Ayiti Pwogre [HOME]
26  Septamn  o 2 Oktob  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Atak zenglendo nan Sogebel

Plizyè nèg ame ki te nan yon machin Honda Accord ble, rantre mèkredi 19 septanm lan nan sikisal Sogebel, ki nan Dèlman 56 la. Mesye sa yo ki pa ta «gen tan pran okenn kòb nan bank lan», men te fè divès victim:Gen 2 moun l ki mouri e gen 3 ki blese.Jan ankèt la pral mennen pou jwenn koupab zak sa a. 2 desè yo se madam Nathalie Clermont e Wilter Jean-Baptiste. Pòtpawòl lapolis la bò kote pa l, Jean Dady Siméon te fè konnen ke «Nan 3 minit lapolis te gen tan sou lèlye». Men, li pa gentan met lapat sou bandi yo.
 

Reouvèti sèvis enspeksyon machin

Divès chofè ak pwopriyetè machin pwoteste lefèt sèvis enspeksyon machin lan reouvri nan sèvis sikilasyon. Yo bay pou rezon lefèt kalite sèvis otorite yo bay sou wout la ki pa bon, lè sa pa ekziste menm. Divès chofè toujou refize al bay fè enspeksyon nan machin yo. Malgre anpil machin ap kouri nan lari a nan trè move eta, ki konn lakoz divès dega. Mezi sa a otorite yo pran l jis pou yo ranmase divès milyon goud pou sipòte «depans» leta.
 

Moun zòn Minotri ap mande travay

Divès moun nan zòn Lafito, blòk Moulen Dayiti (ki te Minotri Dayiti anvan l te privatize) rele anmwe, nan yon nòt pou laprès, pou di grangou ak chomaj la twòp pou jenn nan zòn sa a. Nòt la fè konnen gen plis pase 6 a 700 timoun ki pa fouti al lekòl akoz lajan, lè se moun lòt kote ki ap travay sèlman nan Moulen Dayiti ki privatize. Nòt la ki siyen pa yon dividal moun, pale de yon bann jenn fi nan katye sa a k ap vann kò yo, jis pou yo pa mouri grangou.
 

Sen Michèl Latalay: Reklamasyon pou tè

Joël Costumé ki se depite Sen Michèl fè konnen madi 11 septamn lan ke te gen plis pase 7 mil abitan ki te pran lari pou rele kont Fanmi Lavalas, kont lafanmi Dejoie, kont lafanmi Delatour ki nan konplisite, nan kenbe plis pase 2 mil kawo tè nan zòn lan, san travay. Moun sa yo ki sòti nan ò\ganizasyon popilè ak nan lòt sektè te mande tè k ap gaspiye yo. Sitiyasyon sa a bay depite Costumé gwo jè kase, selon sa limenm di. Creole2
 

Sa monseyè Miot ak pè Francky Vilsaint
ap di nan menas ki sou do jèn Sen Michèl yo?

Pou kouwè l ye la a, nan katye popilè pòv Sen Michèl, gen gwo menas lanmò ki pann sou do divès militan Konbit ayisyen kont okipasyon (Kako) ak Coordination pour le changement national (CCN). Menas sa yo vini apre yon seri mobilizasyon militan Kako yo ak divès lòt militan te deklannche nan zòn lan. 28 jiyè 2001, òganizasyon sa yo te fè yon gwo mobilizasyon nan legliz Sen Michèl, kote malgre panik ki te gen nan lari a, rimè koudeta, elatriye, près 2 mil moun te patisipe nan divès aktivite yo. Sa te fè nan bi pou di non a okipasyon peyi a, non a zenglendo tout kalte, wi a demokrasi, wi a lavi miyò. Nan dat 2 septanm 2001, militan Kako, CCN ak kèk jèn nan zòn Nazon, Sen Michèl, Masira, Fò Nasyonal, Ti Cheri, Koridò Basya, Solino, etc te gentan sou 3zyèm reyinyon yo ak divès paran, jèn e elèv nan lekòl Jetsemane ki nan Site Batis toupre Solino/Ti Cheri ak Solidarite Kretyen, ki chita nan Masira. Objektif reyinyon sa a yo se te pou mande direktè lekòl «zèv» sa yo, responsab biwo BDE (Biwo dyosezen pou edikasyon) ki responsab lekòl presbiteral sa yo, an palan de pè Francky Vilsaint ak sè Salgado e monseyè Miot ki se chèf acheveche Pòtoprens lan e ki gen responsabilite pa l nan lekòl sa yo. Apre divès mobilizasyon ak paran yo, nan dat 27 out 2001 an jèn Kako, CCN te voye yon lèt bay direktè lekòl sa yo e yo te voye kopi bay monseyè Miot ak BDE. Nan lèt sa a, jèn yo te mande pou responsab yo desann pri lekòl yo, ki te monte 350 goud, repare lokal lekòl yo, amelyore kondisyon travay pwofesè ak elèv lekòl la, siveye relasyon kèk pwofesè mal konprann ak elèv yo. Rezon tout revandikasyon sa yo, se paske pifò lajan pwofesè yo touche pou n pa di tout sòti aletranje. Sa lajan yo pran nan men elèv yo pran, lè lokal lekòl sa yo tankou depotwa? Nan lèt sa a ke jèn yo te repwoche Olivier Gertrude, Charlemagne Jeanty, Ketel, Stélange Juste, sè Rose ki se direktè lekòl sa yo, dèske yo vle fè lekòl la tounen kolèj la, jèn yo te tou pwofite envite dirijan yo nan yon reyinyon pou dat samdi 1er septanm 2001 a dizè pou te chita diskite sou nesesite pou lekòl la yo ta desann 100 goud pou tout lane olye 350 goud la.

