Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlMinis Paul demanti rimè demisyon Premye minis la
«Bon, Premye minis lan gen dwa pa al nan biwo l pou plizyè rezon. Se pa paske Premye minis lan pa t nan biwo li, ke se pratikman sa. Gen yon rimè ki sikile pou di se demisyonnen li demisyonne», t ap di minis Lakilti a, Guy Paul, ki t ap demanti yon «rimè» ki ta vle fè kwè ke Chérestal ta demisyonne. Nou sonje Guy Paul te deja di ke minis Edikasyon an pat demisyone!
Senatè Médard ap pote konfrè li lamenfòt
Nan yon deklarasyon,kote li apiye konfrè li Fourel Célestin ki te akize Premye minis Jean Marie Chérestal kòm moun ki ta itilize mal lajan leta a, senat Joseph Médard te di: «Mwen menm, mwen estime apati sa li avanse yo, mwen fè l (Fourel) kredi...Lè w ap gad yon seri ministè, nou gade rezilta ministè yo, se pratikman zewo.» N ap raple senatè Fourel Célestin te mande mennen ankèt sou zafè acha yon gwo kay ke minis Chérestal fèk sòt fè la a.
Zenglendo ta vle reprannn lari
Divès moun nan kominote Sent Mari ki nan katye Kanapevè nan kapital la ap rele amwe kont yo ti gwoup jèn sou katye sa a, ki vle transfòme tèt yo an zenglendo. Ti gwoup jèn sa yo ki pran plezi ap fimen dwòg, kòmanse fè atak zenglendo nan zòn lan. Mèkredi 12 septanm lan yo te rantre lakay 2 moun, pami yo, yon ansyen minis, kote mesye «apranti zenglendo» sa yo te dechèpiye, pote ale. Moun yo ap mande konkou lapolis.
Rankont prezidan an ak kèt viktim Sen Jan Bosko
Mèkredi 12 septanm 2001 an, prezidan Jean-Bertrand Aristide te rankontre ak kèk viktim masak Sen Jan Bosko a. Nan okazyon sa a, ki make tou 13zyèm lane masak la, youn nan moun yo te di: «Si gen chomaj, jistis la pap kapab mache byen. Se chomaj ki pennmèt jistis pa kapab mache. Jis jounen jodi a poko janm gen anyen ki fèt avèk menm moun sa yo. Lè ou rive tribinal fò w gen lajan.»
Avi rechèch pou 3 manm Fanmi Lavalas
Selon direktè PNH la, Jean Neslie Lucien, lapolis ap chache pou arestasyon yo 3 manm Fanmi Lavalas: René Civil, Paul Raymond ak Ronald Camille alyas Ronald Cadavre. 2 premye yo se poutèt yo ta refize reponn envitasyon jij enstriksyon an Claudy Gassant, konsènan ankèt sou lanmò Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint an. Lòt la se paske li te tire sou Friztner Jean alyas Bobo, devan palman ayisyen an, e viktim lan te mouri nan lopital lan jou apre a, nan madi 11 septanm.
Inondasyon nan Latibonit
Lapli ki tonbe sou depatman Latibonit la te fè divès dega: kay, bèt, plantasyon. Sitou nan SenMak, Gwo Mòn. Nan Gwo Mòn, 2 polisye te pèdi lavi yo lè yo t ap travèse larivyè nan machin yo Minis Enteryè a, Henri Claude Ménard ki te fè yon kout pye nan depatman an te deklare: «Natirèlman, imedyatman m rive m pral fè rapò touswit, m pral kominike avèk prezidan an, m pral kominike avèk Premye minis la... paske m wè li depase kad sa mwen te vin fè a...»
Mibalè: yon militè dominiken touye yon ayisyèn
Madi 11 septamn lan, yon lyetnan dominiken ki rele Ara touye yon fanm ayisyen nan Mibalè. Depi apre zak sa a, ofisye sa a ta twouve l nan prizon nan Beladè. Majistra Beladè a te di: «Mwen mete kadav la nan mòg Batis la, epi pou m kapab desann al jwenn chèf pou nou kapab avanse. Men, sa m ta swete, m ta swete pou dominiken ta pran yon leson la a... pou bagay sa yo ta mannyè sispann sou fwontyè a», te di majistra a, ki te pwofite fè konnnen ke sòlda lame dominiken sou fwontyè a te fè divès tantativ, pou vin libere lyetnan yo a. Men sa pa t rive fèt.
19 septanm 1994 - 19 septanm 2001
7 an apre dezyèm okipasyon an
«Dwa granmoun peyi a nan dlo, moun pa ka manje, moun pa ka jwenn swen lasante, timoun pa ka al lekòl... Alòske Lavalas ak Konvèjans ap goumen pou pouvwa a. Nou menm sitwayen, militan ak òganizasyon konsekan, kisa n ap fè?», se ak pawòl sa yo divès òganizasyon popilè, relijye ak anseyan te louvri yon konferans pou laprès yo te bay, nan jounen lendi 17 septanm 2001 an. Òganizasyon sa yo se: ACo (Aksyon katolik ouvriye), UNNOH (Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen) ak regwoupman òganizasyon popilè granmoun tèt yo ki regwoupe SAJ/Veye Yo, Mipak, Tèt kole, Chandèl, Sotra, te raple dezyèm okipasyon 19 septamn 1994 la, kote Lavalas te rantre nan peyi a ak plis pase 20 mil sòlda etranje. Oganizasyon sa yo te kritike koripsyon, enpinite, vòl tout kalte, lese ale ki genyen nan gouvènman Aristide/Chérestal la. Yo te tou pwofite voye jete byen lwen politik konkirans Lavalas ak Konvèjans la.
