Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlNòdwès: elis yon avyon touye yon moun
Madi 4 septanm lan nan apre midi, Jean Walner Nicolas, kise moun Kwadeboukè, mouri nan aviyasyon Podpè a. Aksidan sa a rive pandan viktim lan ki te sot Okap, te desann avyon an nan aviyasyon Pòdpè a, epi elis avyon an pase pran tèt li ak ponyèt li ki koupe ra zepòl. Apre konsta jij de pè Lonis Sainphar, responsab konpayi avyon an, pran responsabilite kadav la pou yo te transpòte l nan yon mòg Pòdpè.
Plèn di Nò: pòt lameri fèmen
Yon gwoup moun te fèmen pòt lameri Plèn di Nò a, apre yon dezakò ant manm katèl yo. Manm òganizasyon popilè sa yo ki kore 2 majistra adjwen yo akize premye majistra a de vòl. Yo menase bloke wout nasyonal #1 an, pou fòse responsab yo mennen yon ankèt sou jesyon administrasyon kominal la. Bò kote pa l majistra prensipal la, Leduc Mettelus voye jete akizasyon sa yo e li panse ke yo ap manipile moun sa yo.
Nò: Leve kanpe kont dirijan dwàn yo
Sendikalis ladwàn Okap la yo fè yon leve kanpe kont dirijan yo, poutèt li pa ta kenbe pwomès li te fè yo. Selon anplwaye sa yo direktè a te pwomèt yo yon avans 2 mwa sou salè yo, pou preparasyon rantre lekòl la.
Monseyè Constant mande pou diskisyon yo reprann
Prezidan konferans episkopal la, monseyè Hubert Constant, anvan l pati pou ale nan Vatikan, mande pou diskisyon politik yo reprann ant Fanmi Lavalas ak Konvèjans lan: «Depi 15 jiyè bagay yo kanpe, negosiyasyon yo, e nou ta vle pou sa reprann pi vit posib», te di monseyè a.
ISC mande koreksyon
Inisyativ sosyete sivil (ISC) la mande, pa vwa Edouard Paultre, pou Konvèjans demokratik la ak Fanmi Lavalas, pou yo ta reprann «negosiyasyon» yo nan yon delè ki pa twò lwen. Paultre te tou pwofite sou ki bò li panche: «Fò nou rekonnèt diskou sa a se yon diskou ki esklizif. Se yon diskou ki pwòp a Fanmi Lavalas e nou pa pakab fè demokrasi konsa. Pou konstwi demokrasi a, fò nou chanje diskou, fò nou aksepte dyalòg la, kòm prensip rezolisyon fonfli.»
Vizit Prezidan an nan INAGHEI
Ak plis pase yon karantèn pwofesè Enstiti nasyonal administration, jesyon e ot etid entènasyonal (INAGHEI), prezidan Aristide te chita pale nan jou madi 3 septanm 2001 an, sou kriz k ap pèsiste nan fakilte a depi 4 mwa a. Prezidan an ki te akonpaye ak chèf kabinè l doktè Jean-Claude Desgranges te di an prezans dwayen an Roger Petit-Frère, ke l swete kou yo reprann pita lendi k ap 17 septanm k ap pwente la a. «M angaje m, m garanti kou yo ap fèt nan yon klima sekirite», te souliye prezidan an.
Responsab fakilte sa a ap gen pou fini ak kou 2 zyèm semès la, ki te kanpe depi 11 me pase a, apre diskisyon ant etidyan, pwofesè e manm dekana a. Kote tou dirijan INAGHEI yo ap gen pou relanse enskripsyon pou ane 2001-2002 a.