Reyinyon an te fèt efektivman nan dat la kote 2 responsab Solidarite yo, Gertrude e Charlemagne te la e ke responsab Jetesemane yo ki konsènen e ki te jwenn envitasyon, pa t met pwent pye. Reynyon an te fèt ak 14 reprezantan Kako e CCN e 2 direktè lekòl yo ki te dakò desann pri lekòl yo men ki te di y ap tann lòd monseyè Miot ak pè Francky Vilsaint. Direktè to te gen pou pran randevou imedya pou jèn yo al kontinye diskite ak monseyè a anvan ouvèti lekòl sa yo. Nan dimanch 2 sektanm lan plis pase 80 paran ki reprezante près 400 elèv ki te reyini te endiye devan wondondon direktè yo. Paran sa yo te deside al rankontre ak monseyè Miot jou ki te madi 4 septanm lan nan biwo nan acheveche a, kote yon delegasyon anviwon 40 paran te ale a kondisyon pou se 5 moun ki te al chita pale ak monseyè a: 3 reprezantan paran yo e 2 reprezantan Kako ak CCN. Sa ki te fèt. Men malerèzman pè Francky Vilsaint ki vle ranplase ansyen kire pawas Sen Michèl la pa t vle rankontre paran yo ou fè yo rankontre ak monseyè a. Pè Vilsaint te nève sou paran yo e fè yo malonnèt. Anpil paran ki te endiye te reponn pè a e yo te pwofite denonse misye ke yo te di ki konn fè yon dividal zak imoral nan legliz la. Paran yo te pwofite pou al denonse pè a nan medya Pòtoprens yo.

Depi lè sa a, pè a ap kolabore ak fanmi li, depite Fanmi Lavalas Ernst Vilsaint, pou terorize jèn nan zòn lan ak kèk paran li te idantifye. Malgre nan dat dimanch 9 septanm lan, direktè lekòl yo ak komite inisyativ legliz Sen Michèl la te konvoke paran, nan yon mès legliz la, pou te vin jwe nan tèt yo e ke paran yo pa t pran nan mannèv la, kote yo te vinn antann pou lekòl yo vin 250 goud, Tony Celin ki ap fè e defè nan legliz, ki nan koral legliz la (se Tony sa a ki te rale mikwo nan bouch pè René Gilloux an 1999), Rosevald Milford ki fè pati koral la tou, frè Yves Osiné ap mache fè presyon pou entimide paran yo. Tony ak Rosevald ki touche kòm konseye nan lekòl sa yo, konseye direktè yo, pou yo pa touche 250 goud nan men paran yo. Menm lè yo te dakò sa nan reyinyon 9 septanm lan.

Pou kounye a, jèn nan pawas Sen Michèl mete vwa yo ak militan Kako e militan CCN pou denonse, nan yon lèt tout louvri pou monseyè Miot, yon konplo asasina Tony Célin, Rosevald Milford, depite Ernst Vilsaint, delege Jean Marie Samedi, direktè lekòl yo ak konplisite de lwen ou de prè pè Francky Vilsaint ap marinen pou touye manm Kako tankou Claude Jules ak Altiné Wilkens, manm CCN kouwè Renel Pétion, Frénel Compas, elatriye.
 

Lèt tou louvri pou monseyè Serge Joseph Miot
Achevèk Kowadjite Pòtoprens

Pòtoprens, 25 septanm 2001
Monseyè Miot,
       Jodi a nou menm jèn nan divès katye pawas Sen Michèl, nou ekri w lèt sa a, pou nou enfòme w de yon sitiyasyon k ap devlope nan blòk sa a yo ke ou menm ou ka gen responsabilite pa w ladan, dirèkteman ou endirèkteman.

