Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlEspektak PADEMH nan Petionville
«Pèp ayisyen se Pati demokrat ayisyen an PADEMH k ap pale avèk nou. N ap mande nou tout pou nou mete nou pre pou demen mèkredi a, mèkredi 29 sa a devan plas Bwaye Petyonvil. Nou konnen, kokenn chen mach Pati demokrat la ap òganize a...», se deklarasyon ansyen senatè Clark Parent, ki alatèt PADEMH lan, te fè, pou li lanse yon manifestasyon. Efektivman nan jou mèkredi a, «yon senkantèn moun te sanble sou plas la nan Petyonvil» (radyo Metwopòl, 29/08/01), men manifestasyon, ki te deja pat byen demare, pa t rive fèt piske manm Fanmi Lavalas yo te prezan tou nan zòn lan ak yon kont-manifestasyon. Kout wòch, kout boutèy te koumanse voye. Pandan espektak sa a, lapolis te arete 5 moun. Ansyen majistra Petyonvil la, Claire Lydie Parent, ki se dirijan PADEMH, reklame yo kòm patizan li. Moun sa yo se: Mondésir Latouche, Dieudonné Frantz alyas Gary, Joël Chéry, Gabriel Emile ak Dominique St Rock ki se yon ansyen kandida pou depite. Atout radio Metwopòl, ki sanse patizan li, te li menm tou konstate ke se yon senkantèn moun ki te rasanble, ak tout odas li, Claire Lydie Parent te rive deklare: «Bon, pèp la te reponn pozitivman. Malgre anpil sitwayen pa t gen tan rive... Yon manifestasyon ki te anonse pou 10zè, li te 10zè 20, kote plis pase 10 mil moun gentan reyini e majorite moun te lakay yo...»
«Sosyete sivil» la ak Konvèjans bradsibradsou
«Inisyativ sosyete sivil» la (ISC) te fè parèt yon nòt pou laprès, kote li denonse represyon k ap fèt sou «militan» anndan peyi a. Nan menm nòt sa a, li mande pou «negosiyasyon» yo reprann prese prese. Edouard Paultre ki se dirijan ISC a te deklare: «Depi evenman 28 jiyè yo, nou konstate sitiyasyon an ap degrade. Genyen represyon politik, genyen arestasyon ki fèt sou yon seri baz patizan, genyen libète laprès ki antrave. Nou swete ak fòs ke yo kapab kreye kondisyon pou negosiyasyon yo kapab reprann pou pi vit posib.» Alye li, Micha Gaillard, ki limenm nan Konvèjans lan, te santi li dwe jwe wòl entèprrèt. Se konsa li te reprann : «Pito l ta pase l pa janm fèt. Yon mwa apre evenman 28 jiyè yo, kote gen yon represyon ki blayi sou militan Konvèjans yo, Inisyativ sosyete sivil la sòti yon nòt, kote li kondane zak k ap fèt onivo vyolans dwa moun. E dezyèmman, pa rapò a sa l mande onivo negosiyasyon pou l ta reprann. Sa se yon bon bagay...»
Pouki Bazin mete yon goud sou gaz la?
Minis Planifikasyon an, ansyen poutchis Marc Louis Bazin, depoze yon pwojè lwa nan lachanm depite a, kote li pwopoze pou ta mete yon goud anplis sou chak galon gazolin, ak lòt konbistib. Minis Travo piblik la, Ernst Laraque ki te devan palman an tou, pote apwi li bay pwojè lwa sa a. Se konsa li te di: «Fòk gen 300 milyon goud chak ane pou rive repare nòmalman 2 mil 500 kilomèt wout sou 4 mil kilomèt ki konstitye rezo wout nou an.» Sepandan, yon lot fwa ankò, gouvènamn an pa pran bon mwayen pou li chache rezoud pwoblèm nan. Poukisa li vle ak lavi chè sa a k ap depafini malere nan peyi a, se sou gaz ti chofè taksi, malere, malerèz ap sèvi, pou yo mete taks yon goud anplis pou «pwojè fè wout». Pouki yo pa fòse gwo boujwa feodal yo peye leta tout dèt yo dwe enstitisyon piblik yo pito?