Sid: Fortuné mande «pwosè»
Ansyen depite 46zyèm lejislati a Gabriel Fortuné, ki te konnen fè tèt li pase pou antineyoliberal, e ki twouve li poutan aktyèlman kòm majò jon Konvèjans lan nan Sid peyi a, di regwoupman politik li fè pati a pap rekile nan lit li pou ranvèse rejim Lavalas la. Fortuné te di gen yon kanpay kont lavalas li ap koumanse ak tout reprezantan nan Sid yo, samdi 8 septanm lan, «pou fè pwosè pouvwa Lavalas pou tout tò li fè peyi a». Pito Fortuné ta koumanse pa fè pwosè tèt li, paske li poko fin fè giwèt, chak maten li chanje bò, jiskaske pèsonn paka konnen nan kisa li kwè.
Senatè Feuillé mande sanksyon
Senatè Fanmi Lavalas pou Sid la, Yvon Feuillé, mande pou prezidan repiblik la pran sanksyon kont palmantè absanteyis yo, ki refize prezante depi kèk tan nan Sena a: «Prezidan peyi a kapab refere l ak atik 136 kontitisyon an pou l tranche keksyon an antan ke prezidan oubyen li gen dwa refere l a konstitisyon Fanmi Lavalas pou antan ke reprezantan nasyonal òganizasyon an, li pran yon seri sanksyon.»
Kontra EDH ak yon konpanyi japonè
Direktè jeneral EDH la Pierre François Sildor ki te alatèt yon delegasyon, te al siyen madi 4 septanm lan yon kontra ak yon fim entènasyonal japonè. Kontra sa a ki a 150 milyon dola US ap penmèt kouran an pase pa Beladè/Laskawobas pou al Pelig. Sa ap pèmèt selon direktè a, Pòtoprens ka gen kouran 24 sou 24.
Finisman dezyèm sesyon palman an
Se lendi 10 septanm lan dezyèm sesyon òdinè palman ayisyen an te fini. Pandan yon seyans asanble nasyonal prezidan asanble a senatè Yvon Neptune te felisite reyalizasyon 47tyèm lejislati a malgre tout difikilte li wè peyi a t ap travèse.
Etazini: ayisyen yo kont mezi rasis Bush la
Divès gwoup ayisyen k ap viv Etazini leve kanpe kont mezi rasis gouvènman Georges W. Bush la, ki ta deside bay estati rezidan a 3 milyon meksiken, kote lòt imigran lòt nasyonalite yo pa ladan. Farah Juste ki se reprezantan Fanmi Lavalas nan Florid kalifye mezi sa a kòm diskiminatwa e te di: «Kominote ayisyen an patisipe nan devlopman ekonomik Ezetazini menm jan ak meksiken yo. E gouvènman ameriken pa ka pase sou sa», te di Farah Juste ki wè ayisyen yo ka benefisye desizyon sa a tou. Farah Juste envite tout imigran ayisyen Florid yo, pou yo patisipe nan manifestasyon kont mezi diskriminatwa sa a. Yo te anvizaje rankontre divès pèsonalite enpòtan kouwè ansyen minis Lajistis meriken an, Janet Reno ki moun Florid e ki sanse pral kandida pou pòs gouvènè Eta sa a ane pwochenn. Divès manifestasyon ap gen pou fèt nan yon seri vil Etazini.
Dominikani:4 militè masak Guayubin yo nan kou masyal
Selon yon nòt pou laprès ki siyen pa kòdonatris Gwoup apwi ak rapatriye ayisyen yo (GARR), Colette Lespinasse, kou masyal repiblik dominikèn tande 29 out la, 4 militè dominiken ki te mele nan masak Guayubin an, ki te fèt sou 6 ayisyen ak 1 dominiken nan dat 18 jen 2000 la. Akize yo se majò Felison Lagranje Vargas, sou lyetnan Juan Camacho, kapitèn Bernaldo Nuris e premye lyetnan Santiago Tolentino. Chaje afè ayisyen an nan Dominikani, André Dortonne te la nan tribinal la ak 2 avoka: Antoine Paul Emile e Roberto Antuan José. Yon lòt seyans ap gen pou fèt 5 desanm k ap vini an, kote yon moun ki te chape nan masak la, Michael François ap prezante e kamyon an ap ekspoze nan lakou a. Divès òganizasyon dwa moun espere, ke afè sa a ki lanse nan moman prezidan ayisyen an Jean Bertrand Aristide pral vizite dominikani an, ka yon veritab demagoji pou kalme moun. Anpil nan òganis dwa moun yo te toujou mande pou militè yo te al jije devan yon tribinal sivil olye jan sa fèt la a ke yo ta al devan tribinal militè nan kou masyal.