Nou te mete w okouran yon lèt jèn nan divès zòn ki sou lobedyans Sen Michèl tankou Masira, Koridò Basya, Ti Cheri, Solino, Nazon, Fò Nasyonal, elatriye, te ekri direktè lekòl Jetsemane ak Solidarite Kretyèn, pou te mande yo yon chita pale, nan objektif pou te montre yo nesesite pou desann pri lekòl zèv sa yo, ke direktè sa yo, ki se: madan Gertrude Olivier, Charlemagne Jeanty, Stélange Juste, Mèt Ketel, sè Rose, ap travay pou fè tounen kolèj kont enterè moun pòv nan katye pòv sa yo. Ou te okouran tou monseyè Miot divès chita pale nou menm akonpaye paran elèv lekòl zèv sa yo te fè ak dirijan lekòl la, ak yon komite inisyativ anndan legliz la, yon fason pou te rive jwenn yon antant ak yo ke pri lekòl la paka monte 350 goud puiske moun yo ki trè pòv pap ka sipòte chay la. Anplis legliz ou a di se zèv l ap fè. Ou te okouran piske nan jou dimanch 16 septanm 2001 an, komite inisyativ legliz Sen Michèl, koral legliz Sen Michèl, direktè lekòl Solidarite Kreyèn ak Jetesemane ke nou te site non yo pi wo a te fè yon move manèv, kote yo te di nou yo pral pran rankont pou jèn yo ak paran yo avèk ou, men pandanstan yo te konvoke paran yo sann pa t okouran pou te jwe nan tèt yo, fè presyon sou yo. Antanke chèf legliz la e lekòl la ou pap ka pa okouran. Enbyen jou dimanch sa a move mannèv la pa t pase. Tout paran te di fòk pri lekòl la desann. Pou sitiyasyon an pat dejenere, nou te chache jwenn yon antant pou pri lekòl la desann a 250 goud sou pwopozisyon youn nan paran yo. Men petèt sa n ap reflechi menmwa a sou li monseyè Miot se ke nan menm dimanch sa a, pè Francky Vilsaint te voye fanmi li depite Fanmi Lavalas Ernst Vilsaint pou te vin intimide jèn nan zòn lan. Depite Ernst Vilsaint te mache ak delege Jean Marie Samedi ki konpòte l nan zòn sa yo kòm yon chèf seksyon k ap rekrite choukèt lawouze. Kidonk zenglendo patizan yo, sou baz yon tolerans zewo, pou regle zafè pèsonèl yo.

2 eli Fanmi Lavalas sa yo te trennen dèyè yo kèk lòt eli e yo te akonpaye kèk zenglendo byen koni tankou yon sèten Wilfrid ki te fè pati yon baz zenglendo ke nou menm jèn nan zòn sa yo t ap konbat ki rele KPS (Kapab pa soufri) ki te konn fè e defè nan aktivite zenglendo nan Pòtoprens. Sa k te pi rèd se lefèt kèk manm nan koral Sen Michèl, tankou Tony Célin ki gen non vanyan ki rele ti Bougon, Rosvald Milford, yon sèten frè Yves Ostiné te akonpaye gwoup depite a ak ekip zenglendo ame l yo, pou te vin terorize jèn yo, ki fè pati yon òganizasyon byen koni ki se Konbit ayisyen kont okipasyon (Kako) ak yon lòt k ap milite nan pawas la, ki se CCN (Coordination pour le changement national); òganizasyon ki te pran inisyativ rasanble paran èlèv ak jèn nan zòn sa yo pou pri lekòl la desann, menm lè direktè konplis yo sòti pou woule paran yo.

Pou kounye a, monseyè Miot, n ap rafrechi memwa w tou sou yon konplo asasinay ke Tony Célin, Rosevald Milford, frè Yves Ostiné ki nan komite inisyativ legliz la ak depite Ernst Vilsaint delege Jean Marie Samedi ak konplisite direktè lekòl Solidarite kretyèn e Jetsemane, ki malgre yo te antann ak paran yo pou desann pri lekòl la 250 goud yo refize fè sa, ap marinen pou ta asasine kèk jèn swa ki rèt nan zòn pawas lekòl la oswa ki konn frenkante zòn sa yo. Plizyè reyinyon gentan fèt nan lokal mè a nan Fò nasyonal, pou ke 2 zenglendo patante, ki se Kenso alyas Black Jean ak WIlfrid ta touye plizyè nan jèn sa yo yo pral site non yo la a: Renél Pétion, Frénel Compas, Canon Edwidg ki se manm CCN, Claude Jules ak yon travayè laprès Altiné Wilkens ki yo menm se manm Kako. Reyinyon sa yo ke pè Francky Vilsaint okouran de yo vize touye jèn yo yon fason pou ti gwoup pwofitè yo fè paran elèv nan kominote a sa yo vle. E tou gen yon zafè 70 mil dola ti gwoup sa a ak konkou depite a e pè Vilsaint Francky yo pran pou yo koupe rache sou do popilasyon an, akaparè sa yo pè pou jèn yo pa denonse yo.

Nou espere w ap tande monseyè Miot e w ap vire fizi w zepòl pou evite pè Francky Vilsaint ak konplis li yo e y ap vin simen dèy nan Sen Michèl. Se yon lòt okazyon pou w lave men w nan dosye makawon sa a.

Moun ki siyen

Ilma Laurore, Kako
Jacky Pierre Antoine, CCN

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm