zam ap tire... Lè m kouri sòti m jwenn premye pitit fi mwen an pran yon bal bò tanp, li tonbe.»
 

Latibonit: majistra ta sove ak kòb la

Premye majistra komin Desalin lan depatman Latibonit la, Frédérick Derilus ta fè wout kwochi ak lajan 25 latrin kominal, ki ta pral fèt nan zòn lan. Lajan sa a ki yon valè 62 mil goud te debloke pa ministè Enteryè pou pwojè sa a.
 

Komemorasyon 10 lane koudeta 91 lan

Nan okazyon 30 septanm 2001 an, divès aktivite te fèt nan divès kwen Ayiti pou te fè sonje 10 zan apre koudeta 91 lan. Akote yon latriye paran ki kontinye ap mande jistis pou fanmi yo ki te viktim, kèk òganizasyon popilè te mande arestasyon e kondanasyon bouwo koudeta yo. TKL Sen Jan Bosko te declare etonman li, nan yon konkerans pou laprès, lefèt «teworis yo, fòs antichanjman yo, fòs fè nwa yo toujou la pou kontinye ak vyolans ekonomik sou mas pèp la».

Nan Ti Gwav, plizyè òganizasyon popilè ak eli lokal te fè rankont pou raple dat sa a. Nan Pòdpè, viktim yo te fè yon sitin espesyal pou make dat 30 septanm lan e yo te prezante yon lis non bouwo ki te enplike nan koudeta a. Fondasyon 30 septanm nan Sid peyi a te lanse apèl pou kontinye mande pini kriminèl yo. Bò kote pa yo, Fanm Vanyan Marigo te anonse yon seri aktivite tou pou te make 10 lane koudeta kriminèl la. Fondasyon 30 septanm lan Pòtoprens te fè divès aktivite nan jou sa a: ekspozisyon foto, animasyon mizikal, espetak maryonèt pou te rive jouk al renmèt yon petisyon ak 100 mil siyati, pou mande kraze lame a.
 
 

Nouvèl Kout nan Sidès

Reflesyon OG22 nan okazyon 30 Septanm

30 Septanm 91, 30 Septanm 2001, 10 zan aprè, ki kote nou ye jounen jodi a?Se sou tèm sa a responsab OG22 yo nan vil Jakmèl te kòmanse pwogram reflesyon yo tap fè pou make 10 zan koudeta lame sanginè a ki te gen nan tèt li jeneral kansonfè a Raoul Cedras ak konplisite meriken plis manm FRAPH yo ki te fè plis pase 5 mil viktim nan kan pèp la. E ki te voye prezidan Aristide ke pèp la te chwazi nan egzil. Nan okazyon saa, Jude Jeremie ki se yon manm dirijan òganizasyon OG22 kritike sistèm jidisyè a ki daprè li menm se yon sistèm ki fè anpil moun kòmanse genyen laperèz. Pi devan Jude Jeremie fè konnen ke toutotan genyen enpinite ap toujou genyen ensekirite. Yo tou pwofite kritike lefèt konstitisyon an ki pran divès pataswèl, kote li fè konnen moun ki te fè koudeta yo olye yo ta anba kòd lajistis jounen jodi a se yo menm kap benyen nan pouvwa lavalas la. Responsab OG22 di li swete pou ta genyen yon chanjman sosyal nan peyi a e li mande pou fè yon refleksyon sou 30 Septanm ankò. Antouka li lè litan pou òganizasyon popilè yo kòmanse pran dwa granmoun tèt yo pou yo sispanm pran dikte nan men yon bann lidè koupyon ki pap batay nan enterè mas pèp la tout bon vre.
 

3 moun noiye nan Gran Rivyè Jakmèl 

Lendi ki te 24 pou louvri madi 25 septanm 2001 an malgre pat gen lapli ki tap tonbe sa pat anpeche Gran Rivyè,ki nan Jakmèl te ranfòse. Genyen 3 moun ki viktim, pami yo genyen yon pastè ki pote non Jean Loudi Faustin, ki soti nan komin Tyòt ki tap fè misyon nan zòn Platon ki li menm mouri. Y te jwenn kadav li nan mitan galèt bò rivyè a, madi ki te 25 Septanm lan. 2 lòt yo disparèt jouk kounye yo ap chèche kadav yo. Genyen tou yon ti elèv lekòl ki abite Sable Kabarè anndedan vil Jakmèl ke se de jistès li sove, kote dlo a te deja ale avèk li.Se sou Bato yo t al pran li nan mitan lanmè a. Devan ensidan sa yo ki prezante gwo danje pou timoun k ap viv nan zòn andeyò ki lekòl nan vil la, paran yo mande pou responsab edikasyon nan Depatman Sidès la ta pran desizyon pou fè ti moun ki rete andeyò vil la vin lekòl lè maten. Sa ki rete nan mitan vil la ta vin lekòl lè aprè midi, yon fason pou ta pèmèt yon ensidan konsa pa repete, e lè dlo a desann sa ta pèmèt timoun yo pa gen pwoblèm pou vin lekòl.
 

Inondasyon nan komin Bèlans

Nan komin Belans plizyè kay te inonde, tout enstitisyon zòn nan te fèmen, elèv lekòl pat ka pran wout pou yo te ale lekòl. Se rezilta gwo lapli a ki t ap tonbe nan vil sila a nan aswè lendi 24 Septanm 2001 an. Kèk viktim ki t ap reyaji nan mikwo jounalis di yo kritike biwo pwoteksyon sivil komin Bèlans lan ki pa bay popilasyon an asistans nan seri lapli yo. Viktim yo di ke si biwo pwoteksyon sivil la t ap fè yon bagay serye bò kote popilasyon an, anpil moun ta konnen kòman pou yo defann tèt yo lè yon ka konsa prezante. Antouka se pa premye fwa moun Bèlans ap viktim inondasyon sa yo. Pa janm genyen anyen ki fèt bò kote otorite yo pou pèmèt sitiyasyon sila ta amelyore.
 