N ap raple nan fiziyad sa a te gen 6 ayisyen ki te mouri ak chofè kamyon an ki se yon dominiken. Viktim ayisyen yo se: Nadège Doréema, Idofia Dorséma, Noupadi Fortilus, Germilor Louis, Roselène Therméus, e Yaqui Maximé.
Mezi kont lekòl ki pa otorize yo
Nan yon kominike ministè edikasyon nasyonal ak ministè Lajistis rele otorite jidisyè yo, pou pouswiv responsab lekòl ki pa otorize yo. Plizyè direktè lekòl te reyaji kont mezi sa a. Ministè Lajistis bò kote pa l pa sou wout kite sa, li di l prèt pou akonpaye enspektè yo nan travay yo sou teren an, kidonk fè respekte mezi sa. Yon atik 337, ke ministè Lajistis di l ap aplike kont direktè fotif yo.
Beladè: dwàn lan rete fèmen
Habitan yo te fèmen dwàn Beladè a poutèt gouvènman ayisyen pa janm mennen ankèt sou disparisyon kès enstitisyon sa a, ki te rive pandan evènman 28 jiyè yo, kote komin sa a te frape anba kout zam tou. Te gen selon enfòmasyon, 102 mil 187 goud 35 santim ki te pèdi. Jiskaprezan dwàn lan bloke. Majistra komin lan mande pou direksyon dwàn lan mete bouch nan dosye a, paske «Nou pap janm ka aksepte pou taks pa rantre nan peyi a. Pou yon dwàn fèmen poutèt yon moun oubyen pou yon rezon. Mwen vin mande enstans konsène a rantre anndan lojik sitiyasyon an epi, pou l vin chanje eta sitiyasyon an».
Ansavo: Yon majistra denonse lòt
Dezyèm majistra komin Ansavo a Presna Western denonse premye majistra a, Jean Ricard Charles alyas Popo li di ki gaspiye 375 mil goud meri a. Majistra a ki di li deja ekri ministè enteryè e mande lakou dèkont vin fè odit nan meri a, te rakonte: «Premye minis lan te bay yon chèk 60 mil dola, minis Kilti a te bay 10 mil dola, plis sekretè deta Finans lan te bay 5 mil dola. Antou nou te genyen 75 mil dola nan men nou, kidonk 375 mil goud, yon bò pou n te reyalize fèt la e yon lòt pa pou n te kòmanse plas Sent Ann nan ki malerèzman gaspiye nan men majistra prensipal la».
GIMEL rele kont eta inivèsite a
Gwoup inisyativ pou yon mouvman etidyan laj (GIMEL), nan yon nòt ki pote dat 7 septanm lan konstate avèk touni evènman yo ap pran, nan dènye jou sa yo, nan inivèsite a ki riske avili enstitisyon an. GIMEL endiye fason responsab Inaghei e rektora a kite kriz la ap pouri kont enterè etidyan yo ak sosyete a. Oganizasyon etidyan an ki mande dekana etnoloji a pran responsabilite l, nan kriz fakilte sa a, san pini etidyan yo denonse penyen lage rektora a nan tray fakilte yo, ki ka pèdi imaj tout inivèsite a. GIMEL fini pou di, nan nòt sa ki siyen pa 4 responsab li, pou: «etidyan yo rete vijilan pou lane akademik ki rive a, se yon ane espwa pou inivèsite a e tou yon lane pou n rejte responsab anndan kou deyò ki bloke bon mach inivèsite a.»
