Nan peyi Dayiti
Nouvèl Kout KreyòlAtanta sou yon sekirite anbasad Espay
Nan dat 10 dawout 2001 an yon ajan sekirite anbasad Espay, Jean Léandre ki ap travay nan yon konpayi prive blese ak 2 bal kèk endividi ba li sou pretèks li pat vle lese yo antre. Li te resevwa katouch yo nan ponyèt gòch li. Sa ta rive selon sa youn nan ajan to te di, dèske enkoni sa yo te vle antre nan baryè anbasad la sou pretèks yo te vin chache bous etid e ke viktim lan pa ta vle, e kriminèl yo ta tire sou li. Menm ajan an te fè konnen te gen machin ki t ap tann malfetè yo deyò a. Sa pase bò 2 zè konsa, nan moman ke pèsonèl anbasad la te nan travay yo.
Yon lòt diksyonnè kreyòl
Nan dat 6 out 2201 an, Prophète Joseph ki se yon lenguis, te prezante administrasyon Ayiti Pwogrè nan Pòtoprens yon «Diksyonè sinonim lang ayisyen» ak sou tit «mo sans tokay». Nouvo diksyonnè kreyòl sa ki revize e ogmante konfòm a nouvo sistèm otograf kreyòl ayisyen an. Diksyonnè sinonim sa a gen plizyè dizèn milye mo ladan swa ki plizoumwen eksplike swa ki konpare. Akote kèk prensip sou gramè, òtograf ak fonksyonman lang lan, otè a bay, diksyonè a gen yon pati ki rasanble anpil depatman, vil, rejyon, komin, zòn nan peyi Dayiti. Diksyonnè sa a chaje tou ak sig yon seri òganizasyon k ap feraye ann Ayiti. Tankou sig òganizasyon politik ak òganizasyon popilè, elatriye. Ak gwo jefò sa a Prophète Joseph fè pou vini ak yon lòt diksyonnè kreyòl,se yon travay ki merite apresye e ki merite ke anpil moun jete zye sou sa.
Mobilizasyon pou jistis pou Jean Dominique
Oganizasyon yo kontinye tanmen divès mobilizasyon yon fason pou mande jistis pou Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint ki te mouri sasinen nan dat 3 avril 2000 la. Fondasyon 30 septanm nan sid peyi a, te komemore 200 tyèm sitin li sou plas Dam Okay la. Nan okazyon sa a, respondab Fondasyon yo te denonse blokaj yo wè ki toujou genyen nan kad dosye ankèt sou doub asasina a, sitou nan kesyon pou ta leve avantaj palmantè senatè Dany Toussaint ke jij enstriksyon Claudy Gassant te mande pou sena a fè a. Bò kote pa l Evens Joseph ki se responsab Kozepèp kritike tou pikan kwenna ki nan aparèy jistis la sitou nan kesyon pou yo ta jije konplis yo nan asasina sa a. E li te raple: «Nou pa janm bliye pawòl prezidan Aristide te deklare nan radio Ayiti Entè. Li te di l ap bay tout mwayen nesesè. Poukisa jounen jodi a nou wè gen yon pwen entwogasyon kote tout moun ap mande jistis e li pa ka abouti?», te keksyonne responsab la.
2 OP mande deklare anbasadè a «non grata»
René Civil nan Jenès pouvwa popilè (JPP) ak Paul Raymond nan TKL Sen Jan Bosko, nan yon konferans pou laprès kritike fason kèk responsab etranje ap rantre bouch nan zafè peyi a. Mesye sa yo ki di se paske gouvènman gen bon relasyon ak peyi Kiba ki fè Lèzetazini ak konplote pou destabilize l, mande pou gouvènman Aristide/Chérestal la deklare anbasadè ameriken ann Ayiti a Brian D. Curran, persona non grata. «Men nou di prezidan si gouvènman ameriken an paka pwouve sa l di a, reprezantan l se pou n deklare l persona non grata», te deklare René Civil nan non òganizasyon ki te bay konferans la yo. Oganizatè yo te souliye tou ke twoup militè dominiken sou fwontyè a reprezante yon menas pou peyi Dayiti.
Grandans: Lanmò nan dram konjigal
Thélusmane Edouard touye ak kout manchèt Dominique Charles nan lokalite Torezo ki chita nan komin Jeremi (Grandans). Rezon lanmò sa a se paske Thélusmane ta akize Dominique ki gen 55 lane, kòm moun ki ta ak madanm li tou. Pou kouwè l ye la a e Thélusmane e madanm li, yo nan prizon nan Jeremie.
Nan ki pwen afè iminite senatè Toussaint an ye?
Zafè leve iminite senatè Dany Toussaint ke yo sanse enkilpe nan asasina Jean Dominique la kontinye ap fè pale anpil. Jij enstriksyon an Claudy Gassant te mande sena a pou leve iminite palmantè a. Men, sanble panche sou dosye sa a pa yon ti bagay piti. Mèt Rigaud Duplan te di «donk se sena kounye a ki an dènye lye pral jisteman panche sou keksyon an, men pandan l ap respekte lalwa...». Senatè Fanmi Lavalas la Gérald Gilles deklare: «Sena a pa pral konpòte l kòm defansè yon senatè, men nou atache ak lalawa, nou dwe respekte lalwa...». Yon lòt senatè Fanmi Lavalas ki te ap pale sou dosye a te di: «Defans se yon dwa inivèsèl, donk yo akize l (Dany), donk li menm fòk li defann tèt li...» Men sa pa ta sipoze anpeche lajistis fè chimen l!
OP yo denonse meriken
Plizyè òganizasyon popilè nan Matisan kouwè Gwoup fanm Men Kontre (GFMK), Rasanbleman pèp patriyòt (RPP), te bay yon konferans pou laprès nan dat 9 out 2001, te denonse fason anbasad meriken ap foure bouch li nan zafè peyi a. Oganizasyon sa yo te tou pwofite kondane e denonse zak ki te fèt okou evènman 28 jiyè 2001 a. Yo lanse yon manifestasyon pou 18 out k ap pwente la a «pou n al di blan an ak tout restavèk machann peyi, ak tout ansyen militè kriminèl defen lame a, ki konprann yo ka fè koudeta ankò, men kwa manman yo, men kwa papa yo, si yo kapab y a vin pile l!», ke yo deklare.
Ekzamen ajoune yo chaje ak pwoblèm
Echèk nan ekzamen bakaloreya premye ak dezyèm pati a (reto e filo) sanble pa pote dirijan edikasyon yo a reflechi pou rive pote gwo koreksyon nan fason y ap òganize ekzamen «ofisyèl» yo, nan fason tou y ap prezante tèks ekzamen sa yo. Li te byen ta nan aswè dimanch 12 out 2001 an, kote elèv nan sesyon ekstraòdinè yo te kanpe an ran san yo potko jwenn ni nouvo nimewo dòd yo ni non sant ekzamen kote yo ta dwe al rekonpoze a. Elèv yo te nève e te mete pale anpil devan lokal ministè a e te menm tire anpil kout wòch kont lokal la. «Depi 8 tè nou la nou grangou, minis la kote l ye a yo pot nenpòt 10 bòl manje ba li», te deklare yon elèv ki te dekouraje. Yon lòt te mansyonnen: «Sikolojikman li pa bon, jodi dimanch, près 5kè edmi la a nou poko ka jwenn nan ki syèj nou pral konpoze a, an nou serye demen maten si yo ba w yon syèj, ou pa konnen l, fòk w al chache l, donk alè sa a kounye a la a ki kote w pral konnen pou w al chache yon syèj. Tout bagay k ap fèt la a m panse lane a se vrèman yon total echèk...». Elèv ap pale pou chanje, dirijan enkonsyan kontinye chita sou 2 zòrèy yo.
Nan jou lendi 13 out la, ki se premye jou egzamen yo, se pa 2 ou 3 pwoblèm ki pa t genyen ankò. Elèv pa t konnen ki syèj yo ye, devan ministè a, devan lise Marijàn te bade ak elèv, ki pa t konn si pou yo vire agòch, si pou yo vire adwat. Yon sitiyasyon ministè a te di li te rezoud. Men moun te konstate yon pa gen syèj ou sant ekzamen ki potko louvri menm a 9vè nan maten...
Akote divès iregilarite ki te genyen nan òganizasyon sesyon ekstraòdinè a, elèv ki te anpile nan sal ki t ap tann ekzamen, sa ki te fatige, sa tèt yo pa t anpè, zafè tèks ekzamen yo ki te vin ta nan anpil syèj la te bay tèt chaje pi plis. Gen sant ki te jwenn ekzamen jis apre 11 zè.
Yon lòt bò, responsab UNNOH (Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen) yo ki te rankontre ak responsab ministè a, kote yo te pale sou lajan yo dwe pwofesè yo, sou respè akò ki te siyen an 1997 yo, elatriye, te trè kritik sou òganizasyon ekzamen yo ane sa a espesyalman òganizasyon ekzamen sesyon ekstraòdinè yo.