Ayiti Pwogre [HOME]
8 au 14  Out  2001
Nan peyi Dayiti


Nouvèl Kout Kreyòl

Rezilta pasyèl bakaloreya

Ane sa a ankò nan nivo reto se echèk dapre premye rezilta ekzamen bakaloreya yo. Se anviwon 15% elèv reto ki rive pase. Men, sa pa pi mal, toujou selon ministè Ledikasyon nasyonal, pou sa yo ki te al konpoze nan klas filo, 45% reyisi. Nan depatman Latibonit sou 5676 kandida reto se 7,89% ki pase, 24,48% ajoune e 67,64% elimine. Nan Nòdwès la sou 1329 kandida reto se 11,29% ki bon, 34,84% ajoune, 53,88% elimine. Nan rejyon Lwès la, sou 52 599 kandida se 9152 sèlman ki pase, donk 17,40%, 35,69% ajoune, 46,91% elimine. Pou nivo filo, se 2010, swa 43,18% ki pase nan Lwès. Sou 448 patisipan nan Nòdwès gen 41,07% ki bon, 52,12% ajoune, 7,81% elimine. Nan depatman Lwès sou 21515 elèv filo ki te al konpoze se 50,75% ki pase, 39,76% ajoune e 9,49% elimine. Se bilan rezilta pasyèl ekzamen sesyon òdinè 2000-2001 selon ministè a.
 

Eske y ap leve iminite Dany Toussaint?

«Pa gen anyen ki di na pral plede an favè oubyen kont. Se apati etid dosye a na pral fè yo n ap konnen kisa k ap sòti», se deklarasyon senatè Martineau Guerrier te fè apre demann jij enstriksyon an, Claudy Gassant te fè bò kote sena a, pou ta leve iminite palmantè senatè Dany Toussaint ke yo ta enkilpe nan lanmò Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint an. Yon deklarasyon ki pa diferan de pa senatè Prince Sonson Pierre a.
 

De Ronceray k ap pale de «negosiyasyon»

Lidè MDN/MPSN/Konvèjans lan, divalyeris bout di Hubert de Ronceray dekklare ke Konvèjans lan pare pou l negosye ak sèl kondisyon ke Fanmi Lavalas ki opouvwa sispann arete manm li yo. De Ronceray ki gen pwòp fason pa l pou kòmante sitiyasyon politik la ak evènman 28 jiyè a te deklare: «Lavalas ap mete konfizyon e dezòd nan peyi a, l ap akize, l ap pèsekite Konvèjans demokratik la, l ap mande nou kounye a pou nou vin fè negosiyasyon avèk minòt nan ponyèt, avèk ponya ak kannon anba gòj pou nou aksepte fètakonpli a, diktati l la. Nou menm nou kwè gen yon konfizyon Lavalas kreye nan peyi a avèk afè 28 jiyè a, se yon konfli entèn li ye, se yon bagay ant Lavalas li ye, Konvèjans pa gen anyen pou l wè ladann, nou kwè se yon règleman kont pou yon seri keksyon lajan, keksyon enfliyans politik. Nou konnen tou dapre anpil sous, afè 28 jiyè a li gen yon afè dwòg ladann tou...», te deklare De Ronceray ki sanble ka bay anpil enfòmasyon sou lòbèy 28 jiyè 2001 an, si moun ki la pou sa yo ta keksyonne l.
 

Anbasad la ap kondane nan pase lòd

Dapre yon kominike ki sòti nan anbasad meriken ann Ayiti e ki pote dat 2 out 2001, Etazini di l kondane tout atak ki te fèt samdi 28 jiyè a kont komisarya ak akademi nasyonal lapolis la e regrèt vyolans ak lavi moun ki pèdi yo. Anbasad la mande pou bon jan envestigasyon mennen rapidman e kòrekteman. Anbasad la kontinye fè remake nan kominike l la ke atak sa yo pa ka jistifye arestasyon gwo ponyèt, selon limenm, k ap fèt yo, kenbe moun nan prizon e asasina yo. Kominike a raple ke selon konstitisyon an e an akò ak yon leta kote dwa ap jèmen tout moun dwe pase devan jij yo. Etazini rele gouvènman ayisyen pou li sispann arestasyon ilegal e gwo ponyèt yo. Etazini fini pou di fraz sa a nan kominike l la: «Nou rekòmande ak tout ayisyen pou chache mwayen pou geri ansyen blese yo e ale pi devan».