Fanm yo prèt pou denonse gran manjè yo
Rose Marie Charles nan non mouvman Fanm vanyan Mawotyè, Tinèl ak òganizasyon pou devlopman Mawotyè, nan yon deklarasyon te di, li bouke ak kriz k ap brase bil peyi a: «Nou di tou si gran manjè yo pa rete nan wòl yo, pou yo bay malerèz yo yon chans, nou prèt pou nou denonse yo.» Pawòl Rose Marie Charles ki te pwofite felisite minis Afè sosyal la, Eude St Preux Crann, pou kantite materyèl eskolè li te distribiye pou rantre lekòl la.
Minis Chérubin te rankontre plizyè asosiyasyon fanm
Nan dat 14 septanm 2001 an, minis konidisyon feminin ak dwa fanm lan, Ginette Lubin, te rankontre ak divès òganizasyon yo, sou fòm kolaborasyon ministè a kapab tabli ak òganizasyon fanm yo. Anpil pawòl te pale, selon minis lan ki te di: «Devwa nou se koute yo, kanalize yo, oryante yo, entèvni pou jwenn solisyon pou ede satisfè, menm yon ti kras, bezwen lasante yo, edikasyon yo, pou yo jwenn jistis, pou rezoud pwoblèm chomaj, kay lè yo vin granmoun.» Youn nan militan òganizasyon fanm yo te di:«Jodi a, inisyativ sa a, m kwè l ap pote fwi, nan mezi ministè a li menm, minis lan pèsonèlman mande yon kolaborasyon...»
Prezidan Aristide te chita ak kèk atis yo
Jedi 13 septanm 2001 an, prezidan Aristide te rankontre ak divès atis ayisyen nan palè nasyonal. Selon pòtvwa prezidan an, Richard Durel, se te nan bi pou « Prezidan Jean Bertrand Aristide... chèche patisipasyon tout sektè anndan lavi nasyonal la e an patikilye atis yo ke li te rankontre avèk yo»., t ap di Durel ki te kontinye: «Nou pral fè 2004 yon gwo evènman nan lechèl mondial. Paske peyi Dayiti lè l pran endepandans li, li te etonne moun. Atravè 2004 nou vle tout ayisyen bay lebra ansanm pou nou etone lemonn kote anpil moun pral vin wè sa peyi Dayiti ka fè...»
Anplwaye yo denonse reponsab azil kominal la
Vandredi 14 septanm lan, anplwaye azil kominal Pòtoprens lan te fè yon kanpe travay, pou te denonse direktris la, doktè Kethelie Rivière ak yon lòt anplwaye yo rele Kathia. Youn nan anplwaye yo te di: «Se ke doktè Rivière fason li ye a, nou pa deside sèvi avèk li ankò. Wi, nou genyen madan Rivière ki isit la ansanm avèk Kathia, moun sa yo se zafè pèsonèl yo yo vin regle. Se pa zafè gran moun yo vin regle. Kèlkelanswa sa yo pote pou granmoun yo, yo annik mete l nan machin yo y al lakay yo avèk li.» Li te kritike tou lese ale ak neglijans zotobre lameri Pòtoprens yo. E anplwaye yo te di ke si moun sa yo pa revoke: «N ap kanpe azil la... jiskaske nou jwenn solisyon an.»
Azil kominal Pòtoprens lan gen plizyè dizèn granmoun san fanmi ou ki gen fanmi k ap viv, sou kont leta ayisyen ladan.
Pwofesè inivèsite yo pwoteste
Divès pwofesè nan Inivèsite leta a e espesyalman nan Enstiti nasyonal administrasyon, jesyon e wòt etid entènasyonal (INAGHEI), nan yon nòt pwoteste fason yo di ekzekitif la ap rantre nan zafè entèn INAGHEI, ki twouve li fèmen jounen jodi a. Pwofesè sa yo ki se: Jean Alix René, Charles Vorbe, Yves Dorestal, Jean Vernet Henry, Mario Alvarez, Luc Smarth, Roosevelt Millard, di inivèsite a, selon konstitisyon 1987 la, alafwa otonòm e endepandan. Kidonk, toujou dapre nòt la, pwofesè sa yo kalifye kòm enjerans ekzekitif la ap fè lè se prezidan Aristide ki ta deside bay dat pou fakilte INAGHEI ki an kriz relouvri a. Pwofesè sa yo wè «sa raple byen tan kote se zotobre politik yo ki te konn louvri e fèmen pòt fakilte yo…Nou refize anba yon pouvwa ekzekitif kèlkonk, konsènan otonomi jesyon ke ak libète akademik ansèyman e rechèch la. Nou reyafime garanti yon inivèsite kalite, kote nou te travay depi yon kenzèn lane, chita nan endepandans ak otomomi li. Se pou sa nou rejte klèman entèvansyon ekzekitif la nan zafè anndan inivèsite a. Nou akeyi desizyon prezidan an pou li menm pèsonèlman relouvri Enstiti nasyonal administrasyon, jesyon e wòt etid entènasyonal (INAGHEI) a, lendi 17 septanm lan kòm yon zak ki frajil parapò ak sa konstitisyon 87 la di», te di pwofesè yo, ki pa t di sa ki te pou fèt, pou rive penmèt aktivite yo te reprann nan INAGHEI.