Ensatalasyon nan APN
Nan Gonayiv nan lendi 3 Septanm 2001 an, direktè jeneral APN nan Willy Laroque ala tèt yon delegasyon te al enstale 11 manm nan APN sa yo. Se: sou direktè Peter Metayer, Gracia Joseph kòm Administratè, 2 pwentè, ak 7 sekirite. Seremoni an te fèt nan lokal APN an prezans divès otorite, tankou delege Latibonit lan Madan Kenaze Jean Baptiste St Pierre, Majistra Gonayiv yo, delege vil, Oganizasyon popilè ak lòt pèsonalite ofisyèl nan gouvènman Aristide\Cherestal la. Nan diskou nouvo Administratè APN lan, li pwomèt pou l travay an kolaborasyon avèk tout pèsonèl la.
Festival kiltirèl nan Grann Rivyè
Sòti 26 pou rive 30 out 2001 an, Meri nan Grann Rivyè di Nò, biwo debitasyon ak yon komite, te mete kanpe yon gwo Festival Kiltirèl nan okazyon fèt Ste Rose de Lima ki se sen patwon vil la. Nan ouvèti Festival la prezidan komite a Wesly Deshommes, majistra kominal la Dieudonné Martial ak depite sikonskripsyon an Nahum Marcellus te pran la pawòl pou swete tout moun Grann Rivyè avèk tout pèleren byenveni. Depite a te tou pwofite pou l te mande pèp Grann Rivyè a, sitou senatè Martineau ki se moun zòn nan tou pou fini ak zafè divizyon k ap wonje Grann Rivyè, men pou yo tout kapab vin pote solidarite avèk li menm nan biwo depite a ak lameri pou travay ansanm pou devlope kominote a. Aprè sa anpil gwoup fòlklorik, mizikal, teyatral, powèt, chantè te pèfòme, tankou: Boukman Eksperyans, Banda Mix ki soti an Repiblik Dominikèn, group Lakòl Mizik Magik, Sweet Konpa, Speed konpa, Konpa di Nò, Planèt Mizik avèk twoup Makaya, twoup Ayida, twoup Dambala. Se konsa ke pou klotire Festival la te genyen yon mès ki te chante nan Legliz Katolik la an prezans yon ekip Pè ki te soti divès kote nan depatman Nò. Selebran prensipal la se te Pè Nerva, nou te remake ke Pè Joseph Halmir te preche sou diyite moun sou linite ak pou yon leve kanpe pou yon lòt batay pou n kapab genyen yon peyi tout bon vre tankou zansèt nou yo te goumen menm lè yo pa te genyen gwo gwo zam. Apre mes la, lameri te genyen yon resepsyon ke l te prepare pou gwo chabrak gouvènman an ki te prezan nan fèt la nan maten 30 out la, tankou senatè Yousseline Bel, Martineau, delege Mirtho Julien avèk otorite lajistis nan Grann Rivyè di Nò. Nou te remake absans senatè Martineau nan lameri a pou resepsyon sa a. Nou kapab di tou ke gouvènman an te inogire nan menm peryòd sa 2 pon ki ap desèvi zòn Grann Rivyè pou fasilite rantre ak sòti nan vil la. La kilti te jwenn bon jan ankourajman nan zòn nan avèk gwo anbyans ki te mete kanpe nan tout lari nan okazyon Festival sa a. Malgre tout anbyans sa yo, ebyen te genyen kèk sektè nan popilasyon an ki te kritike pouvwa Lavalas lan avèk eli lokal yo pou konpòtman yo fas a popilasyon an, e nou kapab dekouvri ke pèp la pa pran nan bèl pawòl ni nan bèl pwomès e li toujou ap ajite pwoblèm li yo ki se chomaj, lavichè avèk pwoblèm pou voye timoun lekòl.
Ouvèti lekòl nan Okap
Ouvèti lekòl la te parèt trè timid, jou 3 sektanm nan, nan diferan lokalite nan depatman Nò a. Nan Okap an patikilye se kèk lekòl kongreganis sèlman ki te louvri pòt yo, men yo pat gade elèv yo ki te prezante a pandan lontan nan matine a e yo te ranvoye yo pou lòt semèn. Okenn lekòl piblik poko louvri pòt. Daprè paran ki bay opinyon yo la vi chak jou a deja yon maswife pou yo, ale wè pou yo ta fè yon efò anplis pou lekòl, se pi gwo tèt chaje.
Dezyèm joune syantifik doktè Kiben yo nan depatman Nò
Samdi 25 out 2001 an doktè Kiben k ap travay nan Depatman Nò, Nòdès ak Latibonit te patisipe nan Otèl Lakreyòl nan Okap nan dezyèm jounen syantifik anba lobedyans biwo depatmantal Ministè Sante Piblik nan Nò. Plizyè enfimyè, teknisyen laboratwa avèk Doktè Kiben te pataje eksperyans avèk konesans yo sou maladi popilasyon an ap konfwonte nan zòn kote yo ap travay. Daprè doktè Mirtho Julien ki se responsab depatmantal Sante Piblik ak delege Nò: rezilta rechèch sa yo ap alimante refleksyon responsab yo sou planifikasyon pou pwochen ekzèsis k ap vini an nan kad pou oryante travay plan daksyon ak resous ki genyen nan zòn nan. Kit se sou maladi vye granmoun, sou maladi klase pa gwoup laj elatriye, responsab yo ap fè plan pou bay suit a travay sa yo nan sans pou amelyore sante popilasyon an nan Nò. Doktè Angel Gutierrez ki responsab medsen Kiben yo deklare sou bò pa l ke se popilasyon an avèk otorite Ayisyen yo ki kapab temwaye travay y ap reyalize nan peyi a. Yo menm, objektif yo se bay tout kout men yo kapab nan sans pou amelyore sante popilasyon an.
Yon prezime zenglendo pèdi lavi li
Maten madi 11 septanm lan, moun nan Avni Poupla leve jwenn yon jèn ki te konn evolye nan pòs Machan, ke yo rekonnèt sou non Ti Guy ke yo asasinen. Popilasyon an akize Ti Guy sa a kòm gwo zenglendo ki te konn ap opere nan zòn lan. Li te tout pre 9 vè, men kadav la ki te pèse ak plizyè katouch te toujou ap benyen nan san nan koridò Mira, sou Avni Poupla.
Sid: Konvèjans lan pa rasanble moun
Branch Konvèjans demokratik Sid/Oka la te gen pou òganize yon manifestasyon samdi 8 septanm lan nan Okay pou te kouri dèyè pouvwa Lavalas la. Men zafè sa a pa t rive fèt paske responsab regwoupman sa a nan depatman an te di militan Fanmi Lavalas yo te kanpe an kwa e Paul Denis te «sipoze» lapolis rejyon an pat bay otorizasyon l. Men sanble ansyen depite Gabriel Fortuné ak Paul Denis pat reyisi rasanble patizan pou espektak yo a.
Gwo aksidan nan Mòn Kabrit
Samdi 8 septanm 2001 an, yon gwo aksidan te rive nan Mòn Kabrit, kote 22 moun mouri ak 10 lòt blese gravman grav. Aksidan sa a ki te rive a 5kè nan maten sou wout nasyonal nimewo 3 a ta lakòz divès elèv lekòl ak lòt moun ki t ap rantre Pòtoprens pèdi lavi yo. Chofè GMC Foward sa a Julius Mathurin ak travayè machin nan mouri tou pami 22 mò yo. Nan espas 15 joun, 2 aksidan kamyon fèt nan mòn sa a, kote antou 32 moun pèdi lavi yo, akoz eta wout la ak yon pòs kontwòl polis ki pa gen nan mòn lan pou kontwole machin yo.