Konvèjans lan ap chache patizan
Apre yon rankont ki te fèt nan anbasad Argentine, ant gwoup Konvèjans lan ak divès anbasadè ki ann Ayiti, Micha Gaillard sankoutya te deklare: «Yo menm sou bò pa yo, yo ba nou solidarite... nan moman difisil n ap pase a la a...» Diplomat ki pote solidarite ak yon gwoup politik nan yon peyi li akredite? Se yon bagay ki grav! Men, ann Ayiti, sa pa fè pyès moun sezi. Anbasadè foure men yon men longè nan zafè peyi a. Yo nan manje bwè ak konplotè, yo nan gwo deklarasyon sou tout sa ki pa konsène yo, yon nan bay koudba, pou n pa di koudeta. Bò kote pa l, anbasadè Taywann nan, Michel Lu, li menm te deklare: «Nou konsène. N ap tann yon sitiyasyon amelyore pou envestisè taywanè... ka vini... N ap kontinye travay avèk peyi a e avèk pèp la. Donk, kriz politik sa a se zafè zanmi nou yo ayisyen. Kounye a nou pa gen kòmantè...» Yon demanti oubyen yon fason pou anbasadè a demake Konvèjans la?
Arestasyon yon manm JPP
Jocelyn Lundi ki se yon manm Jenès pouvwa popilè (JPP) te jwenn arestasyon li nan dat 28 out la, nan moman li te al pote yon lèt bay jij enstriksyon an Claudy Gassant pou te di René Civil pap ka prezan nan envitasyon jij la pou koz maladi, apre yon envitasyon li resevwa. René Civil, ki se youn nan pòt pawòl JPP yo te denonse arestasyon Jocelyn Lundi ki twouve l pou kounye a nan penitansye nasyonal. Apre arestasyon sa a, òganizasyon Rasanbleman klas peyizan Sid (ORDPS) te mande liberasyon manm JPP a imedyatman e san kondisyon.
OP yo ap mande regleman
Divès manm òganizasyon popilè te manifeste nan jounen mèkredi 29 out la pou mande dyòb pa yo nan Teleko Pon Moren, ke Patrick Joseph ap dirije a. «Nou aprann direktè a gen lòd pou l pran moun nan Teleko, direktè a gen yon pil ti fanmi li, li voye chache andeyò, se yo menm ki nan Teleko. Men nou menm ki sou beton an, ki abitye mobilize, li voye Simo jodi a vin bat nou. Se pa 2 kout pye n ap pran la a nan men Simo», te di youn nan manm OP chomè yo. «Depi nou pa ka jwenn dyòb nan peyi a, n ap bloke peyi a kòrèkteman. E lè nou fin pale nou menm nou pale nèt», te di yon lòt.
Nòdwès: Jistis pou pè Jean-Marie Vincent
Nan okazyon 7tyèm anivèsè lanmò pè Jean Marie Vincent ki te selebre nan jou madi 28 out 2001 an, responsab Tèt kole ti peyizan nan Nòdwès la, Robert Metayer, mande otorite yo pou fè limyè sou lanmò dirijan pwogresis saa. «Nou menm nan Tèt kole ti peyizan ayisyen nan lokazyon 7tyèm ane asasina pè Jean Marie Vincent... nou deside pote kole avèk Fondasyon Jean Marie Vincent e lòt òganizasyon konsekan nan kad batay y ap mennen pou Jean Marie Vincent jwenn jistis, men jistis jounen jodi a, 7 lane pase, pa gen okenn limyè ki fèt sou lanmò Jean Marie Vincent...», te di Metayer ki te tou denonse arestasyon Nickson Vilcé ki se yon peyizan nan 8tyèm seksyon Moustik nan Nòdwès la, ki se yon zòn kote peyizan ki bezwen tè pou yo travay ap mennen yon lit kont grandon yo depi plis pase 3 zan.
Nan menm okazyon 7tyèm anivèsè asasina pè Jean Marie Vincent ke militè yo ak manm Fraph te tire devan lokal pè Monfòten yo nan Pòtoprens, òganizasyon fanm Nòdwès yo te bay yon konferans pou laprès pou mande jistis pou pè Jean-Marie Vincent e yo te deklare: «Fanm nan mòn, nou sonje pè Jean Marie 7 tan apre lanmò li. Nou ap tann jistis paske si l te la pitit nou t ap rantre lekòl kè pòpòz. Nou sèten otorite yo ap pran ka nou an chaj.»
Nan menm sans lan, Fondasyon Jean Marie Vincent nan Pòtoprens te fè divès aktivite pou mande jistis pou pè a e pou mande mete yon jij lenstriksyon sou dosye a. Bò pa li, Chèf leta peyi a te al depoze yon jèb flè sou tonb pè a jou sa a.