Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlKIOP ap denonse manèv
Komite inisyativ òganizasyon popilè (KIOP) ki te bay yon konferans pou laprès nan dat jedi 23 out la, denonse sa li rele opozisyon an kòm maryonèt ak tou moun save ke «blan» an ap itilize «pou yo kraze pèp la». Nan konferans sa a manm KIOP yo te di tou ke «N ap pwofite di blan an, nou regrèt sa pou li, nou konnen l ap voye zam anndan peyi a bay moun ki pa konprann kot enterè yo ye a, ansyen militè, elatriye. N ap bay yo yon pinga, si yo konprann yo ka fè koudeta ankò, nou regrèt sa pou yo. Pèp 91 la pa pèp 2001. Fwa sa a, gwo manman pare pou zepina, menm jan zepina pare pou gwo manman...»
Baz Lavalas la ap mande regleman
Yon òganizasyon ki bay yon konferans pou laprès nan dat 13 out 2001 an, ki rele tèt li Rasanbleman nasyonal baz Lavalas (RANABALA), ak reprezantan li yo ki se Edmé Eddy, Philipp J. Reynold, Silvert Hitchins (Konpè Balawe), kritike sa yo rele «eleman peze souse, rat do kale nan klas politik tradisyonnèl la ki vle akapare pouvwa pèp la lajounen jodi a». Yo te pase men pran koripsyon «ri boujwa reyaksyonnè» nan meri yo ak tout minis e direktè ki koupe kontak ak baz lavalas 16 desanm 90 la, e te tou pwofite denonse senatè ki pa vin travay «akoz Nissan Patrol 32 mil dola us yo pa ba yo nan sena a». Yo te fè konprann ke yo konsyan «pwoblèm chomaj, sante, edikasyon, lavi chè ki ap boulvèse peyi a» e ke «veritab negosiyasyon an dwe fèt dabò avèk mas pèp la, espesyalman baz Lavalas la, ki twouve l anba tab la».
Senatè Sonson akeyi nouvo konsèy BNC a
Se nan dat 21 out la sena a ratifye san rezèv konsèy administrasyon Bank nasyonal kredi (BNC) a. Lè sa a, Senatè Fanmi Lavalas la Prince Sonson Pierre te deklare: «Pa t gen rezèv paske tout dokiman nou mande yo, asavwa lakou siperyè dèkont bann dechaj, yo ban nou rapò sou jesyon yo ki favorab, kazye jidisyè yo vid; yo gen paspò ayisyen yo, yo gen kat idantite yo, yo gen kitans fiskal yo. La a nou pa gen anyen pou n te repwoche yo.»
7tyèm anivèsè asasina Jean-Marie Vincent
Fondasyon Jean-Marie Vincent prevwa òganize divès aktivite nan okazyon 7tyèm anivèsè asasina pè Jean-Marie Vincent, ki te tonbe nan dat 28 out 1994 anba bal militè FAD'H ak atache FRAPH yo pandan koudeta a. Fondasyon an reklame jistis pou pè Jean Marie Vincent.
Paul Raymond pa konnen afè manda
Responsab TKL Sen Jan Bosko a, Paul Raymond deklare ke e li menm e tokay li nan Jenès pouvwa popilè (JPP), René Civil pa okouran pyès manda jij enstriksyon an Claudy Gassant ki sou dosye ankèt sou asasina Jean Dominique la, ta voye ba yo, kidire patizan yo ta agrese mesye ki ta pote manda a. Paul Raymond te di: «Nou pa okouran de kèlkonk manda Claudy Gassant ta mete dèyè ni René Civil ni Paul Raymond. Okontrè n ap tann avèk anpil enterè yon manda lajistis ta voye ba nou, pou n vin temwaye petèt sou lanmò Jean Dominique la...»
Majistra a di li «fè ase»
Majistra Pòtoprens lan, Marie Yves P. Duperval ki t ap patisipe nan lansman «kanpay mete poubèl nan lari a» ansanm ak ministè anviwonnman an deklare ke katèl li a pa kraze e pèsonèl meri a pa abandonnen lokal la. Okontrè majistra a ki nan divizyon ak 2 lòt adjwen li yo, fè kwè se demach k ap fèt pou chanje vizaj lokal meri a ki nan move eta. Majistra Marie Yves te fè moun manke endispoze lè li te di: «Nan kondisyon difisil nou evolye pandan 1 nan... Sepandan ou jounalis pa okouran de sa nou fè.» Efektivman, sanble majistra a fè ase ak akolit li yo ki nan chirepit ak li pou tout gouvènman responsab ta aplike kont katèl li a atik 72 konstitisyon peyi a. Piske 1 nan l fè alatèt administrasyon kominal la make pa divizyon, chantaj, pwomès 800 mil anplwa ke l te di l ap bay ki pa reyalize. Lè fatra, debri tout kalte fin anvayi lari Pòtoprens, lè anplwaye meri l ap dirije a ap rele san rete pou lajan plizyè mwa yo pa janm touche,...
Latibonit: Peyizan yo leve kont pri angrè yo
Oganizasyon peyizan nan Sen Mak ki rele OJL5 leve vwa byen wo kont pri angrè a li di responsab ODVA (Oganis pou devlopman vale Latibonit) yo monte disèt otè, ki fè jaden peyizan ki pa gen mwayen pou achte l yo ap fin pèdi. Manm òganizasyon sa a lanse yon apèl bay dirijan ministè agrikilti yo pou yo fè desann pri angrè a rapido presto, nan 8 jou. Si se pa sa, OJL5 di y ap pase ann aksyon. Pri sak angrè a, ki te varye ant 150 goud a 175 goud, pase lajounen jodi a 450 goud pou rive 500 goud.
Nò: Majistra Obòy la ap reklame
Nan dat 23 out la, sou yon estasyon radyo nan kapital la, majistra komin Obòy la, Joseph Marcelin fè konnen komin pa l la ki chita nan Nò peyi a, pa janm benefisye okenn pwojè; ata fèt chanpèt k ap fete toupatou yo. Majistra ki kwè se paske li te eli anba bannyè yon lòt pati politik, ki fè gouvènman an pa pran ka l an konsiderasyon, di tout pwojè li prezante toujou tonbe alo. Majistra Marcelin ki t ap plenyen te di li rete «fidèl ak gouvènman anplas la», malgre li te eli anba banyè Mouvman òganizasyon peyi a (MOP).