Deklarasyon ki montre ki longè anbasad meriken ap foure bouch li nan zafè peyi Dayiti. Anbasad la pa menm sonje respekte omwens kèk prensip sou diplomasi ak dwa entènasyonal, ki dire li ta konprann ke peyi Dayiti gen dwa pou l deside rezoud pwoblèm lakay li san pyès lòt peyi pa pase l lòd sa pou l fè. Men kòm dirijan restavèk lavalas yo ap fè konpetisyon ak opòtinis Konvèjans lan nan bay meriken okazyon, anbasad la ap pwofite san gade dèyè.
 
 

Nouvèl Okap
 

Samdi 28 jiyè 2001: Memwa Chalmay Peral pap janm antere

Jan sa te fèt nan depatman Lwès, Sid, Latibonit ak Sidès, diferan rejyon nan Nò ak Nòdès te mobilize pou te komemore dat madichon 28 jiyè ki make ane sa 86 lane okipasyon meriken sou peyi Dayiti. Malgre briganday atak ki te fèt sou diferan komisarya polis samdi 28 jiyè a; byen bonè nan maten diferan militan Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak òganizasyon de mas te kenbe mobilizasyon ki te deja prevwa nan okazyon dat sa.

Depi jedi ki te 26 jiyè bò 10 zè nan maten nan oditoryòm Fakilte Dwa Syans Ekonomik Okap, Evariste Wilson, yon dirijan Pati Popilè Nasyonal te bay yon konferans pou laprès pou te lanse mobilizasyon an epi montre veritab fòm okipasyon peyi a pran jounen jodi a nan kontèks batay pou pataj pouvwa ant Fanmi lavalas ak Konvèjans demokratik. Yon konferans ke diferan radyo ak televizyon te difize epi ki te soulve anpil deba nan mitan moun nan popilasyon an ki pa sispann gen kè sote pou oryantasyon rejim lavalas Aristide-Cherestal la ap pran. Vandredi 27 jiyè depi 11 zè maten sikilè ak afich PPN te prepare nan okazyon 28 jiyè a t ap distribye nan plizyè administrasyon piblik, katye popilè ak divès estasyon machin. Sikilè ak pòtrè Chalmay Peral yo te jwenn yon bon akèy nan mitan popilasyon Okap la ki nan diferan zòn t ap mande militan PPN yo deba sou sa k ap pase nan peyi a, sikilè sa te travèse tout depatman Nòdès la depi Otwou jouk rive Wanament, Ferye, Grann Salin, Opèch, Meyak elatriye. Nan Grann Salin samdi 28 jiyè a, 2 zè aprè midi, yon konferans deba te fèt ak divès militan ak lòt moun nan zòn nan kite vin reflechi sou 86e lane okipasyon meriken nan peyi Dayiti. Apre lekti pozisyon Pati Popilè Nasyonal te mete deyò nan okazyon an, yon bon seyans refleksyon ak deba te fèt nan mitan moun kite prezan yo.

Nan seksyon kominal Wòch Plat: jou dimanch 29 jiyè 2001 an anviwon 200 peyizan te reyini nan lekòl nasyonal la nan yon konferans deba kite demare bò 2 zè aprè midi. Nan seksyon kominal Woukou, jou dimanch 29 jiyè a 200 peyizan te pran plas yo nan lekòl nasyonal Pilat pou yon konferans deba. Lucien Pierre yon reprezantan PPN te pataje pozisyon politik pati a te mete deyò nan sikonstans la epi te genyen anpil kesyon ki te soulve sitou ak rimè koudeta ki t ap pale debi byen bonè nan maten.

Nan Otwou: rasanbleman popilè, pwojeksyon sinema Canne Amère kite sipoze fèt Kalvè a 5 kè aprè midi te ranvwaye paske depi maten moun tande genyen atak ki te fèt sou plizyè komisarya nan peyi a; yon van panik t ap soufle ki te lakoz kouri te fèt nan diferan katye, mache piblik kraze epi kawotchou ak barikad te monte sou twonson wout ki relye Otwou - Wanament ak Fwontyè Sen Domeng nan Nòdès.

Nan komin Ferye: samdi 28 jiyè depi 3 zè aprè midi anviwon 1000 peyizan te rasanble sou plas piblik la devan Lameri a sou modòd militan Pati Popilè Nasyonal (PPN), Pierre Louis Toussaint yon militan PPN te anime yon deba nan mitan popilasyon an kite soti nan diferan zòn pou rasanbleman popilè sa. Lekti mesaj PPN nan okazyon 28 jiyè 2001 an ak afich ki te genyen pòtre Chalmay Peral ki t ap sikile nan mitan rasanbleman te mete plis aksan sou wòl enperyalis meriken jwe nan politik peyi a depi 86 lane. Apre sa peyizan yo te gade ak anpil enterè yon sinema ki rele Canne Amère. Selon sa moun yo te fè konnen: se tankou yo wè nan sinema a tout sa yo te di nan deba kite fèt yo, vè 7 tè 30 aswè pwogram nan te fini epi nan yon volonte batay ak rezistans tout peyizan yo te retounen nan zòn yo.

Nan plizyè rejyon Nò a sikilè PPN ak afich Chalmay Peral te distribye nan mitan popilasyon an, pandan tout wikenn 28 jiyè a kite tonbe bab pou bab ak rimè koudeta nan tout rakwen Lenbe, Obòy, Limonad, Sen Rafayèl, Mòn wouj, Plezans, Gran Rivyè elatriye te genyen gwo deba ki fèt. Sepandan, seyans sinema kite prevwa fèt, nan Limonad jou dimanch 29 jiyè a te ranvwaye pou dimanch 12 dawou nan lekòl nasyonal Pawa. Nan Plezans jou dimanch 29 jiyè a te genyen yon panik apre anpil moun nan popilasyon an remake prezans enkoni nan zòn nan, ta sanble ansyen majistra ak depite a Rodney Alcide, Jean Mandenave te òganize yon reyinyon anba chal ak ansyen militè, chèf seksyon, manm FRAPH; rimè te kouri kòmkwa moun sa yo te genyen entansyon atake komisarya Plezans la paske menm moman reyinyon an fini yo te wè Jean Mandenave al chita nan lokal Teleko a ap tann yon modòd nan telefòn. Pandanstan, polisye te gentan kraze rak se sèlman majistra kominal la ki jwenn 2 polisye ak konkou lòt manm òganizasyon popilè ki te fè tantativ pou mete men sou chèf bann Konvèjans sa yo. Jean Mandenave te mete van nan vwèl li sou wout Pilat pou rantre nan Gobè, li te tande bri sirèn machin lapolis ki t ap vini. Anpil moun Plezans kwè otorite yo pat sou pozisyon arete konplotè yo ki te sanble pare pou fè derapaj menm jan sa te fèt lòt kote yo.

Nan Gran Rivyè; depi 5 kè aprè midi plizyè santèn moun te rasanble nan Kafou Zanmann, zòn anwo Bouk, sou modòd PPN, depi vandredi 27 jiyè jouk rive dimanch sikilè PPN t ap distribye nan tout Gran Rivyè nan rasanbleman pou animasyon komin nan òganize chak dimanch sou plas piblik la. Nan Kafou Zanmann militan PPN yo te anime yon gwo deba sou konsekans 86 lane okipasyon meriken sou tè Dayiti. diferan moun kite prezan te entèveni pou bay lide yo oubyen poze kesyon. Apre sete pwojeksyon sinema Canne Amère kite fèt e menm aprè fim nan popilasyion an te rete jouk vè 10 zè 30 pou kontinye dyalòg la.

Antouka komemorasyon dat 28 jiyè a nan peyi Dayiti se prèv ke klas reyaksyonè yo pa fouti antere memwa Chalmay Peral ak lòt rezistans pèp Ayisyen an, jodi a Pati Popilè Nasyonal montre si genyen nèg ki bliye Chalmay Peral men limenm li pap janm bliye.
 

Reparasyon wout yo pa gen okenn garanti

Konpayi prive HL, Hervé Lerouge te gen nan fen ane 99 la, yon kontra ak gouvènman an pou reparasyon divès wout ki te kraze. Sikilasyon te kòmanse amelyore, te genyen mwens blokis. Sepandan anpil moun t ap plenyen tou sou lantè ki genyen nan travay la, ansanm ak gwo ma labou, ak dlo sa te okazyone devan kay moun k ap viv nan ri ki an reparasyon yo. 2 zan apre, travay sa yo poko janm fini, popilasyon zòn sa yo ap viv toujou ak pye nan dlo ak labou. Byen ke nou pap chita sou detay kontra Leta Ayisyen ak Konpayi HL, nou ka di li inadmisib pou travay reparasyon 2 a 3 ri pran de 2 zan pou yo fèt e menm plis, paske anyen pa montre kilè travay yo ap fini. Sa ki pi grav, nan mwens pase 2 zan sèten nan wout ki te deja finn repare kòmanse kraze pi rèd tankou Baryè Boutèy, Sent Filomèn elatriye. Jiskounye a okenn otorite ni responsab enstisyon konsène tankou TPTC pa janm leve ti dwèt anlè pou di yon mo sou zafè reparasyon wout yo k ap mache trennen e ki pa gen okenn garanti. Okontrè HL kontinye ap anpoche kontra nan diferan lòt depatman nan peyi a. Sitiyasyon sa a montre aklè ke konpayi HL benefisye konplisite sèten manm nan gouvènman Lavalas la k ap fè kontmaltaye ak yon seri konpayi prive pou pistonnen yo pou yo jwenn kontra nan seri pwojè gouvènman an. Pandanstan gouvènman Lavalas Aristide\Cherestal la ap fè presyon sou popilasyon an pou peye taks pou onore sèvis dèt enstitisyon etranje pou finanse pwojè san garanti kote koripsyon sèl kòk chante.
 
 
 

Nouvel kout nan Sid
 

Mobilizasyon PPN nan okazyon 28 jiyè
An nou reviv mema Chalmay Peralt

28 jiyè 1915 - 28 jiyè 2001, sa fè ekzakteman 86 lane depi peyi dayiti mare nan pye tab enperyalis meriken, pandanstan sa a peyi a sibi 2 okipasyon militè, PPN di Fòk sa kaba.

Se ak pawòl sa yo, PPN (Pati Popile Nasyonal), jou ki te mekredi 25 jiyè 2001 an te lanse gwo mobilizasyon nan depatman Sid la epi bay randevou pou 28 jiyè sou plas dam Okay lan a 4 trè tapan pou yon gwo deba piblik. Soti mekredi pou rive vandredi 27 jiyè a, 2 manm direksyon Pati a, Edwa Backer Jr ak Michel Fortune te patisipe nan divès emisyon radio tankou: Radio Makaya, Radio VKM (Vwa Klodi Mizo) ak Radio Limyè pou te sansibilize popilasyon an, pou patisipasyon yo nan deba piblik la k ap fèt sou okipasyon peyi a epi reviv memwa chalmay Peralt. Samdi kite 28 jiyè a, byen bonè nan maten, malgre kaoutchou t ap boule nan okazyon atak ki te fèt sou divès komisarya yo, divès manm PPN te pran lari Okay ak lòt komin ki nan depatman an pou te distribiye sikilè PPN (Pati Popilè Nasyonal) te mete deyò nan okazyon 28 jiyè a. Malgre perèz ki te blayi nan vil Okay la, PPN te tanmen deba piblik la a 5 kè tapan nan aprè midi, te genyen plis pase yon 100tèn patisipan. Michel Fortune te fè yon gwo rale sou okipasyon an, konsekans ekonomik, sosyal ak politik yo epi nou te chita sou vrè kriz k ap boulvèse peyi dayiti depi anviwon 200 lane. Piblik la te patisipe anpil jis lan fen deba a ki te fini a 7 tè nan aswè.

www.haitiprogres.com - Cette Semaine/HOME*~http://www.haitiprogres.com/Archiv.htm