Sen Mak: Yon nouvo direktè nan ladwann lan
Enstalasyon vandredi 13 la Fritz Sinoïs kòm nouvo direktè nan ladwann SenMak la. Seremoni sa a te dewoule devan direktè direksyon jeneral enpò ak divès otorite nan rejyon an, kote nouvo direktè a te pwomèt yon pi bon jesyon nan administrasyon leta sa a.
Fò n sonje biwo sa a te fèmen lafwa dènye, pa depite SenMak la, Amanus Mahet, ki te repwoche ansyen direktè a, kòm moun ki ta nan konplisite pou te pote ale kès lajan enstitisyon sa a, pandan evènman 28 jiyè 2001 yo.
Konvèjans lan ap ponn òganizasyon rakèt
«Oganizasyon popilè» pwòch Konvèjans lan kontinye mande liberasyon 4 manm KID (Konvansyon inite demokratik), ki nan komisarya Pòtoprens lan depi 16 out pase a. Calixte Jules ki t ap pale nan non yon koperasyon òganizasyon popilè yo kalifye zotobre Lavalas yo kòm si yo ta vle enstale yon pouvwa diktati nan peyi a.
Gonayiv: Komisè a mande transpò
Komisè gouvènman Pakè tribinal sivil Gonayiv lan Mèt Liselemlouselme Joseph deklare ke akòz ministè Lajistis pa bay Jij denstriksyon yo machin nan vil Gonayiv pou al mennen ankèt sou plas, gen yon konsekans grav lè pou komisè yo rive soutni yon akizayon kont yon moun yo akize pou yon krim li ta komèt. Komisè a te presize ke sitiyasyon an vreman grav puiske gen prizonye ki pa ta dwe jwenn liberasyon yo là asiz kriminèl yo ki oblije libere akòz twòp fay nan preparasyon enstriksyon an pou prezante akizasyon an e li fè konnen feblès saa pa depann de jij enstriksyon yo nan Gonayiv men pito mwayen yo pa genyen pou al fè ankèt sou teren an pou jwenn prèv pou dosye yo.
Konfli tè nan Latibonit
2 moun mouri, 4 lòt blese, 17 kay boule, dives tèt bèt ak jaden ravaje. Se bilan yon konfli tè ki eklate depi jounen 29 out 2001 an nan lokalite Doda, 5 kyèm seksyon Ti Rivyè Latibonit. Selondi Vixamar ak Paul Flueril se 2 mesye sa yo ki pèdi lavi yo ak plizyè lòt ki tonbe nan mawon pou yon valè 7 kawo tè ki nan konfli ant eritye Clairene, Legena ak la fanmi Fano Belmé. Destiné Simon, Asec 6 zyèm seksyon Ti Rivyè Latibonit mande entèvansyon gouvènman an sou pwoblèm tè sa k ap devlope chak jou nan seksyon an ki anpeche peyizan yo mennen okipasyon yo. Daprè sa Asec la di: nan seksyon an, depi aprè masak sa jiska prezan malgre divès manda ak lòd komisè gouvènman Sen Mak la, lapolis nan komisariya Ti rivyè Latibonit poko fè okenn aretasyon pou mete anba kòd tout moun ki te patisipe nan masak sa yo kote kè peyizan yo sou biskèt chak jou bondye mete.
Koukouwouj dèyè yon direktè lise!
Jounen 14 septanm 2001 an plizyè paran ak elèv lise Jak Premye nan Machan Desalin te sanble devan lekòl saa pou denonse direktè a Augustin Jean Kenol yo estime k ap mal fonksyone nan pòs li. Elèv yo te deklare chak ane direktè a mande yo kontribisyon skolè 60 goud, plis idantite 40 goud, frè anyèl pou kat kontwòl yo 150 goud, frè enskripsyon pou antre nan lise a 100 goud, yon total 350 goud; pandan ministè Edikasyon Nasyonal rekonèt nòmalman 60 goud pou tout ane a. Daprè sa paran ak elèv yo di, direktè a pran lajan pou l achte bèl machin e yo mande responsab yo nan direksyon Ministè Edikasyon Nasyonal pou fè prese pou korije sitiyasyon saa, e si se pa sa, yo ap pran lari pou bloke wout la nan Machan Desalin.