Fatra ap gonfle nan Jakmèl

Vil Jakmèl jan anpil moun konnen l deja yo di se vil limyè e selon analiz plizyè etranje ak popilasyon an se youn nan vil ki toujou pwòp. Ebyen sanble nan dènye moman sa yo vil Jakmèl sanble pase nan dènye bout li pa rapò ak anpil fatra ki kòmanse benyen kè vil la. Machin lameri a te mete pou ranmase fatra a, okenn moun pa konnen ki sa li devni, alòske se nan chak katye popilè yo tout moun ap plenyen pou pil fatra k ap grandi chak jou pi plis. Majistra vil la Hugues Paul ki plase pou ta bay popilasyon an eksplikasyon sou dosye Fatra a kouri fè deklarasyon nan laprès pou di machin lameri a an pann pou yon pyès. Men li pa janm di popilasyon an kisa lameri ap fè pou rezoud afè fatra a ki ap gwosi nan vil la.
 

Manifestasyon nan Gonayiv

Sòti Madi 25 septanm rive vandredi 27 septanm 2001 an se te anba gwo tansyon popilasyon Gonayiv nan te leve jwenn kawotchou tap boule, barikad elatriye. Mouvman saa ta gen 2 revandikasyon: yon bò yon gwoup OP fè konnen se lajan yo pa rive jwenn pou fè dekorasyon ak pwòpte nan zòn yo pou resevwa Prezidan Aristide nan kad vizit chèf Leta a nan Site Endepandans lan. Yon lòt kote yon gwoup OP ap reklame liberasyon Edonel Paul ki se yon manm MODELIN ke lapolis te rive arete nan Pòtoprens ak trak nan menm l ki tap mande gouvènman Cherestal la bay talon l. Nan yon afwontman lapolis e plizyè manm OP yon jèn gason ke nou pat rive idantifye sou plas pran yon bal nan pye dwat li. Tousuit lapolis te transpòte jèn gason an nan lopital Pwovidans Gonayiv la. N ap raple jèn gason an ki pran bal la pat nan mouvman OP yo, se pase jèn gason an t ap pase pou rantre lakay li.
 

Vizit prezidan Aristide nan Gonayiv

Yon delegasyon ofisyèl ki gen alatèt li prezidan Repiblik la Mesye Jean Bertrand Aristide akonpaye madam li Mildred Aristide Trouillot ak divès minis nan Gouvènman Cherestal la te vizite depatman Latibonit la, patikilyèman vil Gonayiv jounen Samdi 29 Septanm 2001 an. Vizit chèf leta nan Site Lendepandans lan rantre nan kad lansman pwogram alfabetizasyon nan Depatman an. Divès Eli lokal e Depatmantal te reponn prezan, e delege Latibonit la madam Kenaze Jean Baptiste St Pierre, mesye Joachim Stephen Moïse,òganizasyon Popilè, yo tout te reponn prezan pou t al akeyi chèf Leta a. Chèf Leta te vizite plizyè zòn nan vil la soti Raboto ki se yon katye trè popilè pou te rann paran viktim yo yon gran omaj nan okazyon 10zyèm anivèsè koudeta 29 e 30 Septanm 91 lan. Aprè sa chèf Leta a te vizite gran komisarya Toussaint Louverture a ak delegasyon Latibonit lan, tousuit aprè Prezidan an te rann li sou plas dam Gonayiv la pou t al pale ak popilasyon Latibonit lan. Nan sikonstans lan chèf Leta te fè yon gran diskou sou monn nan k ap travèse yon gwo kriz kote ke teworis te fè yon atak nan peyi Etazini. Pou Chèf Leta li konsidere sa ki pase Etazini an pa depaman ak koudeta 30 Septanm 91 lan kote plis pase 5 mil moun te pèdi lavi anba koudeta teworis an Ayiti. Chèf Leta fè konnen li remake aparèy Jistis la chaje ak anpil fay nan peyi Dayiti, prezidan bay tout fanmiy viktim koudeta 30 septanm 91 yo garanti ke l pral mande gouvènman meriken an pou voye teworis koudeta 30 septanm 91 yo tounen nan peyi a, tankou Michèl François, Cedras, Biamby, Toto Constant, elatriye. Chèf Leta fè konnen li deja rekipere 160 mil paj dokiman FRAPH la ak ansyen Lame Dayiti ke Militè Ameriken yo te sezi nan lokal FRAPH la nan Pòtoprens 19 Septanm 94 la. Chèf Leta te pale sou eleksyon 21 Me yo ki te byen dewoule san difikilte, poutan teworis politik yo ki pa gen moun dèyè,toujou selon prezidan an, te pete koken pou di gen kriz nan peyi Dayiti. Poutan se yon fo kriz ki gen nan peyi a ke ti gwoup teworis yo vin enplante nan peyi Dayiti. Chèf Leta mete aksan sou alfabetizasyon, edikasyon, sante, wout, travay elatriye. Se konsa prezidan an fè konnen anvan 2004 fòk tout moun konn li ak ekri. Prezidan te remèt delege a madanm Kenaze Jean baptiste St Pierre chak mwa ke l deja touche a li gen yon sòm 72 mil 557 mil goud 59 santim pou mete nan kès pou alfabetizasyon an ak plizyè anvlòp pou komin nan, nan domèn Sante, edikasyon, irigasyon, elatriye.
 

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm